50 Bible Verses About Comfort

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Comfort
  1. 37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  2. 3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a. 5 Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la. 6 Men si nou aflije, se pou rekonfò ak sali de nou menm. Si nou rekonfòte, se pou rekonfò pa nou, ki efikas pou nou ka sipòte avèk pasyans, menm soufrans ke nou menm isit la ap soufri yo tou. 7 Konsa, espwa nou pou ou tout fonde byen fèm paske nou konnen menm jan ke ou pataje soufrans nou yo avèk nou, ou menm tou ap pataje rekonfò nou yo.

  3. 1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.

    2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou.

  4. 13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.

    15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.

    16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.

    18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.

  5. 15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.

    16 “Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen. 17 Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.

    18 “Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou.

  6. 24 Paske nou te sove nan espwa, men espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja? 25 Men si nou espere sa ke nou pa wè, nou ap tann li avèk gwo lanvi ak pèseverans.

    26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.

    28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.

    31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?

  7. Yon sòm David

    1 SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen.

    Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se

    defans lavi mwen.

    Se kilès k ap fè m gen laperèz?

    2 Lè malfektè yo te rive sou mwen

    pou yo ta devore chè m,

    advèsè mwen yo ak lènmi m yo

    te chape tonbe.

    3 Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè.

    Malgre lagè leve kont mwen,

    malgre sa, m ap gen konfyans.

    4 Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;

    se li mwen va chache:

    pou m ta kab rete lakay SENYÈ a

    tout jou lavi m yo,

    pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e

    reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.

    5 Paske nan jou twoub la,

    Li va kache mwen nan tabènak Li.

    Nan plas sekrè kote tant Li an ye a,

    se la Li va fè m kache.

    Li va leve mwen sou yon wòch.

  8. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  9. 48 Mwen va lonje men m vè kòmandman Ou yo

    ke m tèlman renmen.

    Mwen va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.

    ZAYIN

    49 Sonje pawòl a sèvitè Ou a.

    Se nan li Ou te fè m gen espwa a.

    50 Se sa ki ban m rekonfò nan mizè mwen an,

    paske se pawòl Ou ki fè m rekouvri fòs.

    51 Moun awogan yo meprize m nèt,

    men mwen pa vire kite lalwa Ou.

    52 Mwen te sonje òdonans Ou yo depi nan tan ansyen, O SENYÈ,

    e yo rekonfòte mwen.

  10. 4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

  11. Yon sòm David

    1 Bondye se bèje mwen;

    mwen p ap janm manke anyen.

    2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.

    Li mennen m akote dlo pezib yo.

    3 Li restore nanm mwen.

    Li gide mwen nan chemen ladwati yo,

    akoz non sen Li an.

    4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

  12. 26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.

    27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

  13. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  14. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

  15. Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson

    1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,

    yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.

    2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè

    ta chanje e malgre mòn yo

    ta chape antre nan fon lanmè.

    3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,

    malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan

  16. 4 Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt;

    yo va konsole.

  17. 6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

  18. 76 O ke lanmou dous Ou a kapab konsole mwen,

    Selon pawòl Ou a sèvitè Ou a.

    77 Ke mizerikòd Ou kapab rive kote mwen, pou m kab viv,

    paske lalwa Ou se plezi mwen.

  19. 27 Poukisa ou di, O Jacob, e pale O Israël:

    “Chemen Mwen an kache de SENYÈ a

    e jistis ke m merite a chape de atansyon Bondye M”?

    28 Èske nou pa konnen?

    Èske nou pa tande?

    Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,

    Kreyatè a dènye pwent latè a,

    pa konn fatige, ni bouke.

    Konprann pa Li depase tout bon konprann.

    29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

    e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

    30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,

    e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;

    31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  20. 6 Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an. 7 Pa sèlman vini li an, men osi pa rekonfò avèk sila li te rekonfòte nou an, lè li te bannou rapò de dezi nou genyen an, tristès nou, zèl ke nou te gen pou mwen an; pou m te rejwi plis toujou.

  21. 1 “Konsole, O konsole pèp Mwen an,”

    pale Bondye ou an.

    2 “Pale ak dousè ak Jérusalem.

    Rele a li menm, ke konfli li fini an,

    ke inikite li retire a,

    ke li te resevwa nan men SENYÈ a

    doub pou tout peche li yo.”

    3 Yon vwa k ap rele fò,

    “Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a!

    Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.

    4 Kite tout vale yo vin leve wo,

    e tout mòn ak kolin yo vin ba.

    Kite move tèren an vin pla,

    e tèren difisil yo vin yon vale ki swa.

    5 Glwa a SENYÈ a va vin parèt,

    e tout chè va wè sa ansanm;

    paske bouch a SENYÈ a fin pale.”

  22. 13 Rele fò ak jwa, O syèl yo!

    Rejwi, O latè!

    Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo!

    Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.

    Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.

  23. 3 Anverite, SENYÈ a te konsole Sion;

    Li te rekonfòte tout kote dezole li yo.

    Epi savann li yo te fèt sanble ak Éden,

    e dezè yo tankou jaden Senyè a.

    Lajwa ak kè kontan va twouve nan yo;

    remèsiman ak son melodi chanson.

  24. 12 “Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an.

    Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri,

    ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?

  25. 16 Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la 17 rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl.

  26. 8 Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”

    9 Konsa, Moïse te ekri lwa sa a, e li te livre bay li a prèt yo, fis a Lévi yo ki te pote lach akò a SENYÈ a, e a tout ansyen an Israël yo.

  27. 1 Nou va di nan jou sa a: “Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ; paske malgre ou te fache avèk mwen, kòlè Ou vin detounen, e Ou fè m twouve rekonfò.

  28. 4 Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa. 5 Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris:

  29. 33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”

  30. 9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

    10 Konsa, Josué te kòmande ofisye pèp yo. Li te di:

  31. 18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,

    epi sove sila ki kraze nan lespri yo.

  32. 1 Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,

    akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.

    Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo,

    pou pwoklame libète a kaptif yo

    e delivrans a prizonye yo;

    2 pou pwoklame lane gras SENYÈ a

    e jou a vanjans Bondye nou an;

    pou konsole tout moun ak kè ki tris,

    3 pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo;

    pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo,

    ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la,

    ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a.

    Konsa, yo va rele pye chenn ladwati,

    yon plantasyon SENYÈ a,

    pou Li kapab resevwa glwa.

  33. 20 Anverite, nanm mwen sonje yo.

    Li vin koube anndan mwen.

    21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen;

    pou sa, mwen gen espwa.

    22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,

    paske mizerikòd Li p ap janm manke.

    23 Yo renouvle chak maten.

    Gran se fidelite Ou.

  34. 23 Sepandan, mwen avè W tout tan.

    Ou te kenbe men dwat mwen.

    24 Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,

    e apre, resevwa mwen nan laglwa.

    25  Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?

    Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.

    26  Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,

    men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.

  35. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  36. 7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.

  37. 10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm.

  38. 29 Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè ak men nou ki leve sòti nan tè ke SENYÈ a te modi a.”

  39. 11 Alò, lè twa zanmi a Job yo te tande tout malè ki te rive li yo, yo te vini yo chak sòti nan pwòp plas yo, Éliphaz, Temanit lan, Bildad, Souachyen an ak Tsophar, Naamit lan. Yo te òganize yon randevou ansanm pou vini fè konsolasyon avèk li, e bay li rekonfò.

  40. 10 SENYÈ a te restore Job ak tout byen li ak pozisyon li lè l te priye pou zanmi li yo, e SENYÈ a te remèt tout sa li te genyen miltipliye de fwa anplis. 11 Konsa, tout frè li yo ak sè li yo ak tout moun ki te konnen l oparavan yo te vin kote li, e yo te manje pen avèk li lakay li. Yo te rekonfòte li e konsole li akoz tout twoub ke SENYÈ a te mennen sou li yo. Epi yo chak te bay li yon pyès lajan ak yon bag an lò.

  41. 11 Tankou yon bèje, Li va pran swen bann mouton Li.

    Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo,

    e pote yo sou lestonmak Li.

    Ak dousè, Li va mennen manma a

    ak ti mouton piti yo.

    12 Se kilès ki te mezire dlo nan pla men L?

    Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri;

    ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi,

    ki te peze mòn yo nan gwo balans,

    e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?

    13 Se kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a,

    oswa kòn enstwi Li pou l konseye L?

  42. 1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob,

    e Sila ki te fòme ou a, O Israël:

    “Pa pè, paske Mwen te rachte ou.

    Mwen te rele ou pa non ou.

    Se pa M ou ye!

    2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,

    Mwen va la avèk ou;

    epi nan rivyè yo,

    yo p ap debòde sou ou.

    Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,

    ni flanm nan p ap brile ou.

    3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    Sila Ki Sen An Israël la, Sovè ou a.

    Mwen te bay Égypte kon ranson ou

    Cush ak Saba nan plas ou.

  43. 16 Pou bagay sa yo, mwen ap kriye.

    Zye m koule ak dlo.

    Konsolatè k ap rafrechi nanm mwen an lwen m,

    Nanpwen okenn moun ki ta ka konsole mwen,

    okenn moun ki ta ka restore nanm mwen.

    Pitit mwen yo vin dezole akoz ènmi an te vin genyen.

    17 Sion lonje men l ouvri nèt.

    Nanpwen moun ki pou konsole l.

    SENYÈ a te bay lòd konsènan Jacob,

    ke sila ki antoure l yo ta lènmi avè l.

    Jérusalem te devni yon bagay pa pwòp pami yo.

    18 SENYÈ a jis;

    paske mwen te fè rebèl kont lòd Li.

    Tande koulye a, tout pèp yo

    e gade byen doulè m nan.

    Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo

    te antre an kaptivite.

    19 Mwen te rele vè renmen mwen yo,

    men yo te fè m desi.

    Prèt mwen yo ak ansyen mwen yo te peri nan vil la

    pandan yo t ap chache manje

    pou restore fòs yo pou kont yo.

    20 Gade, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub.

    Lespri m twouble anpil;

    kè m boulvèse anndan m,

    paske mwen te fè rebèl anpil.

    Nan lari, se nepe k ap touye;

    nan kay, se tankou lanmò.

    21 Yo te tande ke m ap plenyen nan gòj;

    men nanpwen moun ki pou konsole m.

    Tout lènmi mwen yo tande afè gwo malè m nan.

    Yo kontan Ou te fè sa.

    O ke Ou ta mennen jou ke Ou te pwoklame a,

    pou yo ka vin tankou mwen.

  44. 19 Anpil nan Jwif yo te deja vin kote Marthe ak Marie pou konsole yo konsènan frè yo.

  45. 7 “Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou.

  46. 31 Donk legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.

  47. 13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.

  48. 3 Gras pounou ak lapè Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri.

    4 Mwen remèsye Bondye mwen an tout tan, o sijè de nou menm, pou lagras Bondye te bannou nan Jésus Kri a. 5 Ke nan tout bagay nou te anrichi nan Li, nan tout pawòl ak tout konesans, 6 menm pandan temwayaj konsènan Kris la te konfime nan nou, 7 jis pou nou pa manke nan okenn don, e tann avèk enpasyans revelasyon a Senyè nou an, Jésus Kri,

  49. 13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

  50. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.