25 Bible Verses About Abortion

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Abortion
  1. 13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

    Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

    14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

    paske mwen fèt yon fason mèvèye.

    Zèv Ou yo depase bon konprann

    e nanm mwen byen konnen sa.

    15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

    e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.

    16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

    Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te

    òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

  2. 22 Si de mesye vin lite youn avèk lòt, yo frape yon fanm ansent e li vin akouche avan lè, men pa gen lòt pwoblèm, li va peye yon amann jan mari a fanm nan kapab mande li, e li va peye li selon desizyon jij yo. 23 Men si gen plis mal ki fèt, alò, ou va òdone kòm yon penalite vi pou vi, 24 zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye, 25 brile pou brile, blese pou blese, brize pou brize.

  3. 4 Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:

    5 Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,

    e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.

    Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.

  4. 21 Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.

    22 Men pitit yo te an konfli anndan vant li. Li te di: “Si se sa, poukisa mwen viv?” Li te ale mande a SENYÈ a.

    23 SENYÈ a te di li:

    “Gen de nasyon nan vant ou.

    De pèp va vin separe sòti nan vant ou.

    Yon pèp va pi pwisan ke lòt la.

    Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”

    24 Lè jou li yo pou akouche te rive, gade, te gen jimo nan vant li. 25 Premye a te vin parèt byen wouj. Li te kouvri toupatou tankou yon rad ki plen plim sou li. Yo te nonmen li Ésaü. 26 Apre, frè li a te vin parèt avèk men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü. Akoz sa yo te rele li Jacob. Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo.

  5. 39 Alò, nan moman sa a, Marie te leve. Li te sòti byen vit pou rive nan peyi kolin yo, nan yon vil yo rele Juda. 40 Li te antre lakay a Zacharie, e te salye Elizabeth.

    41 Li te rive ke lè Elizabeth te tande salitasyon Marie a, pitit la te sote nan vant li, epi Elizabeth te ranpli avèk Lespri Sen an. 42 Li te kriye fò avèk yon gran vwa e te di: “Beni se ou pami fanm yo, e beni se fwi a vant ou an! 43 Kijan bagay sa a rive m, ke manman Senyè mwen an ta vin kote mwen? 44 Paske gade byen, lè son a salitasyon ou an te rive nan zòrèy mwen, pitit la te sote nan vant mwen avèk jwa. 45 Beni se sila a ki te kwè ke sa Senyè a te pale a ta vin akonpli.”

  6. 13 Ou pa pou touye moun.

  7. 27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo.

  8. 3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.

    Fwi a vant la se yon rekonpans.

    4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,

    Se konsa pitit a jèn yo ye.

    5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.

    Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

  9. 7 Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.

  10. 3 Chak bagay ki fè mouvman e ki vivan va sèvi kòm manje pou nou. Mwen bannou tout, jan Mwen te bay plant vèt la.

    4 “Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li. 5 Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.

    6 “Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm.

  11. 15 Alò wa Égypte la te pale avèk fanm saj Ebre yo. Youn nan yo te rele Schiparaavèk, e lòt la yo te rele Pua. 16 Li te di yo: “Lè nou ap ede fanm Ebre yo akouche, e wè yo sou chèz doulè a, si se yon gason, nou va mete l a lanmò; men si se fi, li va viv.”

    17 Men fanm saj yo te pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv.

    18 Epi wa Égypte la te rele fanm saj yo. Li te di yo: “Poukisa nou te fè bagay sa a, e kite gason yo viv la?”

    19 Fanm saj yo te di a Farawon: “Akoz fanm Ebre yo pa tankou fanm Ejipsyen yo. Yo gen anpil fòs, e yo akouche pitit yo avan ke fanm saj la rive kote yo.”

    20 Alò Bondye te bay gras a fanm saj yo. Konsa, pèp Ebre a te vin miltipliye e te vin trè fò. 21 Akoz fanm saj yo te krent Bondye, Li te bay yo gran fanmi yo.

  12. 31 Gade byen, ou va vin ansent. Ou va fè yon fis, e ou va bay li non a Jésus. 32 Li va gran e Li va rele Fis a Pi Wo a; epi Senyè Bondye a va bay Li twòn a zansèt Li a, David. 33 Li va renye sou lakay Jacob pou tout tan, e wayòm Li an p ap janm fini.”

  13. 13 Si mwen te refize demand esklav mwen an,

    gason kon fanm, lè l te fè yon plent kont mwen,

    14 alò, kisa mwen ta kab fè lè Bondye leve?

    Konsa, lè L rele m pou jijman,

    ki repons mwen ta kab bay Li?

    15 Èske Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou?

    Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan?

  14. 3 Koute Mwen, O lakay Jacob

    ak tout retay lakay Israël la;

    nou menm ki te pote menm depi nan nesans,

    ki te pote depi nan vant.

    4 Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li,

    e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou.

    Mwen te fè, e Mwen va pote.

    Mwen va pote, e Mwen va delivre.

  15. 1 Koute Mwen, O lil yo

    e tande byen, pèp ki sòti lwen yo.

    SENYÈ a te rele Mwen depi nan vant;

    depi nan vant manman M, Li te rele M.

    2 Li te fè bouch Mwen tankou yon nepe file;

    nan lonbraj men L, Li te kache Mwen.

    Anplis, Li te fè M vin yon flèch byen poli,

    e Li te kache Mwen nan fouwo Li.

    3 Li te di Mwen: “Ou se sèvitè Mwen,

    Israël nan sila Mwen va montre glwa Mwen an.”

  16. 13 Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean. 14 Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li.

    15 “Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant.

  17. 10 Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a. 11 Koulye a ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an.

  18. 3 Konsa, zanj SENYÈ a te parèt a fanm nan e te di li: “Gade byen, koulye a, ou esteril e ou pa janm fè pitit, men ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. 4 Konsa, fè atansyon pou pa bwè diven, oswa okenn bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp. 5 Paske, gade byen, ou va vin ansent e bay nesans a yon fis. Nanpwen razwa k ap vini sou tèt li. Paske gason an va yon Nazareyen pou Bondye depi nan vant. Li va kòmanse delivre Israël soti nan men a Filisten yo.”

  19. 37 Se te menm pwòp fi ak fis yo ke yo ofri kon sakrifis a dyab yo.

    38 Yo te vèse san inosan, san a pwòp fis ak fi yo,

    ke yo te bay kon sakrifis a zidòl Canaan yo.

    Peyi a te kontamine nèt ak san.

    39 Konsa, yo te vin pa pwòp nan abitid yo,

    e te jwe pwostitiye nan zèv yo.

  20. 5 Konsa pale SENYÈ a, ki te fòme m depi nan vant

    pou m ta Sèvitè Li a:

    Li di pou mennen Jacob retounen kote Li a,

    pou Israël ta ranmase vè Li

    (paske mwen te resevwa lonè nan zye SENYÈ a

    e Bondye Mwen an se fòs Mwen),

  21. 13 Konsa pale SENYÈ a:

    “Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat;

    Mwen p ap retire pinisyon an,

    akoz yo te chire vant fanm ansent Galaad yo

    pou agrandi lizyè yo.

  22. YODH

    73 Men Ou te fè m e te fòme mwen.

    Ban m bon konprann pou m kab aprann kòmandman Ou yo.

  23. 8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. 9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.

  24. 11 Ou te abiye mwen ak po avèk chè

    e koude mwen ansanm nan zo ak gwo venn.

    12 Ou te ban mwen lavi avèk lanmou dous Ou.

    Se swen Ou ki te konsève lespri m.

  25. 1 “Men koulye a, koute, O Jacob, sèvitè Mwen an;

    Israël ke M te chwazi a.

    2 Konsa pale SENYÈ ki te fè ou a,

    ki te fòme ou soti nan vant lan,

    ki va bay ou soutyen,

    k ap di: ‘Pa pè, O Jacob, sèvitè Mwen an;

    ak ou menm Israël ke M te chwazi a.