69 Bible Verses About Visions

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Visions
  1. 3 Pandan li t ap fè wout la, li rive ke li t ap pwoche Damas, epi sibitman, yon gran limyè ki sòti nan syèl la te klere tout ozanviwon li. 4 Li te tonbe atè e te tande yon vwa ki t ap di l: “Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?”

    5 Li reponn: “Kilès Ou ye, Senyè?”

    Li te di: “Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a. 6 Men leve, antre nan vil la, e ou va tande kisa ou dwe fè.”

    7 Mesye ki te vwayaje avè l yo te kanpe san di anyen. Yo te tande vwa a, men yo pa t wè pèsòn.

    8 Saul te leve atè a, e malgre zye li te louvri, li pa t kab wè anyen. Yo te mennen li pa lamen, e te fè l rive Damas. 9 Li pa t kab wè pandan twa jou, ni li pa t manje, ni bwè.

    10 Alò, te gen yon disip nan Damas ke yo te rele Ananias. Senyè a te di l nan yon vizyon: “Ananias!”

    Li te reponn: “Men mwen, Senyè.”

    11 Senyè a te di li: “Leve ale nan ri ke yo rele Dwat la, e mande lakay Judas, pou yon mesye Tarse ke yo rele Saul. Paske, gade byen, l ap priye. 12 Li gen tan wè deja nan yon vizyon yon mesye ke yo rele Ananias antre pou poze men l sou li, pou l wè ankò.”

  2. 1 Mwen va kanpe sou pòs gad mwen, e mwen va pran pozisyon sou ranpa a. Mwen va veye san rete pou wè ki sa Li va pale avèk mwen, ak jan pou m ta reponn, selon plent mwen pote bay L.

    2 Konsa SENYÈ a te reponn mwen. Li te di: “Ekri vizyon an e montre li klè sou tablo, pou sila k ap kouri a, ka li l. 3 Paske vizyon an toujou pou lè deziye a. L ap pwoche vit pou rive nan bi li, ni li p ap fè fayit. Menmsi li fè reta, tann li; paske anverite, li va vini. Li p ap fè mize. 4 Gade byen, kè l anfle. Nanm li pa dwat anndan l, men moun dwat la va viv pa lafwa li.

  3. 18 Kote nanpwen vizyon, pèp la san fren;

    men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a.

  4. 6 Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon rèv. 7 Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. Li fidèl nan tout kay Mwen; 8 Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”

  5. 6 Yo te travèse rejyon a Phrygie ak Galatie, akoz ke yo te anpeche pa Lespri Sen an pou pale pawòl la an Asie. 7 Lè yo te vini Mysie, yo te eseye antre Bithynie, men Lespri Jésus a pa t pèmèt yo. 8 Lè yo te kite Mysie, yo te desann Troas.

    9 Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin Macédoine pou ede nou.” 10 Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm.

  6. 1 Answit, mwen te gade! Vwala, Jèn Mouton an te kanpe sou Mòn Sion. Ansanm avèk li, te gen san-karant-kat-mil, ki pote non L ak non a Papa Li, ekri sou fon yo.

    2 Mwen te tande yon son soti nan syèl la, tankou son anpil dlo ak son a gwo kout tonnè. Vwa ke m tande a te tankou sila k ap jwe ap yo. 3 Epi yo te chante yon chan tounèf devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ak ansyen yo. E pèsòn pa t kapab aprann chan an, eksepte san-karann-kat-mil ki te achte, soti sou tè a. 4 Sa yo se sila ki pa t souye pa fanm yo, paske se vyèj yo ye. Sa yo se sila ki swiv Jèn Mouton an tout kote Li ale. Sa yo te achte pami lòm kòm premye fwi pou Bondye, e pou Jèn Mouton an. 5 Epi manti pa t twouve nan bouch yo; yo te san repwòch.

    6 Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk yon levanjil etènèl pou preche a sila ki viv sou latè yo, a tout nasyon, tribi, langaj, ak pèp.

    7 Konsa, li te di avèk yon vwa fò: “Gen lakrent pou Bondye, e ba Li glwa, paske lè jijman Li an gen tan vini. Adore Sila ki te fè syèl la, tè a, lanmè a, ak sous dlo yo.”

    8 Yon lòt zanj, yon dezyèm, te swiv, e t ap di: “Tonbe, tonbe, gran Babylone nan, Sila ki te fè tout nasyon yo bwè diven pasyon imoralite li a.”

    9 Answit, yon lòt zanj, yon twazyèm, te swiv yo e t ap di avèk yon vwa ki fò: “Si yon moun adore bèt la avèk limaj li a, e resevwa yon mak sou fon li oubyen sou men l, 10 li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an. 11 Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa mak non li an.

    12 Men isit, pèseverans a sen ki kenbe kòmandman Bondye yo avèk lafwa yo nan Jésus.

    13 “Mwen te tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki t ap di: “Ekri, ‘Beni se mò ki mouri nan Senyè a depi koulye a!’”:

    “Wi”, di Lespri a, “pou yo kapab repoze de travay yo, paske zèv pa yo ap swiv yo.”

    14 Answit, mwen te gade, e vwala, yon nwaj blan, epi chita sou nwaj la, se yon moun tankou yon fis a Lòm, avèk yon kouwòn an lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li.

    15 Konsa, yon lòt zanj te vini sòti nan tanp lan, e t ap kriye nan yon vwa fò a Sila ki te chita sou nwaj la: “Mete kouto digo a ladann pou rekòlte, paske lè rekòlt la rive. Mwason latè a mi.”

    16 Answit, Sila ki te chita sou nwaj la te voye kouto digo a sou sifas tè a, epi tè a te rekòlte.

    17 Yon lòt zanj te sòti nan tanp ki nan syèl la, e li menm tou te gen yon kouto digo byen file.

    18 Konsa, yon lòt zanj ankò, sila ki gen pouvwa sou dife a, te sòti nan lotèl la. Li te rele avèk yon vwa fò a sila ki te gen kouto digo file a. Li te di: “Mete kouto digo file ou a ladann. Ranmase grap sou pye rezen latè yo, paske fwi li yo mi.”

    19 Zanj lan te voye kouto digo li a sou tè a. Li te ranmase grap sou pye rezen tè yo, e te jete yo nan gwo pèz diven kòlè Bondye a. 20 Konsa, basen pèz diven an te foule anba pye deyò vil la, e san te sòti nan pèz diven an, rive nan brid cheval la pou yon distans de twa-san kilomèt.

  7. 2 Bondye te pale avèk Israël nan vizyon nan nwit lan. Li te di: “Jacob, Jacob.”

    Jacob te reponn: “Men mwen isit la.”

    3 Li te di: “Mwen se Bondye, Bondye a papa ou a. Pa pè desann an Égypte, paske mwen va fè nou vin yon gran nasyon la. 4 Mwen va desann avèk nou an Égypte. Mwen va anplis, an verite, fè nou monte ankò. Epi se men Joseph ki va fèmen zye ou.”

  8. 1 Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”

    2 Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?” 3 Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki fèt nan kay mwen an se eritye mwen.”

    4 Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di l: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.”

    5 Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”

    6 Li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li.

  9. 1 Alò, Samuel te sèvi SENYÈ a devan Éli. Yon pawòl soti nan SENYÈ a te ra nan jou sa yo, e vizyon yo pa t fèt souvan.

  10. 1 Nan ane Wa Ozias te mouri an, mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan. 2 Serafen yo te kanpe pi wo Li, yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole.

    3 Youn te rele a yon lòt epi te di:

    “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo;

    tout latè plen ak glwa Li.”

    4 Fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan tanp lan te plen ak lafimen. 5 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”

    6 Epi youn nan serafen yo te vole kote m ak yon mòso chabon tou limen nan men l, ke li te pran sou lotèl la ak pensèt. 7 Li te touche bouch mwen ak li, epi te di: “Men vwala, sa fin touche lèv ou; epi inikite pa ou retire e peche ou vin padone.”

    8 Konsa, mwen te tande vwa SENYÈ a, ki te di: “Se kilès ke m ap voye, e se kilès k ap ale pou Nou?”

    Epi mwen te di: “Men mwen! Voye mwen!”

  11. 28 Li va vin rive apre sa,

    ke Mwen va vide Lespri M sou tout chè.

    Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,

    e granmoun nou yo va fè vizyon yo.

    29 Menm sou sèvitè ak sèvant yo,

    mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo.

    30 Mwen va montre mèvèy yo

    nan syèl la ak sou tè a:

    san, dife, ak gwo kolòn lafimen.

    31 Solèy la va vin tou nwa,

    e lalin nan tankou san

    devan gwo jou tèrib SENYÈ a.

    32 Epi li va vin rive ke nenpòt moun

    ki rele non SENYÈ a, li va delivre;

    paske nan Mòn Sion ak Jérusalem,

    va gen sila ki chape yo,

    jan SENYÈ a te di a,

    menm pami retay la, sa yo SENYÈ a rele.

  12. 9 Epi Senyè a te di Paul nan yon vizyon pandan nwit lan: “Pa pè ankò, men kontinye pale, e pa fè silans; 10 paske Mwen avèk ou, e nanpwen moun k ap atake ou pou fè ou mal, paske Mwen gen anpil moun nan vil sa a.” 11 Konsa, li te rete la pandan en an si mwa, e li t ap enstwi pawòl Bondye a pami yo.

  13. 1 Nan premye ane Belschatsar, wa Babylone nan, Daniel te fè yon rèv ak vizyon nan panse li, sou kabann li. Epi li te ekri rèv la e te rakonte bagay prensipal yo.

    2 Daniel te di: “Mwen t ap gade nan vizyon mwen pandan nwit lan; epi vwala kat van syèl yo t ap boulvèse gwo lanmè a. 3 Epi kat gran bèt t ap monte soti nan lanmè a, youn pa t sanble lòt.

    4 “Premye a te tankou yon lyon e li te gen zèl a èg. Mwen te gade jiskaske plim li yo te vin rache, epi li te leve kite tè a ,pou l te fèt vin kanpe sou de pye kon yon moun. Anplis, li te resevwa kè a yon moun.

    5 “Konsa, vwala, yon lòt bèt, yon dezyèm, ki te sanble ak yon lous. Li te vin leve nan yon bò e twa zo kòt te nan bouch li nan dan li. Konsa, yo te di a li: ‘Leve, devore anpil vyann!’

    6 “Apre sa, mwen te kontinye gade e vwala, yon lòt tankou yon leyopa, ki te gen sou do li kat zèl a yon zwazo. Bèt sa, anplis, te gen kat tèt, e dominasyon te vin bay a li menm.

    7 “Apre sa, mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan e vwala, yon katriyèm bèt, byen tèrib, pwisan e fò depase. Li te gen gwo dan fèt an fè. Li te devore, kraze e foule tout sa ki te rete anba pye li. Li te diferan de tout lòt bèt ki te parèt avan li yo. Li te gen dis kòn.

    8 “Pandan mwen t ap reflechi sou kòn yo, vwala yon lòt kòn, yon ti piti, te vin leve pami yo, e twa nan premye kòn yo te rache pa rasin yo. Epi vwala, kòn sila a te gen zye tankou zye a moun, e yon bouch ki te eksprime anpil bagay ak gwo awogans.

    9 “Mwen te kontinye gade jiskaske twòn yo te vin plase.

    Epi youn ki te Ansyen de Jou Yo te chita.

    Abiman Li te tankou lanèj blan,

    e cheve nan tèt Li te tankou lenn san tach.

    Twòn Li te briyan akoz flanm yo,

    e wou li yo te yon dife ki t ap brile.

    10 Yon rivyè dife t ap koule pou l vin parèt devan L;

    Milye dè milye t ap okipe L.

    Di-mil fwa di-mil te kanpe devan L.

    Jijman an te etabli.

    Liv yo te vin ouvri.

    11 “Alò, mwen te kontinye gade, akoz son a pawòl awogan ke kòn nan t ap pale yo. Mwen te kontinye gade jiskaske bèt la te vin touye, kò l te detwi, e li te vin bay a dife ki t ap brile a. 12 Pou tout lòt bèt yo, dominasyon yo te vin retire, men yo te resevwa yon pwolongasyon lavi pandan yon sezon ak pandan yon tan.

  14. 17 ‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di:

    Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite.

    Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,

    Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo,

    e granmoun nou yo va fè rèv.

  15. 16 Konsa pale SENYÈ dèzame yo:

    “Pa koute pawòl a pwofèt k ap fè pwofesi devan nou yo.

    Y ap mennen nou nan bagay ki pou ryen.

    Yo pale yon vizyon ki sòti nan pwòp imajinasyon pa yo,

    men pa nan bouch SENYÈ a.

  16. 1 Alò, li te vin rive nan trèzyèm ane, sou senkyèm jou a Katriyèm mwa a, pandan mwen te akote rivyè Kebar a, pami egzile yo, ke syèl yo te louvri, e mwen te wè vizyon a Bondye.

  17. 10 Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo

    e mwen te miltipliye vizyon yo;

    epi selon ministè pwofèt yo,

    mwen te sèvi parabòl.

  18. 1 Vante tèt pa bon, men malgre ke li pa gen pwofi, kite m rive nan vizyon ak revelasyon Senyè a. 2 Mwen konnen yon nonm an Kris, ki katòzan pase—-si se te nan kò li, m pa konnen, oubyen si se pa t nan kò li, m pa konnen, Bondye konnen——yon nonm konsa te monte nan twazyèm syèl la. 3 Epi mwen konnen jan yon nonm konsa——si se nan kò li oubyen apa de kò li, mwen pa konnen (Bondye konnen), 4 jan li te rale anwo nan Paradi e li te tande pawòl ki pa t kapab eksprime, ke yon nonm pa gen pèmisyon pou l pale. 5 Pou yon nonm konsa ak eksperyans li yo, mwen va anfle; men pou mwen, mwen p ap anfle, eksepte nan sa ki gade a feblès mwen. 6 Paske si mwen vle vante tèt mwen, mwen p ap fè foli; paske se verite m ap pale. Men m ap sispann fè sa pou pèsòn pa fè mwen kredi pou plis ke sa li wè nan mwen oubyen tande de mwen.

  19. 9 Mwen, Jean, frè nou, ki patisipe avèk nou nan tribilasyon, wayòm, ak pèseverans ki nan Jésus a, te sou lil ki rele Patmos la, akoz pawòl a Bondye ak temwayaj de Jésus a.

    10 Mwen te nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa tankou son a yon twonpèt, 11 ki t ap di: “Ekri nan yon liv sa ou wè a, e voye l nan sèt legliz yo; nan Éphèse, Smyrne, Pergame, Thyatire, Sardes, Philadelphie ak Laodicée.”

    12 Alò, mwen te vire pou wè vwa ki t ap pale avè m nan. Epi nan vire, mwen te wè sèt chandelye ki fèt an lò. 13 Nan mitan chandelye yo, mwen te wè yon moun tankou yon fis a lòm, abiye nan yon wòb ki rive jis nan pye, e mare lestonmak li ak yon sentiwon an lò. 14 Tèt Li ak cheve Li te blan tankou lèn blanch, tankou lanèj. Zye li te tankou yon flanm dife. 15 Pye Li te tankou bwonz cho lè l chofe nan fou, epi vwa l te tankou bri anpil dlo. 16 Nan men dwat Li, Li te kenbe sèt etwal. Yon nepe file de bò te sòti nan bouch Li. Figi Li te tankou solèy k ap briye nan pwisans li.

    17 Lè m te wè Li, mwen te tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se premye ak dènye a, 18 e Sila ki viv la. Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.

    19 “Konsa, ekri bagay ke ou gen tan wè yo, bagay ki la yo, ak bagay ki va rive pi devan an. 20 Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”

  20. 14 Konsa, SENYÈ a te di Mwen: “Pwofèt yo ap pwofetize sa ki fo nan non Mwen. Mwen pa t voye yo, ni kòmande yo, ni pale avèk yo. Y ap pwofetize yon vizyon ki fo, prediksyon, sa ki san enpòtans, ak manti k ap sòti nan pwòp panse pa yo.

  21. 31 “Ou menm, O wa, ou t ap gade e vwala, te gen yon sèl gwo estati. Estati sa a, ki te byen laj e tèlman bèl, te kanpe devan ou e aparans li te etonan. 32 Tèt estati a an lò fen, lestomak ak bra li an ajan, vant li ak kwis li an bwonz, 33 janm li an fè, pye li, yon pati an fè e yon pati an ajil. 34 Ou te kontinye gade, jiskaske yon pyè wòch te taye san men moun, e li ta frape estati a sou pye li ki fèt an fè ak ajil la e li te kraze yo an mòso. 35 Epi fè a, ajil la, bronz ak ajan an te vin kraze nan menm moman an e te vin tankou pay ki sòti sou glasi vannen nan gran sezon. Konsa, van te pote yo ale jiskaske yo pa t menm jwenn tras yo. Men wòch ki te frape estati a te vin fè yon gwo mòn, e te ranpli tout latè.

    36 “Se sa ki te rèv la. Konsa, nou va bay lentèpretasyon li devan wa a. 37 Ou menm, O wa, ou se wadèwa yo, a sila Bondye syèl la te bay wayòm nan, pouvwa, pwisans ak glwa a. 38 Epi nenpòt kote fis a lòm yo rete, oswa bèt nan chan yo, oswa zwazo syèl yo, Li te bay yo nan men ou, e Li te fè ou chèf sou yo. Ou se tèt an lò a.

    39 “Apre ou, va leve yon lòt wayòm ki enferyè a ou menm e yon lòt twazyèm ak bwonz, ki va renye sou tout latè. 40 Epi va gen yon katriyèm wayòm ak fòs tankou fè. Menm jan ke fè a kraze e fann tout bagay yo, konsa, tankou fè ki kraze vin fè anpil mòso yo, li va vin kraze e fann tout sila yo an mòso. 41 Nan sila ou te wè pye ak dwèt pye yo, yon pati an fè ak yon pati an ajil la, li va yon wayòm divize. Men li va genyen nan li kapasite pou vin di kon fè, jan ou te wè fè a mele ak ajil la. 42 Dwèt pye li yo te mele fè ak kanari; konsa, yon pati nan wayòm nan va fò e yon pati va frajil. 43 Epi jan ou te wè fè a mele ak ajil òdinè a, yo va vin mele youn ak lòt nan jèm a lòm; men yo p ap kole byen youn ak lòt, menm jan fè a pa mele ak kanari.

    44 “Nan jou a wa sila yo, Bondye syèl yo va etabli yon wayòm ki p ap janm detwi, e wayòm sa a p ap lese pou yon lòt pèp. Li va kraze e mete fen a tout wayòm sila yo, men li va, li menm dire pou tout tan. 45 Jan ou te wè ke yon wòch te taye sòti sou yon mòn san sèvi ak men moun e ke li te kraze fè a, bwonz lan, ajil la, ajan an, ak lò a gran Bondye a te fè konnen a wa a sa ki va rive nan tan k ap vini an. Donk, rèv la vre e entèpretasyon li fèt ak fidelite.”

  22. 9 Pòtay li yo te fonse antre nan tè,

    Li te detwi e kraze fè fòje a.

    Wa li yo ak prens li yo vin gaye pami nasyon yo;

    lalwa, nanpwen ankò.

    Anplis, pwofèt li yo pa resevwa vizyon de SENYÈ a.

  23. 17 Konsènan kat jennonm sila yo Bondye te bay yo konesans ak entèlijans nan tout pati etid ak sajès yo. Epi Daniel te gen konprann nan tout kalite vizyon ak rèv.

  24. 15 Lè mwen menm, Daniel, te fè vizyon an, mwen te chache konprann li. Epi gade byen, kanpe devan mwen se te yon bagay ki te sanble ak yon moun. 16 Mwen te tande vwa a yon moun antre de rebò kanal Ulaï la. Li te rele fò e li te di: “Gabriel, fè nonm sa a konprann vizyon an.”

    17 Konsa, li te vin toupre kote mwen te kanpe a. Lè l te parèt, mwen te gen gwo laperèz, e mwen te tonbe sou figi m. Men li te di mwen: “Fis a lòm, konprann vizyon an; paske vizyon an apatyen a bagay a dènye tan yo.”

    18 Alò, pandan li t ap pale avè m, Mwen te tonbe nan yon pwofon somèy, ak figi m atè, men li te touche mwen, e te fè m kanpe dwat.

    19 Li te di: “Gade byen, mwen va fè ou konnen sa k ap vin rive nan dènye epòk gwo kòlè a, paske li apatyen a moman ki chwazi pou lafen an. 20 Belye ke ou te wè ak de kòn yo reprezante wa a Mèdes ak Perse yo. 21 Epi kabrit la se wayòm a Grèce la, e gran kòn antre zye li yo, se premye wa a. 22 Kòn ki te kase a ak kat kòn ki te leve nan plas li a se kat wayòm ki va leve sòti nan nasyon sa a, malgre se pa avèk pouvwa li.

    23 “Epi nan dènye pati wayòm yo a, lè transgresè yo fin fè tout transgresyon yo, yon wa ki ensolan, e ki plen devinèt koken, va leve. 24 Pouvwa li a va trè pwisan, men se p ap pwòp pouvwa li. Konsa, li va detwi anpil ak gran pwisans. Li va gen gran siksè, e li va fè sa li pito. Li va detwi mesye pwisan ak moun ki sen yo. 25 Atravè manèv li yo, se ak riz k ap avanse nan men li. Konsa, li va leve tèt li wo nan kè l, epi li va detwi anpil moun pandan yo ansekirite. Anplis, li va kanpe kont Prens dè prens yo, men li va vin kraze san èd moun.

    26 “Vizyon sila a, aswè ak maten ki te pale a, se verite. Men sele vizyon an, pou l pa pale menm, paske li apatyen a anpil jou ki gen pou vini.”

    27 Konsa, mwen menm, Daniel, te vin malad pandan plizyè jou. Lè m te leve ankò, mwen te kontinye fè zafè a wa a. Mwen te etone de vizyon an e mwen pa t gen moun ki te konprann li.

  25. 22 Men osi, kèk fanm pami nou te etone nou. Lè yo te nan tonm nan bonè maten an, 23 epi pa t twouve kò Li, yo te vin di ke yo te wè yon aparisyon de zanj ki te di ke Li te vivan.

  26. 10 Konsa, Jacob te kite Beer-Schéba e te ale vè Charan. 11 Li te vini nan yon sèten kote pou te pase nwit lan la, akoz solèy la te gen tan fin kouche. Li te pran youn nan wòch yo, li te mete l anba tèt li, e li te kouche la nan plas sila a.

    12 Li te fè yon rèv, e li te gade yon nechèl yo te mete sou latè, tèt li te rive nan syèl la. Epi gade, zanj Bondye yo t ap monte desann sou li. 13 Epi, gade byen, SENYÈ a te kanpe anwo li. Li te di: “Mwen se SENYÈ a, Bondye papa Abraham nan ak Bondye Isaac la. Tè sa kote ou kouche a, Mwen va bay ou li pou ou menm ak desandan ou yo. 14 Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid. Konsa, nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni.

    15 “Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”

    16 Alò, Jacob te leve nan dòmi an, e li te di: “Anverite SENYÈ a nan plas sila a, e mwen pa t konnen.” 17 Li te pè, e li te di: “Alò, A la etonan plas sa a etonan! Sila a pa lòt ke lakay Bondye, e sa se pòtay Syèl la.”

  27. 7 Nan venn-katriyèm jou nan onzyèm mwa a, ki se mwa Schebat a, nan dezyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te rive kote Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a, konsa: 8 Mwen t ap gade pandan nwit lan e vwala, yon nonm te monte sou yon cheval wouj. Li te kanpe pami pye Jasmen ki te nan ravin yo, e dèyè li, te gen cheval wouj, cheval alzan ak cheval blan.

    9 Konsa, mwen te di: “O Senyè mwen an! Se kisa sa yo ye?”

    Epi zanj ki t ap pale avèk mwen an, te di mwen: “Mwen va montre ou kisa yo ye.”

    10 Epi nonm ki te kanpe pami pye Jasmen yo te reponn. Li te di: “Sa yo se sila ke SENYÈ a te voye pou fè patwouj sou latè.”

    11 Konsa, yo te reponn zanj SENYÈ, ki te kanpe pami pye Jasmen yo. Yo te di: “Nou te fè patwouj sou tè a e gade byen tout tè a kalm. Li gen lapè.”

  28. 10 Alò SENYÈ a te vin kanpe e Li te rele tankou lòt fwa yo: “Samuel! Samuel!” Epi Samuel te di: “Pale, paske sèvitè ou ap koute ou.”

    11 SENYÈ a te di a Samuel: “Veye byen, Mwen prèt pou fè yon bagay an Israël k ap fè zòrèy tout moun an Israël vin toudi. 12 Nan jou sa a, Mwen va pote kont Éli tout sa ke M te pale selon lakay li, soti nan kòmansman, jiska lafen. 13 Paske Mwen te di li ke Mwen prèt pou jije lakay li pou tout tan pou inikite ke li te konnen yo. Akoz fis li yo te mennen yon madichon sou pwòp tèt yo, e li pa t repwoche yo. 14 Pou sa, mwen te fè temwen anvè lakay Éli ke inikite lakay Éli p ap padone, ni avèk ofrann, ni avèk sakrifis.”

    15 Konsa, Samuel te kouche jis rive nan maten. Li te ouvri pòt lakay SENYÈ a. Men li te krent pou pale Éli vizyon an.

  29. 11 Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Se kisa ou wè, Jérémie?” Mwen te reponn: “Mwen wè yon bout branch zanmann.”

    12 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Ou te wè byen; paske Mwen ap veye sou pawòl Mwen pou pawòl Mwen vin fèt.”

    13 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa epi te di: “Se kisa ou wè”?

    Epi mwen te di: “Mwen wè yon chodyè k ap bouyi, k ap apiye fas li kont nò a.” 14 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Depi nan nò a, mal la va pete vin parèt sou tout sila ki rete nan peyi a. 15 Paske gade byen, Mwen ap rele tout fanmi a wayòm yo nan nò”, deklare SENYÈ a;

    “Yo va vini, e yo chak va plase twòn yo

    nan antre pòtay Jérusalem nan,

    kont tout miray antoure li yo, e kont tout vil Juda yo.

    16 Mwen va pwononse jijman Mwen sou yo pou tout mechanste yo,

    akòz yo te abandone Mwen,

    te ofri sakrifis a lòt dye yo,

    e te adore pwòp zèv men pa yo.

  30. 5 Nan jou Hérode yo, wa Juda a, te gen yon sèten prèt ki te rele Zacharie nan divizyon Abijah. Li te gen yon madanm ki soti nan fi Aaron yo, yo te rele Elizabeth. 6 Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a. 7 Men yo pa t gen pitit, akoz Elizabeth te esteril, e yo toude te avanse nan laj.

    8 Alò, li vin rive ke pandan li t ap fè sèvis prèt la devan Bondye nan pwòp tan divizyon pa l, 9 selon koutim nan pozisyon li kon prèt, li te chwazi pa tiraj osò pou antre nan tanp Senyè a pou brile lansan. 10 Tout foul pèp la t ap priye deyò a nan lè ofrann lansan an.

    11 Konsa, yon zanj Bondye te parèt kote li, e te kanpe adwat lotèl lansan an. 12 Zacharie te twouble lè l te wè li, elakrent te sezi li.

    13 Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean. 14 Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li.

    15 “Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant. 16 Li va fè anpil moun nan fis Israël yo retounen a Senyè a, Bondye yo a. 17 Se li ki va ale devan Li menm, nan lespri avèk pouvwa Élie a, pou fè kè a papa yo retounen a zanfan yo, e dezobeyisan yo a yon lespri ladwati; pou fè prepare yon pèp pou Bondye.”

    18 Zacharie te di a zanj lan: “Kijan m ap fè konnen sa? Paske mwen menm se yon granmoun, e madanm mwen avanse nan laj.”

    19 Zanj lan te reponn li e te di: “Mwen se Gabriel, ki kanpe nan prezans Bondye a. Mwen te voye pou pale ak ou, e pou pote bòn nouvèl sila a. 20 Konsa, gade. Ou va rete an silans nèt, e ou p ap kapab pale jiskaske bagay sa yo rive, paske ou pa t kwè pawòl mwen, ki va akonpli nan pwòp lè pa l la.”

    21 Pèp la t ap tann Zacharie, e yo te etone pa reta ke li te fè nan tanp lan. 22 Men lè l parèt li pa t kapab pale avèk yo. Konsa, yo te vin konprann ke se te yon vizyon ke li te fè nan tanp lan. Li te kontinye fè sign bay yo, e te rete bèbè.

    23 Lè jou a sèvis li kon prèt te fini, li te retounen lakay li. 24 Apre jou sa yo, Elizabeth te vin ansent. Li te kache pandan senk mwa, e te di: 25 “Se konsa ke Senyè a aji avè m nan jou ke Li te voye gras Li sou mwen, e Li te retire wont mwen pami lèzòm”.

  31. 14 Anverite, Bondye pale yon fwa, oswa de fwa,

    men pèsòn pa okipe sa.

    15 Nan yon rèv, yon vizyon nan nwit lan,

    lè dòmi pwofon konn tonbe sou lòm,

    pandan yo nan somèy sou kabann yo,

    16 konsa, Li ouvri zòrèy a lòm

    e mete so sou enstriksyon yo,

    17 pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li

    e anpeche li fè ògèy.

    18 Konsa, Li pwoteje nanm li pou l pa rive nan fòs la

    e lavi li pou l pa lantre nan Sejou Lanmò a.

  32. 12 Men akoz ke yo te avèti nan yon rèv ke yo pa t dwe retounen kote Hérode, yo te ale nan peyi yo pa yon lòt wout.

    13 Lè yo fin pati, lapoula yon zanj Bondye te vin parèt a Joseph nan yon rèv. Li te di l: “Leve pran Pitit la avèk manman L epi kouri ale an Égypte. Rete la jiskaske mwen di ou, paske Hérode ap chèche Zanfan sila a pou l ka detwi L.”

  33. 1 Answit, senkyèm zanj lan te sone, e mwen te wè yon zetwal nan syèl la ki te tonbe sou tè a. Epi kle a fòs labim nan te bay a li menm. 2 Li te ouvri labim nan, e lafimen te sòti nan fòs la tankou lafimen a yon gwo founo. Solèy la avèk lè a te vin tounwa akoz lafimen ki sòti nan labim nan.

    3 Answit, krikèt te sòti nan lafimen an pou vini sou latè, epi yo te resevwa pouvwa, jan eskòpyon sou latè yo gen pouvwa a. 4 Yo te di yo pou yo pa fè zèb latè yo mal, ni okenn bagay vèt, ni okenn pyebwa, men sèlman moun ki pa gen so Bondye a parèt sou fon yo. 5 Konsa, yo pa t pèmèt yo touye pèsòn, men toumante yo pandan senk mwa. Epi toumant yo te tankou toumant a yon eskòpyon lè l pike yon moun.

    6 Nan jou sa yo, moun va cheche lanmò, e yo p ap twouve l. Yo va anvi mouri e lanmò va sove ale kite yo.

    7 Aparans a krikèt yo te tankou cheval ki prepare pou batay. Sou tèt yo te gen bagay tankou kouwòn an lò, e figi yo te tankou figi a moun. 8 Yo te gen cheve ki te tankou cheve a fanm, e dan yo te tankou dan lyon. 9 Yo te gen pwotèj lestonmak tankou pwotèj an fè, e bri a zèl yo te tankou bri cha a anpil cheval k ap kouri nan batay. 10 Yo gen ke tankou eskòpyon, ak pikan. Epi nan ke yo, te gen pouvwa pou fè moun mal pandan senk mwa. 11 Yo gen kòm wa sou yo, zanj labim nan. Non li an Ebre se Abaddon, e an Grèk, li rele Apollon.

    12 Premye malè a te gen tan fin pase. Gade byen, de malè ap toujou vini apre bagay sa yo.

    13 Answit, sizyèm zanj lan te sone. Mwen te tande yon vwa ki sòti nan kat kòn lotèl an lò ki devan Bondye a. 14 Youn t ap di a sizyèm zanj ki te gen twonpèt la: “Lage kat zanj ki mare bò kote gwo Larivyè Euphrate la.”

    15 Epi kat zanj yo, ki te prepare ojis pou lè a, mwa a, jou ak lane a, te lage pou yo ta kapab touye yon tyè nan limanite. 16 Kantite lame ki te sou cheval yo te de-san-milyon. Mwen te tande kantite yo a.

    17 Konsa, mwen te wè nan vizyon an, cheval ak sila ki te chita sou yo a. Chevalye yo te gen pwotèj lestomak menm koulè ak dife, jasent, ak souf, e tèt cheval yo tankou tèt lyon. E se dife, lafimen ak souf ki t ap sòti nan bouch yo. 18 Yon tyè limanite te vin touye pa twa fleyo sa yo; pa dife, lafimen, ak souf ki t ap sòti nan bouch yo a. 19 Paske pouvwa a cheval yo se nan bouch yo ak nan ke yo. Paske ke yo tankou sèpan e yo gen tèt; e avèk yo, yo fè mal yo.

    20 Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo. 21 Ni yo pa t repanti nan asasine moun, ni nan fè wanga, ni imoralite, ni vòl yo te fè yo.

  34. 11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.

    12 Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm. 13 Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se “Pawòl Bondye a”.

    14 Lame ki nan syèl yo, ki abiye an len fen blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.

    15 Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an. 16 Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: “WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ.”

    17 Answit, mwen te wè yon zanj ki te kanpe nan solèy la. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa e t ap di a tout zwazo ki vole nan mitan syèl yo, “Vin rasanble pou gwo resepsyon Bondye a; 18 pou nou kapab manje chè a wa yo, chè a kòmandan yo, chè a moun pwisan yo, chè a cheval yo, chè a sila ki chita sou yo, e chè a tout lèzòm; kit moun lib, kit esklav, piti kou gran.”

    19 Konsa, mwen te wè bèt la, wa latè ak lame yo rasanble pou fè lagè kont Sila ki te chita sou cheval la ak kont lame Li a.

    20 Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.

    21 Rès la te touye avèk nepe ki te sòti nan bouch a Sila ki te chita sou cheval la, e tout zwazo yo te vin ranpli avèk chè yo.

  35. 13 “Mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan, epi vwala, la te vini ak nwaj syèl yo, yon moun tankou yon Fis a Lòm t ap vini; epi Li te vin parèt devan Ansyen A Jou Yo e te fè l vin prè. 14 A li menm, Li te bay dominasyon, glwa a, ak yon wayòm, pou tout pèp, nasyon ak lang yo ta ka sèvi Li. Dominasyon Li an se yon dominasyon k ap dire jis pou tout tan, ki p ap janm fini. Epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap detwi.

    15 “Pou mwen menm, Daniel, lespri mwen te twouble anndan mwen, e vizyon nan panse m yo te kontinye ban m gwo laperèz. 16 Mwen te pwoche youn nan sila ki te kanpe akote yo, e te kòmanse mande li kisa tout sa te vle di.

    “Konsa, li te eksplike mwen e te fè m konnen byen dirèk entèpretasyon a tout bagay sa yo. 17 ‘Gwo bèt sila yo, ki se kat yo, se kat wa ki va leve soti nan tè a. 18 Men sen a Sila Ki Pi Wo yo, va resevwa wayòm nan, e va posede wayòm nan jis pou tout tan, pou tout laj ki gen pou vini yo.’

    19 “Epi mwen te dezire konnen kisa Katriyèm bèt la te sinyifi, ki pa t menm jan ak lòt bèt yo, te vrèman tèrib, ak dan li an fè, e grif li an bwonz, ki te devore, kraze e foule rès la anba pye li; 20 epi kisa dis kòn sou tèt li yo ak lòt kòn ki te vin leve a te sinyifi, e devan sila twa nan yo te tonbe a, menm kòn ki te gen zye ak bouch ki te pi dyanm nan aparans ke parèy li yo. 21 Mwen te kontinye gade; kòn sa a t ap fè lagè ak fidèl yo, e te enpoze li sou yo. 22 Jiskaske Ansyen A Jou Yo te vini, epi jijman an te fèt nan favè a sen a Sila Ki Pi Wo a e lè a te rive pou sen yo te pran posesyon a wayòm nan.

    23 “Konsa, li te di: ‘Katriyèm bèt la va yon katriyèm wayòm sou latè, ki va apa de tout lòt wayòm yo. Li va devore tout latè, mache sou li e kraze li an mòso. 24 E pou dis kòn yo, sòti nan wayòm sa a, dis wa va leve. Konsa, yon lòt va leve apre yo, li p ap menm jan ak lòt ki te avan yo, e li va kraze twa wa yo. 25 Li va pale kont Pi Wo a, li va epwize sen a Sila Ki Pi Wo a, epi li va gen entansyon pou fè chanjman nan tan ak lwa yo. Yo va vin livre nan men li pandan yon tan ak tan yo, ak yon mwatye tan.

    26 “‘Men jijman an va etabli. Dominasyon li an va rache, anile e detwi jis pou tout tan. 27 Epi wayòm a dominasyon an, ak grandè a tout wayòm yo anba tout syèl la va vin livre a pèp a sen a Pi Wo yo. Wayòm Li an, yon wayòm k ap dire jis pou tout tan e tout dominasyon yo va sèvi e obeyi Li.’

    28 “Se konsa bagay la te fini. Pou mwen menm, Daniel, refleksyon mwen yo te twouble m anpil anpil, e figi m te vin pal; men mwen te kenbe bagay la nan kè m.”

  36. 7 Konsa Li te monte m, e gade byen, Senyè a te kanpe akote yon mi ki monte ak yon filaplon nan men L. 8 SENYÈ a te di m: “Se kisa ou wè, Amos?”

    Mwen te di: “Yon filaplon.”

    Konsa, Senyè a te di: “Gade byen, Mwen prèt pou plase yon filaplon nan mitan pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap kite yo chape ankò. 9 Wo plas Isaac yo va vin abandone, e sanktyè Israël yo va vin kraze nèt. Answit, Mwen va leve kont lakay Jéroboam ak nepe.”

  37. 1 Mwen te wè Senyè a, ki te kanpe akote lotèl la, e Li te di: “Frape tèt poto yo jiskaske papòt yo tranble. Kraze yo an mòso sou tèt a yo tout! Answit, mwen va touye rès yo ak nepe. Yo p ap gen yon grenn refijye ki pou sove ale, ni yon refijye k ap chape.

  38. 18 Nesans a Jésus, Kris la te fèt konsa: Lè manman Li, Marie, te fiyanse ak Joseph, avan ke yo te vini ansanm, li te twouve ansent pa Lespri Sen an. 19 Konsa, Joseph, mari li, ki te yon nonm dwat, pa t vle fè l wont. Pou sa a, li te pran desizyon pou mete l sou kote an sekrè. 20 Men pandan li t ap anvizaje sa, konsa, yon zanj Bondye te parèt devan li nan yon rèv epi te di l konsa:

    “Joseph, fis a David la, ou pa bezwen pè pran Marie kon madanm ou; pwiske sa ki gen tan plase nan vant li an, soti nan Lespri Sen an. 21 Li va fè yon fis, epi ou va rele li Jésus paske se Li menm ki va sove pèp li a de peche yo.”

    22 Tout sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa Senyè a, atravè pwofèt yo;

    23 “Koute byen, vyèj la va vin ansent

    e l ap fè yon gason.

    Y ap nonmen li Emmanuel”,

    ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.

    24 Konsa, Joseph te leve nan dòmi. Li te fè sa ke zanj Senyè a te mande l fè a, e te pran li pou madanm li. 25 Li te kenbe l kon yon vyèj jiskaske li te fin fè gason an, epi li te rele li Jésus.

  39. 5 Li te kontinye chache Bondye nan tout jou a Zacharie yo, ki te gen konprann selon vizyon Bondye. Pandan tout tan li t ap chache SENYÈ a, Bondye te fè l reyisi.

  40. 24 Epi Lespri a te fè m leve e te mennen mwen nan yon vizyon pa Lespri Bondye a, bò kote egzile Chaldée yo.

    Se konsa vizyon mwen te wè a, te kite mwen. 25 Epi mwen te di egzile yo tout bagay ke SENYÈ a te montre mwen.

  41. 5 Mwen te fè yon rèv e li te fè m gen gwo laperèz; epi refleksyon sila yo sou kabann mwen ak vizyon yo nan panse m te fè m gen gwo laperèz.

  42. 1 Nan twazyèm ane règn a Belschatsar a, wa a, yon vizyon te parèt a mwen menm, Daniel, apre sa ki parèt a mwen an premye a. 2 Mwen te gade nan vizyon an e pandan mwen t ap gade a, mwen te nan Suse, palè ki nan pwovens Élam nan. Epi mwen te gade nan vizyon an, e mwen te bò Kanal Ulaï la. 3 Mwen te leve zye m pou te gade e vwala, yon belye ak de kòn ki te kanpe devan kanal la. Alò, de kòn yo te long, men youn te pi long ke lòt la, e se sa ki pi long lan ki te leve an dènye. 4 Mwen te wè belye a ki t ap frape tèt li vè lwès, vè nò e vè sid. Pa t gen bèt ki te ka kanpe devan l, ni pa t gen youn ki te kab delivre soti anba men li. Men li te fè sa li te pito, e te leve tèt li Wo.

    5 Pandan mwen t ap gade a, vwala yon mal kabrit t ap vini soti nan lwès sou fas tout tè a, san touche tè a, e kabrit la te gen yon kòn parèt byen klè antre zye li. 6 Li te pwoche kote belye ki te gen de kòn nan, belye ke m te wè kanpe devan kanal la, e li te kouri fò sou li ak gwo chalè pwisans li. 7 Mwen te wè li vin bò kote belye a e li te anraje sou li. Epi li te frape belye a. Li te kraze de kòn li yo, e belye a pa t gen fòs pou reziste ak li. Konsa, li te voye l a tè, e te ponpe sou li. Pa t gen moun ki pou delivre belye a devan pouvwa li. 8 Epi kabrit mal la te agrandi pouvwa li anpil, anpil. Men depi li te vin pwisan an, pi gwo kòn nan te kase. Epi li te ranplase ak kat kòn, ki parèt byen klè, ki te sòti vè kat van syèl yo.

    9 Youn nan kòn yo te parèt yon ti jan piti e li te grandi byen vit vè sid, vè lès e vè peyi laglwa a. 10 Li te grandi rive jis nan lame syèl la. Li te fè kèk nan lame a ak kèk nan zetwal yo tonbe atè, e li te ponpe sou yo. 11 Li te menm agrandi pwòp tèt li pou l ta ka egal ak Chèf Tèt lame syèl la. Konsa, li te retire nan men l sakrifis nòmal la, e plas sanktyè Li a te jete anba. 12 Epi akoz transgresyon, lame a va vin livre a kòn nan ansanm ak sakrifis nòmal la. Li te voye verite a jis atè, e sa te fè plezi, e li te pwospere.

    13 Alò, mwen te tande sila ki sen an ap pale, e yon lòt ki sen te di a sila ki t ap pale a: “Pandan konbyen tan vizyon a sakrifis nòmal la va kontinye, pandan transgresyon an ap ravaje e kite ni sen lye an ansanm ak lame a vin foule anba pye?”

    14 Li te di mwen: “Pandan de-mil-twa-san swa ak maten. Epi alò, sen lye a va vin pwòp ankò.”

  43. 1 Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, te gen yon panyen fwi gran sezon.

    2 Li te di: “Kisa ou wè, Amos?”

    Epi mwen te di: “Yon panyen fwi gran sezon.”

    Konsa, SENYÈ a te di mwen:

    “Lafen gen tan rive pou pèp Mwen an, Israël.

    Mwen p ap pwoteje yo ankò.

    3 Kantik a tanp lan va tounen chan lamantasyon

    nan jou sa a,” deklare Senyè BONDYE a.

    “Kadav yo va anpil.

    Nan chak andwa, yo va jete yo deyò an silans.

    4 Tande sa, nou menm k ap vale malere yo nèt,

    pou mete fen a tout pòv yo,

    5 k ap di: ‘Kilè nouvèl lin nan ap fini

    pou nou ka vann sereyal la?

    Ak Saba a pou nou ka ouvri mache ble a?

    N ap fè efa a pi piti, e sik la pi gwo.

    Anplis, n ap twonpe ak balans malonèt,

    6 pou achte sila ki san sekou a pou lajan,

    ak malere a pou de grenn sapat.

    Menm balizaj ble a n ap vann!’”

  44. 1 Pwofesi pou Ninive. Liv vizyon a Nahum nan, Elkochit la.

  45. 1 Konsa, li te montre mwen Josué, wo prèt ki te kanpe devan zanj SENYÈ a, ak Satan ki te kanpe sou men dwat li pou akize li. 2 SENYÈ a te di a Satan: “SENYÈ a repwoche ou, Satan! Anverite, SENYÈ ki te chwazi Jérusalem nan va repwoche ou! Èske sa se pa yon bout bwa cho ki retire soti nan dife?”

    3 Alò, Josué te abiye ak rad sal, e te kanpe devan zanj lan. 4 Li te pale, e te di a sila ki te kanpe devan l yo: “Retire rad sal yo sou li.” A li menm Li te di, “Gade byen, Mwen te retire inikite sou ou, e Mwen va abiye ou ak vètman byen chè.”

    5 Mwen te di: “Kite yo mete yon tiban pwòp sou tèt li.”

    Konsa, yo te mete yon tiban pwòp sou tèt li, e yo te abiye li. Zanj SENYÈ a te kanpe sou kote.

  46. 5 “Mwen te nan vil Joppé, e mwen te nan lapriyè. Nan yon pwofon somèy mwen te fè yon vizyon; yon sèten objè ki te vin desann kon yon gwo dra ki kenbe nan kat kwen soti nan syèl la, e li te vini tou dwat devan mwen. 6 Lè m te fikse zye m sou li, e t ap gade l, mwen te wè bèt latè a kat pye, bèt sovaj, reptil, ak zwazo syèl yo. 7 Konsa, mwen te tande yon vwa ki te di m: ‘Leve Pierre; touye e manje.’

    8 “Men mwen te di: ‘Non Senyè, paske anyen ki pa sen, oswa ki pa pwòp pa janm antre nan bouch mwen.’

    9 “Men yon vwa ki soti nan syèl la te reponn yon dezyèm fwa: ‘Sa ke Bondye fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.’ 10 Sa te fèt twa fwa, epi tout bagay yo te rale monte ankò nan syèl la.

    11 “Epi gade byen, nan moman sa a, twa mesye ki te voye kote mwen sòti Césarée, te parèt devan kay la kote nou te rete a.

    12 “Lespri a te di m ale avèk yo san krent. Sis frè sila yo osi te ale avè m, e nou te antre nan kay mesye a.

    13 “Epi li te rapòte kijan li te wè zanj lan kanpe lakay li a, e te di: ‘Voye Joppé pou fè Simon, ke yo rele osi Pierre, vin isit la. 14 Li va pale nou pawòl yo. Ak yo menm nou va sove, nou menm avèk tout lakay nou.’

    15 “Epi lè mwen te kòmanse pale Lespri Sen an te vin tonbe sou yo menm jan ke li te fè sou nou nan kòmansman an. 16 Konsa, mwen te sonje pawòl Senyè a, jan Li te konn di a: ‘Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an.’

    17 “Donk, si Bondye te bay yo menm don ak nou, lè nou te vin kwè nan Senyè Jésus Kri a, kilès mwen te ye pou m ta kab anpeche Bondye?”

    18 Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”

  47. 17 “Konsa li te rive ke lè m te retounen Jérusalem e t ap priye nan tanp lan, ke m te tonbe nan yon pwofon somèy. 18 Epi mwen te wè Li t ap di mwen: ‘Fè vit! Sòti Jérusalem vit, paske yo p ap aksepte temwayaj ou de Mwen menm.’ 19 Epi mwen te di: ‘Senyè, yo menm yo konprann ke nan yon sinagòg apre lòt, mwen te konn mete yo nan prizon, e te konn bat sila ki te kwè nan Ou yo. 20 Menm lè san a temwen ou, Étienne t ap vèse, mwen osi te kanpe byen dakò e t ap veye vètman a sila ki t ap touye l yo.’

    21 “Men Li te di mwen: ‘Ale, pwiske Mwen va voye ou byen lwen kote pèp etranje yo.’”

  48. 3 Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”

    4 Alò, Abimélec pa t gen tan pwoche li, epi li te reponn: “Senyè, èske Ou va detwi yon nasyon, malgre li san fot? 5 Èske li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘Li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.”

    6 Konsa, Bondye te di li nan rèv la: “Wi, Mwen konnen ke nan entegrite kè ou, ou te fè sa, e Mwen osi te anpeche ou pou ou pa t peche kont Mwen. Se pou sa Mwen pa t kite ou touche li. 7 Alò, pou sa, remèt madanm a nonm sa a. Paske se yon pwofèt ke li ye. Li va priye pou ou e ou va viv. Men si ou pa remèt li, konnen ke ou va anverite mouri, ou menm avèk tout moun sa yo ki pou ou yo.”

    8 Konsa, Abimélec te leve granmmaten. Li te rele tout sèvitè li yo, e te di tout bagay sa yo pou yo tande. Mesye sa yo te gen gwo laperèz.

  49. 2  Zanj Bondye a te parèt kote li nan yon flanm dife ki t ap brile nan mitan yon ti bwa. Li te gade, e vwala, ti bwa a t ap fè flanm dife, men brile a pa t fè l disparèt.

    3 Alò, Moïse te di: “Se fò pou m vire akote koulye a pou m al wè bagay etonan sila a, poukisa ti bwa a pa brile nèt.”

  50. 9 Alò, Moïse te pran Aaron, Nadab, Abihu, ak swasann-dis nan ansyen Israël yo pou monte. 10 Yo te wè Bondye Israël la. Anba pye li, te parèt yon choz tankou yon pave ki fèt an safì, klè tankou syèl la menm. 11 Malgre Li pa t lonje men Li kont prens Israël sa yo. Yo te wè Bondye, yo te manje e yo te bwè.

  51. 1 “Si yon pwofèt, oswa yon moun ki konn fè rèv leve pami nou; si l anonse de nou yon sign oswa yon mèvèy, 2 epi sign oswa mèvèy ke li te pale a vin vrè, konsènan lè li te pale avèk nou an, pou l te di: ‘Annou ale apre lòt dye (ke nou pa t konnen yo); epi annou sèvi yo,’ 3 nou pa pou koute pawòl a pwofèt sila yo oswa moun rèv sa yo. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap pase nou a leprèv pou wè si nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, e avèk tout nanm nou.

    4 “Nou va swiv SENYÈ a, Bondye nou an, e krent Li. Nou va kenbe kòmandman Li yo, e obeyi vwa Li. Nou va sèvi Li, e kenbe fèm nèt ak Li. 5 Men pwofèt la oswa sila ki fè rèv sila a, va vin mete a lanmò, akoz li te konseye rebelyon kont SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, epi ki te peye ranson nou pou soti nan kay esklavaj la, pou sedwi nou nan chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou mache a. Konsa, nou va retire mechanste sa a pami nou.

  52. 5 Nan Gabaon, SENYÈ a te parèt a Salomon nan yon rèv pandan lannwit. Bondye te di: “Mande sa ou pito e m ap ba ou li.”

    6 Salomon te di: “Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a. 7 Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti. 8 Sèvitè Ou a nan mitan a pèp ke Ou te chwazi a; yon gran pèp ki twòp menm pou kontwole ni konte. 9 Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”

    10 Sa te fè plezi nan zye SENYÈ a ke Salomon te mande bagay sa a. 11 Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis, 12 vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou. 13 Mwen te ba ou osi sa ke ou pa t mande, ni richès ni onè, jiskaske p ap gen okenn pami wa ki tankou ou pandan tout jou ou yo. 14 Si ou mache nan chemen Mwen yo e kenbe règleman Mwen yo, tankou papa ou, David te mache a, alò, Mwen va pwolonje jou ou yo.”

    15 Salomon te vin leve e vwala, se yon rèv li te ye. Konsa, li te vini Jérusalem, e li te kanpe devan SENYÈ a, pou ofri ofrann brile ak ofrann lapè, e li te fè yon fèt pou tout sèvitè li yo.

  53. 16 Konsa, li te reponn: “Pa pè, paske sila ki avèk nou yo plis pase sila ki avèk yo a.” 17 Epi Élisée te priye e te di: “O SENYÈ, Mwen priye, ouvri zye li pou li kapab wè.” Epi SENYÈ a te ouvri zye a sèvitè li pou li te wè. Men vwala, tout mòn nan te ranpli avèk cheval avèk cha dife toupatou te antoure Élisée.

  54. 21 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: 22 “Fis a lòm, ki pwovèb sa a, ke nou menm pèp la, gen konsènan peyi Israël, ki di: ‘Jou yo long e tout vizyon yo vin gate’? 23 Pou sa, di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va fè pwovèb sa a sispann pou yo pa sèvi l ankò kon pwovèb an Israël.”’ Men di yo: “Jou yo ap apwoche ansanm ak lè pou tout vizyon yo akonpli. 24 Paske p ap gen ankò okenn fo vizyon ni okenn divinasyon flatè anndan kay Israël la. 25 Paske Mwen menm, SENYÈ a va pale e nenpòt pawòl ke M di, va vin acheve. Sa p ap pran reta ankò, paske nan jou ou yo, O lakay rebèl, Mwen va pale pawòl la e Mwen va akonpli li,” deklare Senyè BONDYE a.’”

  55. 6 Yo wè tout sa ki fo, ak divinò k ap bay manti yo, k ap di: ‘Pawòl SENYÈ a deklare’, lè se pa SENYÈ a ki te voye yo. Malgre sa, yo gen espwa ke pawòl yo va vin akonpli. 7 Èske nou pa t fè yon fo vizyon, e pale ak lang ki t ap bay manti lè nou te di: ‘SENYÈ a deklare’, men se pa Mwen ki te pale a?”’”

    8 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te pale sa ki fo, e te wè yon manti; akoz sa, gade byen, Mwen kont nou,” deklare Senyè BONDYE a. 9 “Konsa, men Mwen va kont pwofèt yo ki fè fo vizyon yo; ki pale divinasyon ki manti yo. Yo p ap gen plas nan konsèy a pèp Mwen an ni yo p ap ekri nan rejis lakay Israël yo. Ni yo p ap antre nan peyi Israël la. Konsa, nou ka konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”

  56. 1 Answit, mwen te leve zye m ankò. Mwen te gade e mwen te wè, yon liv woulo ki t ap vole anlè. 2 Konsa, li te di mwen: “Kisa ou wè la a?”

    Mwen te reponn: “Mwen wè yon liv woulo k ap vole anlè; longè li se ven koude, e lajè li se dis koude.”

    3 Li te di mwen: “Sa se malediksyon k ap vin parèt sou fas a tout tè a. Anverite, tout moun ki vòlè va vin koupe retire nan yon bò selon li; epi tout moun ki fè fo sèman va vin koupe retire nan lòt bò a selon li. 4 Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”

  57. 3 Pandan Li t ap chita sou Mòn Oliv la, disip Li yo te vin kote Li an prive. Yo te mande L: “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e ki sign k ap fè nou konnen ke Ou ap vini, e k ap enfòme nou sou fen tan yo?”

    4 Jésus te reponn yo: “Fè atansyon pou pèsòn pa kondwi nou nan erè!” 5 Konsa, anpil moun ap vini nan non Mwen k ap di: ‘Se Mwen ki Kris La’, e yo va kondwi anpil moun nan erè.

    6 “Nou va tande afè lagè, avèk bwi ki pale sou lagè, men fè atansyon pou nou pa pè. Fòk bagay sa yo rive, men sa se pa lafen an. 7 Paske nasyon ap leve kont nasyon, epi wayòm kont wayòm. Nan plizyè andwa, va gen gwo grangou avèk tranbleman de tè yo. 8 Men tout bagay sa yo se sèlman kòmansman an; tankou premye doulè a fanm k ap akouche a.

    9 “Epi konsa yo va livre nou nan touman, e yo va touye nou. Nou va rayi pa tout nasyon yo pou koz a non Mwen.

    10 “Konsa, nan tan sa a, anpil moun ap chite. Youn ap denonse lòt, e youn ap rayi lòt. 11 Epi anpil fo pwofèt ap leve, e y ap mennen anpil moun nan erè. 12 Epi akoz inikite ogmante, lanmou a pi fò moun ap vin fwèt. 13 Men sila ki kenbe fèm jiska lafen an ap sove.

    14 “Epi bòn nouvèl a wayòm sila a va preche nan tout lemonn kon yon temwayaj a tout nasyon yo, e apre sa a, lafen an va rive.

  58. 54 Alò, lè yo te tande sa, yo te blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li.

    55 Men ranpli avèk Lespri Sen an, li te fikse zye l anwo nan syèl la e te wè glwa Bondye ak Jésus ki te kanpe bò men dwat Bondye. 56 Li te di: “Gade byen, Mwen wè syèl la vin louvri, e Fis a lòm nan ki kanpe bò men dwat Bondye.”

    57 Konsa yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e te kouvri zòrèy yo. Yo te kouri sou li ansanm a lafwa, 58 e lè yo te fin pouse li deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul.

    59 Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”. 60 Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.

  59. 1 Alò, te gen yon sèten nonm nan Césarée ke yo te rele Corneille, yon santenye nan kowòt Italyen an. 2 Li te yon mesye fidèl ki te gen lakrent Bondye avèk tout lakay li, ki te bay anpil charite a pèp Jwif la, e li te priye Bondye kontinyèlman.

    3 Anviwon nevyèm è nan jounen an, li te wè byen klè nan yon vizyon, yon zanj Bondye ki te vin kote li e te di l: “Corneille!”

    4 Ak zye l fikse sou li, e gwo laperèz, e te di: “Kisa li ye, Senyè?”

    Zanj la te di li: “Priyè ou avèk charite ou kon yon rekèt, gen tan monte devan Bondye. 5 Koulye a, voye kèk moun Joppé e mande pou yon mesye yo rele Simon, ki rele osi Pierre. 6 Li rete lakay a yon bòs tanè yo rele Simon ki rete bò lanmè a.”

    7 Lè zanj ki t ap pale avè l la te ale, li te rele de nan sèvitè li yo, avèk yon sòlda fidèl nan lafwa ki te sèvi li tout tan. 8 Lè l te fin eksplike yo tout bagay, li te voye yo Joppé.

    9 Nan jou apre a, pandan yo te nan chemen yo, ap pwoche vil la Pierre te ale sou do kay la nan anviwon sizyèm è pou priye. 10 Men li te vin grangou, e li te vle manje. Men pandan yo t ap fè preparasyon an, li te tonbe nan yon rèv. 11 Konsa, li te wè syèl la louvri, epi yon bagay tankou yon gwo dra te lonje desann bò kat kwen li yo jiska atè. 12 Ladann l te gen tout kalite bèt kat pye ak kreyati ki rale atè ak zwazo syèl yo. 13 Yon vwa te vini sou li: “Leve, Pierre, touye e manje!”

    14 Men Pierre te di: “Sa p ap janm fèt, Senyè, paske Mwen pa janm manje anyen ki pa sen e pwòp.”

    15 Ankò yon vwa te vini a li menm, pou dezyèm fwa: “Sa ke Bondye gen tan fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.”

    16 Sa te rive twa fwa; epi imedyatman, bagay la te vin remonte nan syèl la.

    17 Alò, Pierre te byen twouble nan lespri li sou sa vizyon li te wè a te siyifi. Epi konsa mesye ki te voye pa Corneille yo, lè yo te fin mande tout direksyon pou kay Simon, te parèt nan pòtay la. 18 Yo te rele anlè, pou mande si Simon, ke yo rele osi Pierre a te rete la.

    19 Pandan Pierre t ap reflechi sou vizyon an Lespri a te di l: “Gade, gen twa mesye k ap chache ou. 20 Alò, leve desann eskalye a pou akonpanye yo san doute anyen. Paske se Mwen menm ki voye yo.”

    21 Pierre te desann vè moun yo. Li te di yo: “Se mwen menm nou ap chache a. Se pou ki rezon nou vini an?”

    22 Yo te di: “Corneille, yon sòlda santenye, yon nonm dwat e ki krent Bondye, e ki byen pale pa tout nasyon Jwif la, te dirije pa yon zanj pou voye kote ou pou vini lakay li pou tande yon mesaj de ou menm.”

    23 Konsa, li te envite yo antre, e li te bay yo lojman.

    Nan jou swivan an, li te leve. Li te sòti avèk yo, e kèk nan frè Joppé yo te akonpanye li.

    24 Nan yon jou pita, li te antre Césarée.

    Alò, Corneille t ap tann yo. Li te rele ansanm fanmi ak zanmi ki pwòch li yo. 25 Lè Pierre te antre, Corneille te rankontre li, e te tonbe nan pye li pou adore li.

    26 Men Pierre te leve l e te di: “Kanpe non, mwen menm se sèlman yon moun.”

    27 Pandan li t ap pale avèk li, li te antre, e te twouve anpil moun deja reyini. 28 Pierre te di yo: “Nou menm nou konnen kijan sa kont lalwa pou yon nonm ki se yon Jwif vin asosye avèk yon etranje, ni pou vizitè li. Men Bondye te deja montre m ke mwen pa dwe rele pèsòn pa sen oubyen pa pwòp. 29 Se pou rezon sa ke m te vini menm san okenn objeksyon lè yo te fè mwen vini an. Konsa, mwen mande pou ki sa nou fè mwen vini an?”

    30 Corneille te di: “Kat jou pase jis nan menm lè sa a, mwen t ap fè jèn e priye lakay mwen nan nevyèm è a; epi vwala yon nonm te kanpe devan mwen avèk vètman ki t ap briye. 31 Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye. 32 Pou sa, voye Joppé pou envite Simon, ke yo rele osi Pierre, pou vin kote nou. Li rete lakay Simon, ki se bòs tanè bò lanmè a.’ 33 Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.”

    34 Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn, 35 men nan tout nasyon yo, sila a ki gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm. 36 Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Senyè a tout moun.

    37 “Nou menm nou konnen bagay ki te pase nan tout Judée a, ki te kòmanse nan Galilée, apre batèm ke Jean te pwoklame a; 38 sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.

    39 “Nou se temwen a tout bagay ke Li te fè nan peyi Jwif yo, ak nan Jérusalem. Anplis yo te mete Li a lanmò lè yo te pann Li sou yon kwa. 40 Bondye te fè l leve nan twazyèm jou a, e te pèmèt ke Li te vin vizib 41 pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a. 42 Konsa, Li te kòmande nou pou preche a pèp la, epi solanèlman, temwaye ke Li se Sila a ki te nome pa Bondye, kòm Jij a vivan e a mò yo.

    43 “A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”

    44 Pandan Pierre te toujou ap pale pawòl sa yo, Lespri Sen an te tonbe sou tout sila yo ki t ap koute mesaj la.

    45 Tout kwayan sikonsi ki te vini avèk Pierre yo te etone paske don Lespri Sen an te vèse sou etranje yo tou. 46 Paske yo te tande yo pale an lang, e egzalte Bondye.

    Alò, Pierre te reponn: 47 “Èske pèsòn kapab refize dlo pou sa yo ta kapab batize, sila ki te resevwa Lespri Sen an, menm jan ak nou?” 48 Epi li te kòmande yo pou batize nan non Jésus Kri.

    Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou.

  60. 9 Alò, menm nwit lan, li te vin rive ke SENYÈ a te vin di li: “Leve, desann nan kan an, paske mwen te livre li nan men ou. 10 Men si ou pè desann, ale avèk Pura, sèvitè ou a, anba nan kan an. 11 Ou va tande kisa yo di: apre sa, men w ap vin fò pou ou kapab desann kont kan an.” Konsa, li te ale avèk Pura, sèvitè li a, anba kote avan-gad a lame ki te nan kan yo.

    12 Alò, Madyanit yo avèk Amalekit yo ak tout fis a lès la, te kouche nan vale a. Yo te plis an kantite pase krikèt volan, epi chamo pa yo te twòp pou konte, an gran nonb tankou grenn sab bò lanmè a.

    13 Lè Gédéon te rive, veye byen, yon nonm t ap revele yon rèv a zanmi li. Li t ap di: “Gade byen, mwen te fè yon rèv; yon mòso pen lòj te tonbe antre nan kan Madian an. Li te rive nan tant lan, li te frape li pou l te tonbe, e, konsa, li te vire l tèt anba pou l kouche plat.”

    14 Zanmi li an te reponn: “Sa se pa anyen mwens ke nepe a Gédéon an, fis a Joas la, yon nonm de Israël. Bondye te mete Madian avèk tout kan an nan men li.”

    15 Lè Gédéon te tande afè rèv la ak entèpretasyon li, li te bese an adorasyon. Li te retounen nan kan Israël la, e li te di: “Leve, paske SENYÈ a gen tan mete kan Madian an nan men nou.”

    16 Li te divize twa-san lòm yo an twa konpayi, e li te mete twonpèt yo avèk krich vid yo nan men yo tout, avèk tòch yo anndan krich yo.

    17 Li te di yo: “Gade mwen, e fè menm bagay la. Epi veye byen, lè m rive kote bò kan an, fè menm sa ke m fè a. 18 Lè mwen avèk tout sila ki avè m yo soufle twonpèt la, alò, nou, osi, nou va soufle twonpèt yo toutotou kan an, e nou va di: ‘Pou SENYÈ a e pou Gédéon.’”

  61. 17 An akò avèk tout pawòl sila yo, tout vizyon sila yo, Nathan te pale avèk David.

  62. 28 Pwofèt li yo blanchi tout bagay ak lacho pou yo, nan fè fo vizyon ak divinasyon manti pou yo; divinasyon k ap di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’, lè SENYÈ a pa t pale.

  63. 7 Alò, mwen menm, Daniel, mwen tou sèl te wè vizyon an, pandan mesye ki te avè m yo pa t wè vizyon an, men yon gwo laperèz te vin tonbe sou yo, e yo te kouri ale kache kò yo.

  64. 1 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te retounen. E te Li fè m leve tankou yon nonm yo te leve soti nan dòmi. 2 Li te di m: “Kisa ou wè?”

    Mwen te di: “Mwen te wè e vwala, yon chandelye ki fèt nèt an lò, avèk bòl li sou tèt li, ak sèt lanp li yo. Gen sèt bòbèch pou chak lanp ki sou li yo. 3 Anplis, gen de bwa doliv yo sou kote li, youn sou kote dwat bòl la, e lòt la sou kote goch la.”

    4 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan. Mwen te di: “Kisa sa yo ye mèt mwen?”

    5 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te reponn. Li te di m: “Èske ou pa konnen kisa sa yo ye?”

    Mwen te reponn: “Non, mèt mwen.”

    6 Epi li te di m: “Sa se pawòl SENYÈ a Zorobabel la ki di: ‘Se pa pa lafòs, ni pa pwisans, men pa Lespri Mwen,’ pale SENYÈ dèzame yo. 7 ‘Se kilès ou ye, O gran montay la? Devan Zorobabel, ou va vin tounen tè pla. Konsa, li va fè vin parèt ak wòch prensipal la, ak gwo kri k ap di: “Gras, gras a li!”’”

    8 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 9 “Men a Zorobabel te poze fondasyon kay sa. Se men l k ap fin fè l. Konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen kote ou. 10 Paske se kilès ki te meprize jou a ti bagay yo? Men sèt sila yo va rejwi lè yo wè liy a plòn an nan men Zorobabel. Sa yo se zye SENYÈ a k ap veye toupatou sou tout tè a.”

    11 Mwen te di li: “Se kisa de bwa doliv sila yo ki sou kote dwat ak sou kote goch a chandelye yo ye?”

    12 Mwen te mande l yon dezyèm fwa. Mwen te di li: “Se kisa de branch doliv sila yo ki sou kote de tij an lò k ap vide lwil an lò k ap soti nan yo a?”

    13 Li te reponn mwen, e te di: “Èske ou pa konnen kisa yo ye?” Mwen te di: “Non mèt mwen.” 14 Li te di: “Sa yo se de moun onksyone yo ki kanpe akote Mèt a tout tè a.”

  65. 1 Alò, mwen te leve zye m ankò pou m te gade, e vwala te gen kat cha ki t ap soti parèt antre de mòn. Mòn yo te mòn ki fèt an bwonz. 2 Nan premye cha a, te gen cheval wouj. Nan dezyèm cha a, te gen cheval nwa. 3 Nan twazyèm cha a te gen cheval blan. Nan katriyèm cha a, te gen cheval takte yo, tout nan yo byen dyanm. 4 Konsa mwen te pale. Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Kisa sa yo ye, mèt mwen?”

    5 Zanj lan te reponn mwen. Li te di: “Sa yo se kat lespri a syèl yo k ap prale soti devan Senyè a tout tè a. 6 Cha kote cheval nwa yo ye a ap prale nan peyi nò a, epi blan yo te soti dèyè yo. Epi takte yo ap prale nan peyi sid la.” 7 Konsa, cheval ki dyanm yo te ale. Yo te sòti pou yo ta ka mache ale retou sou tè a. Konsa, yo te mache ale retou sou tè a.

    8 Answit, li te rele m. Li te pale pou di m: “Gade byen, yo se sila k ap prale vè peyi nò a, e yo te apeze chalè kòlè Mwen nan peyi nò a.”

  66. 19 Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: “Pa gen anyen pou fè avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm.”

  67. 30 “Apre karant ane te pase, Yon zanj te parèt a li menm nan dezè Mòn Sinaï nan flanm a yon touf bwa. 31 Lè Moïse te wè l, li te etone de sa l te wè a. Lè l te pwoche pou gade pi pre, vwa Senyè a te vini sou li: 32 ‘Mwen menm se Bondye a zansèt nou yo, Bondye Abraham nan, Isaac ak Jacob la’. Moïse te tranble avèk laperèz e pa t menm vle pran chans gade.

  68. 6 Nan menm nwit lan lè Hérode te prèt pou mennen l devan l, Pierre t ap dòmi antre de sòlda. Li te byen anchene avèk de chenn, e jandam yo devan pòt la t ap veye prizon an.

    7 Epi vwala yon zanj Senyè a te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!”

    Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.

    8 Zanj lan te di l: “Mare senti ou e mete sapat ou”. Li te fè sa, epi li te di li: “Vlope ou ak manto a e swiv mwen.”

    9 Konsa, li te ale deyò e te kontinye swiv li. Li pa t fin konnen si sa ki t ap fèt pa zanj lan te vrè, men te sipoze ke se te yon vizyon ke li t ap fè. 10 Lè yo te fin pase premye ak dezyèm gad yo, yo te rive a yon pòtay an fè ki te mennen nan lantre vil la. Li te ouvri pou yo pou kont li. Yo te pase ale deyò, e te desann nan yon ri. Imedyatman zanj lan te kite li.

    11 Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”

  69. 1 Lè Jèn Mouton an te ouvri setyèm so a, te gen silans nan syèl la pandan anviwon demi èdtan.

    2 Epi mwen te wè sèt zanj ki kanpe devan Bondye, e yo te resevwa sèt twonpèt.

    3 Yon lòt zanj te vin kanpe devan lotèl la. Li te kenbe yon lansanswa an lò. Anpil lansan te bay a li menm pou l ta kab ajoute sou lapriyè a tout sen ki te sou lotèl an lò ki te devan twòn nan. 4 Konsa, lafimen lansan an avèk lapriyè a tout sen yo te sòti nan men a zanj lan pou monte parèt devan Bondye.

    5 Zanj lan te pran lansanswa a, liplen li avèk dife lotèl la, e voye l sou tè a. Sa te swiv ak gwo kout tonnè, gwo bri, kout eklè ak yon tranbleman detè. 6 Konsa, sèt zanj ki te gen sèt twonpèt yo te prepare yo pou sone yo.

    7 Premye a te sone, epi te vin parèt lagrèl ak dife tou mele avèk san, e yo te jete yo sou tè a. Epi yon tyè pati tè a te brile, yon tyè nan pyebwa yo te brile e tout zèb vèt yo te brile nèt.

    8 Dezyèm zanj lan te sone, e yon bagay tankou yon gwo mòn k ap brile ak dife te jete nan lanmè a. Konsa yon tyè nan lanmè a te tounen san. 9 Yon tyè nan kreyati vivan ki te nan lanmè yo te mouri, e yon tyè nan bato yo te detwi.

    10 Twazyèm zanj lan te sone, epi yon gwo zetwal ki t ap brile tankou yon tòch te tonbe soti nan syèl la. Li te tonbe sou yon tyè nan larivyè ak sous dlo yo. 11 Non a zetwal la se “Absinthe.” Yon tyè nan dlo yo te vin anmè, e anpil moun te vin mouri akoz dlo yo ki te vin anmè a.

    12 Katriyèm zanj lan te sone, epi yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.

    13 Answit, mwen te gade e mwen te tande yon èg k ap vole nan mitan syèl la, ki t ap di nan yon gwo vwa: “Malè! Malè! Malè a sila ki rete sou latè yo, akoz son twonpèt a twa zanj ki toujou rete yo!”