35 Bible Verses About Suicide
Bib Sen An (BSA)
-
13 Ou pa pou touye moun.
-
19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.
-
16 Èske nou pa konnen ke nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou? 17 Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye va detwi li, paske tanp Bondye a sen, e se sa nou ye.
-
29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la.
-
26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo.
-
5 Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.
6 “Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm. 7 Epi pou nou, se pou nou vin fekon, e miltipliye. Peple tè a anpil, e miltipliye ladann.”
-
11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.
-
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1 Mwen te tann avèk pasyans SENYÈ a.
Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.
2 Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a,
sòti deyò gwo ma ajil la.
Li te mete pye m sou wòch la e
te fè m kanpe byen fèm.
3 Li te mete yon chanson nèf nan bouch mwen,
yon chan lwanj Bondye nou an.
Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va
mete konfyans nan Bondye.
-
28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
-
38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
-
25 Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.
26 Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman tout pòt prizon an te vin louvri, e chèn tout moun te vin detache.
27 Jandam prizon an te leve nan dòmi, e lè l te wè tout pòt yo te vin ouvri, li te rale nepe pou touye tèt li, paske li te sipoze ke prizonye yo te chape.
28 Men Paul te kriye ak yon vwa fò pou di l: “Pa fè tèt ou mal! Nou tout la!”
29 Jandam nan te rele pou limyè, e te kouri antre ap tranble avèk laperèz. Konsa, li te tonbe devan Paul ak Silas, 30 te mennen yo deyò, e li te mande yo: “Mesye yo kisa mwen dwe fè pou m ta sove?”
31 Yo te reponn: “Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk lakay ou.” 32 Yo te pale li pawòl Senyè a, ansanm ak tout sila ki te lakay li yo.
33 Li te pran yo nan menm lè nwit sa a, li te lave blesi yo, e imedyatman, li te batize, li menm avèk tout lakay li. 34 Li te mennen yo lakay li e te mete manje devan yo. Li te rejwi anpil, akoz li te kwè nan Bondye avèk tout lakay li.
-
2 Filisten yo te rive sou Saül avèk fis li yo. Konsa, yo te touye Jonathan avèk Abinadab, ak Malkishua, fis a Saül yo. 3 Batay la te vire rèd kont Saül. Ekip tire flèch ak banza yo te rive sou li; epi li te gravman blese pa ekip banza yo. 4 Konsa, Saül te di a pòtè zam li an: “Rale nepe ou pou frennen m avè l; otreman, Filisten ensikonsi sila yo va vin frennen m nèt e fè spò avè m.” Men pòtè zam nan te refize, paske li te pè anpil. Pou sa Saül te pran nepe li e te tonbe sou li. 5 Lè pòtè zam nan te wè ke Saül te mouri avèk twa fis li yo, li tou te tonbe sou nepe li pou te mouri avèk li. 6 Konsa Saül te mouri avèk twa fis li yo, pòtè zam li an, ak tout mesye pa l yo ansanm nan jou sa a.
-
3 Konsa, lè Judas ki te trayi Li a te wè ke Li te kondane, Li te sanse regrèt. Li te retounen bay trant pyès ajan yo bay chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo. 4 Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.”
Men yo te reponn li: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”
5 Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan sanktyè tanp lan. Li te sòti, e te ale pann tèt li.
-
28 Konsa, Samson te rele SENYÈ a e te di: “O Senyè BONDYE, souple, sonje mwen, e souple, ranpli fòs mwen pou sèl fwa sa a, O Bondye pou m kapab jwenn vanjans sou Filisten yo pou de zye mwen yo.” 29 Samson te kenbe byen di de pilye mitan yo sou sila kay la te poze yo, li te ranfòse li sou yo, youn avèk men dwat li e youn avèk men goch li. 30 Epi Samson te di: “Kite mwen mouri avèk Filisten yo!” Epi li te koube avèk tout fòs li jiskaske kay la te vin tonbe sou tout prens yo ak tout moun ki te ladann yo. Konsa, kantite moun ke li te touye lè l te mouri an te plis ke sila ke li te touye pandan tout vi li yo.
-
23 Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li.
-
17 Moun dwat kriye.
SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,
epi sove sila ki kraze nan lespri yo.
19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la,
men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
20 Li konsève tout zo li yo.
Pa menm youn nan yo va kase.
-
10 “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi.
“Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.
-
19 Mwen rele syèl la avèk tè a pou fè temwayaj kont nou jodi a, ke mwen te mete devan nou lavi avèk lanmò, benediksyon avèk malediksyon. Pou sa, chwazi lavi pou nou kapab viv, nou menm avèk desandan nou yo, 20 nan renmen SENYÈ a, Bondye nou an ak nan obeyisans a vwa Li ak nan kenbe fèm a Li. Paske sa se lavi nou ak pwolongasyon a jou nou yo, pou nou kapab viv nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo; a Abraham, Isaac e a Jacob, pou bay yo a.”
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
15 Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di: 16 “Frè m yo, Ekriti a te oblije vin akonpli, jan Lespri Sen an te anonse oparavan pa bouch David konsènan Judas ki te vin yon gid a sila ki te arete Jésus yo. 17 Paske li te konte pami nou, e te resevwa pati pa li, nan èv sila a.
18 “Alò mesye sila te vin achte yon chan avèk pri mechanste li a; e te tonbe tèt devan; vant li te fann e zantray li te vide sòti. 19 Epi sa te vin byen koni pa tout sila ki te rete Jérusalem yo; pou ke nan pwòp lang pa yo, yo te rele chan sa a Hakeldama, ki vle di chan san an.
20 “Paske sa ekri nan liv Sòm Yo:
‘Kite kote li rete a vin devaste;
e pa kite pèsòn rete ladan l’;
‘Kite yon lòt moun vin pran pozisyon pa li a’.
-
4 Men li menm te vwayaje pandan yon jou antre nan dezè a, pou l te rive chita anba yon bwa pikan. Konsa, li te fè demann pou l ta mouri e te di: “Sa se kont! Koulye a, O SENYÈ, pran lavi mwen; paske mwen pa pi bon ke zansèt mwen yo.”
5 Li te kouche dòmi anba bwa pikan an. Epi vwala, te gen yon zanj ki touche li. Li te di: “Leve, manje!”
-
1 Alò, Filisten yo te goumen kont Israël; epi mesye Israël yo te sove ale devan Filisten yo e te mouri sou Mòn Guilboa. 2 Filisten yo te kouri prese dèyè Saül avèk fis li yo, e Filisten yo te touye Jonathan, Abinadab ak Malki-Schua, fis a Saül yo. 3 Batay la te vin rèd kont Saül e ekip banza yo te rive sou li. Konsa li te blese pa ekip banza yo. 4 Alò, Saül te di a sila ki te pote zam li yo: “Rale nepe ou e frennen m nèt avè l pou ensikonsi sila yo pa vin abize mwen.”
Men pòtè zam li yo pa t fè l, paske li te krent anpil. Pou sa, Saül te pran nepe li e te tonbe sou li. 5 Lè pòtè zam li an te wè ke li te mouri, li menm tou te tonbe sou nepe li e te mouri. 6 Konsa, Saul te mouri avèk twa fis li yo, e tout lakay li te mouri ansanm.
-
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
-
14 Kite jou ke mwen te fèt la modi;
kite jou ke manman m te akouche m nan vin pa beni!
15 Kite nonm ki te mennen nouvèl kote papa m nan,
ki te di: “Yon tigason te fèt a ou menm,”
e ki te fè l byen kontan an, vin modi.
16 Men kite nonm sa a vin kon gwo vil ke
SENYÈ a te kraze nèt san pitye.
Kite li tande gwo kri nan granmmaten
ak kri “Anmwey” a midi,
17 akoz li pa t touye m avan mwen te fèt,
pou manman m ta ka sèvi kon tonbo a
pou vant li rete ansent pou tout tan.
18 Poukisa mwen te janm sòti nan vant,
pou m ta gade twoub ak tristès,
pou jou m yo ta pase nan wont?
-
2 Pou konbyen de tan mwen va oblije
depann sou pwòp konsèy tèt mwen,
ak tristès nan kè m tout lajounen?
Jiskilè lènmi m va vin leve wo sou mwen?
3 Okipe m, e reponn mwen, O SENYÈ, Bondye mwen;
Fè zye m wè, pou m pa mouri;
4 pou lènmi mwen an pa di: “Mwen fin genyen l,”
epi advèsè mwen yo rejwi lè m pran chòk.
-
1 Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. 2 Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a.
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.
-
9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
-
22 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.
Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.
-
8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9 Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
-
6 Nan jou sa yo, moun va cheche lanmò, e yo p ap twouve l. Yo va anvi mouri e lanmò va sove ale kite yo.
-
14 Mwen sèl mwen p ap kab pote tout pèp sa a; se twòp chaj pou mwen. 15 Konsa, si W ap aji konsa avè m, souple touye mwen koulye a; konsa, si Mwen pa t twouve favè nan zye Ou, pa kite mwen vin wè mizè mwen.”
16 Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Rasanble pou Mwen swasann-dis nonm ki soti nan ansyen Israël yo, pami sila a ou konnen kòm ansyen a pèp la, ak ofisyèl yo. Mennen yo nan tant asanble a e kite yo vin fè kanpe pa yo ansanm avè w la a. 17 Alò, Mwen va vin desann pou pale avèk ou la a. Konsa, Mwen va pran nan lespri ki sou ou a, pou mete li sou yo; epi yo va pote fado a avèk ou, pou ou pa oblije pote li ou sèl ou.
-
1 Men sa te fè Jonas pa kontan anpil e li te vin fache. 2 Li te priye a SENYÈ a. Li te di: “Souple, SENYÈ, èske se pa sa ke m te di lè m te nan pwòp peyi mwen an? Alò, se pou m te evite sa ki fè m te sove ale rive Tarsis. Paske mwen te konnen ke Ou se yon Bondye ki plen gras ak mizerikòd, ki lan nan kòlè, ki ranpli ak lanmou dous, e Ou se Sila ki ralanti selon malè a. 3 Alò, pou sa, koulye a, O SENYÈ, souple, pran lavi mwen. Paske lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”
4 SENYÈ a te di: “Èske ou gen bon rezon pou ou fache a?”
-
1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
-
1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.
2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”
5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”
Shows Read in context, Share and Copy.