22 Bible Verses About Children

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Children
  1. 1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.

    4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.

  2. 3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.

    Fwi a vant la se yon rekonpans.

    4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,

    Se konsa pitit a jèn yo ye.

    5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.

    Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

  3. 1 Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”

    2 Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo. 3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la. 4 Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.

    5 “Epi nenpòt moun ki resevwa yon pitit tankou sa a nan non Mwen, li resevwa Mwen. 6 Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.

  4. 13 Konsa yo t ap pote timoun bay li pou L ta kapab touche yo, e disip yo te reprimande yo.

    14 Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo. 15 Anverite Mwen di nou: nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a kon yon timoun, li p ap antre li menm.”

    16 Epi li te pran yo nan bra Li, te beni yo, e te poze men L sou yo.

  5. 7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.

    9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.

    11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.

  6. 15 Sila ki frape papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.

    16 Sila ki kidnape yon nonm, oswa ke li vann li, oswa yo twouve li nan posesyon li, li va vrèman mete a lanmò.

    17 Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.

  7. 6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,

    e lè li vin gran, li p ap kite li;

    menm lè l granmoun, li p ap kite li.

  8. 17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;

    anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.

  9. 12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.

  10. 8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,

    e pa abandone leson a manman ou yo;

    9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,

    ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.

  11. 13 Apre sa, yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.

    14 Konsa, Jésus te di: “Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”. 15 Apre Li mete men Li sou yo, Li kite la.

  12. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”

  13. 20 Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.

    21 Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.

  14. 14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

    16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  15. 12 ou va konsakre a SENYÈ a premye ne nan tout vant, ak premye ne nan chak bèt ke ou posede. Mal yo se pou SENYÈ a ke yo ye. 13 Men chak premye pòtre a yon bourik, ou va bay li kòm ranson avèk yon jenn mouton. Men si ou pa bay li kòm ranson, alò, ou va kase kou li, epi chak premye ne nan lòm pami fis ou yo ou va bay li kòm ranson.

    14 “Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, pou di: ‘Kisa sa ye?’, alò ou va di li: ‘Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la. 15 Li te rive ke lè Farawon te fè tèt di sou afè kite nou ale a, ke SENYÈ a te touye chak premye ne ki te fèt nan peyi Égypte la, ni premye ne nan lòm, ni premye ne nan bèt. Pou sa, mwen fè sakrifis a SENYÈ a, mal yo; premye pòtre a chak vant, men premye ne nan fis mwen yo, mwen ransone yo.’

  16. 22 Men Anne pa t monte, paske li te di a mari li: “Mwen p ap monte jiskaske pitit la sevre. Epi mwen va pote li pou l kapab parèt devan SENYÈ a pou l rete la nèt.”

    23 Elkana, mari li te di li: “Fè sa ki sanble bon a ou menm. Rete jiskaske ou sevre li; sèlman ke SENYÈ a kapab acheve pawòl li.”

    Konsa, fanm nan te rete pran swen pitit la jiskaske li te vin sevre. 24 Alò, lè li te fin sevre li, li te pran li monte avè l ansanm avèk yon towo twazan, yon efa farin, ak yon boutèy diven. Li te mennen li lakay a SENYÈ a nan Silo, malgre pitit la te tèlman piti.

  17. 2 Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo,

    Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo,

    pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.

  18. 9 Li fè fanm steril la vin rete nan kay

    kon yon manman pitit ak kè kontan.

    Louwe SENYÈ a!

  19. 1 Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an,

    men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;

    2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo

    va vin ogmante sou ou.

    3 Pa kite dousè ak verite kite ou.

    Mare yo antoure kou ou.

    Ekri yo sou tablo kè ou.

    4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon

    nan men Bondye a, ak moun.

    5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  20. 1 Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa,

    e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,

    2 Paske mwen bay ou bon konsèy;

    pa abandone enstriksyon mwen.

    3 Lè m te yon jenn timoun ak papa m,

    byen jenn e sèl fis devan zye a manman m,

    4 Alò, li te enstwi mwen e te di mwen:

    “Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen;

    kenbe lòd mwen yo pou ou viv.

    5 Vin ranmase sajès!

    Ranmase bon konprann!

    Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.

    6 Pa abandone li e li va pwoteje ou;

    renmen li e li va veye sou ou.

    7 Men sa ki kòmansman sajès la:

    Ranmase sajès!

    Epi avèk sa ou rasanble a,

    chache bon konprann.

  21. 15 Foli mare nan kè a yon timoun;

    baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.

  22. 33 Yo te vini Capernaüm, e lè Li te nan kay la, Li te kòmanse kesyone yo: “De kisa nou t ap diskite nan wout la?” 34 Men yo te rete an silans; paske nan wout la, yo t ap diskite de kilès nan yo ki te pi gran.

    35 Lè Li te fin chita, Li te rele douz yo, e Li te di yo: “Si yon moun vle premye, li va dènye de tout moun, e vin sèvitè a tout moun.”

    36 Li te pran yon timoun, e te fè l chita devan yo. Epi lè L pran li nan bra Li, Li te di yo: 37 “Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou sila a nan non pa M, resevwa M; e nenpòt moun ki resevwa M, li pa resevwa Mwen, men Sila ki voye Mwen an.”