61 Bible Verses About Rain

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Rain
  1. 41 Alò, Élie te di a Achab: “Ale monte, manje e bwè; paske gen gwo bwi lapli.”

    42 Konsa, Achab te monte pou manje e bwè. Men Élie te monte sou tèt Mòn Carmel; epi li te koube jenou li, apiye atè avèk figi li antre jenou li. 43 Li te di a sèvitè li: “Ale monte koulye a, gade bò kote lanmè a.”

    Konsa, li te monte gade, e te di: “Nanpwen anyen” epi li te di:

    “Ale retounen” menm sèt fwa.”

    44 Li te vin rive nan setyèm fwa a ke li te di: “Vwala, yon grenn nwaj piti tankou men a yon moun ap monte soti kote lanmè a.”

    Epi li te di: “Ale monte, pale Achab pou di l: ‘fè cha ou a parèt e desann pou gwo lapli a pa rete ou.’”

    45 Nan yon ti tan, syèl la te vin fènwa avèk nwaj ak van e te gen yon lapli fò. Epi Achab te monte pou te ale kote Jizréel. 46 Alò, men SENYÈ a te sou Élie. Li te mare senti li e te kouri pi vit ke Achab pou rive nan lantre kote Jizréel.

  2. 16 Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri.

    Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay. 17 Élie se te yon nonm avèk yon nati tankou pa nou an, e li te priye fò pou li pa t fè lapli, e li pa t fè lapli sou tè a pandan twazan si mwa. 18 Answit, li te priye ankò, epi syèl la te vide lapli, e tè a te pwodwi fwi li.

  3. 24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. 26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”

  4. 10 Paske peyi kote nou ap antre pou posede a, se pa tankou peyi Égypte la, kote nou sòti a, kote nou te konn plante semans nou e wouze li avèk pye nou tankou yon jaden legim. 11 Men peyi kote nou prèt pou travèse pran an, yon peyi avèk ti mòn ak vale, k ap bwè dlo ki sòti nan lapli syèl la, 12 yon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, renmen anpil. Zye a SENYÈ a, Bondye nou an, toujou sou li, soti nan kòmansman jis rive nan fen ane a.

    13 “Li va vin rive ke si nou koute avèk obeyisans a kòmandman mwen yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e sèvi Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, 14 ke Mwen va bay lapli pou peyi nou nan sezon li, lapli premye sezon ak lapli dènye sezon, pou nou kapab fè antre sereyal avèk diven nèf, avèk lwil. 15 Mwen va bannou zèb nan chan nou yo pou bèt nou yo, e nou va manje e va satisfè.

    16 “Veye nou pou kè nou pa vin sedwi; pou nou pa vire akote pou sèvi lòt dye yo e adore yo. 17 Sinon, lakòlè SENYÈ a va limen kont nou, epi Li va fèmen syèl yo pou pa gen lapli, e tè a p ap donnen fwi li. Konsa, nou va peri vit soti nan bon peyi ke SENYÈ a ap bannou an.

  5. 23 Konsa, se pou nou fè kè kontan,

    O fis a Sion yo!

    Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an;

    paske Li te bay nou lapli bonè nan kantite ki jis,

    li te fè vide sou nou lapli,

    premye ak dènye lapli a tankou avan an.

    24 Glasi vannen yo va plen ak sereyal,

    e chodyè yo va debòde ak diven nèf ak lwil.

    25 Konsa, Mwen va restore bannou pou ane

    ke gwo krikèt te manje yo,

    ak ti krikèt la ki kouri a tè a,

    ak ti cheni ak gwo cheni ke M voye pami nou,

    gwo lame ke Mwen menm te

    voye pami nou.

    26 Nou va genyen anpil manje,

    nou va vin satisfè,

    e nou va fè lwanj non SENYÈ a,

    Bondye nou a,

    ki te aji ak mèvèy avèk nou.

    Konsa, pèp Mwen an p ap janm vin desi ankò.

  6. 7 O Bondye, lè Ou te sòti devan pèp Ou a,

    lè Ou te mache travèse dezè a,

    8  tè a te souke.

    Syèl yo tou te lage lapli devan prezans Bondye,

    prezans Bondye Sinaï a.

    Mond lan li menm tè a souke devan prezans

    Bondye a, Bondye Israël la.

    9 Ou, Bondye te voye nan tout kote yon gwo lapli.

    Ou te konfime eritaj Ou lè li te fatige nèt.

    10 Moun pa Ou yo te vin rete ladann.

    Ou te founi tout bonte Ou pou

    malere yo, O Bondye.

  7. 35 “Lè syèl yo fèmen e nanpwen lapli, akoz yo te peche kont Ou, si yo priye vè plas sila a, konfese non Ou, e vire kite peche pa yo lè Ou aflije yo, 36 alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo, e a pèp Ou a, Israël. Anverite, enstwi yo nan bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, e voye lapli sou peyi ke Ou te bay a pèp Ou a, ke Ou te bay yo a kòm eritaj la.

  8. 6 Li va desann tankou lapli sou chan zèb fenk koupe yo,

    tankou farinaj ki wouze tè a.

  9. 43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

    46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

    48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

  10. 10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,

    e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,

    pou fè l donnen e boujonnen,

    pou fè l bay semans pou kiltivatè,

    ak pen pou sila k ap manje a;

    11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.

    Li p ap retounen kote Mwen vid,

    san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,

    san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.

  11. 9 Pou sa, tout mesye Juda avèk Benjamin yo te rasanble Jérusalem nan twa jou yo. Se te nan nevyèm mwa a sou ventyèm jou nan mwa a, tout moun te chita nan plas ouvri devan lakay Bondye a, e yo t ap tranble akoz afè sila a ak gwo lapli a.

  12. 3 “Si nou mache nan règleman Mwen yo, e kenbe kòmandman Mwen yo pou fè yo, 4 konsa Mwen va bannou lapli yo nan sezon pa yo, pou peyi a donnen pwodwi li yo, e bwa nan chan yo va bay fwi yo. 5 Anverite, bat grenn chan nou va dire jis tan pou ranmase rezen yo, e ranmase rezen yo va dire jis rive nan tan semans lan. Nou va konsa manje manje nou vant plen nèt, e viv ansekirite nan peyi nou.

  13. 7 Chante a SENYÈ a ak remèsiman.

    Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,

    8 ki kouvri syèl la ak nwaj yo,

    ki founi lapli pou tè a,

    ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.

  14. 15 “Mesye yo, poukisa nou ap fè bagay sa yo? Nou menm tou se lòm, ki fèt menm jan ak nou. Nou pòte bòn nouvèl la a nou menm, pou nou kapab vire kite vye bagay sila yo pou vire vè Bondye vivan an ki te fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladann. 16 Nan jenerasyon ki pase yo, Li te pèmèt tout nasyon yo fè pwòp chemen yo. 17 Men malgre sa Li pa t kite tèt Li menm san temwayaj. Li te fè sa ki bon e te bay nou lapli ki te sòti nan syèl la. Anplis Li te bay sezon ak fwi yo, ki te satisfè kè nou avèk manje, ak kè kontan.”

  15. 14 Si nou va gen lakrent SENYÈ a, sèvi Li, koute vwa Li, e pa fè rebèl kont lòd SENYÈ a; alò, ni nou, ni wa ki renye sou nou an va swiv SENYÈ Bondye nou an. 15 Si nou pa koute vwa SENYÈ a, men fè rebèl kont lòd SENYÈ a, alò men a SENYÈ a va kont nou, jan li te ye kont zansèt nou yo.

    16 “Menm koulye a, kanpe la pou nou wè gwo bagay sa a ke SENYÈ a va fè devan zye nou. 17 Èske se pa rekòlt ble li ye kounye a? M ap fè apèl SENYÈ a, pou Li kapab voye tonnè avèk lapli. Konsa, nou va konnen e wè mechanste ke nou te fè nan zye SENYÈ a gran, lè nou te mande pou nou yon wa.”

    18 Konsa, Samuel te rele a SENYÈ a, e SENYÈ a te voye tonnè avèk lapli nan jou sa a. Epi tout pèp la te gen gwo lakrent SENYÈ a ak Samuel.

    19 Alò, tout pèp la te di a Samuel: “Priye pou sèvitè ou yo a SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou pa mouri; paske nou te ogmante sou peche nou yo, mal sila a, ke nou te mande yon wa pou kont nou an.”

  16. 1 Vini, annou retounen kote SENYÈ a;

    paske li te chire nou,

    men Li va geri nou.

    Li te blese nou,

    men Li va panse nou.

    2 Li va fè nou vin refè apre de jou;

    Nan twazyèm jou a Li va fè nou leve.

    Konsa, nou va viv devan Li.

    3 Annou rekonèt SENYÈ a;

    annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a.

    Aparans Li asire tankou solèy

    k ap leve granmmaten.

    Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli,

    tankou lapli prentan k ap wouze latè.

  17. 1 Mande pou lapli ki sòti

    nan SENYÈ a nan epòk prentan.

    Se SENYÈ a ki fè nwaj tanpèt yo;

    epi se Li ki bay lapli lejè a tout

    pou jaden plant yo.

  18. 6 Paske a lanèj la, Li di: ‘Tonbe sou latè’,

    e a inondasyon lapli a, Li di:

    ‘Kontinye tonbe fò’.

    7 Li sele men a chak òm,

    pou tout moun kab konnen zèv Li yo.

  19. 1 Voye pen ou sou sifas dlo,

    e apre anpil jou, ou va twouve l.

    2 Divize byen ou fè sèt, oswa uit menm;

    paske ou pa janm konnen ki malè k ap rive sou latè.

    3 Si nwaj yo plen, yo vide lapli sou latè;

    epi si yon bwa tonbe vè sid, oswa vè nò,

    kote li tonbe a, se la l ap kouche.

    4 Sila ki veye van an p ap simen;

    ni sila ki veye syèl la p ap rekòlte.

    5 Menm jan ke ou pa konnen chemen van an,

    ni jan zo yo vin fòme nan vant a fanm ansent lan,

    se konsa ou pa konnen zèv Bondye

    ki fè tout bagay la.

    6 Simen semans ou nan maten an;

    ni pa gaspiye tan nan aswè.

    Paske ou pa janm konnen si se nan maten

    oswa nan aswè semans lan ap reyisi;

    ni si se pa tou de k ap bon.

  20. 16 Epi li va vin rive ke tout moun ki rete nan tout nasyon ki te ale kont Jérusalem yo, yo tout va ale monte ane pa ane pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, e pou selebre Fèt Tonèl yo. 17 Epi sa va rive ke nenpòt moun nan fanmi sou latè yo ki pa monte Jérusalem pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, Lapli p ap tonbe sou yo. 18 Si fanmi peyi Egypte la pa monte oswa pa vini; alò, lapli p ap tonbe sou yo. Va gen fleyo ke SENYÈ a te frape nasyon ki pa t monte pou selebre Fèt Tonèl Yo. 19 Sa va pinisyon Egypte la ak pinisyon a tout nasyon ki pa monte pou selebre Fèt Tonèl yo.

  21. 22 Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli?

    Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo?

    Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an?

    Akoz sa, nou mete espwa nan Ou,

    paske se Ou ki te fè tout bagay sa yo.

  22. 15 Nan vizaj a yon wa briye lavi;

    e favè li se tankou yon nwaj avèk lapli prentan.

  23. 4 Paske, apre sèt jou ankò, Mwen va voye lapli sou latè pandan karant jou ak karant nwit. Konsa, Mwen va efase sou fas tè a chak èt vivan ke Mwen te fè.”

    5 Noé te fè tout bagay jan ke Bondye te mande l la.

  24. 1 Alò, Élie, Tichbit la, ki te pami fondatè Galaad yo, te di a Achab: “Jan SENYÈ a, Bondye Israël la, viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite p ap gen ni lawouze, ni lapli nan ane sila yo, sof ke pa pawòl mwen.”

  25. 24 Yo pa di nan kè yo: ‘Alò koulye a, annou gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, ki bay lapli nan sezon li, ni lapli sezon otòn ak lapli sezon prentan, Sila ki kenbe pou nou semèn rekòlt nou yo.’

  26. 22 Ak ensèk ak maladi, e ak san, Mwen va antre an jijman ak li. Mwen va voye lapli sou li ak twoup li yo e sou kantite moun ki vini avèk li yo, yon gwo lapli ak gwo wòch lagrèl, ak dife, ak souf.

  27. 4 Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a te fè tè a avèk syèl la. 5 Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a. 6 Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li.

  28. 2 Kite enstriksyon mwen yo tonbe tankou lapli,

    pawòl mwen yo poze tankou lawouze,

    tankou ti gout sou zèb fre,

    ak lapli k ap farinen sou zèb.

  29. 24 Sonje ke ou dwe leve zèv Li yo wo,

    sa yo sou sila moun te konn chante yo.

    25 Tout moun konn wè sa.

    Lòm gade l soti lwen.

    26 Gade byen, Bondye leve wo, men nou pa konnen Li.

    Fòs kantite ane Li yo pa kab dekouvri menm.

    27 Konsa, Li rale fè monte gout dlo yo.

    Yo fòme fè lapli ki sòti nan vapè,

    28 ke nwaj yo fè vide desann.

    Yo vin lage sou lòm an fòs kantite.

    29 Èske pèsòn kab konprann jan nwaj yo vin gaye,

    ak tonnè k ap gwonde anwo plafon tant Li an?

    30 Gade byen, Li gaye limyè Li toupatou Li.

    Li kouvri fon lanmè yo.

    31 Paske se avèk sa a ke li jije pèp yo.

    Li bay yo manje an gran kantite.

    32 Li kouvri men Li ak eklè la,

    e pase lòd pou l frape sou mak la.

    33 Bri li deklare prezans Li;

    menm tout bèt yo konnen sa k ap vin rive a.

  30. 7 Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo. 8 Nou menm tou, se pou nou pasyan. Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.

    9 Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.

    10 Frè m yo, pran pwofèt yo ki pale nan non Senyè a kòm egzanp de soufrans ak pasyans. 11 Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.

  31. 10 Li te rive apre sèt jou ke dlo delij la te vini sou latè.

    11 Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri. 12 Lapli te tonbe sou latè pandan karant jou, ak karant nwit.

  32. 6 Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l,

    nan syèl la oswa sou tè a,

    nan lanmè yo ak nan tout fon yo.

    7 Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo.

    Ki fè rive loray avèk lapli yo,

    ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.

  33. 7 Anplis de sa, Mwen te fè lapli sispann

    pandan te gen twa mwa ankò avan rekòlt la.

    Konsa, Mwen te voye lapli nan yon vil

    pandan Mwen te refize li nan yon lòt.

    Yon pati te jwenn lapli, pandan pati ki pa t

    resevwa lapli a te seche.

  34. 1 Alò, li te rive apre anpil jou ke pawòl SENYÈ a te vini a Élie nan twazyèm ane a. Li te di: “Ale, montre ou menm a Achab e Mwen va voye lapli sou fas tè a.”

    2 Konsa, Élie te ale montre li menm a Achab. Alò, gwo grangou a te byen rèd nan Samarie.

  35. 23 Lè li plen vant li, Bondye va voye kòlè fewòs pa Li sou li.

    Lapli va tonbe sou li pandan l ap manje.

  36. 23 Van nò pote lapli

    e yon lang medizan, pote yon move vizaj.

  37. 7 Paske tè ki bwè lapli ki tonbe souvan sou li a, e ki pote plant ki itil a sila k ap kiltive tè a, resevwa benediksyon a Bondye.

  38. 12 Bondye te di: “Sa se sign akò ke m ap fè antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo. 13 Mwen mete lakansyèl Mwen nan nwaj la, epi l ap sèvi kòm yon sign pou akò antre Mwen menm avèk latè a. 14 Li va rive ke lè m mennen yon nwaj sou latè, ke lakansyèl la ap vizib nan nwaj la, 15 epi Mwen va sonje akò ki antre Mwen menm avèk nou an, avèk chak kreyati vivan de tout chè. Epi janmen ankò dlo p ap vin yon delij pou detwi tout chè.

    16 “Lè lakansyèl la nan nwaj la, Mwen va gade sou li, pou m sonje akò ki jis pou tout tan antre Bondye ak tout kreyati vivan pou tout chè ki sou latè yo.”

    17 Epi Bondye te di a Noé: “Sa se sign akò ke Mwen te etabli antre Mwen ak tout chè ki rete sou tè a.”

  39. 27 Sa mwen te wè, te soti nan aparans a ren Li ak piwo, yon bagay tankou metal klere ki te sanble dife toutotou anndan l. Soti nan aparans a ren Li e piba, mwen te wè yon bagay tankou dife, epi te gen yon ekla limyè ki te antoure Li. 28 Menm jan ak aparans a lakansyèl nan nwaj yo nan jou l ap fè lapli, konsa aparans a ekla limyè ki te antoure li a te ye.

    Konsa aparans a imaj a glwa a SENYÈ a te ye. Lè m te wè l, mwen te tonbe sou figi mwen, e mwen te tande yon vwa ki t ap pale.

  40. 26 Mwen va fè yo menm ak tout kote ki antoure kolin Mwen yo vin yon benediksyon. Epi Mwen va fè bèl lapli tonbe, e lapli sa a va yon lapli ki pote benediksyon. 27 Anplis, pyebwa nan chan yo va donnen fwi yo. Latè a va donnen pwodwi li, e yo va ansekirite nan peyi yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin kase fè jouk yo a, e delivre yo soti nan men a sila ki te fè yo esklav yo.

  41. 54 Li t ap di anplis a foul la: “Lè nou wè yon nwaj k ap leve nan lwès, imedyatman nou di :‘L ap fè lapli’, e se konsa sa rive. 55 Epi lè nou wè yon van sid k ap soufle, nou di: ‘L ap fè chalè’, e se konsa sa rive. 56 Ipokrit nou ye! Nou konnen kijan pou nou analize aparans a tè a, avèk syèl la, men poukisa nou pa analize tan prezan sila a?

  42. 6 Va gen abri pou bay lonbraj kont chalè jounen an, e pou pwoteje kont tanpèt ak lapli.

  43. 1 Tankou lanèj nan sezon chalè a, tankou lapli nan sezon rekòlt,

    se konsa respè pa merite rive sou yon moun ensanse.

  44. 3 Yon moun pòv ki peze malere

    se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.

  45. 8 Degoute depi anwo, O syèl yo,

    e kite nwaj yo vide fè ladwati desann.

    Kite latè ouvri nèt pou sali a ka donnen fwi,

    pou fè ladwati vòltije monte avè l.

    Mwen, SENYÈ a te kreye l.

  46. 12 Simen a nou menm anvè ladwati,

    rekòlte selon ladousè.

    Fann tè ki poze ou a;

    se lè pou chache SENYÈ a

    jis lè Li vin vide ladwati sou nou.

  47. 33 Alò, Moïse te kite vil la sòti devan Farawon, e li te lonje men li vè SENYÈ a; epi tonnè avèk lagrèl la te sispann, e lapli pa t tonbe sou latè ankò.

    34 Men lè Farawon te wè ke lapli avèk tonnè a te sispann, li te peche ankò, e li te andisi kè l, li menm avèk sèvitè li yo.

  48. 26 “Lè syèl yo vin fèmen e nanpwen lapli akoz peche ke yo fè kont Ou, si yo fè lapriyè vè plas sa a e konfese non Ou, pou yo vire kite peche pa yo lè Ou aflije yo; 27 alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo ak pèp Ou a, Israël. Anverite, enstwi yo selon bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, epi voye lapli sou tè ke Ou te bay a pèp Ou a kòm eritaj la.

  49. 11 “SENYÈ a va fè nou ogmante an pwosperite, nan fwi zantray nou, nan fètilite bèt nou yo, ak nan pwodwi tè nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.

    12 “SENYÈ a va louvri pou nou depo bonte Li a, syèl la, pou bay lapli sou peyi nou nan sezon li, pou beni tout travay a men nou yo. Nou va prete lajan bay anpil nasyon, men nou p ap janm mande prete.

  50. 22 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou vè syèl la, pou lagrèl kapab tonbe sou tout tè Égypte la, sou moun, sou bèt, e sou chak plan nan chan tout kote nan peyi Égypte la.”

    23 Moïse te lonje baton li vè syèl la, e SENYÈ a te voye zeklè, loray avèklagrèl, avèk gwo kout dife ki te kouri rive jis atè. Konsa, SENYÈ a te fè lagrèl desann sou tout tè Égypte la.

    24 Alò te gen lagrèl, avèk dife ki te lanse, ki t ap vòltije tout tan nan mitan lagrèl la, byen sevè, jan peyi Égypte la pa t janm wè depi li te devni yon nasyon. 25 Lagrèl la te frape tout sa ki te nan chan nan tout pati an Égypte, ni moun, ni bèt. Lagrèl la te frape osi chak plan nan chan an epi te chire an mòso chak bwa nan chan an. 26 Sèlman nan peyi Gosen an, kote fis Israël yo te ye a, pa t gen lagrèl la.

  51. 6 Mwen va gaye gate l nèt.

    Li p ap koupe ni sèkle ak wou,

    men pikan ak zepin va vin leve nan li.

    Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo

    pou lapli pa tonbe ladann.

  52. 6 Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli;

    dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.

  53. 14 Tankou nwaj ak van san lapli,

    se konsa yon nonm ki ogmante don li yo ak manti.

  54. 12 Bondye te fè tè a pa pouvwa Li.

    Li te etabli lemonn ak sajès Li;

    ak konprann Li, Li te etann syèl yo.

    13 Lè Li fè vwa L sone,

    dlo yo mele nan syèl yo.

    Li fè nwaj yo monte soti nan dènye pwent tè a.

    Li fè loray pou lapli,

    e Li fè van sòti nan depo Li yo.

  55. 18 “‘Gade byen, vè lè sa a demen, Mwen va voye lagrèl byen gwo, tankou yo pa janm wè an Égypte depi lè li te fonde, jiska prezan.

  56. 12 Moun sa yo se resif yo k ap kache nan fèt lanmou sen nou yo, lè yo vin fete avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se nwaj yo ki san dlo, pote pa van, bwa sezon fredi, san fwi, de fwa mò, dechouke menm; 13 volas lanmè sovaj yo, k ap kimen nan pwòp wont yo tout kalite enpirite; zetwal eran pou kilès tenèb nwa a te rezève jis pou janmen.

  57. 6 Sa yo gen pouvwa pou fèmen syèl la pou lapli pa tonbe pandan jou pwofesi yo a. Yo gen pouvwa sou dlo pou fè yo tounen san, e pou frape latè avèk tout kalite fleyo, nenpòt lè yo ta vle.

  58. 10 Epi Rizpa, fi a Ajja a te pran twal sak e te ouvri li sou wòch la, soti nan kòmansman rekòlt la jiskaske li te fè lapli sou yo soti nan syèl la. Li pa t kite ni zwazo syèl yo vin poze sou yo nan lajounen, ni bèt chan yo pandan lannwit.

  59. 12 Konsa, SENYÈ a te parèt a Salomon nan nwit lan. Li te di l: “Mwen te tande lapriyè ou a, e Mwen te chwazi plas sa a pou Mwen menm kòm yon kay sakrifis.

    13 “Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an, 14 epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.

  60. 12  Li te fè tenèb la yon tant Ki antoure Li,

    yon vwa dlo, nwaj pwès syèl yo

  61. 2 Veye byen, SENYÈ a gen yon asistan ase fò e pwisan. Tankou tanpèt lagrèl, yon tanpèt destriksyon, yon tanpèt pwisan k ap debòde dlo, Li va vin jete yo atè ak men Li.