12 Bible Verses About Pets

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Pets
  1. 20 Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.” 21 Bondye te kreye gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman. Dlo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l. Bondye te wè ke sa te bon. 22 Bondye te beni yo. Li te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.” 23 Te gen aswè ak maten, yon senkyèm jou.

    24 Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt. 25 Bondye te fè bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo, tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.

  2. 6 Lou a va demere ak jèn mouton an,

    leyopa va kouche ak jèn kabrit la,

    jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a;

    epi yon tigason va mennen yo.

    7 Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la;

    pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.

    8 Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a,

    e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.

    9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an,

    paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a,

    tankou dlo kouvri lanmè a.

    10 Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.

  3. 9 “Gade byen, Mwen menm, Mwen vin etabli akò Mwen avèk nou, e avèk desandan aprè nou yo, 10 epi avèk chak kreyati vivan ki avè w: zwazo, bèt kay yo, ak chak bèt ki sou latè avèk nou, tout sa ki sòti nan lach la, menm chak bèt sou tè a.

    11 “Mwen etabli akò Mwen avèk nou: Tout chè p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi tè a.”

  4. 4 “Nou pa pou mare bouch a bèf la pandan l ap travay moulen an.

  5. 1 Alò, SENYÈ a te voye Nathan kote David. Li te vin kote li e te di: “Te genyen de mesye nan yon vil, youn te rich e lòt la te pòv. 2 Nonm rich la te gen anpil bann mouton avèk twoupo, 3 men pòv la, pa t gen anyen sof ke yon sèl ti mouton femèl, ke li te achte e li te nouri. Konsa, li te vin gran ansanm avèk li menm avèk pitit li yo. Li ta manje nan pen li, bwè nan tas li, kouche sou vant li e se te tankou yon fi pou li. 4 Alò, yon vwayajè te vin kote nonm rich la e li pa t dakò retire nan pwòp bann mouton ak twoupo pa li yo, pou fè pwovizyon pou li. Sof ke sa, li te pran mouton femèl a pòv sila pou prepare pou nonm ki te rive kote li a.”

    5 Alò, kòlè a David te brile fò kont nonm nan, e li te di a Nathan: “Jan SENYÈ a viv la, anverite, mesye ki te fè sa a merite lanmò. 6 Fòk li bay rekonpans pou ti mouton an kat fwa; paske li te fè bagay sa a san pitye.”

  6. 7 “Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou;

    ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.

    8 Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou.

    Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou.

    9 Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen

    ke se men SENYÈ a ki fè sa?

    10 Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la,

    ansanm ak souf tout limanite a.

  7. 10 Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li;

    men konpasyon a mechan an se mechanste.

  8. 18 Mwen te di pwòp tèt mwen selon fis a lòm yo: “Anverite, Bondye te fè yo pase a leprèv pou yo ta wè ke se tankou bèt ke yo ye.” 19 Paske desten a fis a lòm yo ak desten a bèt yo se menm. Tankou youn mouri, konsa lòt la mouri. Anverite, yo tout gen menm souf la, e nanpwen avantaj pou lòm sou bèt yo, paske tout se vanite. 20 Tout ale menm kote. Tout te sòti nan pousyè a, e tout ap retounen nan pousyè a. 21 Se kilès ki ka konnen ke souf a lòm monte anwo e souf a bèt yo desann anba tè?

  9. 9 Nou tout, bèt a chan yo,

    vin manje,

    ak tout bèt a forè yo.

    10 Gadyen Li yo avèg.

    Tout nan yo san konprann.

    Se chen bèbè ki pa ka jape;

    moun k ap kouche fè rèv,

    ki renmen somèy.

    11 Wi, chen yo voras.

    Yo pa janm jwenn ase.

    Se bèje yo ye san konprann.

    Yo tout vire tounen nan pwòp chemen pa yo,

    yo chak nan ranmase byen de tout katye.

    12 “Vini”, yo di: “Annou twouve diven;

    annou bwè anpil bwason fò.

    Epi demen n ap fè menm jan ak jodi a!

    Plis menm!”

  10. 6 “Pa bay sa ki sen a chen yo; ni pa jete pèl nou yo devan kochon yo, sinon yo va foule yo anba pye epi vire pou chire nou an mòso.

  11. 6 “Èske senk zwazo pa vann pou de santim? Malgre sa, nanpwen youn nan yo ki bliye devan Bondye.

  12. 11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.

    12 Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm. 13 Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se “Pawòl Bondye a”.

    14 Lame ki nan syèl yo, ki abiye an len fen blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.