72 Bible Verses About God's Forgiveness
Bib Sen An (BSA)
-
9 Pou tout sa, priye konsa:
“‘Papa nou ki nan syèl la,
ke non Ou kapab Sen.
10 Ke Wayòm Ou kapab vini,
ke volonte Ou kapab fèt sou latè
menm jan ke li fèt nan syèl la.
11 Bay nou pou jou sa a pen
ke nou bezwen an,
12 Epi padone nou ofans nou yo
menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.
13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.
Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a
se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’
14 “Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm. 15 Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.
-
6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a. 7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.
8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.
-
5 Jésus, lè L te wè lafwa yo, te di a paralitik la: “Fis Mwen, peche ou yo padone.”
6 Men te gen kèk nan skrib yo ki te chita la ki te rezone nan kè yo: 7 “Poukisa nonm sa a pale konsa? L ap blasfeme; kilès sof ke Bondye sèl ki kab padone peche?”
8 Epi nan menm moman an, Jésus, okouran nan lespri Li ke yo t ap reflechi konsa, te di yo: “Poukisa nou ap rezone sou bagay sa yo konsa nan kè nou? 9 Kisa ki pi fasil pou di a paralitik la: ‘Peche ou yo padone’, oubyen leve pran palèt ou e mache?’ 10 Men pou nou ka konnen ke Fis a Lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche yo” —Li te di a paralitik la: 11 “Mwen di ou leve, pran palèt ou e ale lakay ou.”
12 Byen vit, li te leve, pran palèt li, e te sòti deyò devan tout moun. Yo tout te etone. Yo t ap bay glwa a Bondye. Yo t ap di: “Nou pa janm wè yon bagay konsa”.
-
3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a. 7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, 8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans,
-
29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
-
37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”
38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”
-
18 Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,
ki padone inikite,
e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li?
Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an,
akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.
19 Li va gen konpasyon pou nou ankò.
Li va foule inikite nou yo anba pye L.
Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.
20 Ou va bay verite a Jacob
ak mizerikòd a Abraham,
tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo
depi nan jou ansyen yo.
-
15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a. 16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’ 17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.
18 “Anverite Mwen di nou: “Nenpòt sa nou mare sou latè, l ap mare nan syèl la; e nenpòt sa nou lage sou latè, l ap lage nan syèl la.
19 “Ankò Mwen di nou ke si de nan nou dakò sou latè sou nenpòt bagay ke yo mande, li va fèt pou yo pa Papa M ki nan syèl la. 20 Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo.”
21 Apre sa, Pierre te vin kote L e te mande L: “Senyè, konbyen fwa frè m kapab peche kont mwen pou m toujou padone l? Jis sèt fwa?”
22 Jésus te reponn li: “Mwen p ap di ou sèt fwa, men jiska swasann-dis fwa sèt.
-
8 SENYÈ a plen mizerikòd ak gras,
lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.
9 Li p ap toujou goumen ak nou,
ni Li p ap kenbe kòlè Li jis pou tout tan.
10 Li pa t aji avèk nou selon peche nou yo,
ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.
11 Paske menm jan syèl yo pi wo pase tè a,
menm jan an lanmou dous Li a ye anvè sila ki krent Li yo.
12 Menm jan lès lwen lwès la,
Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.
13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,
se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.
14 Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt.
Li sonje byen ke nou pa plis ke pousyè.
-
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
-
25 Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo,
pou koz Mwen;
e Mwen p ap sonje peche ou yo.
26 Mete M nan memwa ou.
Annou diskite ka nou ansanm.
Prezante ka ou pou ou ka jistifye ak eprèv ou.
-
33 Lè yo te rive nan plas yo rele Plas Tèt Mò a, yo te krisifye Li avèk kriminèl yo, youn sou bò dwat, e youn sou bò goch.
34 Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm.
-
25 “Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo. 26 Men si nou pa padone, Papa nou nan syèl la p ap padone ofans pa nou yo nonplis.”
-
Yon Sòm David. Yon Sòm Refleksyon
1 A la beni se sila ki padone pou transgresyon li,
pou peche li ki kouvri a!
2 A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la,
e nan lespri a sila ki pa gen manti a.
3 Lè m te kenbe silans selon peche mwen,
kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.
4 Paske lajounen kon lannwit,
men Ou te lou sou mwen.
Fòs mwen te epwize vin bese
tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan
5 Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou,
e inikite mwen, mwen pa t ankò kache.
Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”,
epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.
6 Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm,
nan yon lè ke Ou toujou disponib.
Anverite, nan gran flèv dlo yo,
yo p ap kab rive kote Li ankò.
7 Ou se kote ke m konn kache a.
Ou pwoteje mwen kont gwo twoub.
Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.
-
3 Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo,
O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?
4 Men avèk Ou menm, gen padon,
pou moun ta gen reverans Ou.
-
35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.
36 “Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.
37 “Pa jije e nou p ap jije; pa kondane, e nou p ap kondane; padone, e nou va padone.
-
13 Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. 14 Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.
-
5 SENYÈ a te desann nan nyaj la, e Li te kanpe la avèk li pandan li t ap rele non SENYÈ a.
6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a; 7 ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”
-
16 Lave nou pou nou vin pwòp;
retire zak malonèt nou yo devan zye M.
Sispann fè mechanste.
17 Aprann fè sa ki bon;
chache lajistis,
fè sekou oprime yo,
defann òfelen yo,
plede ka a vèv la.
18 “Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a:
“Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj;
malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.
19 Si nou vin dakò e obeyi,
nou va manje pi bon bagay ki gen nan peyi a;
20 men si nou refize, e fè rebèl,
nou va devore pa nepe.”
Anverite, bouch SENYÈ a fin pale.”
-
13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj. 14 Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e onksyone li ak lwil nan non Senyè a. 15 Konsa, priyè ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone. 16 Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri.
Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay.
-
31 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda, 32 pa tankou akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a,” deklare SENYÈ a. 33 “Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a:
“Mwen va mete lalwa M anndan yo
e sou kè yo Mwen va ekri l;
epi Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
34 “Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li,
e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’
paske yo tout va konnen Mwen,
soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,”
deklare SENYÈ a,
“paske Mwen va padone inikite yo,
e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
-
39 “Nou se temwen a tout bagay ke Li te fè nan peyi Jwif yo, ak nan Jérusalem. Anplis yo te mete Li a lanmò lè yo te pann Li sou yon kwa. 40 Bondye te fè l leve nan twazyèm jou a, e te pèmèt ke Li te vin vizib 41 pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a. 42 Konsa, Li te kòmande nou pou preche a pèp la, epi solanèlman, temwaye ke Li se Sila a ki te nome pa Bondye, kòm Jij a vivan e a mò yo.
43 “A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”
-
21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.
-
6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;
rele Li pandan Li toupre a.
7 Kite mechan an abandone chemen li an,
ak pechè a, panse li yo.
Kite li retounen kote SENYÈ a
e Li va gen mizerikòd sou li;
anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.
-
26 Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”
27 Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout; 28 paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo.
-
47 “Pou rezon sa a Mwen di ou, peche li yo ki te anpil, vin padone, paske li te renmen anpil: men sila a ki padone piti, renmen piti.”
48 Answit Li te di li: “Peche ou yo padone”.
49 Sila ki te sou tab avèk Li yo te kòmanse di a yo menm: “Ki moun sa ye ki menm padone peche?”
50 Epi Li te di a fanm nan: “Lafwa ou sove ou; ale anpè.”
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.
-
19 “Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a; 20 epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè, 21 Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan restorasyon tout bagay ke Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an.
-
17 “Epi peche ak inikite yo,
Mwen p ap sonje yo ankò.”
18 Alò, kote gen padon pou bagay sa yo, nanpwen ofrann pou peche ankò.
-
1 Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la. 2 Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.
-
5 Paske Ou menm, Senyè a,
Ou plen bonte e Ou prèt pou padone,
ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila
ki rele sou non Ou yo.
-
38 “Konsa, kite sa vin konnen a nou menm, frè yo, ke atravè Li menm, padon pou peche yo pwoklame a nou menm. 39 Selon Li menm, tout moun ki kwè yo, vin lib de tout bagay ke nou pa t kapab libere pa Lalwa Moïse la.
-
8 Paske akoz Li twouve fot nan yo, Li di:
“Gade byen, jou yo ap vini, di Senyè a,
lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk kay Israël la
e avèk kay Juda a;
9 Pa tankou akò ke Mwen te fè avèk zansèt pa yo
nan jou ke M te pran yo nan men
pou mennen yo sòti an Égypte la;
paske yo pa t kontinye nan akò Mwen an
e Mwen pa t okipe yo, di Senyè a.
10 Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la
apre jou sa yo, di Senyè a:
Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo,
e Mwen va ekri yo nan kè yo.
Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
11 Epi yo p ap enstwi chak sitwayen parèy a yo
ak chak frè a yo, pou di: ‘Vin konnen Bondye’,
paske tout moun ap deja konnen Mwen, soti nan
pi piti jiska pi gran nan yo.
12 Paske Mwen va gen mizerikòd pou linikite pa yo
e Mwen p ap sonje peche yo ankò.
-
23 “Pou rezon sa a, wayòm syèl la kapab konpare avèk yon sèten wa ki te vle regle kont lajan yo avèk esklav li yo. 24 Lè li kòmanse regle yo, yo mennen bay li yon nonm ki te dwe li di-mil talan (yon fòtin imans.) 25 Men akoz ke li pa t gen mwayen pou peye, mèt li te kòmande ke yo ta vann mesye a, ni madanm li ak Pitit li yo ak tout sa li te posede, pou ranbousman an ta kapab fèt.
26 “Konsa, esklav la vin tonbe atè pwostène devan li, e te di: ‘Gen pasyans avè m e m ap peye ou tout.’ 27 Konsa, mèt esklav sila a te santi konpasyon pou li, te lage li e te padone dèt la.
28 “Men esklav la te ale twouve yon lòt esklav parèy li, ki te dwe l san denye (yon ti kòb). Li te sezi li, e te kòmanse trangle l e te di: ‘Peye sa ou dwe a’.
29 “Esklav parèy li a te tonbe pwostène e te sipliye l: ‘Pran pasyans avè m, e m ap peye ou.’ 30 Men li pa t vle fè sa. Li te voye jete l nan prizon jis lè li ta kapab repeye tout sa li te dwe a.
31 “Lè lòt esklav yo te wè sa ki te rive a, yo te byen twouble. Yo te vin bay yon rapò a mèt pa yo a sou tout sa ki te rive yo.
32 “Konsa, mèt li a te voye yon manda pou fè l vini. Li te di l: Ala esklav mechan ou ye! Mwen te padone ou tout dèt sa a, paske ou te sipliye m. 33 Konsa, èske ou pa t dwe gen konpasyon pou esklav parèy ou a menm jan ke mwen te gen konpasyon pou ou a? 34 Epi mèt li a, byen fache, te livre bay moun nan pou l tòtire jis lè li ta repeye tout sa li te dwe l la.
35 “Konsa Papa M nan syèl la va fè a nou menm osi si nou pa padone frè nou yo jis nan kè nou.”
-
9 Sila ki kouvri yon transgresyon, chache lanmou;
men sila ki repete yon koze, separe bon zanmi yo.
-
13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;
men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.
-
21 Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”
22 E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: “Resevwa Lespri Sen an.
23 “Si nou padone peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padone. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe.”
-
14 epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.
-
44 Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”
45 Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo. 46 Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a. 47 Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem. 48 Nou menm se temwen a bagay sa yo.
-
22 Epi selon Lalwa, se prèske tout bagay ki netwaye avèk san, e san vèsman san, nanpwen padon.
-
17 “Men koulye a, mwen priye, pou pwisans a SENYÈ a vin gwo, jis jan ke Ou te deklare a, 18 ‘SENYÈ a lan nan fè kòlè; Li ranpli avèk lanmou dous, ki padone inikite avèk transgresyon yo. Li p ap janm bliye tò a koupab yo, men Li va vizite inikite a papa yo sou pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.’
19 “Padone, mwen priye Ou, inikite a pèp sa a selon grandè lanmou dous Ou a, jis jan ke Ou menm, osi, te padone pèp sa a, depi an Égypte pou jis rive koulye a.”
20 Konsa, SENYÈ a te di: “Mwen te padone yo, jan ou te mande a; 21 men vrèman, jan Mwen viv la, tout latè va ranpli avèk laglwa SENYÈ a. 22 Vrèman, tout mesye ki te wè glwa Mwen ak sign Mwen te fè an Égypte ak nan dezè a, malgre sa, yo vin pase Mwen a leprèv pandan menm dis fwa sa yo, e yo pa t koute vwa M. 23 Pa gen youn nan yo k ap wè peyi ke M te sèmante a papa yo a, ni p ap gen nan sila ki te rejte M yo, k ap wè l.
-
20 Lè L te wè lafwa yo, Li te di: “Mesye, peche ou yo padone”.
21 Skrib yo avèk Farizyen yo te kòmanse rezone. Yo t ap di: “Ki moun sa k ap blasfeme konsa? Kilès ki kapab padone peche sof ke Bondye sèl?”
22 Men Jésus, ki te okouran de jan yo t ap reflechi a, te reponn e te di yo: “Poukisa nou ap reflechi nan kè nou konsa? 23 Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen pou di: ‘Leve mache’? 24 Men pou nou kab konnen ke Fis a Lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche yo,” li te di a paralitik la: “Mwen di ou leve, pran kabann ou e ale lakay ou.”
25 Lapoula nonm nan te leve devan yo, ranmase nat li, e li te ale lakay li ranpli avèk lwanj Bondye.
-
13 Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo. 14 Konsa Li te anile sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a. 15 Lè Li te fin dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.
16 Konsa, pa kite pèsòn aji kòm jij nou konsènan manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba. 17 Bagay sila yo se lonbraj a sila ki dwe vini an; men vre sibstans lan apatyen a Kris.
-
23 “Pou sa, lè ou ap prezante ofrann ou sou lotèl la, e pandan ou la, ou sonje ke frè ou a gen yon bagay kont ou, 24 kite ofrann ou an la devan lotèl la e ale fè wout ou. Premyeman, rekonsilye avèk frè ou, e apre vin prezante ofrann ou an.
-
31 Pou sa, Mwen di nou, nenpòt peche, menm blasfèm kapab padone; men blasfèm kont Lespri Sen an p ap kapab padone. 32 Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan laj sila a ni nan laj k ap vini an.
-
31 Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo.
-
17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.
-
Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.
1 Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.
Selon grandè a mizerikòd ou,
efase transgresyon mwen yo.
2 Lave m nèt de inikite mwen yo e
netwaye m de peche mwen an.
3 Paske mwen konnen transgresyon mwen yo.
Peche mwen yo devan m tout tan.
4 Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,
e te fè mal devan zye Ou.
Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.
5 Gade byen, mwen te fèt nan inikite,
e se nan peche manman m te vin ansent mwen.
-
2 Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”
3 Kèk nan skrib yo te reflechi nan kè yo: “Moun sa a ap blasfeme.”
4 Men Jésus te konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou? 5 Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen ‘leve mache’? 6 Men pou nou kapab konprann ke Fis a lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche”, Li te di a paralitik la: “Leve, pran kabann ou e ale lakay ou!”
-
1 “Konsa li va ye lè tout bagay sa yo fin vini sou nou, benediksyon an avèk madichon an ke mwen te mete devan nou pou nou sonje yo nan tout nasyon kote SENYÈ a va egzile nou yo, 2 epi ou retounen kote SENYÈ Bondye ou a, pou obeyi vwa Li ak tout kè e tout nanm ou, selon tout sa ke M kòmande ou jodi a, ou menm anplis ak fis ou yo. 3 Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, va restore nou apre kaptivite sila a e Li va vin gen konpasyon sou nou. Li va ranmase nou ankò sòti nan tout pèp kote SENYÈ a, Bondye nou an, te gaye nou yo. 4 Si moun egzil sa yo nan lòt pwent tè a, soti la, SENYÈ a, Bondye nou an, va ranmase nou. Epi soti la, Li va mennen nou tounen. 5 SENYÈ a, Bondye nou an, va mennen nou antre nan peyi ke zansèt nou yo te posede a. Nou va posede li, epi Li va fè nou pwospere e vin miltipliye plis ke zansèt nou yo. 6 Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va sikonsi kè nou ak kè desandan nou yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, pou nou kapab viv. 7 SENYÈ a, Bondye nou an, va aflije lènmi nou yo avèk tout madichon sa yo ansanm ak sila ki rayi nou yo, ki te pèsekite nou yo. 8 Konsa, nou va ankò obeyi SENYÈ a e obsève tout kòmandman li yo ke Mwen te kòmande nou jodi a. 9 Epi SENYÈ a, Bondye nou an, va fè nou vin pwospere anpil nan travay men nou, nan fwi zantray nou yo, nan pòtre a bèt nou yo ak nan pwodwi ki sòti nan tè yo; paske SENYÈ a va ankò rejwi de nou pou bonte nou, jis jan ke Li te rejwi de zansèt nou yo, 10 si nou obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe kòmandman Li yo ak lwa Li yo ki ekri nan liv lalwa sila a, si nou vire vè SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè ak nanm nou.
11 “Paske kòmandman sila ke mwen bannou jodi a pa twò difisil pou nou, ni li pa twò wo pou nou pa rive kote l. 12 Li pa nan syèl la, pou nou ta di: ‘Kilès ki va monte nan syèl la pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li?’ 13 Ni li pa lòtbò lanmè a, pou nou ta di: ‘Kilès k ap travèse lanmè a, pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li.’ 14 Men pawòl la toupre nou, nan bouch nou ak nan kè nou, pou nou kapab swiv li.
-
7 Beni se sila yo ki bay mizerikòd;
yo va resevwa mizerikòd.
-
4 Konsa, padone peche nou yo, paske nou
menm osi padone tout sila ki dwe nou.
Pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de sila ki mechan an.’”
-
23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.
-
12 M ap ekri nou, timoun yo, paske peche nou yo gen tan padonnen pou kòz a non Li.
-
16 Men yo menm, zansèt nou yo, te aji avèk awogans. Yo te fè tèt di, epi te refize koute kòmandman Ou yo. 17 Yo te refize koute e yo pa t sonje mèvèy ke Ou te fè pami yo. Konsa, yo te vin tèt di, e te chwazi yon chèf ki pou mennen yo retounen nan esklavaj yo an Egypte. Men Ou se yon Bondye ki padone, plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous. Ou pa t abandone yo.
-
17 Alò, mwen te manke gen lapè;
men Ou menm ki te kenbe nanm mwen,
pou l pa antre nan fòs gwo abim nan,
Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou.
-
13 Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.”
Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,
paske Li plen gras ak mizerikòd,
lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,
e konn ralanti nan fè malè.
-
43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?
48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”
-
3 Konsa, li te vini nan tout distri ki te antoure Jourdain yo, e li t ap preche yon batèm repantans pou padon peche yo. 4 Jan sa ekri nan liv pawòl a Ésaïe yo, pwofèt la:
“Lavwa a yon moun k ap kriye nan dezè a,
‘Prepare chemen SENYÈ a,
Fè wout Li yo dwat,
5 Chak vale va ranpli,
E tout gwo mòn ak ti kolin va vin bese.
Kwochi yo a va vin drese,
E move wout yo va vin swa.
6 Tout chè va wè delivrans Bondye a.’”
-
22 Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, si posib, entansyon kè ou kapab vin padone.
-
15 “Konsa, mwen te reponn: ‘Ki moun Ou ye, Senyè?’
“E Senyè a te di: ‘Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a. 16 Men leve kanpe sou pye ou. Se pou rezon sa ke m te parèt kote ou; pou nome ou kòm yon sèvitè ak yon temwen, non sèlman a bagay ke ou wè, men osi a bagay ke Mwen menm va fè vin parèt a ou menm; 17 k ap delivre ou de pèp Jwif la, ak pèp etranje yo, pami sila m ap voye ou yo, 18 pou louvri zye yo pou yo kapab tounen kite tenèb la pou limyè a, e domèn Satan pou sila a Bondye, pou yo kapab resevwa padon peche yo ak yon eritaj pami sila ki sanktifye pa lafwa nan Mwen yo.’
-
8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm.
-
3 Inikite m t ap kanpe kont mwen;
men pou transgresyon nou yo,
Ou kouvri yo.
-
28 “Anverite, Mwen di nou tout peche fis a lòm yo ap padone, e menm nenpòt blasfèm yo fè; 29 men nenpòt moun ki blasfeme kont Lespri Sen an p ap janm gen padon, men yo va rete koupab de yon peche etènèl.”
30 Paske yo t ap di ke “Li gen yon move lespri”.
-
1 Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. 2 Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a. 3 Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, 4 pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a.
-
32 Men koulye a, si Ou va padone, padone peche yo—e si non, souple efase mwen nan liv ke Ou te ekri a!”
-
9 Fè nou sekou, O Bondye sali nou an, pou glwa a non Ou.
Delivre nou e padone peche nou yo, pou koz a non Ou.
-
20 Men pandan li t ap anvizaje sa, konsa, yon zanj Bondye te parèt devan li nan yon rèv epi te di l konsa:
“Joseph, fis a David la, ou pa bezwen pè pran Marie kon madanm ou; pwiske sa ki gen tan plase nan vant li an, soti nan Lespri Sen an. 21 Li va fè yon fis, epi ou va rele li Jésus paske se Li menm ki va sove pèp li a de peche yo.”
-
4 Jean Baptiste te parèt nan savann nan pou preche batèm repantans lan pou padon peche yo.
-
7 “Beni se tout moun ki gen tan padone pou tout inikite yo,
e ke peche pa yo gen tan fin kouvri.
-
4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
-
8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.
Shows Read in context, Share and Copy.