32 Bible Verses About Purpose
Bib Sen An (BSA)
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè.
-
8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9 Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
-
20 Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou
kab vin saj pou tout rès vi ou.
21 Plan nan kè lòm yo anpil;
men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.
-
11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. 13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou. 14 Mwen va vin twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.”
-
3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4 Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
-
4 Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:
5 Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,
e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.
Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.
6 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske mwen se sèlman yon jennonm.”
7 Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l. 8 Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou”, SENYÈ a di.
9 Epi SENYÈ a te lonje men L e te touche bouch mwen. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Gade byen, Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou. 10 Ou wè, Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”
-
42 Lè jou a te rive, Li te sòti pou te ale yon kote ki pa t gen moun. Foul la t ap chache Li, e te vini kote Li. Konsa, yo te kenbe L pou anpeche Li ale.
43 Men Li te di yo: “Mwen oblije preche Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou; paske Mwen te voye pou rezon sa a.” 44 Konsa, Li te kontinye ap preche nan sinagògJudée yo.
-
7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, 8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans, 9 li te fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan, 10 avèk yon plan pou fè sa dewoule lè tan an fin akonpli, pou reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm 11 nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache selon konsèy volonte pa Li, 12 afenke nou menm ki te premye espere nan Kris la, ta kapab sèvi kòm lwanj a glwa Li.
-
9 ki te sove nou e te rele nou avèk yon apèl ki sen, pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite,
-
10 ki deklare lafen depi nan kòmansman
e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo.
Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”
11 M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès,
yon nonm volonte Mwen an,
k ap soti nan yon peyi lwen.
Anverite, Mwen te pale.
Anverite, Mwen va fè sa rive.
Mwen ki te fè plan an;
Mwen k ap fè l rive.
-
13 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten e kanpe devan Farawon pou di li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen. 14 Paske fwa sa a, Mwen va voye tout fleyo Mwen yo sou kè ou, avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a, pou ou kab konnen ke nanpwen lòt tankou Mwen sou tout latè.
15 “‘Paske si Mwen te deja lonje men M pou frape ou ak pèp ou a avèk epidemi, nou t ap deja disparèt sou latè. 16 Men vrèman, pou rezon sa a, Mwen kite nou la jiska prezan: pou M kapab montre nou pouvwa Mwen e pwoklame pouvwa Mwen sou tout latè. 17 Malgre sa, ou toujou monte tèt ou kont pèp Mwen an, lè ou refize kite yo ale.
18 “‘Gade byen, vè lè sa a demen, Mwen va voye lagrèl byen gwo, tankou yo pa janm wè an Égypte depi lè li te fonde, jiska prezan.
-
33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
-
18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”
-
26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
-
2 “Mwen konnen ke Ou ka fè tout bagay,
e ke nanpwen volonte Ou ki kab detounen.
-
8 SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an.
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan.
Pa abandone zèv men Ou yo.
-
13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.
Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.
14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,
paske mwen fèt yon fason mèvèye.
Zèv Ou yo depase bon konprann
e nanm mwen byen konnen sa.
-
4 Mwen te bay Ou glwa sou latè, lè M te acheve travay ke Ou ban M fè a.
-
7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.
-
7 Sou pwomès sa a, mwen te vin yon sèvitè selon don lagras Bondye a, ke m te resevwa selon travay pouvwa Li a. 8 A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo. 9 Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo. 10 Pou tout sajès a Bondye a ta kapab vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout pouvwa ak otorite nan lye selès yo. 11 Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an.
-
14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
-
13 Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun. 14 Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.
-
22 “Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an, 23 nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò. 24 Men Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.
-
3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.
-
10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,
e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,
pou fè l donnen e boujonnen,
pou fè l bay semans pou kiltivatè,
ak pen pou sila k ap manje a;
11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.
Li p ap retounen kote Mwen vid,
san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,
san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.
-
13 “Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.
14 “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 15 Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. 16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.
17 “Pa panse ke Mwen te vini pou aboli Lalwa ak pwofèt yo. Mwen pa te vini pou aboli, men pou akonpli.
-
16 Men leve kanpe sou pye ou. Se pou rezon sa ke m te parèt kote ou; pou nome ou kòm yon sèvitè ak yon temwen, non sèlman a bagay ke ou wè, men osi a bagay ke Mwen menm va fè vin parèt a ou menm;
-
19 Konsa nou va di m: “Poukisa Li toujou jwenn fot? Kilès ki kab reziste a volonte Li.”
-
22 Mwen te voye li kote nou pou bi sa a menm, pou nou ta kapab konnen sikonstans nou menm, e pou Li ta kapab rekonfòte kè nou.
-
12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. 13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.
-
9 Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a. 10 Paske, avan, nou pa t yon pèp, men koulye a, nou se Pèp Bondye a; nou pa t resevwa mizerikòd, men koulye a, nou resevwa mizerikòd.
-
15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.
Shows Read in context, Share and Copy.