69 Bible Verses About Teachers
Bib Sen An (BSA)
-
1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.
2 Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.
3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
6 Menm jan an, ankouraje jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye. 7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.
-
11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm. 16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
-
18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”
-
11 Preskri e enstwi bagay sa yo.
12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.
13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.
14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.
15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.
16 Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.
-
4 Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
-
11 Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon. 12 Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans. 13 Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve. 14 Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon. 15 Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.
-
28 Konsa, Bondye te chwazi nan legliz la, premyèman apot yo, dezyèmman, pwofèt yo, twazyèmman, enstriktè yo, answit don mirak yo, answit don gerizon yo, èd yo, administrasyon yo, plizyè kalite langaj yo. 29 Èske se tout ki apot? Non! Èske tout se pwofèt? Non! Èske tout se enstriktè? Non Èske se tout ki fè mirak? Non! 30 Èske tout fè gerizon? Non! Èske tout pale an lang? Non! Èske tout entèprete? Non! 31 Men swayezman kiltive dezi pou pi gran don yo. E mwen va montre nou yon chemen ki toujou pi ekselan.
-
3 Jan mwen te ankouraje ou sou depa mwen pou Macédoine nan, rete an Éphèse pou nou kapab enstwi sèten moun pou yo pa enstwi yon lòt doktrin nèf; 4 ni pou yo pa prete atansyon a fo istwa ak jeneyaloji ki pa janm fini, e ki ankouraje espekilasyon olye pou yo fè avanse jerans Bondye pa lafwa a.
5 Men bi a enstriksyon nou an se lanmou ki soti nan yon kè san tach, bon konsyans ak yon lafwa ki sensè. 6 Paske kèk moun, nan egare kite bagay sa yo pou vin detounen nan diskou ki pa pote fwi, 7 ki ta vle mèt k ap enstwi lalwa, menmsi yo pa menm konprann ni sa y ap di a, ni sijè ke yo pale avèk plen konfyans lan.
-
2 Sila ki gen kwayan kòm mèt yo pa dwe derespekte yo paske yo se frè yo, men dwe sèvi yo plis toujou, paske sila ki pataje benefis yo se kwayan e byeneme. Enstwi e preche prensip sa yo.
3 Si yon moun ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a, 4 li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal, 5 diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.
-
1 Pa kite anpil nan nou ansenye, frè m yo, paske nou konnen ke konsa, nou va resevwa yon jijman ki pi sevè.
2 Paske nou tout tonbe nan plizyè sans. Si yon moun pa tonbe nan sa li di, li menm se yon moun pafè, li kapab kontwole tout kò a menm jan an.
-
1 Mwen anchaje ou solanèlman, nan prezans Bondye ak Kris Jésus a, ki dwe jije vivan ak mò yo, pa aparans ak wayòm Li an: 2 Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.
3 Paske tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo. 4 Konsa, yo va vire zòrèy yo kite verite a akote pou fo istwa yo.
-
16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
-
2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan. 4 Li dwe yon moun ki jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite; 5 (men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen legliz Bondye a?) 6 Fòk li pa yon nouvo konvèti, pou li kab pa vin ògeye, e tonbe nan kondanasyon ki fèt pa pèlen Dyab la. 7 Li dwe gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak pèlen Satan.
-
6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
-
19 Pou sa, nenpòt moun ki anile menm youn ki pi piti nan kòmandman sa yo, e bay enstriksyon a lòt pou fè sa, l ap rele pi piti nan wayòm syèl la. Men sila ki kenbe yo e enstwi lòt pou fè yo tou, li va rele pi gran nan wayòm syèl la.
-
40 “Yon disip pa pi wo ke mèt li; men Nenpòt moun, lè li fin enstwi, ap tankou mèt li.
-
28 Konsa nou pwoklame Li ak egzòtasyon chak moun, e enstwi chak moun ak tout sajès, pou nou kapab prezante chak moun konplè an Kris Jésus. 29 Pou rezon sila a osi, mwen travay, e mwen lite pa ajans Bondye, k ap travay avèk pwisans nan mwen an.
-
4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
-
8 Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen
nan sila ou dwe ale a.
Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.
-
28 Lè Jésus te fin pale mo sa yo, foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a. 29 Paske Li te enstwi yo tankou yon moun avèk otorite, e pa tankou skrib yo.
-
35 Konsa, Paul ak Barnabas te rete Antioche ansanm ak anpil lòt, pou preche e enstwi pawòl Senyè a.
-
17 Men si nou pote tit “Jwif”, depann de Lalwa, e vante tèt nou nan Bondye, 18 konnen volonte Li, e vin dakò avèk tout bagay ki nesesè, paske se nou menm ki enstwi selon Lalwa a, 19 si nou rete byen si ke nou menm se gid avèg yo, yon limyè pou sila ki nan tenèb yo, 20 yon korektè pou ensanse yo, yon pwofesè pou sila ki poko gen matirite yo, akoz ke nou gen Lalwa a kòm vrè baz konesans ak verite a; 21 konsa, nou menm ki enstwi lòt yo, èske nou pa enstwi pwòp tèt nou? Nou menm ki preche ke yon moun pa dwe vòlè, èske nou vòlè? 22 Nou menm ki di ke yon moun pa dwe fè adiltè, èske nou fè adiltè? Nou menm ki rayi zidòl yo, èske nou konn vòlè tanp yo? 23 Nou menm ki vante tèt nou nan Lalwa a, malgre nou vyole Lalwa a, èske nou dezonore Bondye? 24 Paske jan sa ekri a: “Non Bondye a blasfeme pa etranje yo akoz de nou”.
-
1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
-
18 Pou sa, nou va tache pawòl sa yo sou kè nou ak sou nanm nou. Nou va mare yo tankou yon sign sou men nou e yo va tankou très cheve nan fwon nou. 19 Nou va enstwi yo a fis nou yo nan pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache akote wout la, e lè nou kouche ak lè nou leve.
-
1 Te genyen yon mesye pami Farizyen yo ke yo te rele Nicodème, yon chèf a Jwif yo. 2 Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”
3 Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”
4 Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”
5 Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la.
-
23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.
24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a, 26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.
-
6 Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.
-
11 Pou li menm, mwen te chwazi kòm predikatè, apot, ak pwofesè pou ale vè etranje yo.
-
2 Bagay ke ou te tande de mwen nan prezans a anpil temwen yo, konfye yo a moun ki fidèl, ki kapab osi enstwi lòt yo.
-
15 Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.
-
11 Konsènan Li menm, nou gen anpil bagay pou di, e se difisil pou eksplike akoz ke nou vin mal pou tande. 12 Paske malgre lè sa a, nou ta dwe vin mèt, nou bezwen ankò yon moun pou enstwi nou prensip de baz revelasyon Bondye yo. Ou vin bezwen lèt olye manje solid.
13 Paske tout sila ki pran lèt sèlman yo, yo pa abitye avèk pawòl ladwati a, paske yo bebe toujou. 14 Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.
-
11 Vini, pitit, koute mwen.
Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.
12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen
jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?
13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal,
e lèv ou pou pa bay manti.
14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.
Chache lapè e fè efò pou twouve li.
-
13 Nou rele M ‘Mèt’, epi ‘Senyè’, e nou gen rezon, paske se sa Mwen ye. 14 Pou sa, si Mwen, Senyè a ak Mèt la lave pye nou, nou osi dwe lave pye youn a lòt. 15 Paske Mwen te bay nou yon egzanp ke nou menm osi dwe fè tankou Mwen te fè pou nou.
16 “Anverite, anverite, Mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li. Ni yon moun ki voye pa pi gran pase sila ki voye l la. 17 Si nou konnen bagay sa yo, nou beni si nou fè yo.
-
5 Paske Li te etabli yon temwayaj
nan Jacob e te chwazi yon lwa an Israël,
sou sila Li te kòmande papa zansèt nou yo
pou yo ta enstwi yo a pitit pa yo.
6 Ke jenerasyon k ap vini an ta kab konnen.
Menm pou sila ki poko fèt yo,
pou yo ta kab leve e pale yo a pitit yo,
7 pou yo kab mete konfyans yo
nan Bondye e pa bliye zèv Bondye yo,
men kenbe kòmandman Li yo.
8 Pou yo pa fè tankou papa zansèt yo,
yon jenerasyon tèt di e rebèl,
yon jenerasyon ki pa t gen kè fidèl,
ki pa t gen lespri fidèl a Bondye.
-
1 Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an,
men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;
2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo
va vin ogmante sou ou.
3 Pa kite dousè ak verite kite ou.
Mare yo antoure kou ou.
Ekri yo sou tablo kè ou.
4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon
nan men Bondye a, ak moun.
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
-
23 Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.
-
25 Bagay sa yo Mwen pale pandan Mwen rete avèk nou an. 26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.
-
19 “Koulye a, koute mwen. M ap ba ou konsèy, e ke Bondye kapab avè w. Ou va reprezante pèp la devan Bondye, e ou va mennen dispit yo devan Bondye. 20 Epi enstwi yo nan règleman avèk lalwa yo, e fè yo konnen nan chemen ke yo dwe mache a, ak travay ke yo dwe fè a.
21 “Anplis de sa, ou va chwazi pami tout pèp la, mesye ki kapab yo ki gen lakrent Bondye, moun ak verite, ki rayi richès malonèt. Konsa, ou va plase yo sou pèp la kòm chèf sou milye, sou santèn, sou senkantèn, ak sou dis. 22 Kite yo jije pèp la nan tout lè. Konsa, kite sa fèt ke chak gwo ka va vini devan ou, men chak ti ka, yo menm yo va jije yo.
“Konsa li va pi fasil pou ou, e yo va pote chaj la avèk ou. 23 Si ou fè bagay sa a jan Bondye kòmande ou a, alò, ou va gen kouraj pou andire, e anplis, tout moun sa yo va ale lakay yo anpè.”
-
2 Kite enstriksyon mwen yo tonbe tankou lapli,
pawòl mwen yo poze tankou lawouze,
tankou ti gout sou zèb fre,
ak lapli k ap farinen sou zèb.
3 Paske mwen pwoklame non a SENYÈ a.
Bay glwa a Bondye nou an!
-
25 Barnabas te kite Tarse pou ale jwenn Saul. 26 Lè li te twouve li, li te mennen l Antioche. Pandan yon ane antye yo te reyini avèk legliz la, e yo te enstwi anpil moun.
Disip yo te premyèman rele “Kretyen” la a, nan Antioche.
-
8 “Men pa kite yo rele nou ‘Rabbi’, paske se yon sèl ki Mèt nou, e nou tout se frè nou ye. 9 Epi pa rele pèsòn sou latè ‘papa’, paske se yon sèl ki Papa nou; Sila ki nan syèl la. 10 Ni pa kite yo rele nou Direktè, paske nou gen yon sèl Direktè; se Kris la.
-
10 Jésus te reponn: “Ou menm se Mèt an Israël epi ou pa konprann bagay sa yo?
-
42 Epi chak jou nan tanp lan, sòti nan yon kay a yon lòt, yo te kontinye enstwi ak preche Jésus kòm Kris la.
-
9 Epi Senyè a te di Paul nan yon vizyon pandan nwit lan: “Pa pè ankò, men kontinye pale, e pa fè silans; 10 paske Mwen avèk ou, e nanpwen moun k ap atake ou pou fè ou mal, paske Mwen gen anpil moun nan vil sa a.” 11 Konsa, li te rete la pandan en an si mwa, e li t ap enstwi pawòl Bondye a pami yo.
-
14 Epi konsènan nou menm, frè mwen yo, mwen gen konviksyon ke nou menm, nou plen ak bonte, byen ranpli avèk tout konesans, e kapab osi egzòte youn lòt.
-
1 Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2 pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
-
17 Ansyen ki dirije byen yo, dwe konsidere dign de doub onè, sitou sila ki travay di nan predikasyon ak enstriksyon yo.
-
24 Yon disip pa pi wo pase enstriktè li, ni yon esklav pase mèt li.
-
34 Lè Jésus te rive atè, Li te wè yon gwo foul. Konsa, Li te gen konpasyon pou yo paske yo te tankou mouton san gadò. Li te kòmanse enstwi yo anpil bagay.
-
11 “Lè yo mennen nou devan sinagòg yo, ak gwo chèf avèk otorite yo, pa twouble nou de kisa nou va pale kòm defans nou, ni kisa nou gen pou di; 12 paske Lespri Sen an va montre nou nan menm lè sa a, kisa nou dwe di.”
-
30 Konsa, Paul te rete la pandan dezan nan pwòp chanm li ke li te lwe a. Li te trè kontan resevwa tout sila ki te vin wè li yo. 31 Li t ap preche wayòm Bondye a, e t ap enstwi konsènan Senyè a Jésus Kri, avèk tout libète, san anpèchman.
-
58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.
-
5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.
-
10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la. 11 Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
11 Enstwi fis Israël yo nan tout lòd ke SENYÈ a te pale atravè Moïse yo.”
-
8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,
e pa abandone leson a manman ou yo;
9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,
ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
-
13 Pran enstriksyon; pa lage menm.
Pwoteje li paske li se lavi ou.
-
3 Konsa, anpil pèp va vini e yo va di:
Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a,
lakay Bondye a Jacob la;
pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo,
e pou nou kapab mache nan pa Li yo.
Paske lalwa a va sòti fè parèt soti nan Sion,
e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem.
-
17 Konsa pale SENYÈ a,
Redanmtè ou a,
Sila Ki Sen an Israël la:
“Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,
ki enstwi ou pou ou ta byen reyisi,
ki mennen ou nan chemen ke ou ta dwe ale a.
-
23 Anplis, yo va enstwi pèp Mwen an pou distenge antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, e fè yo distenge antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp.
-
1 Lè Jésus te wè foul la, Li te monte sou mòn nan. Lè Li fin chita, disip Li yo te vin kote L. 2 Li te louvri bouch Li e te kòmanse enstwi yo konsa:
3 “Beni se sila yo ki malere an espri;
paske wayòm syèl la se pou yo.
4 Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt;
yo va konsole.
5 Beni se sila yo ki enb;
yo va resevwa tout latè kòm eritaj.
6 Beni se sila yo ki grangou avèk swaf pou ladwati;
yo va satisfè.
7 Beni se sila yo ki bay mizerikòd;
yo va resevwa mizerikòd.
8 Beni se sila yo ki gen kè pwòp nèt;
yo va wè Bondye.
9 Beni se sila yo ki fè lapè;
yo va rele yo fis Bondye.
10 Beni se sila yo ki te pèsekite pou ladwati;
wayòm syèl la se pou yo.
11 “Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen. 12 Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.
-
11 Anverite, anverite, Mwen di ou, nou pale sa ke nou konnen, e fè temwayaj de sa ke nou konn wè, e ou pa aksepte temwayaj nou.
12 “Si Mwen di ou bagay konsènan latè a, epi ou pa konprann, kijan w ap kwè si Mwen di ou bagay konsènan syèl la.
13 “Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.
14 “Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo, 15 pou nenpòt moun ki kwè nan Li, kapab genyen lavi etènèl.
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
31 Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, “Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen. 32 E nou va konnen laverite a, e verite a va fè nou lib.”
-
42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.
43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.
44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.
Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.
-
8 Paul te antre nan sinagòg la, e te kontinye pale avèk gran kouraj pandan anviwon twa mwa. Li t ap rezone pou fè yo kwè selon wayòm Bondye a.
9 Men lè kèk t ap vin ensansib e dezobeyisan, e t ap pale mal de Chemen an devan foul la, li te kite yo e te separe disip yo. Konsa, yo t ap rezone chak jou nan lekòl Tyrannus la. 10 Sa te fèt pandan dezan, pou tout sila ki te rete an Asie yo ta tande pawòl Senyè a, ni Grèk, ni Jwif.
-
26 Alò ki rezilta frè m yo? Lè nou reyini, chak moun gen yon sòm, gen yon enstriksyon, gen yon revelasyon, gen yon lang, gen yon entèpretasyon. Ke tout bagay fèt pou edifikasyon yon lòt.
-
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.
-
13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
1 Men fo pwofèt yo te osi leve pami pèp la. Menmjan an, va gen fo enstriktè pami nou tou, ki va entwodwi an sekrè fo doktrin destriktif yo, ki menm nye Mèt la ki te ransonnen yo a, e yo pote destriksyon rapid sou tèt yo.
Shows Read in context, Share and Copy.