58 Bible Verses About Understanding

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Understanding
  1. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

    7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

    krent SENYÈ a e vire kite mal.

  2. 9 Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann, 10 pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye, 11 ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa, 12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a.

  3. 7 Konsidere sa ke m di a, paske Senyè a va ba ou bon konprann nan tout bagay.

  4. 28 Paske yo se yon nasyon ki manke bon konsèy.

    Yo san konprann.

    29 Pito ke yo te saj, ke yo te konprann sa,

    ke yo te konprann avni yo!

  5. 13 Se pou sa Mwen pale ak yo an parabòl; paske pandan y ap gade yo p ap wè, e pandan y ap tande yo p ap koute, ni yo p ap konprann. 14 Se nan yo menm, ke pwofesi Ésaïe a ap akonpli lè l di:

    ‘Nou va kontinye tande, men nou p ap konprann;

    nou va kontinye gade, men nap manke apèsi.

    15 Paske kè a pèp sa a pa sansib ankò.

    Avèk zòrèy yo manke tande e yo fèmen zye yo;

    otreman yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo,

    konprann avèk kè yo, e retounen pou M ta kapab geri yo.’

  6. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye.

  7. 5 “Nou wè, mwen te enstwi nou règleman avèk jijman yo jis jan SENYÈ a, Bondye mwen an, te kòmande mwen an, pou nou ta fè konsa nan peyi kote nou ap antre pou posede a. 6 Pou sa, kenbe yo e fè yo paske sa se sajès avèk konprann nou devan zye a tout pèp ki va tande tout règleman sa yo e ki va di: ‘Anverite, nasyon sa a se yon pèp ki saj e ki gen konprann.’

  8. 29 Alò, Bondye te bay Salomon sajès avèk gran kapasite pou fè bon jijman, avèk entèlijans ki te vast tankou sab arebò lanmè.

  9. 12 Sèlman ke SENYÈ a ta kapab bay ou sajès avèk konprann pou fè ou renye sou Israël, pou ou kapab kenbe lalwa a SENYÈ a, Bondye ou a.

  10. 104 Soti nan òdonans Ou yo, mwen jwenn bon konprann.

    Pou sa, mwen rayi tout fo chemen yo.

  11. 11 Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl. 12 Pou l rive ke Malgre yo wè, yo kapab wè san apèsi; e pandan y ap tande, yo kapab tande e pa konprann. Otreman, yo ta kab retounen pou twouve padon.”

  12. 25 Lè yo pa t dakò youn avèk lòt, yo te kòmanse pati lè Paul te fin pale dènye pawòl sila a: “Lespri Sen an te gen rezon lè l te pale atravè Ésaïe, pwofèt a zansèt nou yo, 26 Lè l te di:

    ‘Ale nan pèp sa epi di:

    “Nou va toujou tande,

    men nou p ap konprann.

    Nou va toujou gade,

    men nou p ap wè anyen.

    27 Paske kè a moun sa yo vin di.

    Zòrèy pa yo, yo manke tande.

    E yo fèmen zye yo;

    otreman pou yo ta wè avèk zye yo,

    tande avèk zòrèy yo,

    konprann avèk kè yo,

    e retounen, pou Mwen ta geri yo.’

  13. 17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras. 20 Men nou pa t aprann Kris nan fason sa a, 21 si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. 22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, 24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.

  14. 20 Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè a. Konsa, nou nan Li ki se vrè a, nan Fis Li a , Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.

  15. 8 “Souple, fè rechèch nan jenerasyon zansèt ansyen yo,

    e bay konsiderasyon a bagay ke papa yo te twouve.

    9 Paske nou menm se sèl bagay ayè nou konnen,

    e nou pa konnen anyen,

    paske jou pa nou yo sou latè

    se sèl yon lonbraj ki pase.

    10 Èske yo p ap enstwi ou, pale ou e

    fè pawòl ki nan tèt yo vin parèt?

  16. 28 Konsa, a lòm Li te di:

    ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès;

    epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”

  17. 9 Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm,

    ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo.

    Otreman, yo p ap vin kote ou.

  18. 6 Paske, SENYÈ a bay sajès.

    Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.

  19. 14 Konsèy ak bon sajès se pou mwen.

    Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.

  20. 10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès

    e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.

  21. 12 Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt;

    men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.

  22. 11 Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen;

    men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.

  23. 15 Bon konprann pwodwi favè;

    men chemen moun ki pa fidèl la di.

  24. 27 Sila ki kenbe pawòl li, gen konesans;

    e sila ki gen lespri kalm nan se yon nonm ak bon konprann.

  25. 1 Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l;

    bon jijman an pa anyen devan l.

    2 Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann;

    men sèlman nan devwale pwòp panse li.

  26. 30 Mwen te pase nan chan parese a;

    akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.

    31 Epi gade byen, li te plen ak raje pikan,

    e kouvri ak move zèb,

    Miray an wòch la te fin kraze nèt.

  27. 22 “Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.”

  28. 10 Li te di: “A nou menm li pèmi pou konnen mistè a wayòm Bondye a, men pou lòt yo, li fèt an parabòl, dekwa ke nangade, yo vin pa wè, e nan tande, pou yo pa konprann.

  29. 45 Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo.

  30. 18 Men sajès. Kite sila ki gen bon konprann nan, kalkile chif a bèt la, paske chif la se sa ki pou yon moun. E chif li a se sis-san-swasann-sis.

  31. 4 Paske Ou te anpeche kè yo konprann;

    pou sa, ou p ap egzalte yo.

  32. 8 Men se yon lespri ki nan lòm,

    e se souf a Toupwisan an ki bay yo bonkonprann.

  33. 10 “Pou sa, koute mwen, nou menm ki gen bon konprann.

    Fòk se lwen pou Bondye ta fè mechanste,

    e pou Toupwisan an fè mal.

    11 Paske Li rekonpanse lòm selon zèv li yo,

    e fè li jwenn selon chemen li.

  34. 36 Se kilès ki te mete sajès nan kè lòm,

    oswa te bay bon konprann nan panse a?

  35. 34 Ban mwen bon konprann, pou m kab obsève lalwa Ou.

    Konsa, mwen va kenbe li ak tout kè m.

  36. 130 Lè pawòl Ou antre, li bay limyè.

    Li bay bon konprann a sila ki senp yo.

  37. 5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.

    Bon konprann Li an san limit nèt.

  38. 1 Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa,

    e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,

  39. 2 Lespri SENYÈ a va poze sou Li,

    lespri a sajès ak bon konprann,

    lespri a konsèy ak pwisans lan,

    lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.

  40. 28 Èske nou pa konnen?

    Èske nou pa tande?

    Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,

    Kreyatè a dènye pwent latè a,

    pa konn fatige, ni bouke.

    Konprann pa Li depase tout bon konprann.

  41. 10 “Nou se temwen Mwen,” deklare SENYÈ a,

    “Ak sèvitè ke M te chwazi;

    pou nou ka konnen, kwè nan Mwen

    e konprann ke Mwen se Li menm nan.

    Avan Mwen, pa t gen lòt Bondye ki te fòme

    e apre Mwen, p ap gen menm.

  42. 24 Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa;

    ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,

    ke Mwen se SENYÈ a,

    ki aji nan lanmou dous, jistis,

    ak ladwati sou latè a;

    paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.

  43. 21 Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo.

    Li retire wa e Li etabli wa.

    Li bay sajès a moun saj yo,

    e konesans a moun ki gen bon konprann.

  44. 23 Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”

  45. 18 Epi Li te di yo: “Èske nou si tèlman manke konprann tou? Èske nou pa konprann ke sa ki sòti deyò yon nonm pou antre ladann pa kapab souye l, 19 paske sa pa antre nan kè l, men nan vant li epi li vin elimine?” (Konsa Li te deklare ke tout kalite manje pwòp.)

    20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”

  46. 30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’

    31 “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”

    32 Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm. 33 E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen tankou tèt nou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”

    34 Lè Jésus te wè ke li te reponn avèk bon konprann, Li te di li: “Ou pa lwen wayòm Bondye a”.

    Apre sa, pèsòn pa t tante poze Li okenn lòt kesyon.

  47. 32 Men Li te di yo: “Mwen gen manje ke nou pa konnen.”

    33 Pou sa disip yo t ap di a youn lòt: “Èske ou kwè ke moun pote bay Li kèk bagay pou L manje?”

  48. 43 “Poukisa nou pa konprann sa ke M ap di a? Se paske nou pa kapab tande pawòl Mwen.

    44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.

    45 “Men akoz ke Mwen pale laverite, nou pa kwè M.

  49. 40  “Li te fè zye yo avegle, e te fè kè yo di,

    sof ke yo wè avèk zye yo, apèsi avèk kè yo,

    epi vin konvèti, epi Mwen ta geri yo.”

  50. 30 Philippe te kouri kote li. Konsa, li te tande ke li t ap li Ésaïe pwofèt la, epi li te mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”

    31 Li te reponn: “Kijan mwen ta kapab, amwenske yon moun gide m?” Li te envite Philippe monte chita avè l.

  51. 18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

  52. 21 Men jan sa ekri a:

    “Sila ki pa gen nouvèl Li yo va wè,

    e sila ki pa tande yo va konprann”.

  53. 16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an. 22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, 23 ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.

  54. 14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.

  55. 9 Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman. 10 Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la;

  56. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

  57. 3 Pa lafwa nou konprann ke mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.

  58. 13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.