49 Bible Verses About The Devil

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About The Devil
  1. 3 Answit, yon lòt sign te parèt nan syèl la. Gade byen, yon gwo dragon wouj avèk sèt tèt ak dis kòn, e sou tèt li yo te gen sèt kouwòn. 4 Konsa, ke li te baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te jete yo sou latè.

    Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a. 5 Konsa, li te fè yon fis, yon pitit mal, ki gen pou gouvène tout nasyon yo avèk yon baton fè. Pitit li a te rale monte kote Bondye, e anvè twòn Li an. 6 Answit fanm nan te sove ale nan dezè a kote li te gen yon plas prepare pa Bondye, pouke la, li ta kapab nouri pandan mil-de-san-swasant jou.

    7 Epi te gen lagè nan syèl la. Michel avèk zanj li yo t ap fè lagè avèk dragon an. Dragon an avèk zanj pa li yo t ap fè lagè. 8 Men yo pa t reyisi genyen. Konsa, yo pa t jwenn plas ankò nan syèl la. 9 Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.

    10 Answit mwen te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di: “Koulye a delivrans lan, pwisans lan, wayòm Bondye nou an, ak otorite Kris Li a te vini an. Paske akizatè a frè nou yo jete anba; Sila ki te konn akize yo devan Bondye nou an lajounen kon lannwit lan. 11 Yo te venk li akoz san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò.

    12 “Pou rezon sa a, rejwi nou o syèl, ak nou menm ki demere ladann yo. Malè a tè a ak lanmè a paske dyab la gen tan desann sou nou avèk gwo kòlè, akoz li konnen tan li an vrèman kout.”

    13 Alò, lè dragon an te wè ke li te jete anba sou latè, li te pèsekite fanm ki te bay nesans a pitit mal la.

    14 Men de zèl a gwo èg la te bay a fanm nan pou li ta kapab vole rive nan dezè a nan pwòp plas li, kote li te nouri pandan yon ti tan, tan ak mwatye tan, lib de prezans sèpan an.

  2. 1 Answit, mwen te wè yon zanj ki t ap desann sòti nan syèl la, ki te gen kle abim nan ak yon gwo chèn nan men l.

    2 Li te pran dragon an, sèpan ansyen an, ki se dyab la, Satan, e li te mare li pou mil ane. 3 Li te jete li nan labim. Li te fèmen li e te mete so li sou li, pou li pa t kab twonpe nasyon yo ankò, jiskaske mil ane yo fini. Apre bagay sa yo, li oblije vin lage pou yon ti tan.

    4 Answit mwen te wè twòn yo ak sa yo ki te chita sou yo. Konsa, jijman te vin bay a yo menm. Mwen te wè nanm a sila ki te dekapite akoz temwayaj a Jésus yo, e akoz pawòl Bondye a: Sila ki pa t adore bèt la oubyen imaj li a, e ki pa t resevwa mak la sou fon yo ak men yo. Sila yo te vin retounen a lavi pou renye avèk Kris pandan mil ane.

    5 Rès mò yo pa t retounen a lavi jiskaske mil ane yo fini. Sa se premye rezirèksyon an. 6 Beni e sen se sila ki gen yon pati nan premye rezirèksyon an. Sou sila yo, dezyèm lanmò a pa gen pouvwa, men yo va touprè a Bondye e a Kris, e va renye avèk Li pandan mil ane yo.

    7 Lè mil ane yo vin fini, Satan va lage soti nan prizon li an, 8 epi li va soti pou twonpe nasyon ki nan kat kwen latè yo, Gog avèk Magog, pou rasanble yo ansanm pou lagè a. An kantite, yo va tankou sab ki bò lanmè. 9 Yo te monte vini sou gwo sifas latè a, e te antoure kan a sen yo ak vil byeneme a. Konsa, dife te desann sòti nan syèl la, e te devore yo.

    10 Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan lak dife ak souf la, kote bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.

    11 Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.

    12 Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo. 13 Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.

    14 Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.

    15 Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.

  3. 10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a. 15 Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16 e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. 17 Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a.

  4. 8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.

    10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm. 11 A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  5. 11 Answit, mwen te wè yon lòt bèt ki t ap vin sòti anba tè a. Li te gen de kòn tankou yon jenn mouton, e li te pale tankou yon dragon.

    12 Li egzèse tout otorite a premye bèt la nan prezans li. Epi li fè tè a avèk sila ki rete ladann yo adore premye bèt, ki te gen blese fatal ki te geri a. 13 Li fè gwo sign, jis pou fè dife sòti nan syèl la rive sou tè a devan prezans a moun yo. 14 E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen blese nepe a, e ki te viv.

    15 Konsa, pouvwa a te bay a li menm pou bay souf a imaj bèt la, pou imaj a bèt la ta kapab menm pale e fè tout sila ki refize adore bèt la touye.

  6. 6 Alò, te rive yon jou lè fis a Bondye yo te vin prezante yo menm devan Bondye, e Satan osi, te rive pami yo. 7 SENYÈ a te di a Satan: “Depi kibò ou sòti?”

    Konsa, Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè a, e mache toupatou sou li.”

    8 SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou remake sèvitè mwen an, Job? Paske nanpwen okenn tankou li sou latè, yon nonm san repwòch ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite mal.”

    9 Satan te reponn SENYÈ a: “Èske Job gen lakrent Bondye pou granmesi? 10 Èske Ou pa t fè yon kloti antoure li avèk lakay li avèk tout sa li genyen sou chak kote? Ou te beni zèv men li yo, e byen li grandi anpil nan peyi a. 11 Men lonje men Ou depi koulye a, touche tout sa li posede. Anverite li va modi Ou menm devan figi Ou.”

    12 SENYÈ a te di a Satan: “Gade byen, tout sa li genyen sou pouvwa ou. Sèlman pa lonje men ou sou kò li.”

    Konsa, Satan te pati devan prezans SENYÈ a.

  7. 7 Timoun yo, pa kite pèsòn twonpe nou. Sila ki pratike ladwati a jis, menm jan ke Li jis la. 8 Men sila ki pratike peche a se dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.

  8. 44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.

  9. 1 Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”

    2 Fanm nan te di a sèpan an: “Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo; 3 men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.”

    4 Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” 5 Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.

    6 Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje. 7 Zye a toude te vin louvri, e yo te vin konnen ke yo te toutouni. Pou sa, yo te koud fèy pyebwa ansanm e yo te fè pou yo menm yon tabliye.

  10. 12 Kòman ou te tonbe soti nan syèl la, O zetwal granmmaten an! Ou te koupe ra tè; ou menm ki te detwi tout nasyon yo! 13 Men nan kè ou, ou te di: “Mwen va monte jis rive nan syèl la! Mwen va fè leve twòn mwen piwo zetwal Bondye yo! Mwen va chita sou mòn asanble a nan fon nò yo! 14 Mwen va monte piwo nwaj yo! Mwen va fè mwen menm tankou Pi Wo a!” 15 Sepandan, ou va pouse desann nan Sejou mò yo, kote fon a gwo fòs la ye a.

  11. 1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo.

  12. 7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou.

  13. 12 Men m ap kontinye fè sa ke m ap fè a pou m kapab rachte okazyon de sila yo ki vle twouve yon okazyon pou moun konsidere yo egal avèk nou nan bagay ke y ap vante tèt yo. 13 Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo. 14 Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè. 15 Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.

  14. 1 Konsa, li te montre mwen Josué, wo prèt ki te kanpe devan zanj SENYÈ a, ak Satan ki te kanpe sou men dwat li pou akize li. 2 SENYÈ a te di a Satan: “SENYÈ a repwoche ou, Satan! Anverite, SENYÈ ki te chwazi Jérusalem nan va repwoche ou! Èske sa se pa yon bout bwa cho ki retire soti nan dife?”

    3 Alò, Josué te abiye ak rad sal, e te kanpe devan zanj lan. 4 Li te pale, e te di a sila ki te kanpe devan l yo: “Retire rad sal yo sou li.” A li menm Li te di, “Gade byen, Mwen te retire inikite sou ou, e Mwen va abiye ou ak vètman byen chè.”

    5 Mwen te di: “Kite yo mete yon tiban pwòp sou tèt li.”

    Konsa, yo te mete yon tiban pwòp sou tèt li, e yo te abiye li. Zanj SENYÈ a te kanpe sou kote.

    6 Zanj SENYÈ a ak vwa solanèl te asire Josué. Li te di: 7 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Si ou va mache nan chemen Mwen yo, si ou va fè sèvis Mwen, alò, ou va osi gouvène lakay Mwen an. Ou va osi gadyen lakou Mwen an, e ou va gen lib aksè pami tout sila ki kanpe la yo. 8 Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo—anverite, yo se moun ki sèvi kon yon sign. Paske gade byen, Mwen va fè parèt sèvitè Mwen an Scion an. 9 Paske gade byen, wòch ke Mwen te plase devan Josué a; sou yon sèl wòch, gen sèt zye. Gade byen, men mo a, Mwen va fè grave sou li,’ deklare SENYÈ dèzame yo. ‘Epi Mwen va retire inikite a peyi sa a nan yon sèl jou. 10 Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: ‘nou chak va envite vwazen nou yo pou vin chita anba pye rezen an ak anba pye fig pa nou.’”

  15. 17 Swasann-dis yo te retounen avèk jwa. Yo te di: “Senyè, menm dyab yo soumèt a nou menm nan non Ou”.

    18 Li te di yo: “Mwen t ap gade Satan k ap tonbe soti nan syèl la tankou yon kout loraj. 19 Veye byen, Mwen bannou otorite poumache sou sèpan avèk eskòpyon anba pye nou, sou tout pouvwa a lènmi an, e anyen p ap fè nou mal.

    20 “Malgre sa, pa rejwi nan sa, ke lespri yo soumèt a nou menm, men rejwi paske non nou ekri nan syèl la.”

  16. 30 Jésus te reponn e te di: “Vwa sa a pa t vini pou kòz pa M, men pou kòz pa nou. 31 Koulye a jijman vini sou mond sa a. Koulye a mèt mond sa a va jete deyò.

  17. 41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a.

  18. 13 Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: “Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.”

    14 SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou. 15 Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”

  19. 1 Ankò, yon jou te rive lè fis a Bondye yo te vin prezante yo devan SENYÈ a, e Satan osi te vin prezante li menm devan SENYÈ a. 2 SENYÈ a te di a Satan: “Kibò ou sòti?”

    Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè, e te mache toupatou sou li.”

    3 SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou te remake sèvitè Mwen an, Job? Paske nanpwen okenn moun tankou li sou latè, yon nonm san repwòch e dwat ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite tout mal. Epi li toujou kenbe rèd ak entegrite li, malgre ou te eksite Mwen kont li san koz.”

    4 Satan te reponn SENYÈ a. Li te di: “Chè pou chè! Wi, tout sa yon nonm genyen, li va bay pou lavi li. 5 Malgre sa, lonje men Ou koulye a e touche zo li avèk chè li. Li va modi Ou devan figi Ou.”

    6 Konsa, SENYÈ a te di a Satan: “Gade byen, li nan pouvwa ou. Sèlman konsève lavi li.”

    7 Konsa, Satan te sòti nan prezans SENYÈ a e te frape Job avèk abse ak maleng soti anba pye li jis rive sou kwòn tèt li.

  20. 24 Men lè Farizyen yo tande sa, yo te di: “Mesye sa ap chase move lespri sa yo pa Béelzébul ki mèt a tout move lespri yo.”

    25 Li te konnen panse yo, e Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont pwòp tèt li va gaye; e nenpòt vil oswa kay ki divize kont pwòp tèt li p ap kanpe. 26 Si se Satan k ap jete Satan, li divize kont pwòp tèt li. Konsa kijan wayòm li va kanpe? 27 Epi si Mwen menm pa fòs Béelzébul, chase move lespri yo, pa kilès fis nou yo ap jete yo? Pou rezon sa a, se yo menm k ap jije nou. 28 Men si Mwen chase move lespri yo pa Lespri Bondye a, wayòm Bondye a gen tan vini sou nou. 29 Oubyen kijan yon moun kapab antre nan kay a nonm fò, pou pran tout byen li, sof ke premyèman li mare nonm fò a? Lè l fini, l ap piyaje kay la.

    30 “Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye.

  21. 1 Apre sa, Lespri Sen an te mennen Jésus nan savann nan pou L ta kapab tante pa Satan. 2 Lè Li te fin fè jèn karant jou avèk karant nwit lan, Li te grangou. 3 Konsa, Tantatè a te parèt, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, kòmande wòch sa yo vin pen.”

    4 Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.

    5 Apre sa, Satan te mennen Li antre nan vil sen, Jérusalem nan. Li te fè L kanpe sou pi wo pwent tanp lan. 6 Konsa, li te di Li: “Si Ou menm se Fis Bondye a, jete kò Ou anba, paske sa ekri:

    ‘L ap bay zanj Li yo lòd de Ou menm, e

    ‘ak men yo, y ap bay Ou soutyen

    pou ke Ou pa ta menm frape

    pye Ou kont yon wòch’”.

    7 Jésus te di l: “Anplis sa ekri: ‘Ou pa pou tante Senyè a, Bondye Ou a’”.

    8 Ankò dyab la te mennen Li nan yon mòn wo e te montre Li tout wayòm nan mond lan, avèk tout glwa yo. 9 Li te di Li: “Tout bagay sa yo, mwen va bay Ou yo si Ou pwostène pou adore mwen.”

    10 Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.

    11 Konsa, dyab la te kite Li, e lapoula, zanj yo te vini sèvi Li.

  22. 31 Simon, Simon, veye byen. Satan mande pèmisyon pouvannen ou tankou ble. 32 Men Mwen tepriye pou ou, pou lafwa ou pa pèdi; e pou ou, nan lè ke ou retounen ankò, kab bay frè ou yo fòs.”

    33 Men li te di Li: “Senyè, avèk Ou, mwen prepare pou m ale ni nan prizon, ni a lanmò!”

    34 Li te reponn: “Mwen di ou, Pierre, ke kòk la p ap gen tan chante jodi a avan ou di twa fwa ke ou pa rekonèt Mwen.”

  23. 10 Men sila ke nou te padone a, mwen te padone li tou; paske anverite, sa ke m te padone a, si vrèman mwen te padone yon bagay, mwen te fè l pou koz nou nan prezans a Kris la 11 pou Satan pa t kab vin pwofite de nou; paske nou pa inyoran de manèv li yo.

  24. 30 “Mwen p ap pale anpil anplis avèk nou, paske mèt a mond sa a ap vini, e li pa gen anyen nan Mwen.

  25. 7 Paske mistè nonm a peche a ap travay deja; sèlman Sila k ap anpeche li kounye a, va fè sa jiskaske li vin retire nan wout la.

    8 Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan. 9 Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, sign, ak fo mirak, 10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.

  26. 21 Depi lè sa a, Jésus te kòmanse montre disip Li yo ke Li te oblije ale Jérusalem pou soufri anpil bagay nan men lansyen yo, wo prèt yo ak skrib yo; pou yo ta menm touye L, e pou L ta leve nan twazyèm jou a.

    22 Konsa, Pierre te mennen L akote. Li te di L: “Ke Bondye anpeche sa, Senyè! Sa p ap janm rive Ou.”

    23 Men Li te vire bò kote Pierre: “Mete ou dèyè M Satan! Ou menm, ou se yon wòch chite pou Mwen. Ou pa mete tèt ou nan enterè Bondye, men nan enterè a lòm.”

  27. 3 Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la. 4 Paske si yon moun vini pou preche yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa.

  28. 26  “Vin fache, e malgre sa, pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a, 27 epi pa bay Dyab la opòtinite.

  29. 1 Byeneme yo, pa kwè tout lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.

    2 Konsa, nou rekonèt Lespri Bondye a: chak lespri ki konfese ke Jésus Kri te vini nan lachè a sòti nan Bondye: 3 Epi chak lespri ki pa konfese Jésus, pa sòti nan Bondye. Li menm se lespri antikris la, sou sila ke nou te tande ki t ap vini an, epi koulye a ki deja nan lemonn lan.

    4 Timoun yo, nou a Bondye, epi nou te venk lespri sa ki fo a, paske pi gran an se Li ki nan nou an, pase li ki nan lemonn nan. 5 Yo sòti nan lemonn. Akoz sa yo pale tankou lemonn, epi lemonn koute yo.

  30. 9 Mwen konnen tribilasyon ak povrete nou (men nou rich); epi blasfèm pa sila ki di yo se Jwif men ki pa sa yo, men ki se yon sinagòg pou Satan.

    10 “Pa pè pou sa nou prèt pou soufri yo. Veye, dyab la prèt pou voye kèk nan nou nan prizon, pou nou kab pase a leprèv, e nou va gen tribilasyon pandan di jou. Rete fidèl jiska lanmò, e mwen va bannou kouwòn lavi a.

  31. 36 Apre sa, Li kite foul la e Li te ale nan kay la. Disip Li yo te vin kote l pou di: “Eksplike nou parabòl konsènan zèb pikan nan chan an.”

    37 Li te di: “Sila a ki simen bon semans lan se Fis a Lòm nan. 38 Chan an se lemonn, e bon semans lan, se sila yo ki fis a wayòm nan. Zèb pikan yo se sila yo ki fis a mechan an. 39 Epi lènmi ki te simen move grenn nan se Satan. Rekòlt la se fen tan yo, epi ouvriye yo se zanj yo. 40 Pou sa, menm jan ke zèb pikan yo ranmase e brile avèk dife, konsa sa ap ye nan fen tan yo. 41 Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste. 42 L ap jete yo nan founo dife a e nan plas sa a, y ap kriye e y ap manje dan yo. 43 Konsa, sila ki gen ladwati yo ap fè klè tankou solèy la nan wayòm Papa yo a. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.

  32. 19 Lè nenpòt moun tande pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la.

  33. 1 Men yon sèten mesye ke yo te rele Ananias ak Saphira, madanm li, te vann yon mòso tè. 2 Men li te kenbe yon pati nan pri a pou li menm, avèk konesans madanm li. Konsa, li te pote yon sèten pati, e te mete l nan pye apòt yo.

    3 Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt. 4 Pandan li te rete pa t vann nan, èske li pa t nan men ou? E lè li te fin vann nan, èske li pa t toujou sou kontwòl pa w? Poukisa ou kalkile bagay sa a nan kè ou? Se pa a moun ke ou bay manti a, men a Bondye.”

    5 Ananias, lè l te tande bagay sa yo, te tonbe atè e te respire dènye souf li. Yon gwo laperèz te vini sou tout sila ki te tande bagay sa yo.

    6 Jennjan yo te leve li, vlope li nan yon twal e te pote l deyò pou te antere l.

  34. 13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

  35. 17 Men nou menm, frè yo, akoz ke nou te separe de nou pou yon ti tan—kòmsi an pèsòn, men pa an espri—nou tout te pi enpasyan ak lanvi pou wè figi nou. 18 Paske nou tout te vle vin kote nou—mwen menm, Paul, plis ke yon sèl fwa—e malgre sa, Satan te anpeche nou.

  36. 5 Pou rezon sa a, lè mwen pa t kapab andire li ankò, mwen osi te voye enfòme de lafwa nou, avèk krent pou tantatè a ta ka petèt vin tante nou, e pou travay nou an ta anven.

  37. 27 Epi apre mòso a, Satan te antre nan li. Konsa, Jésus te di l: “Sa w ap fè a, fè vit.”

  38. 1 Alò, fèt Pen San Ledven an ki rele Pak Jwif la, t ap pwoche. 2 Konsa, Chèf prèt avèk skrib yo t ap chache kijan yo ta kapab mete L a lanmò; paske yo te pè pèp la.

    3 Konsa, Satan te antre nan Judas ki te rele Iscariot, ki te konte pami douz yo. 4 Li te sòti, e te diskite avèk chèf prèt avèk ofisye yo sou jan li ta kapab trayi Li a yo menm. 5 Yo te kontan, e te vin dakò pou bay li lajan. 6 Donk, li te antann li avèk yo, e te kòmanse chache yon bon okazyon pou livre Li bay yo kote pa t gen foul moun.

  39. 4 Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan. 5 Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.

  40. 14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.

    16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

  41. 22 Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se Béelzébul menm ki pran L. Li chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”.

    23 Li te rele yo a Li menm, e te kòmanse pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan mete l deyò? 24 Si yon wayòm divize kont tèt li, wayòm sa a p ap kapab kanpe. 25 Si yon kay divize kont tèt li, kay sa a p ap kab kanpe. 26 Si Satan fin leve kont tèt li, epi li divize, li p ap kab kanpe, men li fini!

  42. 7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

    10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.

  43. 20 Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.

  44. 10 “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi.

    “Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.

  45. 13 Pa kite pèsòn di lè l tante: “Se Bondye k ap tante m,” paske Bondye pa kapab tante pa mal, e Li menm, Li pa tante pèsòn. 14 Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo. 15 Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè peche a fin akonpli, li pote lanmò.

  46. 8 Yon lòt zanj, yon dezyèm, te swiv, e t ap di: “Tonbe, tonbe, gran Babylone nan, Sila ki te fè tout nasyon yo bwè diven pasyon imoralite li a.”

    9 Answit, yon lòt zanj, yon twazyèm, te swiv yo e t ap di avèk yon vwa ki fò: “Si yon moun adore bèt la avèk limaj li a, e resevwa yon mak sou fon li oubyen sou men l, 10 li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an. 11 Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa mak non li an.

    12 Men isit, pèseverans a sen ki kenbe kòmandman Bondye yo avèk lafwa yo nan Jésus.

  47. 13 Men prens a wayòm Perse la te kanpe kont mwen pandan venteyen jou; epi gade byen Micaël, youn nan chèf a prens yo, te vin ede m, paske mwen te rete la sèl ak wa a Perse yo.

  48. 1 Anverite gen rapò ki gen imoralite pami nou, yon kalite imoralite ki pa menm egziste pami pèp etranje yo; ke yon moun gen madanm a papa li.

    2 Nou vin awogan, olye nou kriye anpil pou sila ki te fè zak sila a pou l ta kapab vin retire nan mitan nou.

    3 Paske mwen menm, bò kote pa m, malgre mwen absan nan kò men mwen prezan nan lespri. Mwen deja jije mesye ki fè zak sila a, tankou mwen te prezan. 4 Nan non Senyè nou an Jésus Kri, lè nou vin rasanble, e mwen menm avèk nou nan lespri avèk pouvwa Senyè nou an Jésus,

    5 nou gen pou livre yon nonm konsa bay Satan pou detwi chè l, pou lespri li kapab sove nan jou Senyè a Jésus.

  49. 9 Youn nan kòn yo te parèt yon ti jan piti e li te grandi byen vit vè sid, vè lès e vè peyi laglwa a. 10 Li te grandi rive jis nan lame syèl la. Li te fè kèk nan lame a ak kèk nan zetwal yo tonbe atè, e li te ponpe sou yo. 11 Li te menm agrandi pwòp tèt li pou l ta ka egal ak Chèf Tèt lame syèl la. Konsa, li te retire nan men l sakrifis nòmal la, e plas sanktyè Li a te jete anba. 12 Epi akoz transgresyon, lame a va vin livre a kòn nan ansanm ak sakrifis nòmal la. Li te voye verite a jis atè, e sa te fè plezi, e li te pwospere.