57 Bible Verses About Going to Church

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Going to Church
  1. 24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.

  2. 42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.

    43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.

    44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.

    Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.

  3. 26 Alò ki rezilta frè m yo? Lè nou reyini, chak moun gen yon sòm, gen yon enstriksyon, gen yon revelasyon, gen yon lang, gen yon entèpretasyon. Ke tout bagay fèt pou edifikasyon yon lòt.

    27 Si yon moun pale an lang, li ta dwe pa plis ke de moun, o menm twa. Fòk li an lòd, youn apre lòt, e yon moun dweentèprete.

    28 Men si pa gen entèprèt, li dwe rete an silans nan legliz la, e kite li pale ak tèt li e ak Bondye.

    29 Kite de oubyen twa pwofèt pale, e kite lòt yo jije sa.

    30 Men si yon revelasyon vin fèt a yon moun ki chita, premye a dwe fè silans.

    31 Paske nou tout kapab pwofetize youn apre lòt, pou nou tout kapab konprann e nou tout kapab jwenn egzòtasyon.

    32 Konsa, lespri a pwofèt yo se sijè a pwofèt yo.

    33 Paske Bondye se pa yon Bondye ki mennen konfizyon, men lapè, tankou nan tout legliz a sen yo.

    34 Ke fanm yo rete an silans nan legliz la; paske yo pa pèmèt pou yo pale, men kite yo vin anba lòd, jan Lalwa anplis konn di a.

    35 Si yo dezire aprann yon bagay, kite yo mande pwòp mari yo lakay yo; paske se pa pwòp pou yon fanm pale nan legliz la.

    36 Ki sa a? Èske se nan nou menm pawòl Bondye a te sòti premyèman? Oubyen èske li vini a nou menm sèlman?

    37 Si yon moun panse ke li se yon pwofèt, oswa plen lespri, kite li rekonèt ke bagay ke mwen ekri a nou menm yo se kòmandman a Senyè a.

    38 Men si yon moun pa rekonèt sa, li menm, osi li p ap rekonèt.

    39 Konsa, frè m yo Se pou nou gen yon dezi sensè pou pwofetize, e pa anpeche moun pale an lang.

    40 Men tout bagay dwe fèt byen pwòp ak nan lòd.

  4. 11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm. 16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.

  5. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

    3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4 Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.

  6. 8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”

  7. 20 Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo.”

  8. 18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”

  9. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li.

  10. 1 Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. 2 Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a. 3 Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, 4 pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a.

  11. 22 Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23 Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.

    25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot.

  12. 20 Papa zansèt nou yo te adore nan mòn sila a, men ou di ke se nan Jérusalem pou nou adore.”

    21 Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a. 22 Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske sali a sòti nan Jwif yo.

    23 “Men lè ap vini, e gen tan rive koulye a, lè vre adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L. 24 Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”

  13. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

  14. 8 Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp 9 men ki kenbe a mistè lafwa a avèk yon konsyans ki pwòp. 10 Mesye sa yo dwe, osi, pase tès avan; answit, kite yo sèvi kòm dyak si yo pa gen repwòch.

    11 Fanm yo dwe menm jan an, dign pa nan fè medizans, men tanpere, fidèl nan tout bagay.

    12 Dyak yo dwe mari a yon sèl fanm, bon dirijan a pitit yo ak pwòp lakay yo. 13 Paske sila ki sèvi byen kòm dyak yo resevwa pou tèt yo, yon wo pozisyon ak gwo konfyans nan lafwa ki nan Kris Jésus a.

    14 M ap ekri bagay sa yo bannou, avèk esperans ke m ap vin kote nou avan lontan, 15 men an ka ke mwen pran reta, mwen ekri yo pou nou kab konnen kijan yon moun ta dwe kondwi tèt li nan kay Bondye a, ki se legliz a Bondye vivan an, ki se pilye ak soutyen verite a.

  15. 16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  16. 6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen. 7 Si nou te konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou. Depi koulye a, nou konnen Li, e wè Li.”

  17. 31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.

    34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”

  18. 1 “Pa jije pou nou menm pa vin jije. 2 Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou. 3 E poukisa nou gade ti kras poud ki nan zye frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan zye pa nou an? 4 O kijan nou kapab di frè nou an: ‘Kite m retire ti kras sa a ki nan zye ou a’, epi gade, gwo bout bwa nan zye w? 5 Ipokrit! Premyeman, retire gwo bout bwa nan zye ou a, e konsa w ap kapab wè byen klè pou retire ti kras ki nan zye frè ou a.

  19. 7 Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi.

  20. 16 Èske nou pa konnen ke nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou? 17 Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye va detwi li, paske tanp Bondye a sen, e se sa nou ye.

  21. 15 Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.

  22. 1 Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a, 2 se pou nou vin bèje a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi. 3 Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an. 4 Epi lè Chèf Bèje a vin parèt, nou va resevwa kouwòn laglwa ki p ap janm gate a.

  23. 17 Se fè ki file fè;

    se konsa yon nonm file zanmi l.

  24. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.

    31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou? 33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis. 34 Kilès ki kab kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki ap entèsede pou nou tou.

    35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe?

  25. 13 Paske pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan yon sèl kò, kit Jwif, kit Grèk, kit esklav, kit lib, e nou tout te fèt pou bwè nan yon sèl Lespri.

  26. 1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, 2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè. 4 Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an; 5 yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm, 6 yon sèl Bondye e Papa tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay.

  27. 15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a. 16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’ 17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.

  28. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.

  29. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

    8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

  30. 7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.

  31. 12 Rasanble pèp la, gason avèk fanm, ak pitit yo, etranje ki nan vil nou yo, pou yo ka tande aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, epi fè atansyon pou swiv tout pawòl a lwa sila yo. 13 Pitit yo ki pa t konnen, va tande e aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou tout tan ke nou viv nan peyi ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.”

  32. 1 Veye pa ou yo pandan w ap desann lakay Bondye a, e vin toupre pou koute olye ofri sakrifis a moun ensanse yo. Paske yo pa konnen ke se mal y ap fè.

  33. 13 “Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm. 14 Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.

    15 “Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye. 16 Nou ap konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb. 17 Menm jan an, chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi. 18 Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi. 19 Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè. 20 Konsa, nou ap konnen yo pa fwi yo.

    21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’

  34. 28 “Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke Li te achte avèk pwòp san Li.

  35. 12 Konsa, frè m yo, nou pa anba obligasyon lachè a, pou viv selon lachè. 13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv. 14 Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. 15 Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.

    16 Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.

  36. 8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. 9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.

  37. 17 Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Vire do nou ba yo menm. 18 Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo. 19 Paske rapò obeyisans nou an gen tan rive toupatou. Konsa mwen rejwi de nou, men mwen vle nou saj nan sa ki bon e inosan nan sa ki mal.

  38. 19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.

  39. 1 Koulye a konsènan ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou. 2 Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini. 3 Konsa, lè m rive nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem;

  40. 17 Ansyen ki dirije byen yo, dwe konsidere dign de doub onè, sitou sila ki travay di nan predikasyon ak enstriksyon yo. 18 Paske Lekriti a di: “Nou pa dwe mete mizo nan bouch a bèf la pandan l ap moulen sereyal la,” epi: “Ouvriye a dign de salè li.”

  41. 1 Men konprann sa, ke nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. 2 Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, 3 san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, 4 trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; 5 k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li.

    Evite moun konsa yo.

  42. 17 Obeyi lidè nou yo e soumèt nou a yo. Paske yo kontinye ap gade sou nanm nou, kòm sila ki oblije rann kont. Kite yo fè sa avèk jwa, olye chagren, paske sa pa t ap gen pwofi pou nou.

  43. 5 “Lè nou ap fè lapriyè, pa fè l tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe pou fè lapriyè nan sinagòg yo ak nan kwen lari pou moun kapab wè yo. Anverite, Mwen di nou, yo gen tan twouve tout rekonpans yo.

  44. 25 Men Jésus te rele yo a Li menm e te di yo: “Ou konnen ke chèf payen yo pran pozisyon yo kon gwo chèf sou yo, epi moun enpòtan pa yo egzèse gwo otorite sou yo.

    26 “Li pa konsa pami nou, men sila ki ta vle gran pami nou an, ap vin sèvitè nou. 27 Epi sila a ki vle premye pami nou an, va vin esklav nou. 28 Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”

  45. 16 “Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.

  46. 13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:

    “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl

    a bon bagay yo bèl!”

  47. 9 Bondye fidèl, selon Sila nou te rele nan amitye fratènèl avèk Fis Li a, Jésus Kri, Senyè nou an.

  48. 10 Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan menm panse ak nan menm jijman.

  49. 26 Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.

    27 Alò ansanm, nou se kò a Kris la, e nou se chak grenn manm de li.

  50. 1 Mwen, Paul, yon apot ki pa t voye pa lèzòm, ni pa okenn ajans lòm, men pa Jésus Kri, ak Bondye Papa a, ki te fè L leve soti nan lanmò— 2 ak tout frè ki avèk mwen yo; a tout legliz nan Galatie yo: 3 Gras pou nou menm ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a, Jésus Kri, 4 ki te bay tèt li pou peche nou yo, pou Li ta kapab delivre nou de tan mechan sila a, selon volonte Bondye ak Papa nou an. 5 A li menm laglwa pou tout tan. Amen.

    6 Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou yon lòt levanjil; 7 ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la. 8 Men menmsi nou menm, oubyen yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen. 9 Jan nou te di nou avan an, donk mwen di nou koulye a ankò, si yon moun ap preche nou yon levanjil ki kontrè de sila nou te resevwa a, li dwe madichonnen.

  51. 13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” 15 Men si nou mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.

    16 Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17 Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. 18 Men si nou mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa.

  52. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.

  53. 22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, 23 ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.

  54. 12 Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou. 13 Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo.

    Viv nan lapè avèk youn lòt.

  55. 5 Pou rezon sa a, mwen te kite ou Crète, pou ou ta kapab mete nan lòd bagay ki potko fèt yo, e chwazi ansyen yo nan chak vil selon jan mwen te dirije ou a.

    6 Kidonk, si yon nonm san repwòch, mari a yon sèl fanm, ki gen pitit ki kwayan, e ki pa akize de dezòd ak rebelyon.

    7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp; 8 men emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li, 9 ki kenbe fèm a pawòl lafwa a ki gen akò avèk ansèyman an, pou li kapab egzòte nan bon doktrin nan, e demanti sila ki kontredi l yo.

  56. 12 Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an. 13 Men ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa sediksyon peche a.

  57. 16 Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri.

    Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay.