31 Bible Verses About Halloween
Bib Sen An (BSA)
-
9 “Lè nou antre nan tè ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an, nou p ap aprann imite bagay abominab a nasyon sa yo. 10 Pa kite yo jwenn okenn pami nou ki sakrifye fis yo oswa fi yo nan dife, youn pami nou ki pratike divinasyon ak maji, ki fè entèpretasyon sign, oswa youn pami nou ki fè wanga, 11 ni youn pami nou ki fè cham, k ap prale nan tab tounant, moun k ap rele lespri yo vin parèt, ni youn pami nou ki rele mò yo monte. 12 Paske nenpòt moun ki fè bagay sa yo abominab a SENYÈ a. Akoz bagay abominab sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, va chase yo sòti devan nou.
13 “Fòk nou san fot devan SENYÈ a, Bondye nou an.
14 “Paske nasyon sa yo ke nou va deplase yo, koute konsèy a sila ki pratike maji ak sila ki fè divinasyon yo; men pou nou, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t pèmèt ke nou fè sa.
-
7 Konsa, pa vin yon pati ak yo. 8 Paske avan sa nou te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè. 9 Paske fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite, 10 ki fè prèv de sa k ap fè Senyè a plezi. 11 Pa patisipe nan zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans ekspoze yo. 12 Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm. 13 Men tout bagay vin vizib lè yo ekspoze pa limyè a, paske tout bagay ki vin vizib se limyè.
-
21 Men byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an 22 e evite tout kalite mal.
-
19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.
-
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.
-
31 “‘Pa vire bò kote moun ki fè kontak ak mò yo, ni ki chache move lespri yo. Pa chache yo pou nou pa vin degrade pa yo menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
-
10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm.
-
20 Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab.
21 Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo.
-
8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.
-
14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb? 15 Oubyen ki amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan? 16 Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.” 17 Konsa,
“‘Soti nan mitan yo,
e separe de yo’, di Senyè a.
‘Pa touche sa ki enpi.
Mwen va akeyi nou.
18 Mwen va yon Papa pou nou,
e nou va fis ak fi pou Mwen,’
di Senyè Tou Pwisan an.”
-
23 Anplis, nou pa pou swiv koutim nasyon sa yo ke Mwen va pouse fè sòti devan nou yo, paske yo te fè tout bagay sa yo, e konsa, Mwen te vin rayi yo.
-
1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo.
-
20 Malè a sila ki rele mal la bon,
ak bon an mal la;
sila ki prezante tenèb la tankou limyè a,
ak limyè a kon tenèb la;
sila ki prezante sa ki anmè a kon dous,
e sa ki dous kon anmè.
-
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move.
-
15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa.
-
11 Zanmi mwen yo pa imite sa ki mechan, men sa ki bon. Sila ki fè byen a Bondye. Sa ki fè mal pa janm te wè Bondye.
-
12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout zèv tenèb yo, e abiye nou ak pwotèj limyè a.
-
15 Pou sila ki san tach la, tout bagay san tach, men pou sila ki souye e ki pa kwè yo, nanpwen anyen ki san tach, men lespri yo ak konsyans yo deja souye.
-
18 Ou pa pou kite yon majisyen viv.
-
13 Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy, 14 epi pa t mande konsèy a SENYÈ a. Pou sa, Li te touye li, e te bay wayòm nan a David, fis a Jesse a.
-
6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
-
18 Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo. 19 Anpil nan sila ki te konn pratike maji yo te vin pote liv yo, e te kòmanse boule yo devan zye a tout moun. Yo te kontwole pri a yo e te twouve l kòm senkant mil pyès dajan.
-
19 Nou konnen ke nou menm nou se a Bondye, epi tout lemonn rete nan pwisans a mechan an.
-
8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”
-
19 Lè y ap di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen;” èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo? 20 Vire kote lalwa ak akò a! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini.
-
13 “Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.
14 “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 15 Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. 16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.
-
43 “Alò, lè yon move lespri kite yon nonm, li pase nan zòn sèk san dlo pou chache repo, men li pa jwenn. 44 Konsa li di: M ap retounen lakay kote mwen te sòti a. Lè li vini li twouve li vid, bale e ranje nan lòd. 45 Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”
-
11 Lè foul la te wè sa Paul te fè a, yo te leve vwa yo nan langaj Likaonyen an “Se dye yo ki vin sanble ak moun e ki desann vè nou.” 12 Konsa, yo te rele Barnabas Jupiter, e Paul Mercure, akoz ke se te li menm ki te chèf pou pale.
13 Alò, prèt Jupiter a, ki te gen tanp li fenk deyò vil la, te mennen towo bèf avèk kolye flè yo devan pòtay yo pou l te ofri sakrifis yo ansanm avèk foul la.
14 Men lè apòt yo, Barnabas ak Paul te tande sa, yo te chire rad yo. Yo te kouri nan mitan foul la e t ap rele 15 “Mesye yo, poukisa nou ap fè bagay sa yo? Nou menm tou se lòm, ki fèt menm jan ak nou. Nou pòte bòn nouvèl la a nou menm, pou nou kapab vire kite vye bagay sila yo pou vire vè Bondye vivan an ki te fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladann.
-
1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo.
-
1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye.
-
15 Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.
Shows Read in context, Share and Copy.