17 Bible Verses About The Lord's Supper
Bib Sen An (BSA)
-
26 Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”
27 Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout; 28 paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo. 29 Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”
-
14 Lè lè a te rive, Li te repoze a tab, e apòt yo te avè L. 15 Li te di yo: “Mwen te seryezman anvi manje Pak sa a avèk nou avan Mwen soufri; 16 paske Mwen di nou, Mwen p ap janm manje li ankò, jiskaske li vin akonpli nan wayòm Bondye a.” 17 Lè l te fin pran yon tas, e te beni li, Li te di: “Pran sa a, e pataje li pami nou menm. 18 Paske Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen an depi kounye a jiskaske wayòm Bondye a vini.”
19 Lè L te fin pran yon pen e te beni li, Li te kase l. Li te bay yo e te di: “Sa se kò M ki bay pou nou menm. Fè sa nan memwa a Mwen menm.” 20 Menm jan an, Li te pran tas la lè yo te fin manje e te di: “Tas sa se akò nèf de san Mwen an ki vide nèt pou nou.
-
14 Konsa, byeneme m yo, sove kite idolatri. 15 Mwen pale, konsi, se ak moun saj. Byen jije sa ke mwen di a. 16 Lè nou beni tas beni a, èske nou pa pataje san Kris la? Lè nou kase pen an, èske nou pa pataje nan kò Kris la? 17 Paske gen yon sèl pen, nou menm ki anpil la se yon sèl kò; paske nou tout pataje yon sèl pen. 18 Gade nasyon Israël la selon lachè a. Èske se pa tout sila ki manje sakrifis ki pataje sou lotèl yo?
19 Kisa mwen vle di konsa? Ke yon bagay ki te sakrifye a zidòl se yon bagay, oswa ke yon zidòl se yon bagay? 20 Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab.
21 Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo. 22 Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?
-
22 Pandan yo t ap manje, Li te pran pen an, e apre yon benediksyon, Li te kase li, te bay yo, e te di: “Pran sa; se kò Mwen.”
23 Li te pran yon tas, te bay gras, e Li te bay yo li. Yo tout te bwè ladann. 24 Konsa Li te di yo: “Sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun. 25 Anverite Mwen di nou, Mwen p ap janm bwè fwi rezen ankò jouk jou ke M bwè l de nouvo nan wayòm Bondye a.”
26 Apre yo te fin chante yon kantik, yo ale deyò nan Mòn Oliv la.
-
42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.
43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.
44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.
Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.
-
17 Men lè mwen bay nou kòmand sila a, mwen pa fè nou konpliman, paske nou pa reyini ansanm pou sa ki pi bon men pou sa ki pi mal. 18 Paske premyèman, lè nou reyini ansanm kòm yon legliz, mwen tande ke gen divizyon pami nou, e mwen kwè yon pati nan sa gen verite. 19 Paske toujou oblije gen divizyon pami nou jis pou sila ki apwouve yo kapab vin parèt klè pami nou. 20 Konsa, lè nou reyini ansanm, nou pa fè l pou nou manje manje Senyè a. 21 Olye sa, nan manje a, chak moun pran pwòp manje pa l avan. Yon moun grangou, e yon lòt sou. 22 Kisa! Nou pa gen kay kote nou kapab manje ak bwè? Oubyen èske nou meprize legliz Bondye a, e fè sila ki manke yo wont? Kisa m kapab di nou? Èske m dwe fè nou konpliman? Nan sa, mwen p ap fè nou konpliman.
23 Paske mwen te resevwa soti nan Senyè a sa ke m te livre bannou an, ke Senyè a Jésus, nan nwit ke Li te trayi a, te pran pen an. 24 Lè L te fin bay remèsiman, li te kase li e te di: “Pran, manje. Sa se kò Mwen ki kase pou nou. Fè sa nan memwa a Mwen menm.” 25 Menm jan an, apre soupe a li te pran tas la osi e te di: “Tas sa a se akò tounèf nan san Mwen an. Tout tan ke nou bwè li, fè sa nan memwa a Mwen menm.” 26 Paske tout tan ke nou manje pen sa a, e bwè tas sa a, nou pwoklame lanmò Senyè a jiskaske Li vini.
27 Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oubyen bwè tas Senyè a nan yon fason ki pa dign, va koupab de kò ak san Senyè a. 28 Men yon moun dwe egzamine tèt li, e konsa kite li manje pen an e bwè tas la. 29 Paske sila ki manje e ki bwè nan yon jan ke li pa merite, manje e bwè jijman sou tèt li si li pa byen jije kò Senyè a. 30 Pou rezon sa a, anpil pami nou fèb, malad, e kèk mouri. 31 Men si nou te byen jije pwòp tèt nou, nou pa t ap vin jije. 32 Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan. 33 Konsa, frè m yo, lè nou reyini ansanm pou nou manje, se pou nou tann youn lòt. 34 Si yon moun grangou, ke li manje lakay li, pou nou pa reyini ansanm pou jijman. Rès bagay yo mwen va regle yo lè m vini.
-
7 Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi.
-
53 Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite Mwen di nou, anmwenske nou manje chè Fis a Lòm nan, epi bwè san Li, nou pa gen lavi nan nou menm.
54 “Moun ki manje chè M, epi bwè san Mwen, genyen lavi etènèl, epi M ap fè l leve nan dènye jou a. 55 Paske chè M se vre manje a, e san Mwen se vre bwason an.
56 “Moun ki manje chè M epi bwè san Mwen, rete avè M, epi Mwen menm avèk li. 57 Kon Papa vivan an te voye M nan, e Mwen viv akoz Papa a, konsa, moun ki manje M, li menm osi va viv akoz Mwen.
58 “Sa se pen ki desann sòti nan syèl la. Se pa kon papa zansèt yo te manje a, e te mouri. Sila a ki manje pen sila a va viv jis pou janmen.”
59 Bagay sa yo Li te di nan Sinagòg la pandan Li t ap ansegne nan Capernaüm nan.
-
47 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki kwè gen lavi etènèl. 48 Mwen se pen lavi a.
49 “Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, e yo te mouri.
50 “Sila a se pen ki sòti desann nan syèl la. Pou moun kab manje l epi pa mouri.
51 “Mwen menm se pen vivan ki desann sòti nan syèl la. Si nenpòt moun manje pen sa a, l ap viv jis pou janmen. E pen osi ke M ap bay pou lavi lemonn nan se chè Mwen.”
-
9 Answit, zanj lan te di mwen: “Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’” Epi li te di mwen: “Sa yo se vre pawòl a Bondye.”
-
23 Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”.
-
21 Alò, Moïse te rele tout ansyen Israël yo e te di yo: “Ale pran pou nou menm jenn mouton yo selon fanmi nou, e touye jenn mouton Pak la. 22 Nou va pran yon pake izòp e fonse li nan san basen an, epi mete kèk nan san basen an sou de chanbrann yo avèk travès lento pòt yo. Pèsòn pa pou ale deyò pòt kay li jis rive nan maten. 23 Paske SENYÈ a va travèse pou frape Ejipsyen yo; epi lè Li wè san sou travès lento pòt yo, ak sou de chanbrann pòt yo, SENYÈ a va pase sou pòt la, e Li p ap kite destriktè a antre nan kay nou pou frape nou.
24 “Epi nou va obsève evènman sa a kòm yon règleman pou nou menm avèk pitit nou yo pou tout tan. 25 Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a va bannou an, jan Li te pwomèt nou an, nou va obsève sèvis sakre sila a.
26 “Epi lè pitit nou di nou: ‘Kisa sa vle di selon sèvis sila a?’ 27 Nou va di: ‘Sa se yon sakrifis Pak la pou SENYÈ a ki te pase sou kay a fis Israël yo nan Égypte lè Li t ap frape Ejipsyen yo, men te epanye lakay nou.’”
Konsa, pèp la te bese ba, e te adore. 28 Alò, fis Israël yo te ale fè sa, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an, konsa yo te fè.
-
17 Alò, nan premye jou Fèt Pen San Ledven an, disip yo te vin kote Jésus pou mande L: “Kibò Ou vle nou prepare manje Jou Pak Jwif la pou Ou?”
18 Li te di yo: “Ale nan vil la a yon sèten mesye e di li: ‘Mèt la di nou “Lè Mwen prèske rive. M ap fè fèt Jou Pak la lakay ou avèk disip Mwen yo.”’”
19 Disip yo te fè sa, jan Jésus te mande yo a. Konsa, yo te prepare Jou Pak la.
-
7 Retire vye ledven an pou nou kapab vin yon boul pat tounèf; kòmsi ke nou an reyalite deja san ledven. Paske Kris, Pak pa nou an, osi te sèvi kon sakrifis nou.
8 Konsa, annou selebre fèt la pa avèk vye ledven an, ni avèk move ledven an ak mechanste, men avèk pen san ledven nan plen senserite ak verite a.
-
32 Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, se pa Moïse ki te bay nou pen ki sòti nan syèl la, men se Papa M ki bay nou vre pen ki sòti nan syèl la. 33 Paske pen Bondye a se sila ki desann, sòti nan syèl la, e bay lavi a lemonn lan.”
-
1 Se pou nou vin imitatè a mwen menm, menm jan ke mwen osi se imitatè a Kris la.
-
8 Paske akoz Li twouve fot nan yo, Li di:
“Gade byen, jou yo ap vini, di Senyè a,
lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk kay Israël la
e avèk kay Juda a;
9 Pa tankou akò ke Mwen te fè avèk zansèt pa yo
nan jou ke M te pran yo nan men
pou mennen yo sòti an Égypte la;
paske yo pa t kontinye nan akò Mwen an
e Mwen pa t okipe yo, di Senyè a.
10 Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la
apre jou sa yo, di Senyè a:
Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo,
e Mwen va ekri yo nan kè yo.
Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
11 Epi yo p ap enstwi chak sitwayen parèy a yo
ak chak frè a yo, pou di: ‘Vin konnen Bondye’,
paske tout moun ap deja konnen Mwen, soti nan
pi piti jiska pi gran nan yo.
12 Paske Mwen va gen mizerikòd pou linikite pa yo
e Mwen p ap sonje peche yo ankò.
13 Lè L te di: “Yon akò tounèf”, Li fè premye a epwize nèt. Men, nenpòt sa ki vin epwize a, e ki vin vye, prè pou vin disparèt.
Shows Read in context, Share and Copy.