36 Bible Verses About Restoration

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Restoration
  1. 19 “Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a; 20 epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè, 21 Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan restorasyon tout bagay ke Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an.

  2. 18 Konsa, SENYÈ a te vin jalou pou peyi Li a,

    e Li te fè mizerikòd a pèp Li a.

    19 SENYÈ a te reponn pou di a pèp Li a:

    “Gade byen, Mwen va voye bannou sereyal, diven nèf ak lwil.

    Nou va vin satisfè nèt ak yo.

    Mwen p ap fè nou ankò vin yon repwòch pami nasyon yo.

    20 Men Lame nò a, Mwen va retire li ale lwen nou,

    Mwen va pouse li ale nan yon peyi sèk e dezole.

    Tèt devan lame a, Mwen va lage nan lanmè lès la;

    pwent dèyè a, nan lanmè lwès la.

    Konsa, sant pouriti li a va vin leve.

    Movèz odè li va vin monte,

    paske se gwo bagay li te konn fè.”

    21 Pinga nou pè, O peyi a!

    Rejwi e fè kè nou kontan,

    paske SENYÈ a te fè gwo bagay.

    22 Pa pè, nou menm bèt chan yo;

    paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt,

    paske pyebwa a vin bay fwi li.

    Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.

    23 Konsa, se pou nou fè kè kontan,

    O fis a Sion yo!

    Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an;

    paske Li te bay nou lapli bonè nan kantite ki jis,

    li te fè vide sou nou lapli,

    premye ak dènye lapli a tankou avan an.

    24 Glasi vannen yo va plen ak sereyal,

    e chodyè yo va debòde ak diven nèf ak lwil.

    25 Konsa, Mwen va restore bannou pou ane

    ke gwo krikèt te manje yo,

    ak ti krikèt la ki kouri a tè a,

    ak ti cheni ak gwo cheni ke M voye pami nou,

    gwo lame ke Mwen menm te

    voye pami nou.

    26 Nou va genyen anpil manje,

    nou va vin satisfè,

    e nou va fè lwanj non SENYÈ a,

    Bondye nou a,

    ki te aji ak mèvèy avèk nou.

    Konsa, pèp Mwen an p ap janm vin desi ankò.

  3. 12 Restore nan mwen lajwa sali Ou a.

    Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte.

    13 Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo,

    e pechè yo va konvèti a Ou menm.

  4. 1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante.

  5. 1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.

    2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.

    3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”

    5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”

  6. 17 Paske M ap fè ou reprann lasante,

    e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a:

    “Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di:

    ‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladann.’”

  7. 10 SENYÈ a te restore Job ak tout byen li ak pozisyon li lè l te priye pou zanmi li yo, e SENYÈ a te remèt tout sa li te genyen miltipliye de fwa anplis.

  8. Yon sòm David

    1 Bondye se bèje mwen;

    mwen p ap janm manke anyen.

    2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.

    Li mennen m akote dlo pezib yo.

    3 Li restore nanm mwen.

    Li gide mwen nan chemen ladwati yo,

    akoz non sen Li an.

    4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

    5 Ou ranje yon tab devan mwen

    nan prezans lènmi mwen yo.

    Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.

    Tas mwen fin debòde nèt.

    6 Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou

    va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,

    E mwen va viv lakay

    SENYÈ a jis pou tout tan.

  9. 13 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare

    SENYÈ a,

    “lè sila k ap raboure a va depase sila

    k ap rekòlte a,

    e sila k ap foule rezen an va depase

    sila k ap simen grenn nan;

    lè mòn yo va degoute diven dous e

    tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li.

    14 Anplis, Mwen va restore pèp Mwen an,

    Israël, ki an kaptivite a,

    e yo va rebati vil ki kraze nèt yo

    pou yo viv ladan yo.

    Anplis, yo va plante chan rezen yo

    pou bwè diven yo;

    epi fè jaden pou manje fwi yo.

    15 Mwen va osi plante yo sou pwòp tèren pa yo,

    e yo p ap dechouke yo ankò soti nan peyi

    ke Mwen te bay yo a,” pale SENYÈ a,

    Bondye Ou a.

  10. 20 Ou menm ki te fè m wè anpil twoub ak gwo pwoblèm,

    va fè m viv.

    Ou va mennen mwen monte soti nan fon tè yo.

    21 Ke Ou fè lonè mwen vin plis e vire ban m konsolasyon ankò.

  11. 10 Paske konsa pale SENYÈ a: “Lè swasann-dizan yo fin ekoule pou Babylone, Mwen va vizite nou, e ranpli nou ak bon pawòl Mwen a nou menm, pou mennen nou retounen nan plas sa a. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. 13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou. 14 Mwen va vin twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.”

  12. 12 Retounen nan sitadèl la,

    O prizonye ki gen lespwa a!

    Nan jou sa a menm, Mwen deklare

    ke Mwen va remèt ou doub de sa.

  13. 22 Yo te rive Bethsaïda. Moun yo te pote bay Li yon mesye avèg e yo te sipliye L pou te touche l.

    23 An pran mesye avèg la pa men li, Li te mennen l sòti nan vil la. Lè L fin krache sou zye li e mete men L sou li, Li te mande l: “Èske ou pa wè anyen?”

    24 Konsa, li te leve tèt li gade e te di: “Mwen wè moun. Konsi mwen wè yo tankou pyebwa k ap mache toupatou.”

    25 Ankò Li te mete men Li sou zye li. Li te gade byen fiks, e li te vin restore. Konsa, li te wè tout bagay byen klè.

  14. 1 Vini, annou retounen kote SENYÈ a;

    paske li te chire nou,

    men Li va geri nou.

    Li te blese nou,

    men Li va panse nou.

  15. 14 “Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo, 15 pou nenpòt moun ki kwè nan Li, kapab genyen lavi etènèl.

    16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  16. 5 Lè Jésus te rive nan lye a, Li te gade anlè, e te di: “Zachée, fè vit desann, paske jodi a fòk Mwen rete lakay ou.”

    6 Li te kouri desann, e te resevwa Li avèk jwa.

    7 Lè yo te wè sa, yo tout te kòmanse plenyen pou di: “Li vin rete lakay a yon pechè.”

    8 Zachée te kanpe e te di a Senyè a: “Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt kat fwa sa.”

    9 Jésus te di li: “Jodi a delivrans gen tan vini nan kay sa a, paske li menm tou, se yon fis Abraham.

  17. 10 “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi.

    “Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.

  18. 6 Donk, lè yo te reyini ansanm, yo t ap poze Li kesyon, e t ap di: “Senyè èske se nan lè sa a ke W ap restore Wayòm lan an Israël?”

    7 Li te di yo: “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke Papa a gen tan fikse pa otorite pa L.

  19. 17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.

  20. 4 Paske nenpòt moun ki ne de Bondye ap venk lemonn. Men viktwa ki venk lemonn nan—-lafwa nou.

  21. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.

  22. 1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 “Lè yon moun peche e aji avèk movèz fwa kont SENYÈ a, epi twonpe pwochen li an sou yon depo lajan oswa yon sekirite ke li te konfye bay li, oswa pa vòl, oubyen li te fè li pa vyòl konfyans, 3 oubyen, si l te twouve sa ki te pèdi a, te fè manti sou sa ak fo sèman, pouke li peche nan nenpòt nan bagay ke yon moun kapab fè yo; 4 alò li va rive, ke lè li peche e vin koupab, li va remèt sa ke li te pran pa vòl la, oubyen sa ke li te vin gen pa vyòl konfyans lan, oubyen depo ki te plase nan men li an, oubyen sa ki te pèdi ke li te twouve a, 5 oubyen, nenpòt de sa li te fè fo sèman an. Li va fè remèt li nèt e mete sou li yon senkyèm anplis. Li va bay li a sila li apatyen an, nan menm jou li prezante ofrann koupabilite li a.

  23. 7 O ke sali Israël la ta sòti nan Sion!

    Lè SENYÈ a restore pèp kaptif li a,

    Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.

  24. 17 Aflije yo ak malere yo ap chache dlo, men nanpwen;

    lang yo sèch ak swaf la.

    Mwen menm, SENYÈ a, va reponn yo.

    Mwen, Bondye Israël la p ap abandone yo.

    18 Mwen va ouvri rivyè yo sou wotè ki vid yo

    ak sous nan mitan vale yo.

    Mwen va fè dezè a vin yon letan dlo,

    e tè sèch la yon fontèn dlo.

    19 Mwen va plase pye sèd nan dezè a,

    pye akasya, ak pye jasmen ak pye doliv.

    Mwen va mete pye pichpen nan dezè a ansanm ak pye bwadòm;

    20 pou yo ka wè, vin rekonèt,

    reflechi e ranmase bon konprann ansanm,

    ke men SENYÈ a te fè sa,

    ke Sila Ki Sen an Israël te kreye li a.

  25. 18 Konsa pale SENYÈ a:

    “Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo,

    e gen konpasyon pou lakay li yo;

    vil la va rebati sou ranblè li yo

    e palè a va kanpe nan pwòp plas li.

    19 Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo.

    Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye;

    anplis, Mwen va bay yo glwa, e yo p ap meprize;

    20 Pitit pa yo tou va tankou oparavan,

    e kongregasyon yo va etabli devan M.

    Mwen va pini tout sila k ap oprime yo.

    21 Chèf pa yo va youn nan yo,

    e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo.

    Mwen va mennen li toupre,

    e li va vin toupre Mwen;

    paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a.

    22 “Nou va vin pèp Mwen e Mwen va vin Bondye pa nou.”

  26. 27 “Gade byen, Mwen se SENYÈ a, Bondye a tout chè yo. Èske gen bagay twò difisil pou Mwen?

  27. 32 Yo te mennen bay Li yon moun ki te soud, ki te pale avèk anpil difikilte, e yo te sipliye L pou mete men Li sou li.

    33 Jésus te mennen l apa gran foul la, e te mete dwat Li anndan zòrèy moun nan. Li te krache, e te touche lang li avèk krache a. 34 Pandan Li gade vè syèl la, Li te soupire byen fò, e te di li: “Ifafata!” Sa vle di “Ouvri!” 35 Konsa zòrèy li te louvri. Lang lou a te disparèt, e li te vin pale kon nòmal.

  28. 43 Konsa, yon fanm, ki te koule san pou plis ke douz lane, men pa t kapab twouve gerizon pa okenn moun, 44 te pwoche dèyè Li. Li te touche arebò vètman Li, e nan menm moman an, san an te rete.

  29. 2 Epi la devan li, te gen yon nonm ki t ap soufri avèk maladi kò anfle.

    3 Konsa, Jésus te reponn e te pale avèk avoka ak Farizyen yo. Li te mande: “Èske se pèmi pou geri nan Saba a oubyen non?”

    4 Men yo te rete san pale. Li te kenbe li, geri li, e te voye l ale.

  30. 25 Paske mwen pa vle nou, frè m yo, manke konprann mistè sila apouke nou vin sipoze nou plen ak sajès. Yon tèt di nan yon pati gen tan pran Israël jiskaske tout pèp etranje yo fin antre. 26 Konsa, tout Israël va sove. Jis jan sa ekri a:

    “Sila k ap delivre a va sòti de Sion.

    Li va retire enkwayans a Jacob.”

    27 “Sa se akò Mwen avèk yo;

    lè Mwen va retire peche pa yo.”

  31. 16 Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri.

    Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay.

  32. 10 Epi anplis, mwen menm ak frè mwen yo ap prete yo lajan avèk sereyal. Souple, sispann mande enterè sa a. 11 Souple, remèt yo nan menm jou sa a, chan yo, chan rezen yo, chan doliv yo, avèk kay yo, avèk santyèm pati nan lajan, nan sereyal, diven nèf, avèk lwil ke nou ap egzije de yo.”

    12 Epi yo te di: “Nou va remèt li e nou p ap mande yo anyen. N ap fè ojis tout sa ke ou di yo.”

    Konsa, mwen te rele prèt yo e te pran yon sèman soti nan yo pou yo ta fè selon sa ke yo te pwomèt yo.

  33. 31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  34. 14 Geri mwen, O SENYÈ e mwen va geri nèt!

    Sove mwen e mwen va sove!

    Paske se Ou menm ki lwanj mwen an.

  35. 9 Pou tout sa, priye konsa:

    “‘Papa nou ki nan syèl la,

    ke non Ou kapab Sen.

    10 Ke Wayòm Ou kapab vini,

    ke volonte Ou kapab fèt sou latè

    menm jan ke li fèt nan syèl la.

    11 Bay nou pou jou sa a pen

    ke nou bezwen an,

    12 Epi padone nou ofans nou yo

    menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.

    13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.

    Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a

    se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’

  36. 11 Pa anpil tan apre sa, Li te ale nan yon vil yo rele Naïn. Disip Li yo t ap ale avè l akonpanye pa yon gwo foul moun. 12 Pandan Li t ap pwoche pòtay lavil la, gade, yo t ap pote yon nonm mouri. Li te sèl fis a manman l ki te yon vèv. Yon foul konsiderab te avè l. 13 Lè Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li. Li te di l: “Pa kriye.” 14 Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: “Jennonm, Mwen di ou leve!” 15 Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.