53 Bible Verses About Kids
Bib Sen An (BSA)
-
1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
-
3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.
Fwi a vant la se yon rekonpans.
4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,
Se konsa pitit a jèn yo ye.
5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.
Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.
-
1 Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”
2 Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo. 3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la. 4 Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.
5 “Epi nenpòt moun ki resevwa yon pitit tankou sa a nan non Mwen, li resevwa Mwen. 6 Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.
-
13 Konsa yo t ap pote timoun bay li pou L ta kapab touche yo, e disip yo te reprimande yo.
14 Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo. 15 Anverite Mwen di nou: nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a kon yon timoun, li p ap antre li menm.”
16 Epi li te pran yo nan bra Li, te beni yo, e te poze men L sou yo.
-
13 Apre sa, yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.
14 Konsa, Jésus te di: “Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”. 15 Apre Li mete men Li sou yo, Li kite la.
-
6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
-
20 Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.
21 Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.
-
33 Yo te vini Capernaüm, e lè Li te nan kay la, Li te kòmanse kesyone yo: “De kisa nou t ap diskite nan wout la?” 34 Men yo te rete an silans; paske nan wout la, yo t ap diskite de kilès nan yo ki te pi gran.
35 Lè Li te fin chita, Li te rele douz yo, e Li te di yo: “Si yon moun vle premye, li va dènye de tout moun, e vin sèvitè a tout moun.”
36 Li te pran yon timoun, e te fè l chita devan yo. Epi lè L pran li nan bra Li, Li te di yo: 37 “Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou sila a nan non pa M, resevwa M; e nenpòt moun ki resevwa M, li pa resevwa Mwen, men Sila ki voye Mwen an.”
-
8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,
e pa abandone leson a manman ou yo;
9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,
ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
-
5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
-
14 Avèg yo avèk bwate yo te vin kote L nan tanp lan, e Li te geri yo.
15 Men lè chèf prèt yo avèk skrib yo te wè tout mèvèy ke Li te fè yo, epi timoun nan tanp yo ki t ap kriye: “Ozana a Fis a David la!”, yo te ankòlè anpil. 16 Epi yo te di Li: “Ou pa tande kisa timoun sa yo ap di?” Jésus te reponn yo: “Wi, nou pa janm konn li ‘Nan bouch a timoun avèk ti bebe k ap tete yo, nou prepare lwanj pou Ou menm’”?
-
12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
-
7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.
9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.
11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.
-
11 Si mwen di: “Anverite, tenèb la va kouvri mwen,
e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,”
12 menm tenèb la pa tenèb pou Ou,
e fènwa a klere menm jan ak lajounen.
Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.
13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.
Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.
14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,
paske mwen fèt yon fason mèvèye.
Zèv Ou yo depase bon konprann
e nanm mwen byen konnen sa.
15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,
e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.
16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.
Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te
òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
-
15 Alò, yo t ap pote menm tibebe bay li pou Li ta kapab touche yo, men lè disip yo te wè sa, yo te kòmanse reprimande yo.
16 Men Jésus te rele yo, e te di: “Kite timoun yo vin kote Mwen, e pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila yo ki tankou yo menm.
17 “Anverite, Mwen di nou: ‘Nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap antre ladan l menm.’”
-
15 Foli mare nan kè a yon timoun;
baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.
-
17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;
anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.
-
46 Konsa, yon gwo diskisyon te leve pami yo sou kilès nan yo ki ta pi gran.
47 Men Jésus, byen okouran a sa yo t ap panse nan kè yo a, te pran yon timoun. Li te mete li kanpe akote Li. 48 Li te di yo: “Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a nan non Mwen an resevwa Mwen; e nenpòt moun ki resevwa Mwen, resevwa Papa a, ki te voye Mwen an. Paske sila ki pi piti pami nou an, se li menm ki pi gran.”
-
15 Baton ak repwòch bay sajès;
men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.
-
24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;
men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.
-
15 Sila ki frape papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.
16 Sila ki kidnape yon nonm, oswa ke li vann li, oswa yo twouve li nan posesyon li, li va vrèman mete a lanmò.
17 Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.
-
6 Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,
e glwa a fis yo se papa yo.
-
11 Vini, pitit, koute mwen.
Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.
-
5 Yon moun ensanse refize disiplin a papa l;
men sila ki aksepte repwòch gen sajès.
-
32 “Alò, pou sa, fis yo, koute mwen;
paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.
33 Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.
-
11 Menm yon timoun vinrekonèt pa zèv li;
si li aji byen e si kondwit li dwat.
12 Zòrèy ki tande ak zye ki wè;
se SENYÈ a ki te fè tou de.
-
16 ‘Onore papa nou avèk manman nou, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou jou nou yo kapab pwolonje, e pou sa kapab ale byen avèk nou nan peyi ke SENYÈ a bannou an.
-
1 Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa,
e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
2 Paske mwen bay ou bon konsèy;
pa abandone enstriksyon mwen.
3 Lè m te yon jenn timoun ak papa m,
byen jenn e sèl fis devan zye a manman m,
4 Alò, li te enstwi mwen e te di mwen:
“Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen;
kenbe lòd mwen yo pou ou viv.
5 Vin ranmase sajès!
Ranmase bon konprann!
Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.
6 Pa abandone li e li va pwoteje ou;
renmen li e li va veye sou ou.
7 Men sa ki kòmansman sajès la:
Ranmase sajès!
Epi avèk sa ou rasanble a,
chache bon konprann.
-
1 Konsa mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang 2 epi tankou tibebe ki fenk ne, se pou nou gen lanvi pou lèt pi a pawòl la, pouke pa li menm, nou kapab grandi vè sali, 3 si vrèman nou te goute dousè a Senyè a.
-
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
-
13 Pa ralanti disiplin sou yon timoun;
malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.
14 Ou va frape li ak baton
pou delivre nanm li de sejou mò yo.
-
5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.
-
3 Paske mwen te tèlman kontan lè frè yo te vin pote temwayaj a verite ou, ki jan ou mache nan laverite a. 4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.
-
14 Ke SENYÈ a kab fè nou grandi plis,
nou menm ak pitit nou yo.
-
3 Madanm ou ap tankou yon chan rezen
ki bay anpil rezen lakay ou.
Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.
-
7 “Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri. 8 Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri. 9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.
-
30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’
-
11 “Alò, sipoze ke youn nan papa nou yo resevwa yon demann de fis li pou yon pen. Li p ap bay li yon wòch olye de pen. Se pa sa? O si li mande pou yon pwason, èske li va bay li yon koulèv? 12 Oubyen si li mande li pou bay li yon ze, èske l ap bay li yon eskòpyon? 13 Si nou menm ki mechan, alò, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis Papa nou nan syèl la va bay Lespri Sen an a sila yo ki mande Li?”
-
1 Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2 Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.
-
1 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ale vè Farawon, paske Mwen te fè kè l di, ak kè a sèvitè li yo, pou Mwen kapab fè sign sa yo selon Mwen menm pami yo, 2 epi pou ou kapab rakonte nan zòrèy fis ou yo, ak fis a fis ou yo sa Mwen te fè Égypte, ak jan Mwen te fè sign Mwen yo pami yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
-
9 “‘Si yon moun anmède papa li oswa manman li, li va vrèman vin mete a lanmò. Li te anmède papa li oswa manman li. Koupabilite san li rete sou li.
-
20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou
e pa abandone enstriksyon manman ou.
-
1 Pwovèb a Salomon yo.
Yon fis ki saj fè papa li kontan,
men yon fis ki plen ak foli
se yon gwo doulè pou manman l.
-
20 Yon fis ki saj fè papa l kontan;
men yon gason ensanse meprize manman l.
-
18 Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa;
pa chache lanmò li.
-
24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,
e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.
-
1 Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo,
avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di:
“Mwen pa pran plezi nan yo;”
-
42 “Nenpòt moun ki fè youn nan pitit sa yo ki kwè vin chape tonbe, li t ap pi bon pou li si yo te mete yon gwo wòch moulen nan kou li, e jete l nan lanmè.
-
21 Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.
-
11 Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo.
-
20 Frè m yo pa fè tankou timoun nan jan nou reflechi. Nan sa ki mal la rete inosan tankou tibebe, men nan jan nou panse, reflechi tankou granmoun.
-
26 Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus. 27 Paske nou tout ki te batize nan Kris la te abiye tèt nou avèk Kris.
-
4 men si yon vèv gen pitit, oswa pitit pitit, yo dwe, dabò, aprann pratike respè anvè pwòp fanmi pa yo, e repeye pwòp paran pa yo, paske sa akseptab devan zye Bondye.
Shows Read in context, Share and Copy.