38 Bible Verses About Sorcery
Bib Sen An (BSA)
-
9 “Lè nou antre nan tè ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an, nou p ap aprann imite bagay abominab a nasyon sa yo. 10 Pa kite yo jwenn okenn pami nou ki sakrifye fis yo oswa fi yo nan dife, youn pami nou ki pratike divinasyon ak maji, ki fè entèpretasyon sign, oswa youn pami nou ki fè wanga, 11 ni youn pami nou ki fè cham, k ap prale nan tab tounant, moun k ap rele lespri yo vin parèt, ni youn pami nou ki rele mò yo monte. 12 Paske nenpòt moun ki fè bagay sa yo abominab a SENYÈ a. Akoz bagay abominab sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, va chase yo sòti devan nou.
13 “Fòk nou san fot devan SENYÈ a, Bondye nou an.
14 “Paske nasyon sa yo ke nou va deplase yo, koute konsèy a sila ki pratike maji ak sila ki fè divinasyon yo; men pou nou, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t pèmèt ke nou fè sa.
-
19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
-
9 Men de bagay sa yo va rive sou nou sibitman
nan yon jou:
pèt a pitit ak afè vin vèv la.
Yo va rive an mezi plen nèt;
malgre tout maji nou ak gwo pouvwa
wanga nou konn fè yo.
10 Ou te santi ou te byen pwoteje nan mechanste ou
e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’.
Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou;
paske nan kè ou, ou te di:
‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’.
11 Men malè va vini sou ou ke ou p ap gen
maji pou detounen.
Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou.
Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk
va rive sou ou sibitman.
12 Kanpe fèm nan tout maji ak wanga
ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo.
Petèt ou va reyisi, petèt ou va fè moun tranble.
13 Ou vin fatige ak tout konseye yo.
Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo,
k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo,
vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.
14 Gade byen, yo tankou pay.
Dife ap brile yo.
Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo.
P ap gen chabon ki pou chofe kò yo,
ni flanm dife pou yo chita devan l!
15 Men kijan tout travay lavi w ap tèmine:
Tout sa yo ki fè komès ak ou depi nan jenès ou yo
va mache egare nan chemen pa yo;
nanpwen moun ki pou ta sove ou.
-
10 Alò, Moïse avèk Aaron te vin vè Farawon, epi konsa yo te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande yo a. Aaron te jete baton li an atè devan Farawon avèk sèvitè li yo, epi li te devni yon sèpan.
11 Farawon osi te rele nonm saj avèk sa ki fè maji yo. Konsa, yo menm te fè menm bagay la tou. Majisyen nan Égypte yo te fè menm bagay avèk metye sekrè ak wanga pa yo. 12 Paske yo chak te jete baton yo atè, e chak te vin fè yon sèpan. Men baton Aaron an te vale lòt baton yo nèt.
-
9 Alò, te gen yon nonm yo te rele Simon, ki te konn pratike maji nan vil la. Li t ap fè pèp Samarie a sezi, konsi li t ap vante tèt li, ke li menm te yon moun pwisan.
10 Konsa, yo tout, soti nan pi piti jiska pi gran, te ba li anpil atansyon, e te di: “Mesye sila a se li ke yo rele Gran Pouvwa Bondye a.” 11 Yo te koute li, paske pandan anpil tan li te konn etone yo avèk metye maji sila a.
12 Men lè yo te kwè Philippe ki t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a nan non Jésus Kris la, yo t ap batize; fanm, kou gason menm jan an. 13 Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil sign ak mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.
14 Alò, lè apòt nan Jérusalem yo te tande ke Samarie te resevwa pawòl Bondye a, yo te voye Pierre avèk Jean bay yo. 15 Lè yo te vin desann, yo te priye pou yo ta kapab resevwa Lespri Sen an. 16 Paske Li potko tonbe sou okenn nan yo. Yo te sèlman batize nan non Senyè a Jésus. 17 Alò, yo te mete men sou yo, epi yo te resevwa Lespri Sen an.
18 Koulye a, lè Simon te wè ke Lespri a te bay lè apòt yo te poze men sou moun yo, li menm te ofri yo lajan. 19 Li te di: “Ban mwen otorite sila a osi, pou tout sila ke m poze men m sou yo kapab resevwa Lespri Sen an.”
20 Men Pierre te di li: “Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab vin genyen don Bondye a avèk lajan. 21 Ou pa gen ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye. 22 Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, si posib, entansyon kè ou kapab vin padone. 23 Paske mwen wè ke ou nan fyèl anmè e mare nan inikite.”
24 Men Simon te reponn e te di: “Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m.”
-
11 Bondye t ap fè mirak ekstrawòdinè pa men Paul 12 jiskaske yo te kòmanse pote menm mouchwa avèk rad kò li pou malad yo; konsa malad yo te vin geri, e move Lespri yo te vin sòti.
13 Men osi kèk nan Jwif ki te konn chase move lespri yo, ki te ale soti yon kote a yon lòt, te eseye rele non Jésus sou sila ki te gen move lespri yo, e t ap di: “Mwen bay ou lòd pa Jésus ke Paul preche a.” 14 Sèt fis a Scéva yo, yon chèf prèt Jwif, t ap fè sa a.
15 Epi move lespri yo te reponn e te di yo: “Mwen rekonèt Jésus, e mwen konnen Paul, men ki moun nou ye?”
16 Mesye ki te gen move Lespri a te vòltije sou yo tout e te tèlman domine yo, ke yo te kouri kite kay la toutouni, e blese.
17 Bagay sa te vin konnen pa tout moun, ni Jwif, ni Grèk ki te rete Éphèse. Lakrent te vin tonbe sou yo tout, e non Jésus Kri a t ap vin pi gran.
18 Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo. 19 Anpil nan sila ki te konn pratike maji yo te vin pote liv yo, e te kòmanse boule yo devan zye a tout moun. Yo te kontwole pri a yo e te twouve l kòm senkant mil pyès dajan. 20 Konsa pawòl Senyè a t ap grandi ak pwisans, e t ap renye.
-
8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”
-
6 Lè yo te fin travèse tout lil la, jis rive nan Paphos yo twouve yon sèten majisyen Jwif, yon fo pwofèt ke yo te rele Bar-Jésus 7 ki te avèk pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a.
8 Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont lafwa a. 9 Men Saul, ki te osi konnen kon Paul, ranpli avèk Lespri Sen an, te fikse zye li sou li. 10 Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a? 11 Koulye a, gade byen men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.”
Imedyatman, yon brouya avèk yon fènwa te tonbe sou li, e li te ale toupatou pou chache moun pou ta mennen l pa lamen.
12 Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de doktrin Senyè a.
-
1 Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-senkan Jérusalem. 2 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, selon abominasyon yo a nasyon an ke SENYÈ a te chase deyò devan fis Israël yo. 3 Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias, papa li te kraze yo. Anplis, li te monte lotèl pou Baal yo. Li te fè Asherim yo, e li te adore tout lame syèl yo e te sèvi yo. 4 Li te bati lotèl lakay SENYÈ a sou sila yo SENYÈ a te di: “Se non Mwen k ap nan Jérusalem jis pou tout tan an.” 5 Paske li te bati lotèl pou tout lame syèl yo nan de lakou lakay SENYÈ yo. 6 Anplis, li te fè fis li yo pase nan dife nan vale Ben-Hinnom, epi li te pratike vye maji, divinasyon, fè wanga e li te fè angajman avèk sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè. 7 Li te mete imaj taye ke li te fè lakay Bondye a, sou sila Bondye te di a David ak Salomon, fis li a: “Nan kay sila a ak nan Jérusalem, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan.
-
23 Menm limyè a yon lanp p ap briye nan ou, e vwa jennonm ak jenn fi k ap marye yo p ap tande nan ou ankò.
“Paske machann ou yo te gwo moun sou latè, epi tout nasyon yo te twonpe pa wanga ou a.
-
18 Ou pa pou kite yon majisyen viv.
-
19 Lè y ap di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen;” èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo? 20 Vire kote lalwa ak akò a! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini. 21 Yo va pase nan peyi a, plen gwo pwoblèm ak grangou nèt. Li va vin rive ke lè yo grangou, y ap vin anraje e modi wa yo ak Bondye pandan y ap gade anlè. 22 Epi konsa, y ap gade vè latè, gade byen, gwo twoub ak fènwa, dezolasyon ak gwo lapèn. Konsa, yo va chase ale nan tenèb.
-
16 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje baton ou an e frape pousyè tè a, pou li kapab devni ti mouch fen nan tout vale an Égypte yo.’”
17 Yo te fè sa; Aaron te lonje men l avèk baton li an, li te frape pousyè tè a, e te vin gen ti mouch fen sou moun, ak sou bèt yo. Tout pousyè tè a te devni ti mouch nan tout peyi Égypte la. 18 Majisyen yo te eseye avèk metye maji pa yo pou pwodwi ti mouch fen yo, men yo pa t kapab.
Te gen ti mouch yo ni sou moun, ni sou bèt.
19 Alò, majisyen yo te di a Farawon: “Sa se dwat Bondye.” Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.
-
31 “‘Pa vire bò kote moun ki fè kontak ak mò yo, ni ki chache move lespri yo. Pa chache yo pou nou pa vin degrade pa yo menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
-
6 “‘Epi pou moun ki vire vè moun k ap fè kontak ak mò yo, ki swiv lespri dyab yo, pou yo jwe pwostitiye avèk yo, Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a e Mwen va koupe retire li de pèp li a.
-
1 Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an,
men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;
2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo
va vin ogmante sou ou.
3 Pa kite dousè ak verite kite ou.
Mare yo antoure kou ou.
Ekri yo sou tablo kè ou.
4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon
nan men Bondye a, ak moun.
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
-
9 “Men pou nou menm, pa koute pwofèt nou yo, divinò nou yo, moun ki fè rèv yo, moun k ap devine yo, ni sila ki fè wanga yo, k ap di: ‘Nou p ap sèvi wa Babylone nan’. 10 Paske pwofesi pa yo se manti y ap bannou pou yo deplase nou ale lwen peyi nou, pou fè M ta pouse bourade nou deyò e nou va peri.
-
26 Se konsa, nou va sen pou Mwen, paske Mwen, SENYÈ a, Mwen sen. Mwen te mete nou apa de lòt pèp yo pou nou kapab pa Mwen.
27 “‘Alò, yon nonm oswa yon fanm ki kontakte mò yo, oswa lespri yo, yo va anverite vin mete a lanmò. Yo va vin lapide avèk kout wòch. Koupabilite san rete sou yo.’”
-
13 Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy, 14 epi pa t mande konsèy a SENYÈ a. Pou sa, Li te touye li, e te bay wayòm nan a David, fis a Jesse a.
-
10 “Li va rive, nan jou sa a,”, deklare SENYÈ a,
“ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan nou
e Mwen va detwi cha lagè nou yo.
11 “Anplis, Mwen va koupe retire vil
nan peyi nou yo, e mwen va jete tout
miray fòterès nou yo.
12 Mwen va koupe retire zafè tout wanga
soti nan men nou, e nou p ap gen divinò ankò.
-
16 Li te vin rive ke pandan nou t ap ale nan plas lapriyè a, te gen yon sèten jenn fanm-esklav avèk yon Lespri divinasyon. Li te konn fè anpil kòb pou mèt li yo akoz ke li te konn pale moun davans sa ki t ap rive yo. 17 Li te swiv Paul avèk nou menm, e li t ap kriye fò san sès, e t ap di: “Mesye sa yo se sèvitè a Bondye Trè Wo a, k ap pwoklame a nou menm, chemen sali a.” 18 Li te kontinye ap fè sa pandan anpil jou.
Men Paul te vrèman enève. Li te vire e te di a Lespri a: “Mwen kòmande ou nan non Jésus Kri a pou sòti nan li!” E lespri a te sòti de li nan menm moman an.
-
12 “Gade byen, Mwen ap vini vit! Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè. 13 Mwen se Alfa a ak Omega a, premye a ak dènye a, kòmansman an ak lafen an.”
14 Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.
15 Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.
-
22 Samuel te di: “Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo. 23 Paske rebelyon se tankou peche divinasyon e refize swiv lòd se tankou inikite avèk idolatri. Akoz ou te refize pawòl SENYÈ a, Li osi te gentan refize ou kòm wa.”
-
23 Paske, nanpwen wanga kont Jacob,
ni pa gen divinasyon kont Israël.
Nan tan etabli a, li va pale a Jacob,
e a Israël de sa Bondye te fè a!
24 Gade byen, yon pèp ki leve tankou yon manman lyon,
tankou yon lyon li leve li menm.
Ni li p ap kouche jiskaske li fin devore viktim nan,
pou l bwè san a sila li touye a.”
25 Alò, Balak te pale a Balaam: “Pa modi yo ditou, ni pa beni yo ditou!”
26 Men Balaam te reponn a Balak: “Èske mwen pa t di ou, ‘Nenpòt sa ke SENYÈ a pale, se sa mwen oblije fè’?”
27 Alò Balak te di a Balaam: “Souple, vini; mwen va mennen ou yon lòt kote. Petèt li va agreyab a Bondye pou ou modi yo depi kote sa a.”
-
6 Li te fè fis li yo pase nan dife, pratike maji e sèvi divinasyon. Li te sèvi moun ki pale ak mò ansanm ak lespri. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.
-
2 Paske zidòl lakay yo pale inikite;
divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè,
ke yo repete kon fo rèv.
Yo bay rekonfò an ven.
Konsa, pèp la mache egare tankou mouton;
yo aflije akoz yo pa gen bèje.
-
17 Alò, ou menm, fis a lòm, mete figi ou kont fi a pèp ou yo, k ap pwofetize apati pwòp enspirasyon yo. Se pou ou pwofetize kont yo, 18 pou di: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Malè a fanm ki koud braslè kon wanga sou tout ponyèt yo e fè vwal yo pou tèt moun tout wotè, pou fè lachas moun! Èske nou va chase nanm a pèp Mwen an, men konsève nanm a lòt yo pou nou menm? 19 Pou yon men ki plen ak lòj ak kèk grenn pen, nou te degrade Mwen a pèp Mwen an, pou fè lantre nan lanmò kèk nanm ki pa ta dwe mouri, e kenbe vivan lòt ki pa ta dwe viv, nan fè manti ou a pèp Mwen an ki koute manti.’”
20 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont braslè wanga nou yo, avèk sila nou chache lavi moun, tankou se zwazo yo. Mwen va rache yo nan bra nou. Epi Mwen va lage nanm sa yo lib, menm nanm de sila ke nou kapte, tankou se zwazo yo. 21 Anplis, Mwen va chire vwal nou yo, Mwen va delivre pèp Mwen an soti nan men nou, e yo p ap nan men nou ankò pou fè viktim lachas. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. 22 Akoz nou te dekouraje moun ladwati a lè Mwen pa t fè yo trist; epi nou te ankouraje mechan an pou l pa kite mechanste li, pou l sove, 23 pou sa, nou p ap fè fo vizyon ankò, ni pratike divinasyon. Mwen va delivre pèp Mwen an sòti nan men nou. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
-
20 Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo. 21 Ni yo pa t repanti nan asasine moun, ni nan fè wanga, ni imoralite, ni vòl yo te fè yo.
-
20 Moïse avèk Aaron te fè sa ke SENYÈ a te kòmande yo a. Li te leve baton an wo e li te frape dlo ki te nan Nil lan, devan zye a Farawon, devan zye a sèvitè li yo, e tout dlo ki te nan Nil lan te vin tounen san. 21 Pwason ki te nan Nil yo te mouri, e Nil lan te vin pouri jiskaske Ejipsyen yo pa t kapab bwè dlo Nil lan. Konsa, san an te toupatou nan peyi Égypte la.
22 Men majisyen an Égypte yo te fè menm bagay la avèk metye maji pa yo. Pou sa a, kè a Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan Bondye te di a.
-
5 “Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.
-
16 Yo te bliye nèt tout kòmandman a SENYÈ a, Bondye pa yo a e yo te fè pou kont yo imaj fonn a ti bèf yo menm, te fè yon Astarté, yo te adore tout lame selès la e yo te sèvi Baal. 17 Konsa, yo te fè fis avèk fi pa yo pase nan dife, yo te pratike divinasyon avèk Wanga e yo te vann pwòp tèt yo pou fè mal nan zye SENYÈ a e pwovoke Li.
-
6 Paske ou te abandone pèp Ou a, lakay Jacob,
akoz yo plen ak jan de panse yo
ki sòti nan lès;
akoz yo vin pwofèt ki swiv Filisten yo,
k ap antann yo ak pitit a etranje yo.
-
27 Daniel te reponn devan wa a. Li te di: “Konsènan mistè sou sila wa a te mande a, ni mesye saj yo, ni mèt zetwal yo, ni majisyen yo, ni divinò yo p ap kapab deklare sa a wa a. 28 Men gen yon Bondye nan syèl la ki devwale mistè yo, e Li te fè konnen a Wa Nebucadnetsar sa ki va rive nan dènye jou yo. Men rèv ak vizyon nan tèt ou yo sou kabann ou an, se konsa:
-
1 Byeneme yo, pa kwè tout lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.
2 Konsa, nou rekonèt Lespri Bondye a: chak lespri ki konfese ke Jésus Kri te vini nan lachè a sòti nan Bondye: 3 Epi chak lespri ki pa konfese Jésus, pa sòti nan Bondye. Li menm se lespri antikris la, sou sila ke nou te tande ki t ap vini an, epi koulye a ki deja nan lemonn lan.
-
9 Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, sign, ak fo mirak, 10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.
11 Pou rezon sa a, Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, 12 pou yo tout ki pa t kwè nan verite a, men ki te pran plezi nan mechanste, kapab jije.
-
4 Timoun yo, nou a Bondye, epi nou te venk lespri sa ki fo a, paske pi gran an se Li ki nan nou an, pase li ki nan lemonn nan.
-
24 Anplis, Josias te retire moun ki te konn rele lespri mò yo, avèk bòkò avèk zidòl lakay yo ak tout lòt zidòl avèk tout abominasyon ki te konn wè nan tout peyi Juda a avèk Jérusalem, pou li ta kapab konfime pawòl lalwa ki te ekri nan liv ke Hilkija, prèt la, te twouve lakay SENYÈ a.
-
7 Vwayan yo va wont
e divinò yo va nan konfizyon.
Anverite, yo tout va kouvri bouch yo
akoz Bondye pa reponn.
Shows Read in context, Share and Copy.