49 Bible Verses About Eating Meat

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Eating Meat
  1. 1 Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè. 2 Lakrent nou, ak laperèz nou va vini sou chak bèt latè, ak chak zwazo syèl la. Tout bagay ki kouri atè, ak tout pwason lanmè, tout livre nan men nou. 3 Chak bagay ki fè mouvman e ki vivan va sèvi kòm manje pou nou. Mwen bannou tout, jan Mwen te bay plant vèt la.

    4 “Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li. 5 Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.

    6 “Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm.

  2. 24 Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt. 25 Bondye te fè bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo, tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.

    26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.

    27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.

    29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; 30 Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl la, chak bagay k ap fè mouvman sou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.

    31 Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.

  3. 14 Mwen konnen e mwen byen konvenk nan Senyè a Jésus ke pa gen anyen ki pa pwòp nan li menm; men pou sila a ki panse ke yon bagay pa pwòp, pou li menm li pa pwòp la. 15 Paske si se pou afè manje nou ke frè nou an vin blese a, nou p ap mache nan lanmou ankò. Pa detwi pou afè manje nou an, sila pou kilès Kris te mouri an. 16 Konsa pa kite sa ki bon bagay pou ou a, vin pale pa lòt yo kòm yon mal. 17 Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an. 18 Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm. 19 Donk konsa, nou pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt. 20 Pa dechire travay Bondye a pou afè manje. Anfèt tout bagay pwòp, men yo mal pou moun ki manje e ki ofanse lòt moun. 21 Se bon pou pa manje vyann ni bwè diven oubyen fè nenpòt bagay k ap fè frè ou a chite. 22 Lafwa ke ou genyen an, genyen li kòm pwòp konviksyon pa w devan Bondye. Beni se sila a ki pa kondane pwòp tèt li nan sa ke li apwouve. 23 Men sila ki doute a gen tan fin kondane si li manje, paske manje li a pa fèt ak lafwa; e nenpòt bagay ki pa fèt ak lafwa, se peche.

  4. 1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. 4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman, 5 paske li sanktifye pa mwayen pawòl Bondye a ak lapriyè.

  5. 1 Senyè a te pale ankò a Moïse avèk Aaron, e Li te di yo: 2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Sa yo se kreyati ke nou kapab manje pami tout bèt ki sou latè yo. 3 Nenpòt bèt ki gen zago ki fann e ki remoute manje yo, nan bèt sa yo, nou kapab manje.

    4 “‘Sepandan, nou pa pou manje nan sa yo, pami sila ki remoute manje e ki gen zago ki fann yo: chamo, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou. 5 Menm jan an, daman an, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago, li pa pwòp pou nou; 6 Lapèn tou, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou. 7 Epi kochon an, paske malgre li divize zago, ki fè l yon zago fann, li pa remoute manje li; li pa pwòp pou nou. 8 Nou pa pou manje chè yo, ni touche kadav yo; yo pa pwòp pou nou.

    9 “‘Sa yo nou kapab manje, nenpòt sa ki nan dlo: tout sa ki gen zèl ak kal, sa yo ki nan dlo, nan lanmè oswa nan rivyè, nou kapab manje yo. 10 Men nenpòt sa ki nan lanmè oswa nan rivyè ki pa gen zèl avèk kal pami tout sa ki gen lavi nan dlo yo, yo se bagay abominab pou nou. 11 Konsa, yo va abominab pou nou. Nou pa pou manje chè yo, ak kadav yo. Nou va deteste yo. 12 Nenpòt sa ki nan dlo ki pa gen zèl ak kal abominab pou nou.

    13 “‘Sa yo, anplis, nou va deteste pami zwazo yo; yo abominab, yo pa pou manje: èg, òfrè, avèk èg lanmè, 14 malfini, karanklou avèk tout espès li yo, 15 kòbo, avèk tout espès li yo, 16 otrich avèk janmichèt, poul dlo, malfini avèk tout espès li yo, 17 koukou, plonjon ak frize, 18 gwo kana mawon blan, pelikan, chwèt, 19 sigòy, krabye avèk tout espès li, chòchòt ak sèpantye.

    20 “‘Tout ensèk avèk zèl ki mache sou kat pye abominab pou nou. 21 Sepandan, sa yo nou kapab manje yo pami ensèk ak zèl; sa ki mache sou kat pye yo, ki gen anlè pye kole ak janm ki sèvi pou sote sou tè a. 22 Sa ladan yo, nou kapab manje: krikèt chan avèk tout espès li, krikèt voras avèk tout espès li yo, krikèt kay avèk tout espès li yo, e krikèt volan avèk tout espès li yo. 23 Men tout lòt ensèk a zèl ki gen kat pye abominab pou nou.

  6. 1 Alò, konsènan bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou bay bon konprann. 2 Si yon moun sipoze ke li konnen yon bagay, li poko konnen jan li dwe konnen an. 3 Men si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen li.

    4 Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye. 5 Paske, menmsi genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè, 6 malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye Papa a. De Li menm tout bagay sòti, e nou pou Li, e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.

    7 Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Men kèk moun, ki abitye avèk zidòl jiska prezan, manje manje kòmsi li te sakrifye a yon zidòl, e konsyans fèb pa yo a vin souye. 8 Men se pamanje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje. 9 Men fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite. 10 Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje bagay ki sakrifye a zidòl yo? 11 Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an. 12 Konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la. 13 Pou sa a, si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.

  7. 1 Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo. 2 Yon moun gen lafwa pou li kab manje tout bagay, men sila ki fèb la manje sèlman legim. 3 Sila ki manje a pa dwe meprize sila ki pa manje a, e sila ki pa manje a pa dwe jije sila ki manje a, paske Bondye aksepte li. 4 Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe.

  8. 14 Li te rele foul la kote Li ankò. Li te di yo: “Koute Mwen, nou tout, e konprann: 15 Nanpwen anyen deyò yon nonm k ap fè l sal, men se bagay ki sòti pa anndan yon nonm ki fè l sal. 16 Si yon moun gen zòrèy, kite li tande.”

    17 Lè Li te kite foul la, Li te antre nan kay la. Disip Li yo te kesyone L sou parabòl sila a.

    18 Epi Li te di yo: “Èske nou si tèlman manke konprann tou? Èske nou pa konprann ke sa ki sòti deyò yon nonm pou antre ladann pa kapab souye l, 19 paske sa pa antre nan kè l, men nan vant li epi li vin elimine?” (Konsa Li te deklare ke tout kalite manje pwòp.)

    20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”

  9. 28 “Paske li te parèt bon pou Lespri Sen an ak nou menm pa mete sou nou okenn fado ke lesansyèl sa yo: 29 pou nou evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, san, bagay ki toufe, ak imoralite seksyèl. Si nou kenbe tèt nou lib de bagay sila yo, nou va fè byen. Orevwa.”

  10. 23 Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki edifye. 24 Pa kite nou chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou. 25 Manje avèk bon konsyans nenpòt vyann ki vann nan mache, san poze kesyon. 26 “Paske tè a se pou Senyè a avèk tout sa ki ladann.” 27 Si youn nan sila ki pa kwè yo envite nou, e nou vle ale manje nenpòt bagay ke yo mete devan nou, avèk bon konsyans e san poze kesyon. 28 Men si yon moun di nou: “Vyann sa a te sakrifye bay zidòl,” pa manje l, pou kòz a sila ki te enfòme nou an, ak pou bon konsyans. Paske “Latè se pou Senyè a, ak tout sa ki ranpli l.” 29 Mwen pa vle di pwòp konsyans pa nou, men konsyans pa li. Paske poukisa libète mwen vin jije pa konsyans a yon lòt? 30 Si mwen patisipe avèk remèsiman, poukisa libète mwen mal jije pou sa ke mwen bay remèsiman?

    31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye. 32 Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.

    33 Menm jan ke mwen osi fè tout moun plezi nan tout bagay, pa pou chache pwòp enterè pa m, men enterè a anpil moun, jis pou yo kapab sove.

  11. 16 Konsa, pa kite pèsòn aji kòm jij nou konsènan manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba. 17 Bagay sila yo se lonbraj a sila ki dwe vini an; men vre sibstans lan apatyen a Kris. 18 Pa kite pèsòn kontinye prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li, 19 ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.

    20 Si nou te mouri avèk Kris a prensip de baz mond yo, poukisa, kòmsi nou t ap viv nan mond lan, nou soumèt nou a kalite dekrè konsa, kòm 21 “Pa manyen, pa goute, pa touche!” 22 (Ki tout fè referans a bagay ki fèt pou peri pandan y ap sèvi yo)—an akò avèk kòmandman ak enstriksyon a lòm yo? 23 Bagay sa yo ki gen, asireman, aparans a sajès nan kwayans relijye ki fèt pou kont li, avèk imilyasyon de li menm, ak move tretman kò a, men ki pa gen okenn valè kont plezi lachè a.

  12. 36 Pandan yo t ap pale bagay sa yo, Li menm te kanpe nan mitan yo, e te di yo: “Ke lapè rete avèk nou.”

    37 Men yo te etone, pè e te panse ke se te yon lespri ke yo te wè a.

    38 Epi Li te di yo: “Poukisa nou twouble, e poukisa dout leve nan kè nou? 39 Gade men Mwen, ak pye Mwen, ke se Mwen menm; touche Mwen pou wè, paske yon lespri pa gen chè avèk zo, tankou nou wè ke M genyen an.” 40 Lè l fin di sa, Li te montre yo men Li avèk pye Li. 41 Pandan yo te toujou mal pou kwè akoz lajwa ak sezisman yo, Li te di yo: “Èske nou pa gen anyen isit la pou manje?”

    42 Yo te bay Li yon mòso pwason boukannen. 43 Li te pran l e te manje l devan yo.

  13. 10 “‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’ 11 Paske vi a chè a se nan san an, e Mwen te bannou li sou lotèl la pou fè ekspiyasyon pou nanm nou; paske se san li ye, akoz lavi ki fè ekspiyasyon an. 12 Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: ‘Pèsòn pami nou pa pou bwè san, ni okenn etranje ki rete pami nou p ap kab bwè san.’

    13 “Pou sa, lè yon moun pami fis Israël yo oswa nan etranje ki rete pami yo, ki nan fè lachas kenbe yon bèt oswa yon zwazo ki kapab manje, li va vide san li e kouvri li avèk tè. 14 Paske lavi tout chè, se san li ki lavi li. Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: “Nou pa pou bwè san de okenn nan chè yo, paske lavi tout chè se san li. Nenpòt moun ki bwè li, va koupe retire.

    15 “Lè yon moun manje yon bèt ki mouri oswa ki chire pa lòt bèt kit li se yon moun peyi a, oswa yon etranje, li va lave rad li, li va benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Konsa, li va vin pwòp.

  14. 19 “Konsa, se jijman pa m pou nou pa twouble sila k ap tounen vè Bondye yo ki soti pami pèp etranje yo, 20 men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak imoralite seksyèl, ak vyann sa ki toufe, ak san.

  15. 3 Alò, mesye sa a te konn monte soti nan vil li a chak ane pou adore ak fè sakrifis a SENYÈ dèzame yo nan Silo. Epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te prèt SENYÈ a nan kote sa a. 4 Lè jou a te vini pou Elkana te fè sakrifis yo, li ta bay yon pòsyon a Peninna, madanm li an e a tout fis li yo avèk fi li yo. 5 Men a Anne, li ta bay yon pòsyon doub, paske li te renmen Anne; men SENYÈ a te fèmen vant li. 6 Men lòt madanm nan avèk kè anmè te konn chache pwovoke l pou fè l fache akoz SENYÈ a te fèmen vant li. 7 Li te rive ane aprè ane, otan ke li te monte vè lakay SENYÈ a, li ta pwovoke li. Konsa, li te kriye e li te vin refize manje. 8 Epi Elkana te di li: “Anne, poukisa ou kriye konsa? Poukisa ou pa manje e poukisa kè ou tris? Éske mwen pa pi bon pase dis fis?”

  16. 9 Nan jou apre a, pandan yo te nan chemen yo, ap pwoche vil la Pierre te ale sou do kay la nan anviwon sizyèm è pou priye. 10 Men li te vin grangou, e li te vle manje. Men pandan yo t ap fè preparasyon an, li te tonbe nan yon rèv. 11 Konsa, li te wè syèl la louvri, epi yon bagay tankou yon gwo dra te lonje desann bò kat kwen li yo jiska atè. 12 Ladann l te gen tout kalite bèt kat pye ak kreyati ki rale atè ak zwazo syèl yo. 13 Yon vwa te vini sou li: “Leve, Pierre, touye e manje!”

    14 Men Pierre te di: “Sa p ap janm fèt, Senyè, paske Mwen pa janm manje anyen ki pa sen e pwòp.”

    15 Ankò yon vwa te vini a li menm, pou dezyèm fwa: “Sa ke Bondye gen tan fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.”

    16 Sa te rive twa fwa; epi imedyatman, bagay la te vin remonte nan syèl la.

  17. 20 Pa bwè twòp diven,

    ni fè voras nan manje vyann;

    21 paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;

    e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.

  18. 6 Lou a va demere ak jèn mouton an,

    leyopa va kouche ak jèn kabrit la,

    jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a;

    epi yon tigason va mennen yo.

    7 Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la;

    pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.

    8 Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a,

    e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.

    9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an,

    paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a,

    tankou dlo kouvri lanmè a.

  19. 3 “Nou pa pou manje okenn bagay abominab. 4 Sila yo se bèt ke nou kapab manje: bèf, mouton, kabrit, 5 Sèf, kabrit mawon, den, bèf mawon, boukten, antilòp, ak mouton mòn. 6 Nenpòt bèt ak zago divize ki remonte manje li pami tout bèt yo, sila nou kapab manje.

    7 “Sepandan, pami sila ki remonte manje yo, oswa sila ki divize zago an de yo: chamo, lapèn ak daman; akoz, malgre yo remonte manje, yo pa divize zago yo, yo pa pwòp pou nou. 8 Kochon, paske li divize zago a, men pa remonte manje, li pa pwòp pou nou. Nou pa pou manje anyen nan chè li, ni touche kò mouri yo.

    9 “Sila nou kapab manje nan tout sa ki nan dlo yo: Nou ka manje nenpòt sa ki gen zèl naje avèk kal, 10 men okenn nan yo ki pa gen zèl naje avèk kal, nou pa pou manje yo; se pa pwòp pou nou.

    11 “Nou kapab manje nenpòt zwazo ki pwòp. 12 Men sila ke nou pa pou manje yo: èg, lòfre ak malfini lanmè, 13 milan wouj, otou, votou ak tout kalite parèy yo, 14 kòbo ak tout kalite parèy yo, 15 otrich, ibou, poul dlo, ak malfini avèk tout kalite parèy yo, 16 koukou, frize, gwo kana mawon blan, 17 grangozye, plonjon, chwèt, 18 sigòy, krabye, ak kalite parèy yo, sèpantye, tchotcho ak chòv-souri.

    19 “Tout reptil avèk zèl pa pwòp pou nou. Yo pa pou manje. 20 Nou kapab manje nenpòt zwazo ki pwòp.

    21 “Nou pa pou manje okenn bagay ki mouri pou kont li. Nou gen dwa bay li a etranje ki rete nan vil nou, pou li kab manje l, oswa nou kapab vann li a yon etranje; paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jenn ti kabrit ki nan lèt manman.

  20. 8 Men Daniel te pran desizyon nan panse li pou li pa t souye tèt li ak meyè manje a wa a, ni ak diven li te konn bwè a. Konsa, li te chache pèmisyon a chèf nan linik yo pou li pa ta souye tèt li. 9 Alò, Bondye te bay Daniel favè ak gras devan zye a chèf ofisye yo. 10 Epi chèf nan linik yo te di a Daniel: “Mwen gen krent mèt mwen, Wa a, ki te bay lòd konsènan manje nou ak bwason nou. Paske poukisa li ta dwe wè figi nou nan yon eta pi mal ke lòt jennonm ki gen menm laj avèk nou yo? Alò, nou ta fè mwen peye pri tèt mwen bay wa a.”

    11 Men Daniel te di a sipèvizè ke chèf nan linik yo te chwazi sou Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria a, 12 “Souple, teste sèvitè ou yo pandan di jou. Kite nou resevwa sèlman kèk legim pou manje ak dlo pou bwè. 13 Epi konsa, kite aparans nou vin konpare ak aparans a jennonm k ap manje meyè manje a wa a; epi aji ak sèvitè ou yo selon sa ou wè a.” 14 Konsa, li te koute yo nan bagay sa a, e te teste yo pandan di jou.

    15 Nan fen di jou yo, aparans yo te parèt pi bon, e yo te angrese plis ke tout jennonm ki t ap manje meyè manje a wa a. 16 Akoz sa, sipèvizè a te kontinye retire meyè manje sa yo, ak diven yo te dwe pou bwè, e te kontinye bay yo legim yo.

    17 Konsènan kat jennonm sila yo Bondye te bay yo konesans ak entèlijans nan tout pati etid ak sajès yo. Epi Daniel te gen konprann nan tout kalite vizyon ak rèv.

    18 Konsa, nan fen jou wa a te etabli pou prezante yo a, linik a wa a te fè yo parèt devan Nebucadnetsar. 19 Wa a te pale ak yo e pami yo tout, pa t gen youn ki te konpare ak Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria. Akoz sa, yo te antre nan sèvis pèsonèl a wa a. 20 Pou chak sikonstans ke wa a te konsilte yo pou sajès ak bon konprann, li te twouve yo dis fwa pi bon ke tout majisyen ak mèt zetwal ki te nan tout wayòm li a.

    21 Epi Daniel te kontinye jis rive nan premye ane Cyrus, wa a.

  21. 42 Nenpòt bèt ki rale sou vant li, e nenpòt bèt ki mache sou kat pye, nenpòt bèt ki gen anpil pye, an rapò ak tout sa ki trennen atè, nou pa pou manje yo, paske yo abominab. 43 Pa rann tèt nou vin abominab pa okenn nan bagay ki trennen atè yo. Pa fè tèt nou pa pwòp avèk yo pou nou pa vin pa pwòp. 44 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, se pou nou konsakre nou e rete sen, paske Mwen sen. Nou pa pou fè tèt nou pa pwòp avèk okenn bagay trennen, k ap trennen atè. 45 Paske Mwen se SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte pou M ta Bondye nou. Konsa nou va sen, paske Mwen sen.’”

    46 “‘Sa se lalwa sou bèt ak zwazo, tout bagay vivan ki kouri nan dlo ak tout bagay ki trennen atè, 47 pou fè yon distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp, e antre kreyati ki kab manje ak sa ki pa kab manje.’”

  22. 2 Mwen te louvri men M tout lajounen a yon pèp rebèl,

    ki mache nan chemen ki pa bon,

    k ap swiv pwòp panse pa yo,

    3 Yon pèp ki pwovoke M tout tan nan figi M,

    k ap ofri sakrifis nan jaden yo

    e k ap brile lansan sou brik yo;

    4 ki chita nan mitan tonm yo

    e ki pase nwit lan kote kache yo;

    ki manje chè kochon,

    ak soup fèt ak sa ki pa pwòp.

    5 Ki di: ‘Rete la, ou menm, pa pwoche mwen;

    mwen pi sen pase ou’!

    Sila yo se lafimen nan nen Mwen,

    yon dife ki brile tout lajounen.

    6 “Gade byen, li ekri devan Mwen:

    Mwen p ap rete an silans,

    men Mwen va bay rekonpans;

    Mwen va rekonpanse jis rive nan lestonmak yo,

  23. 1 Alò, pèp la te devni kòm sila ki plenyen zafè pwoblèm nan zòrèy a SENYÈ a. Lè SENYÈ a te tande sa, kòlè li te vin limen, dife SENYÈ a te brile pami yo. Li te detwi kèk nan yo nan zòn deyò kan an. 2  Pou sa, pèp la te kriye fò bay Moïse. Moïse te priye bay SENYÈ a, e dife a te ralanti. 3 Konsa, non a kote sa a te rele Tabeéra akoz dife SENYÈ a ki te brile pami yo.

    4  Sanzave nan mele yo ki te pami yo te gen lide voras. Menm fis Israël yo tou te kriye dlo nan zye ankò. Yo te di: “Kilès k ap bannou vyann pou nou manje? 5  Nou sonje pwason ke nou te konn manje gratis nan peyi Égypte, avèk konkonb ak melon, zonyon, ak lay; 6 men koulye a, nanm nou vin sèch. Nanpwen anyen pou nou ta gade sof ke lamàn sa a.”

    7  Alò, lamàn nan te tankou grenn pitimi avèk aparans gonm arabik. 8 Pèp la t ap fè ale retou pou ranmase li. Yo te moulen li antre de wòch moulen, oswa bat li nan yon pilon, bouyi li nan yon chodyè, epi fè gato avèk li. Li gen gou tankou gou a gato ki fèt ak lwil. 9  Lè lawouze te vin tonbe nan kan an pandan nwit lan, lamàn te tonbe avè l.

    10 Alò, Moïse te tande pèp la ki t ap kriye pami tout fanmi yo, chak mesye nan pòtay a tant li. Konsa, chalè a SENYÈ a te vin limen anpil, e Moïse te malkontan. 11  Pou sa, Moïse te di SENYÈ a: “Poukisa Ou te tèlman di avèk sèvitè Ou a? Epi poukisa mwen pa t jwenn favè nan zye ou, ke Ou te vin mete chaj tout pèp sa a sou Mwen? 12 Èske se mwen menm ki te vin peple fè tout pèp sa a? Èske se mwen menm ki te fè yo vin parèt pou Ou ta di mwen: ‘Pote yo nan sen ou tankou yon fanm nouris pote yon ti bebe k ap tete, pou rive nan yon peyi ke Ou te sèmante a papa yo?’ 13 Kote mwen ap jwenn vyann pou bay tout pèp sa a? Paske yo kriye devan m! Yo te di: ‘Bannou vyann pou nou kapab manje!’ 14  Mwen sèl mwen p ap kab pote tout pèp sa a; se twòp chaj pou mwen. 15  Konsa, si W ap aji konsa avè m, souple touye mwen koulye a; konsa, si Mwen pa t twouve favè nan zye Ou, pa kite mwen vin wè mizè mwen.”

    16 Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Rasanble pou Mwen swasann-dis nonm ki soti nan ansyen Israël yo, pami sila a ou konnen kòm ansyen a pèp la, ak ofisyèl yo. Mennen yo nan tant asanble a e kite yo vin fè kanpe pa yo ansanm avè w la a. 17 Alò, Mwen va vin desann pou pale avèk ou la a. Konsa, Mwen va pran nan lespri ki sou ou a, pou mete li sou yo; epi yo va pote fado a avèk ou, pou ou pa oblije pote li ou sèl ou.

    18 “Di a pèp la: ‘Konsakre nou pou demen e nou va manje vyann; paske nou te kriye nan zòrèy SENYÈ a, e te di: “O ke yon moun bannou vyann pou nou manje! Paske nou te byen okipe an Égypte.” Konsa, SENYÈ a va bannou vyann, e nou va manje. 19 Nou va manje, pa pou yon jou, ni de jou, ni senk jou, ni di jou, ni ven jou, 20 men yon mwa nèt, jis li vin sòti nan nen nou, e vin abominab pou nou; akoz nou te rejte SENYÈ a ki pami nou, e nou te kriye devan Li pou te di: “Poukisa nou te janmen kite Égypte?”’”

    21 Men Moïse te di: “Pèp pami sila Mwen ye a se sis-san-mil sou pye; sepandan, Ou te di, ‘Mwen va bay yo vyann, pou yo kab manje jis yon mwa nèt.’

    22 “Si bann mouton avèk twoupo yo ta touye pou yo èske sa ta sifi pou yo?”

    23 SENYÈ a te di a Moïse: “Èske pouvwa SENYÈ a limite? Koulye a, ou va wè si pawòl Mwen va vin vre pou ou oswa non.”

    24 Konsa, Moïse te sòti deyò. Li te di pèp la pawòl SENYÈ a. Osi, li te rasanble swasann-dis gason nan ansyen pami pèp la, e li te estasyone yo antoure tant la. 25  Alò, SENYÈ a te vin desann nan nwaj la, e Li te pale avèk li. Li te pran nan Lespri ki te sou li a, e li te plase Li sou swasann-dis ansyen yo. Epi lè Lespri a te poze sou yo, yo te pwofetize. Men yo pa t fè sa ankò.

    26 Men de mesye nan ansyen yo te rete nan kan an; Non a youn te Eldad, e non a lòt la te Médad. Epi Lespri a te vin rete sou yo. Yo menm te pami sila ki te anrejistre kòm ansyen yo, men ki pa t sòti pou ale nan tant lan; men yo te pwofetize nan kan an. 27 Konsa, yon jennonm te kouri di Moïse: “Eldad avèk Médad ap pwofetize nan kan an.”

    28 Epi Josué, fis a Nun nan, ki te sèvitè Moïse depi nan jenès li, te di: “Moïse, senyè mwen an, anpeche yo.”

    29 Men Moïse te di li: “Èske ou jalou pou tèt mwen? Pito ke tout pèp SENYÈ a te pwofèt, pou SENYÈ a ta mete Lespri Li sou yo!” 30 Epi Moïse te retounen nan kan an, ni li, ni ansyen Israël yo.

    31  Alò, te vin souleve yon van sòti nan SENYÈ a. Li te mennen zwazo kay sòti nan lanmè, e Li te kite yo tonbe akote kan an, anviwon distans de yon vwayaj yon jounen sou yon bò, e vwayaj a yon jounen de lòt bò a, toutotou kan an, epi plis oswa mwens de koude (twa pye) pwofondè sou sifas tè a.

    32 Pèp la te pase tout jounen, tout nwit lan, ak tout jou aprè a nan ranmase zòtolan. Sila ki te ranmase mwens lan, te ranmase dis omè (ven lit), e yo te poze yo gaye pou yo toupatou nan kan an. 33  Pandan vyann nan te toujou nan dan yo, avan yo te menm moulen li, kòlè SENYÈ a te vin limen kont pèp la, e SENYÈ a te frape pèp la avèk yon epidemi byen sevè. 34 Konsa, non a kote sa a te rele Kibroth Hattaava, akoz ke se ladann, yo te antere pèp ki te voras yo.

    35 Soti nan Kibroth Hattaava, pèp la te ale Hazeroth, e yo te vin rete Hazeroth.

  24. 20 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, vin fè lizyè nou grandi, jan Li te pwomèt nou an, e nou va di: ‘Mwen va manje vyann,’ akoz ke nou vle manje vyann, nou kapab manje vyann, nenpòt sa ke nou pito. 21 Si kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi pou mete non Li an, twò lwen nou, alò, nou kapab touye nan twoupo nou ak bann mouton nou ke SENYÈ a te bannou yo, jan mwen te kòmande nou an. Konsa, nou kapab manje anndan pòtay nou yo nenpòt sa nou pito. 22 Menm jan ke yon antilòp oswa yon sèf konn sèvi pou manje; konsa, nou va manje li. Moun ki pwòp ni sila ki pa pwòp kapab manje ladann.

    23 “Sèlman, fè sèten ke nou pa bwè san an, paske san an se lavi, e nou p ap bwè lavi avèk chè a. 24 Nou p ap bwè li. Nou va vide li atè tankou dlo. 25 Nou p ap bwè li jis pou sa kab ale byen pou nou avèk pitit apre nou yo; paske nou ap fè sa ki bon nan zye SENYÈ a.

  25. 1 Lè ou chita sou tab ak yon moun ki gouvènè,

    konsidere byen sa ki devan ou.

    2 Konsa, mete yon kouto sou gòj ou

    si ou se yon nonm ak gwo lanvi.

    3 Pa dezire bon manje sa yo,

    paske se yon repa desepsyon.

  26. 10 Apre sa, Li te rele foul akote Li a, e Li te di yo: “Tande e konprann; 11 Se pa sa ki antre nan bouch la ki kontamine yon nonm, men se sa ki sòti nan bouch la ki kontamine l.”

    12 Alò, disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Èske Ou konnen ke Farizyen yo te blese lè yo te tande pawòl sa a?”

    13 Men Li te reponn yo e di: “Chak plant ke Papa M pa plante, ap vin rache. 14 Pa okipe yo. Yo se avèg k ap gide avèg. Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”

    15 Pierre te reponn, e te di L: “Eksplike nou parabòl sa a.”

    16 Li te di: “Èske nou menm, nou toujou manke konprann nan? 17 Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine? 18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.

    19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”

  27. 17 “‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, ni okenn san.’”

  28. 22 Answit, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 23 “Pale avèk fis Israël yo e di: ‘Nou pa pou manje okenn grès a yon bèf, yon mouton, oswa yon kabrit. 24 Osi, grès a yon bèt ki mouri e grès a yon bèt ki dechire pa bèt parèy li kapab mete a nenpòt lòt sèvis, men anverite, nou pa pou manje li. 25 Paske nenpòt moun ki manje nan grès animal ki soti nan yon ofrann pa dife ki ofri bay SENYÈ a, menm moun ki manje l, va koupe retire de pèp li a. 26 Nou pa pou bwè okenn san, ni san zwazo, ni san bèt, ni okenn san nan abitasyon nou yo. 27 Nenpòt moun ki bwè nenpòt san, menm moun sa a va koupe retire de pèp li a.’”

  29. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  30. 1 Alò, SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron nan peyi Égypte la: 2  “Mwa sa a va vin premye nan mwa yo pou nou. Li va premye mwa nan ane a pou nou.

    3 “Pale a tout asanble Israël la, e di: ‘Nan dizyèm mwa sa a, yo chak va pran yon jenn mouton pou yo menm, selon kay pa yo, yon mouton pou chak kay. 4 Alò, si kay la twò piti pou yon jenn mouton, li menm avèk vwazen li ap pran youn pou kont yo, selon kantite moun ki nan yo selon sa ke chak moun ta kab manje, nou va divize jenn mouton an.

    5 “‘Jenn mouton nou an va yon jenn mal, ak laj yon lane, san defo. Nou ka pran li pami mouton yo, oswa kabrit yo. 6 Nou va kenbe li jis rive nan katòzyèm jou nan menm mwa sa a, e tout asanble kongregasyon Israël la va touye li nan aswè. 7 Anplis, yo va pran kèk nan san an, e mete li sou de chanbrann pòt kay la, ak sou de travès lento pòt kay la kote yo va manje li a.

    8 “‘Yo va manje chè a menm nwit lan, boukannen li nan dife, e yo va manje li avèk pen san ledven, ak zèb anmè. 9 Pa manje anyen nan li ki pa kwit, ni ki bouyi avèk okenn dlo, men pito ki boukannen nan dife, ni tèt li, ni janm li yo ansanm avèk zantray li yo. 10 Epi nou pa pou kite anyen nan li pou maten men nenpòt sa ki rete nan li, nan maten nou va brile li nan dife. 11 Alò, nou va manje li konsa: avèk senti nou mare, sapat nan pye nou ak baton nou nan men nou; epi nou va manje li byen vit—sa se Pak SENYÈ a.

    12 “‘Paske Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt. Epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a. 13 San an va yon sign pou nou sou kay kote nou rete yo. Lè Mwen wè san an, Mwen va pase sou nou, e nanpwen touman k ap rive nou, ni detwi nou lè Mwen frape peyi Égypte la.

  31. 11 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di: 12 “Mwen tande plent a fis Israël yo. Pale ak yo pou di: ‘Nan aswè avan li fènwa, nou va manje vyann, e nan maten, nou va vin plen avèk pen. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”

    13 Alò, li vin rive nan aswè ke zwazo kay yo te monte. Yo te kouvri tout kan an. Nan maten, te gen yon kouch lawouze ki te antoure kan an.

  32. 26 “‘Nou pa pou manje anyen avèk san ki rete nan li. Nou pa pou pratike maji ni divinasyon zetwal ni predi evenman k ap vin rive.

  33. 31 Nou va dèzòm ki sen pou Mwen; konsa, nou p ap manje okenn chè ki chire an mòso nan chan. Nou va jete li bay chen.

  34. 15 “Malgre sa, nou gen dwa touye e manje vyann anndan nenpòt nan pòtay nou yo, nenpòt sa ke nou dezire, selon benediksyon SENYÈ a, Bondye nou an, sa ke Li te bannou. Sila ki pa pwòp, ak sila ki pwòp kapab manje ladann, tankou antilòp la ak sèf la.

  35. 2 Nan jou sila yo, mwen menm, Daniel, mwen t ap fè dèy pandan twa semèn. 3 Mwen pa t manje okenn bon manje; ni vyann, ni diven an pa t antre nan bouch mwen. Ni mwen pa t sèvi okenn pomad pou onksyone jiskaske tout twa semèn sila yo te fin akonpli.

  36. 20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.

    “Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kourianbrase l e te bo li. 21 Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.

    22 “Men papa a te di a esklav li yo: ‘Fè vit potepi bèl vètman ki genyen an, mete li sou li, e mete yon bag nan men li ak soulye nan pye li. 23 Anplis mennen jenn ti bèf byen gra a; touye li, e annou manje pou fè fèt. 24 Paske konsa, fis mwen an temouri; koulye a li vivan ankò. Li te pèdi, men mwen jwenn li ankò.’ Epi yo te kòmanse fè fèt la.

  37. 26 Jésus te reponn yo e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou, nou pa chache M paske nou te wè sign yo, men paske nou te manje pen, epi te plen.

    27 “Pa travay pou manje k ap peri, men pou manje k ap dire jiska lavi etènèl, ke Fis a Lòm nan va bay nou. Pwiske sou Li, Papa a, Bondye menm, gen tan mete so Li.”

    28 E pou sa moun foul la te di Li: “Ki zèv nou kapab fè pou nou menm kapab fè zèv a Bondye?”

    29 Jésus te reponn e te di yo: “Sa se zèv a Bondye, ke nou ta kwè nan Sila ke Li voye a.”

    30 Pou sa yo te di Li: “Kisa konsa ou fè kon sign, pou nou kapab wè epi kwè ou? Ki zèv ou fè?” 31 “Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Kon li ekri a: ‘Li te bay yo pen ki sòti nan syèl la pou yo manje.’”

    32 Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, se pa Moïse ki te bay nou pen ki sòti nan syèl la, men se Papa M ki bay nou vre pen ki sòti nan syèl la. 33 Paske pen Bondye a se sila ki desann, sòti nan syèl la, e bay lavi a lemonn lan.”

    34 Pou sa yo te di L: “Senyè, toujou bay nou pen sa a”.

    35 Jésus te di yo: “Mwen menm se pen lavi a. Moun ki vini kote Mwen p ap grangou, e sila ki kwè nan Mwen, p ap janm swaf.

    36 “Men Mwen di nou ke nou wè M, e malgre, nou pa kwè.

    37 “Tout sa ke Papa a ban Mwen yo ap vin kote Mwen, e sila a ki vin kote Mwen, Mwen p ap janm jete yo deyò.

    38 “Paske Mwen pa t desann kite syèl la pou fè pwòp volonte pa M, men volonte a Li menm ki te voye M nan. 39 E sa se volonte a Li menm ki te voye M nan, ke nan tout sa ke Li bay Mwen yo, Mwen pa pèdi anyen, men fè li leve nan dènye jou a. 40 Paske sa se volonte a Papa M, ke tout moun ki wè Fis la epi kwè nan Li kapab gen lavi etènèl. Epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.”

  38. 25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li?

  39. 4 Men lè bajou te kase, Jésus te kanpe arebò lanmè a, men disip yo pa t konnen ke se te Jésus.

    5 Konsa, Jésus te di yo: “Pitit yo, èske nou pa gen kèk grenn pwason?”

    Yo te reponn Li: “Non”.

    6 E Li te di yo “Voye filè a sou men dwat kannòt la, e nou va kenbe kèk.”

    Konsa, yo te voye l, e yo pa t kab rale fè l antre akoz gran kantite pwason yo.

    7 Konsa, disip ke Jésus te renmen an te di Pierre: “Se Senyè a.”

    Lè Simon Pierre te tande ke se te Senyè a, li te mete vètman li, paske li te retire rad li pou travay la, e te voye kò li nan lanmè a.

    8 Men lòt disip yo te vini nan ti kannòt la, paske yo pa t lwen tè a, men sèlman anviwon san mèt, pou rale filè plen pwason an. 9 E lè yo te desann atè, yo te wè yon dife chabon deja prepare, avèk pwason sou li, ak pen.

    10 Jésus te di yo: “Pote kèk nan pwason ke nou fenk kenbe yo.”

    11 Simon Pierre te monte e te rale filè a atè a, byen plen gwo pwason, san-senkann-twa, e malgre ke te gen gran kantite sa a, filè a pa t chire.

    12 Jésus te di yo: “Vin pran ti dejene.”

    Okenn nan disip yo pa t tante kesyone L: “Ki Moun Ou ye?” paske yo te konnen ke se te Senyè a.

    13 Jésus te vini. Li te pran pen an, epi te bay yo, ansanm ak pwason an.

    14 Sa koulye a se twazyèm fwa ke Jésus te vin parèt a disip yo, depi Li te leve soti nan lanmò a.

  40. 25 “Men konsènan pèp etranje, ki te kwè yo, nou te ekri selon desizyon nou, ke yo ta dwe evite vyann ki ofri kon sakrifis a zidòl, ak san, ak sa ki toufe, e ak imoralite seksyèl.”

  41. 6 Epi Abraham te kouri antre nan tant lan vè Sarah, e te di: “Fè vit, prepare twa mezi farin fen, byen bat li, e fè gato pen.”

    7 Abraham osi te kouri nan pak bèf, li te pran yon jenn bèf byen mou, byen chwazi, e li te bay li a sèvitè li, ki te fè vit pou prepare li. 8 Li te pran bòl lèt kaye yo avèk lèt fre ak jèn bèf ke li te prepare, e te plase li devan yo; epi li te kanpe bò kote yo anba pyebwa a pandan yo t ap manje.

    9 Alò, yo te di li: “Kote Sarah, madanm ou?”

    Epi li te di: “Nan tant lan”.

  42. 1 Alò, yo te kite Élim, e tout asanble fis Israël yo te vini nan dezè Sin, ki te antre Élim ak Sinai an. Sa te fèt nan kenzyèm jou dezyèm mwa apre depa yo nan peyi Égypte la.

    2 Konsa, tout asanble fis Israël yo te plenyen kont Moïse avèk Aaron nan dezè a. 3 Fis Israël yo te di yo: “Pito ke nou te mouri pa men SENYÈ a nan peyi Égypte la pandan nou t ap chita akote chodyè vyann yo, pandan nou t ap manje pen jis nou vin plen. Men ou mennen nou deyò nan dezè sila a pou touye tout asanble a avèk grangou.”

  43. 29 “‘Men sa ki pa pwòp pou nou pami bagay ki trennen atè yo: zagoudi, sourit, gran leza ak tout espès li yo, 30 zandolit, gwo kayiman, zandolit gongolo avèk kameleyon. 31 Sa yo pa pwòp pou nou pami sa ki trennen atè yo. Nenpòt moun ki touche yo lè yo mouri vin pa pwòp jis rive nan aswè.

  44. 27 Konsa, nou va ofri ofrann brile yo, chè a avèk san an sou lotèl la bay SENYÈ a, Bondye nou an. San sakrifis nou yo va vide sou lotèl la bay SENYÈ a, Bondye nou an, epi nou va manje chè a.

  45. 33 Alò, yo te pale Saül e te di: “Gade byen, pèp la ap peche kont SENYÈ a pandan yo manje avèk san an.”

    Epi li te di: “Nou te aji kòm trèt; woule yon gwo wòch kote mwen jodi a.” 34 Saül te di: “Gaye nou menm pami pèp la e di yo: ‘Nou chak mennen bèf nou ban mwen, oswa mouton nou e touye li isit la pou manje. Pa fè peche kont SENYÈ a avèk afè manje san an.’” Konsa, tout pèp la nan nwit lan, yo chak te mennen bèf yo e te kòche li la.

  46. 1 Sajès bati kay li a;

    li taye sèt gwo pilye li yo.

    2 Li te prepare manje li,

    li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.

    3 Li voye demwazèl li yo deyò,

    li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:

    4 “Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!”

    Pou sila ki manke bon konprann nan, li di:

    5 “Vin manje manje mwen an,

    e bwè diven ke m te melanje a.

    6 Kite foli ou pou ou ka viv;

    epi avanse nan chemen bon konprann nan.”

  47. 6 SENYÈ dèzame yo va prepare yon gwo bankè pou tout pèp sou mòn sa a; yon bankè diven rasi, mòso chwazi ak mwèl zo, diven byen rafine.

  48. 21 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Ajoute ofrann nou yo sou sakrifis nou yo e manje chè.

  49. 14 Men mwen te di: “Ah Senyè BONDYE! Mwen pa t janm konn souye nanm mwen. Paske depi nan jenès mwen jis rive koulye a, mwen pa t janm manje sa ki te mouri pou kont li, oswa ki te chire pa bèt sovaj, ni okenn vyann ki pa t pwòp pa t janm antre nan bouch mwen.”