106 Bible Verses About Love and Compassion
Bib Sen An (BSA)
-
29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
-
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.
-
35 Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik. 36 Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò. 37 Konsa Li di a disip Li yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo manke. 38 Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”
-
8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.
9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.
-
8 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Zacharie. Li te di: 9 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vre jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. 10 Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’
-
22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,
paske mizerikòd Li p ap janm manke.
23 Yo renouvle chak maten.
Gran se fidelite Ou.
-
29 Pandan yo t ap kite Jéricho, yon gran foul te swiv Li.
30 Epi konsa de moun avèg ki te chita akote wout la, lè yo te tande ke Jésus t ap pase la, te kòmanse kriye: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la!”
31 Men moun yo te pale ak yo sevèman pou yo sispann pale, men yo rele pi fò: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la”.
32 Epi Jésus te rete la. Li te rele yo, e te di: “Kisa nou ta renmen Mwen fè pou nou?”
33 Yo te reponn Li: “Senyè, nou vle zye nou louvri”.
34 Jésus, ranpli avèk konpasyon, te touche zye yo. Imedyatman yo te vin wè, e yo te swiv Li.
-
13 Lè Jésus tande sa, Li te retire kò L nan yon kannòt pou kont Li nan yon landwa izole. Lè foul la te tande sa, yo te sòti lavil la apye pou swiv Li.
14 Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te geri malad yo.
-
16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
-
18 Konsa, Moïse te di: “Mwen priye Ou, montre m glwa Ou!”
19 Epi Li te reponn li: “Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”
20 Men Li te di: “Ou p ap kapab wè figi Mwen, paske okenn moun pa ka wè M pou l viv!”
21 SENYÈ a te di: “Gade byen, gen yon plas bò kote Mwen. Ou va kanpe la sou wòch la. 22 Epi li va rive ke pandan glwa Mwen ap pase, Mwen va mete ou nan twou wòch la. E Mwen va kouvri ou avèk men M pou jiskaske M fin pase. 23 Alò, Mwen va retire men M, e ou va wè do Mwen, men figi M p ap vizib.”
-
16 Men yo menm, zansèt nou yo, te aji avèk awogans. Yo te fè tèt di, epi te refize koute kòmandman Ou yo. 17 Yo te refize koute e yo pa t sonje mèvèy ke Ou te fè pami yo. Konsa, yo te vin tèt di, e te chwazi yon chèf ki pou mennen yo retounen nan esklavaj yo an Egypte. Men Ou se yon Bondye ki padone, plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous. Ou pa t abandone yo. 18 Menm lè yo te fè pou kont yo yon ti bèf an metal fonn, yo te di: ‘Sa se Bondye nou, ki te mennen nou monte soti an Egypte la’, epi te fè gran blasfèm,
-
9 “Paske pou Mwen, sa se tankou jou Noé yo.
Menm jan Mwen te sèmante ke dlo a Noé yo pa ta janm inonde latè ankò,
konsa Mwen te sèmante ke Mwen p ap fache avèk ou,
ni ke Mwen p ap repwoche nou.
10 Paske mòn yo kapab deplase,
e kolin yo ka disparèt,
men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou.
Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,”
di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.
-
15 Men Ou menm, O SENYÈ,
Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd,
lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.
16 Vire vè mwen e fè m gras.
O dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a,
e fè sekou a fis a sèvant Ou a.
-
Yon Sòm David
1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!
2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,
e pa janm bliye benefis Li yo,
3 ki padone tout inikite ou yo,
ki geri tout maladi ou yo,
4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,
ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk
mizerikòd;
5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,
Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.
-
8 Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman,
men ak lanmou dous ki p ap janm fini an,
Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.
-
Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.
1 Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.
Selon grandè a mizerikòd ou,
efase transgresyon mwen yo.
2 Lave m nèt de inikite mwen yo e
netwaye m de peche mwen an.
-
31 Paske se pa pou tout tan ke Senyè a ap rejte.
32 Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive;
alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.
33 Paske se pa ak kè kontan ke Li aflije,
oswa pou atriste fis a lòm yo.
34 Pou kraze anba pye, tout prizonye nan mond lan,
35 pou retire jistis sou yon nonm nan prezans a Pi Wo a,
36 pou fè yon nonm tò nan pwosè legal pa li,
sou bagay sa yo, Senyè a p ap dakò.
-
4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.
-
1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm.
-
6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a; 7 ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”
-
13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,
se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.
-
8 SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd,
lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.
9 SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li
lonje rive sou tout zèv Li yo.
-
18 Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,
ki padone inikite,
e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li?
Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an,
akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.
19 Li va gen konpasyon pou nou ankò.
Li va foule inikite nou yo anba pye L.
Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.
20 Ou va bay verite a Jacob
ak mizerikòd a Abraham,
tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo
depi nan jou ansyen yo.
-
34 Lè Jésus te rive atè, Li te wè yon gwo foul. Konsa, Li te gen konpasyon pou yo paske yo te tankou mouton san gadò. Li te kòmanse enstwi yo anpil bagay.
-
1 “Konsa li va ye lè tout bagay sa yo fin vini sou nou, benediksyon an avèk madichon an ke mwen te mete devan nou pou nou sonje yo nan tout nasyon kote SENYÈ a va egzile nou yo, 2 epi ou retounen kote SENYÈ Bondye ou a, pou obeyi vwa Li ak tout kè e tout nanm ou, selon tout sa ke M kòmande ou jodi a, ou menm anplis ak fis ou yo. 3 Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, va restore nou apre kaptivite sila a e Li va vin gen konpasyon sou nou. Li va ranmase nou ankò sòti nan tout pèp kote SENYÈ a, Bondye nou an, te gaye nou yo. 4 Si moun egzil sa yo nan lòt pwent tè a, soti la, SENYÈ a, Bondye nou an, va ranmase nou. Epi soti la, Li va mennen nou tounen. 5 SENYÈ a, Bondye nou an, va mennen nou antre nan peyi ke zansèt nou yo te posede a. Nou va posede li, epi Li va fè nou pwospere e vin miltipliye plis ke zansèt nou yo.
-
7 Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a,
O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo.
-
8 SENYÈ a plen mizerikòd ak gras,
lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.
-
7 Mwen va pale de lanmou dous SENYÈ a,
ak lwanj SENYÈ a.
Apre tout sa ke SENYÈ a te bannou,
ak gran bonte anvè lakay Israël ke Li te bay yo,
selon labondans konpasyon li,
epi selon gran mizerikòd Li.
-
8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.
Ki sa SENYÈ a egzije de ou?
Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,
e mache nan imilite ak Bondye ou a?
-
40 Yon lepre te vin kote L, e t ap sipliye L. Li te tonbe ajenou devan L, e te di L: “Si Ou vle, Ou kapab fè m vin pwòp”.
41 Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”. 42 Konsa, touswit lèp la te kite l, e li te vin pwòp.
43 Konsa, Li te avèti li byen sevè, e byen vit, Li te voye l ale. 44 Li te di li: “Fè atansyon pou pa di anyen a pèsòn; men ale montre ou menm a prèt la, e ofri li yon ofrann pou pirifikasyon ou, sa ke Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”
45 Men li te ale deyò e te kòmanse pwoklame sa toupatou. Li te gaye nouvèl la jouk lè Jésus pa t kapab antre piblikman nan yon vil ankò, men te rete andeyò nan zòn dezè yo. Moun yo te sòti vin kote l de tout andwa.
-
12 Pandan Li t ap pwoche pòtay lavil la, gade, yo t ap pote yon nonm mouri. Li te sèl fis a manman l ki te yon vèv. Yon foul konsiderab te avè l. 13 Lè Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li. Li te di l: “Pa kriye.” 14 Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: “Jennonm, Mwen di ou leve!” 15 Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.
-
3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a.
-
6 Lè li te ouvri li; li te wè pitit la, e gade byen, li t ap kriye. Konsa, li te gen pitye pou li e te di: “Sa se youn nan pitit Ebre yo.”
-
1 SENYÈ a va ankò gen konpasyon sou Jacob, pou l chwazi Israël ankò e fè yo rete nan pwòp peyi yo. Etranje yo va vin jwenn ak yo e atache yo menm a kay Jacob la. 2 Yo va mennen yo fè yo vini nan plas yo, e lakay Israël va posede yo nan peyi SENYÈ a, kon sèvant ak sèvitè. Konsa, yo va pran sila ki te pran yo kaptif yo, yo va kaptire yo e vin mèt sou sila ki te oprime yo.
3 Li va rive nan jou lè SENYÈ a ba ou rapò sou doulè ou, twoub ou ak redi di nan sila ou te vin esklav la,
-
15 Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a,
pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an?
Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou.
16 Gade byen, Mwen te enskri ou nan pla men Mwen.
Miray ou yo devan Mwen tout tan.
-
33 “Men yon sèten Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon. 34 Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li. 35 Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’
36 “Kilès nan twa sa yo ou kwè ki te fè prèv ke se te yon bon vwazen a mesye ki te tonbe nan men vòlè yo?”
37 Li te reponn: “Sila ki te gen konpasyon pou li a.” Konsa Jésus te di l: “Ale fè menm bagay la”.
-
15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.
16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
-
3 Kòd lanmò yo te antoure m,
e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen.
Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès.
4 Alò, mwen te rele non SENYÈ a.
O SENYÈ, mwen sipliye Ou, sove lavi mwen!
5 Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.
Wi, Bondye nou an plen ak mizerikòd.
-
12 “Si nou tande de youn nan vil ke SENYÈ a ap bannou pou viv ladann yo, 13 ke kèk sanzave te sòti pami nou pou te sedwi abitan a vil pa yo, e te di: ‘Annou ale sèvi lòt dye’ (ke nou pa t janm konnen yo), 14 alò, nou va fè ankèt pou byen chache.
“Si se vrè, zafè a vin etabli ke abominasyon te fèt pami nou, 15 nou va, vrèman, frape sila ki viv nan vil sa a avèk lam nepe. Nou va detwi li nèt avèk tout sa ki ladan l, ni bèt li yo avèk lam nepe. 16 Konsa, nou va ranmase tout byen ki sezi nan mitan lari li, epi brile vil la avèk tout byen li avèk dife, kòm yon ofrann brile konplè bay SENYÈ a, Bondye nou an. Li va rete yon pil mazi jis pou tout tan. Li p ap janm rebati.
17 “Anyen nan zafè entèdi sa a p ap kole nan men nou, pou SENYÈ a kapab detounen nan kòlè Li k ap brile a, epi montre mizerikòd anvè nou, gen konpasyon pou nou, e fè nou vin miltipliye jan Li te sèmante a zansèt nou yo,
-
22 Alò Hazaël, wa Syrie a, te oprime Israël pandan tout jou a Joachaz yo. 23 Men SENYÈ a te fè yo gras, Li te gen mizerikòd pou yo, Li te vire kote yo akoz akò ke li te gen avèk Abraham, Isaac, avèk Jacob la e Li pa t detwi yo ni jete yo deyò prezans li jis rive nan moman sa a.
-
38 Men Li menm, akoz mizerikòd Li,
te padone inikite yo, e pa t detwi yo.
Wi, souvan Li te ralanti kòlè Li e pa t kite tout kòlè li vin leve.
-
18 Konsa, SENYÈ a ap tann. Li vle fè nou gras pou Li kapab egzalte, pou Li kapab fè nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni!
-
6 Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va
sove lakay Joseph la, e
mwen va fè yo retounen;
paske Mwen gen konpasyon pou yo.
Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo,
paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo,
e mwen va reponn yo.
-
32 Jésus te rele disip Li yo pou vin kote L. Li te di: “Mwen santi konpasyon pou foul la, paske yo la avè M koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale grangou, paske yo kab fennen sou wout la.”
33 Disip Li yo te mande L: “Kibò nou ta twouve kantite pen sa a nan yon andwa izole konsa pou bay yon gran foul konsa?”
34 Jésus te mande yo: “Konbyen pen nou genyen”?
Yo te di: “Sèt, avèk kèk ti pwason.”
35 Li te kòmande foul la chita atè. 36 Li te pran sèt ti pen yo avèk pwason an. Lè Li te fin remèsye Bondye pou yo, Li te kase yo, e te bay disip Li yo, ki te bay tout foul la. 37 Konsa, tout moun te manje e te satisfè. Lè yo te ranmase mòso kase ki te rete yo, te rete sèt gran panyen byen plen.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”
-
15 Paske Li di a Moïse: “Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.”
-
2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè.
-
11 Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.
-
20 Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an. 21 Kenbe nou menm nan lanmou Bondye, epi toujou tann swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl. 22 Fè mizerikòd sou kèk moun k ap doute, 23 sove lòt yo. Rachte yo menm nan dife a ak laperèz, epi sou kèk fè mizerikòd avèk rayisman menm pou rad ki te salè pa lachè.
-
8 Konsa pale SENYÈ a, se nan yon tan konvenab,
ke M te reponn Ou.
Nan jou sali a, Mwen te bay Ou sekou.
Mwen va kenbe Ou e bay Ou kon yon akò pou pèp la,
pou restore peyi a, e pou fè yo posede eritaj dezole yo.
9 Pou pale a kaptif yo: ‘Vin parèt’!
Epi a sila nan tenèb yo: ‘Montre tèt ou’.
Akote chemen yo, yo va manje
e patiraj yo va sou tout wotè vid yo.
10 Yo p ap grangou, ni soufri swaf,
ni solèy ki brile p ap frape yo;
Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va mennen yo
e va gide yo rive nan sous dlo yo.
11 Mwen va fè tout mòn Mwen yo vin yon chemen,
e gran chemen Mwen yo va vin leve wo.
12 Gade byen, sa yo va vini sòti lwen;
epi gade, sila yo va soti nan nò ak nan lwès la,
e sila yo va soti nan peyi Sinim yo.
-
13 Rele fò ak jwa, O syèl yo!
Rejwi, O latè!
Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo!
Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.
Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.
-
18 Nan jou sa a, anplis, Mwen va fè yon Akò
pou yo ak bèt chan yo,
zwazo syèl yo ak sa ki trennen atè yo.
Mwen va aboli banza, nepe ak lagè soti nant peyi a,
e Mwen va fè yo kouche dòmi ansekirite.
19 Mwen va fè ou vin renmen M jis pou tout tan.
Wi, Mwen va fè ou vin renmen M nan ladwati ak lajistis,
nan lanmou dous ak konpasyon.
20 Epi Mwen va fè ou renmen M nan fidelite.
Nan lè sa a, ou va konnen SENYÈ a.
-
2 Li te priye a SENYÈ a. Li te di: “Souple, SENYÈ, èske se pa sa ke m te di lè m te nan pwòp peyi mwen an? Alò, se pou m te evite sa ki fè m te sove ale rive Tarsis. Paske mwen te konnen ke Ou se yon Bondye ki plen gras ak mizerikòd, ki lan nan kòlè, ki ranpli ak lanmou dous, e Ou se Sila ki ralanti selon malè a.
-
4 Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an.
-
1 Konsa, David te di: “Èske genyen toujou yon moun ki te rete pou lakay Saül, pou m ta kab montre li favè pou koz Jonathan?” 2 Alò, te genyen yon sèvitè lakay Saül ki te rele Tsiba. Konsa yo te rele li kote David, e wa a te di li:
“Èske ou se Tsiba?” Epi li te reponn: “Men sèvitè ou.”
3 Wa a te di: “Èske pa gen moun toujou lakay Saül pou mwen ta kab montre favè Bondye?”
Epi Tsiba te di a wa a: “Genyen toujou yon fis a Jonathan ki kokobe nan tou de pye li.”
4 Konsa, wa a te di li: “Se kibò li ye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Gade byen, li nan kay Makir a, fis Ammiel la nan Lodebar.”
-
50 epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou an ak tout transgresyon ke yo te fè kont Ou yo, e bay yo mizerikòd devan sila ki te fè yo kaptif yo, pou yo gen konpasyon pou yo.
-
6 Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a,
Paske se yo ki la depi tan ale nèt.
7 Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo.
Selon lanmou dous Ou, sonje mwen,
Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
-
3 Anpil byen ak gwo richès rete lakay li.
Ladwati li dire pou tout tan.
4 Limyè vin leve nan tenèb pou moun ladwati a;
Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.
5 L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete;
Li va prezève koz li a nan jijman an.
-
7 Alò, lè sèt jou fin ekoule, pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie. 8 Konsa, li te rele Jochanan, fis a Karéach la, ak tout chèf lame ki te avè l yo ak tout pèp la, ni piti, ni gran. 9 Epi li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, a Sila nou te voye mwen pou prezante sa nou t ap mande devan L lan: 10 ‘Si, anverite, nou va rete nan peyi sa a; alò, Mwen va ankouraje nou, Mwen p ap detwi nou, Mwen va plante nou e Mwen p ap dechouke nou, men Mwen va ralanti sou malè avèk sila Mwen te aflije nou an. 11 Pa pè wa Babylone nan, k ap bannou perèz nan moman sa a. Pa pè l, paske Mwen avèk nou pou sove nou e pou delivre nou de men l. 12 Anplis, Mwen va montre nou konpasyon, pou l ta genyen konpasyon anvè nou e restore nou sou pwòp tè pa nou.
-
8 Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm?
Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël?
Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma?
Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou Tseboïm?
Kè M vire nèt anndan M;
konpasyon Mwen vin anflame.
9 Mwen p ap egzekite chalè kòlè Mwen;
Mwen p ap detwi Éphraïm ankò.
Paske se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm;
Sila Ki Sen nan mitan nou an
e Mwen p ap antre nan kòlè.
-
13 Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.”
Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,
paske Li plen gras ak mizerikòd,
lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,
e konn ralanti nan fè malè.
14 Kilès ki ka konnen si Li p ap repanti kite sa a,
pou L kite dèyè Li yon benediksyon,
menm yon ofrann sereyal
ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.
-
15 Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.
-
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.
-
33 nan yon jan, nou te devni yon spektak piblik, repwòch ak tribilasyon, men osi nou te pataje soufrans ak sila ki te maltrete konsa yo. 34 Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l avèk jwa lè yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt.
-
11 menm soti nan jou ke M te kòmande jij yo pou vin sou pèp Mwen an, Israël. Epi Mwen va ba ou repo sou tout lènmi ou yo. SENYÈ a va osi deklare a ou menm ke SENYÈ a va fè yon kay pou ou. 12 Lè jou ou yo fin pase e ou kouche avèk zansèt ou yo, Mwen va fè vin leve desandan apre ou, ki va vin sòti nan ou menm e Mwen va etabli wayòm li. 13 Li va bati yon kay pou non Mwen e Mwen va etabli twòn wayòm li a jis pou tout tan. 14 Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo. 15 Men mizerikòd Mwen p ap sòti sou li jan Mwen te retire li sou Saül, ke Mwen te fè vin retire devan ou an. 16 Lakay ou ak wayòm ou va dire devan Mwen pou tout tan. Twòn ou an va etabli pou tout tan.”’”
-
6 Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David. Li te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth?”
Epi li te di: “Men mwen, sèvitè ou!”
7 David te di li: “Pa pè, paske anverite, mwen va montre ou ladousè pou koz papa ou, Jonathan, e mwen va restore a ou menm tout tè a granpapa ou, Saül. Epi, konsa, ou va manje tout tan sou tab mwen.”
-
10 Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m.
Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou.
Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk
verite Ou devan gran asanble a.
11 Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen.
Lanmou dous Ou avèk verite Ou va
prezève mwen tout tan.
-
16 Reponn mwen, O SENYÈ, paske lanmou dous Ou a bon;
Selon grandè a mizerikòd Ou, vire kote mwen.
-
4 Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt.
SENYÈ a ranpli ak gras avèk mizerikòd.
-
17 Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,
e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
-
22 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, yon pèp ap sòti nan peyi nò, yon gwo nasyon va leve soti nan ekstremite latè byen lwen. 23 Yo kenbe rèd ak banza ak lans. Yo mechan anpil e yo pa gen mizerikòd menm. Vwa pa yo fè raj tankou lanmè, e yo monte sou cheval yo, byen alinyen kon yon sèl moun pou batay kont ou, O fi Sion an!”
-
31 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda, 32 pa tankou akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a,” deklare SENYÈ a. 33 “Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a:
“Mwen va mete lalwa M anndan yo
e sou kè yo Mwen va ekri l;
epi Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
34 “Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li,
e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’
paske yo tout va konnen Mwen,
soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,”
deklare SENYÈ a,
“paske Mwen va padone inikite yo,
e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
-
6 Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis,
epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.
-
43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?
48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”
-
13 Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”
14 Aprè sa, disip a Jean yo te vini mande L: “Poukisa nou menm avèk Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè l?”
15 Jésus di yo konsa: “Èske moun k ap fete avèk mesye maryaj la kapab tris pandan mesye a toujou la? Men jou yo ap vini lè mesye a p ap la ankò e nan tan sa a, yo va fè jèn. 16 Men pèsòn pa pyese yon vye rad avèk yon twal nèf dekwa ke twal nèf la pa vin chire lè l ap ratresi pou chire rad la pi mal.
-
20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.
“Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kourianbrase l e te bo li.
-
7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri.
-
10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la.
-
6 men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.
-
21 Saül te di: “Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, paske ou te gen kè sansib anvè mwen.
-
34 O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li,
paske lanmou dous Li a se pou tout tan.
-
Pou direktè koral la. Yon sòm David, sèvitè SENYÈ a, ki te pale a SENYÈ a, pawòl a chan ke li te adrese bay SENYÈ a apre Li te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo, e soti nan men a Saül. Konsa li te di:
1 Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.
-
21 Beni se SENYÈ a,
paske li te fè mèvèy a lanmou dous Li a
anvè mwen nan yon vil byen fò.
-
3 Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi,
lèv mwen va louwe Ou.
-
77 Ke mizerikòd Ou kapab rive kote mwen, pou m kab viv,
paske lalwa Ou se plezi mwen.
-
2 Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a,
e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a;
Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.
-
18 Banza yo va koupe jennonm yo tankou zèb; yo p ap menm gen konpasyon pou fwi zantray la, ni zye yo p ap fè pitye pou timoun.
-
11 Lè branch li yo vin sèch, yo vin kase yo. Fanm yo va vini pou fè dife avèk yo, paske se yon pèp san konprann. Akoz sa Kreyatè yo a p ap fè konpasyon sou yo. Li ki te fòme yo a p ap bay yo gras.
-
14 Konsa pale SENYÈ a de tout vwazen mechan k ap atake eritaj ke Mwen te bay a pèp Mwen an, Israël: “Gade byen, Mwen prèt pou dechouke yo depi nan peyi pa yo. Anplis, Mwen va dechouke lakay Juda soti nan mitan yo. 15 Epi li va vin rive ke apre Mwen dechouke yo, Mwen va ankò gen konpasyon pou yo. Mwen va mennen yo retounen, yo chak a eritaj pa yo, e yo chak nan pwòp peyi pa yo.
-
14 Mwen va kraze yo, youn kont lòt, ni papa ni fis ansanm”, deklare SENYÈ a. “Mwen p ap gen pitye, ni regrè, ni konpasyon pou yo pa detwi.”’”
-
7 Lè l fini”, deklare SENYÈ a: “Mwen va livre Sédécias, wa Juda a ak sèvitè li yo ak pèp la, sila yo ki chape nan vil sa a de epidemi, nepe, ak gwo grangou, pou fè yo antre nan men a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan men a lènmi pa yo ak nan men a sila k ap chache lavi yo. Epi li va frape yo ak kout nepe. Li p ap lese yo, ni gen okenn pitye, ni konpasyon pou yo.”’
-
26 alò, sèl konsa, Mwen ta rejte desandan a Jacob yo ak David, sèvitè Mwen an e pa chwazi pami desandan li yo chèf sou desandan a Abraham, Isaac ak Jacob yo. Men Mwen va restore bonè pa yo, e Mwen va genyen mizerikòd pou yo.’”
-
42 Yo sezi banza yo, ak lans yo;
yo mechan e yo san mizerikòd.
Vwa yo gwonde tankou lanmè.
Yo monte sou cheval yo,
chaken byen òdone tankou moun
pou fè batay kont ou, O fi a Babylone nan.
-
1 Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo,
paske SENYÈ a gen yon pwosè kont pèp peyi a:
Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.
-
7 Beni se sila yo ki bay mizerikòd;
yo va resevwa mizerikòd.
-
33 Konsa, èske ou pa t dwe gen konpasyon pou esklav parèy ou a menm jan ke mwen te gen konpasyon pou ou a?
-
19 Men Li pa t kite L ale, men te di li: “Ale lakay moun ou yo e bay yo rapò sou ki gran bagay SENYÈ a te fè pou ou, ak jan Li te fè ou gras.”
-
27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. 28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.
29 “Nenpòt moun ki frape nou sou yon bò figi, ofri li lòt la tou; epi sila ki pran manto nou, pa refize li chemiz lan tou.
30 “Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.
31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.
-
8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. 9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.
-
2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.
-
1 Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2 Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.
-
2 Konsa,wo prèt la kapab aji ak konpasyon selon moun inyoran ak egare yo, paske li menm osi, li gen anpil feblès.
-
27 Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou an se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.
-
1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a.
-
7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. 8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.
Shows Read in context, Share and Copy.