44 Bible Verses About Idols

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Idols
  1. 1 Bondye te pale tout pawòl sa yo e te di: 2 “Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la.

    3 “Ou pa pou gen lòt dye devan M.

    4 “Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a.

    5 “Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo, 6 men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.

  2. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

    22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.

    26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a.

  3. 5 Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.

  4. 1 Alò, lè pèp la te wè ke Moïse te fè reta sòti nan mòn nan, pèp la te rasanble vè Aaron e yo te di li: “Vini, fè pou nou yon dye ki va ale devan nou; pwiske, Moïse sila a, nonm ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.”

    2 Aaron te di yo: “Chire retire zanno lò ki nan zòrèy a Madanm nou yo, fis nou yo, ak fi nou yo, e pote yo ban mwen.” 3 Epi tout pèp la te chire zanno lò ki te nan zòrèy pa yo. Yo te pote yo bay Aaron. 4 Li te pran yo nan men yo; li te fè desen li avèk yon zouti pou grave, e li te fonn li pou fè yon jèn towo. Konsa yo te di: “Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou sòti nan peyi Égypte la.”

    5 Alò, lè Aaron te wè sa, li te bati yon lotèl devan li. Epi Aaron te fè yon pwoklamasyon e te di: “Demen va yon fèt pou SENYÈ a.” 6 Epi nan jou ki te vini an, yo te leve bonè. Yo te ofri ofrann brile a, e yo te pote ofrann lapè yo. Konsa, pèp la te chita pou manje, pou bwè, e yo te leve pou jwe.

  5. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.

    5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. 7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo.

  6. 15 “Pou sa, veye tèt nou, akoz ke nou pa t wè okenn fòm nan jou ke SENYÈ a te pale avèk nou nan Horeb la, soti nan mitan dife a, 16 pou nou pa aji yon jan konwonpi, e fè yon imaj taye pou nou menm nan fòm a okenn bagay, ki sanble a ni mal, ni femèl, 17 sanblab a nenpòt bèt ki sou latè, oswa sanblab a nenpòt zwazo a zèl ki vole anlè, 18 ki sanblab a nenpòt sa ki ranpe atè, ki sanblab a nenpòt pwason ki nan dlo anba tè a. 19 Veye ke nou pa leve zye nou vè syèl la pou wè solèy la, lalin avèk zetwal yo, avèk tout lame syèl la, e mennen pou adore ak sèvi yo, sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi pou tout lòt pèp anba tout syèl la.

  7. 6 Kèk konn vide lò ki sòti nan bous,

    oswa peze ajan sou balans.

    Anplwaye yon òfèv,

    e l ap fè l vin tounen yon dye.

    Yo pwostène—

    e anverite, yo adore l.

    7 Yo fè l monte sou zepòl pou pote l;

    yo pote l, mete li nan plas li, e li kanpe la.

    Li p ap ka deplase nan plas li.

    Malgre yon moun ta kriye anvè li, li p ap ka reponn;

    li p ap ka delivre l nan gwo pwoblèm li an.

    8 Sonje sa e kanpe fèm kon gason;

    kenbe sa nan tèt nou ankò, transgresè yo.

    9 Sonje ansyen bagay ki pase lontan yo,

    paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt.

    Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen,

    10 ki deklare lafen depi nan kòmansman

    e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo.

    Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”

  8. 4 Zidòl yo se ajan ak lò, zèv men a lòm.

    5 Yo gen bouch, men yo pa kab pale.

    Yo gen zye, men yo pa kab wè.

    6 Yo gen zòrèy, men yo pa kab tande.

    Yo gen nen, men yo pa kab santi anyen.

    7 Yo gen men, men yo pa kab manyen.

    Yo gen pye, men yo pa kab mache.

    Nanpwen okenn bri ki sòti nan gòj yo.

    8 Sila ki mete konfyans nan yo va tankou yo.

    Wi, tankou tout moun ki fè yo konfyans yo.

  9. 17 Èske ou pa wè ki sa y ap fè nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo? 18 Timoun yo ranmase bwa, papa yo mete dife ladann e fanm yo bat pat farin nan pou fè gato pou rèn syèl la. Yo vide ofrann bwason bay lòt dye yo pou yo ka vekse M. 19 Èske yo vekse M? deklare SENYÈ a. “Èske se pa tèt yo ke y ap vekse jis rive nan malkonprann ki rive sou pwòp figi yo?”

    20 Pou sa, pale Senyè BONDYE a, “Kòlè Mwen ak chalè Mwen va vide sou plas sa a, ni sou lòm, ni bèt, ni bwa chan, ak sou tout fwi tè yo. Li va brile, e li p ap ka etenn.”

  10. 18 “Ki pwofi ki gen nan zidòl la, lè mèt li fin taye l? Swa yon imaj, fòme pa yonpwofesè k ap bay manti? Paske sila menm ki te fè l la mete konfyans li nan pwòp zèv li a, lè l fòme zidòl ki bèbè. 19 Malè a sila ki di a yon mòso bwa: ‘Leve!”, a yon wòch ki pa ka pale: “Kanpe!” Èske se sila a ki ka enstwi? Men gade byen, li kouvri nèt ak lò ak ajan, e pa gen okenn souf ladann.

  11. 18 Gade nasyon Israël la selon lachè a. Èske se pa tout sila ki manje sakrifis ki pataje sou lotèl yo?

    19 Kisa mwen vle di konsa? Ke yon bagay ki te sakrifye a zidòl se yon bagay, oswa ke yon zidòl se yon bagay? 20 Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab.

    21 Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo. 22 Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?

  12. 22 Samuel te di: “Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo. 23 Paske rebelyon se tankou peche divinasyon e refize swiv lòd se tankou inikite avèk idolatri. Akoz ou te refize pawòl SENYÈ a, Li osi te gentan refize ou kòm wa.”

  13. 22 Konsa, Paul te kanpe nan mitan Aréopage la, e te di: “Mesye Athènes yo, mwen wè ke nou se moun ki renmen adore nan tout sans. 23 Paske pandan mwen t ap travèse e t ap egzamine objè adorasyon nou yo, mwen te twouve yon lotèl avèk enskripsyon sa a: “A Dye Enkoni an!” Konsa, sila ke nou ap adore san konnen an, mwen pwoklame L a nou.

    24 “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm. 25 Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.

    26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; 27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.

    28 “‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’ 29 Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa travay atis ak refleksyon a lòm.

    30 “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti,

  14. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

  15. 20 Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo. 21 Ni yo pa t repanti nan asasine moun, ni nan fè wanga, ni imoralite, ni vòl yo te fè yo.

  16. 20 “Rasanble nou e vini.

    Rapwoche nou ansanm, nou menm,

    refijye a nasyon yo.

    Lòt yo pa gen konesans;

    sila ki pote zidòl an bwa yo toupatou,

    e ki priye a yon dye ki p ap ka sove yo.

  17. 25 Konsa, Élie te di a pwofèt a Baal yo: “Chwazi yon bèf pou nou menm e prepare li, paske nou anpil e rele non a dye pa nou an, men pa mete dife.”

    26 Konsa, yo te pran bèf ki te bay a yo menm nan, yo te prepare li e te rele non Baal la soti nan maten jis rive midi e yo t ap di: “O Baal, reponn nou.” Men pa t gen vwa e okenn moun pa t reponn. Epi yo te toutotou lotèl ke yo te fè a.

    27 Li te vin rive vè midi ke Élie te moke yo. Li te di: “Rele avèk vwa fò, paske li se yon dye! Oswa petèt li okipe, ke li okipe! Oswa li te vire akote, oswa li fè yon vwayaj, o petèt li dòmi e ou bezwen fè l leve.”

    28 Konsa, yo te kriye avèk gwo vwa. Yo te koupe kò yo selon abitid pa yo avèk nepe ak frenn jis san te fè flèv sou yo. 29 Lè midi te fin pase, yo te anraje jis rive nan moman pou ofri sakrifis aswè yo, men pa t gen vwa, okenn pa t reponn, ni okenn pa t okipe yo.

  18. 11 Lè foul la te wè sa Paul te fè a, yo te leve vwa yo nan langaj Likaonyen an “Se dye yo ki vin sanble ak moun e ki desann vè nou.” 12 Konsa, yo te rele Barnabas Jupiter, e Paul Mercure, akoz ke se te li menm ki te chèf pou pale.

    13 Alò, prèt Jupiter a, ki te gen tanp li fenk deyò vil la, te mennen towo bèf avèk kolye flè yo devan pòtay yo pou l te ofri sakrifis yo ansanm avèk foul la.

    14 Men lè apòt yo, Barnabas ak Paul te tande sa, yo te chire rad yo. Yo te kouri nan mitan foul la e t ap rele 15 “Mesye yo, poukisa nou ap fè bagay sa yo? Nou menm tou se lòm, ki fèt menm jan ak nou. Nou pòte bòn nouvèl la a nou menm, pou nou kapab vire kite vye bagay sila yo pou vire vè Bondye vivan an ki te fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladann.

  19. 1 Alò, Bondye te di a Jacob: “Leve ale Béthel e rete la. Fè yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lè ou te sove ale sou frè ou a, Ésaü.”

    2 Alò, Jacob te di moun lakay li yo, ak tout sa ki te avè l yo: “Mete deyò tout dye etranje yo ki pami nou, pirifye nou, e chanje rad nou. 3 Annou leve monte Béthel. Mwen va fè yon lotèl la pou Bondye, ki te reponn mwen nan jou detrès mwen an, e ki te avèk mwen nan tout kote ke m te konn ale yo.” 4 Alò, yo te bay Jacob tout dye etranje ke yo te genyen yo, ak zanno ki te nan zòrèy yo, e Jacob te antere kache yo anba chenn ki te toupre Sichem nan.

  20. 14 “Koulye a, pou sa, gen lakrent SENYÈ a e sèvi Li avèk bon kè ak verite. Mete akote dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a ak an Égypte pou sèvi SENYÈ a. 15 Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”

  21. 4 “‘Pa vire vè zidòl yo, ni fè pou nou menm dye metal fonn yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

  22. 34 Yo pa t detwi lòt pèp yo, jan SENYÈ a te kòmande yo a,

    35 men yo te fè melanj ak nasyon yo.

    Yo te aprann abitid yo.

    36 Yo te sèvi zidòl yo, ki te devni yon pèlen pou yo.

    37 Se te menm pwòp fi ak fis yo ke yo ofri kon sakrifis a dyab yo.

    38 Yo te vèse san inosan, san a pwòp fis ak fi yo,

    ke yo te bay kon sakrifis a zidòl Canaan yo.

    Peyi a te kontamine nèt ak san.

    39 Konsa, yo te vin pa pwòp nan abitid yo,

    e te jwe pwostitiye nan zèv yo.

  23. 1 “Nou pa pou fè pou nou menm zidòl, ni nou pa pou mete an plas pou nou menm yon imaj, oswa yon pilye sakre. Ni nou pa pou plase yon wòch taye nan okenn fòm pou bese devan li; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

  24. 17 Men rès la, li sèvi pou fòme yon dye, imaj taye pa li.

    Li tonbe ba devan l pou adore l; anplis,

    li priye a li menm e di: “Delivre m, paske se ou ki dye mwen.”

  25. 24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.

  26. 4 Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye. 5 Paske, menmsi genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè, 6 malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye Papa a. De Li menm tout bagay sòti, e nou pou Li, e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.

  27. 15 Zidòl a nasyon yo pa anyen sof ke ajan ak lò,

    zèv a men a lòm.

    16 Yo gen bouch, men yo pa pale.

    Yo gen zye, men yo pa wè.

    17 Yo gen zòrèy, men yo pa tande,

    ni nanpwen souf nan bouch yo.

    18 Sila ki fè yo va vin tankou yo.

    Wi, tout sila ki mete konfyans nan yo.

  28. 13 Alò, konsènan tout sa ke M te pale avèk nou yo, pran atansyon pou fè yo. Konsa, pa nonmen non a lòt dye yo, ni kite yo tande pawòl sa yo sòti nan bouch nou.

  29. 8 Sepandan, nan lè sa a, lè nou pa t konnen Bondye, nou te esklav a sila ki pa lanati pa t dye yo menm. 9 Men koulye a, akoz nou vin konnen Bondye, oubyen pito di vin konnen pa Li menm, kòman ke nou vire ankò a vye prensip de baz fèb yo, pou nou ta renmen vin esklav yo ankò?

  30. 20 Sila ki fè sakrifis a nenpòt dye, sof ke SENYÈ a sèl, va detwi nèt.

  31. 15 ‘Modi se mesye ki fè yon zidòl oswa yon imaj ki fonn, yon bagay abominab a SENYÈ a, zèv a yon ouvriye, e ki monte li an sekrè.’ Epi tout pèp la va reponn pou di: ‘Amen’.

  32. 2 “Si sa twouve nan mitan nou, nan okenn vil nou yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo, yon nonm oswa yon fanm ki fè sa ki mal nan zye SENYÈ Bondye nou an, nan transgrese akò Li a, 3 epi te ale sèvi lòt dye yo pou adore yo, kit se solèy la, lalin nan, oswa nenpòt nan lame syèl la, ke mwen pa te kòmande, 4 epi si yo di nou sa, e nou te tande sa, alò, nou va fè yon ankèt avèk dilijans. Veye byen, epi si se vre, e se sèten ke bagay abominab sila a te fèt an Israël, 5 alò, nou va mennen nonm sa a oswa fanm sa a ki te fè zak mechan sa a nan pòtay nou yo, e nou va lapide li ak kout wòch jiskaske li mouri.

    6 “Sou temwayaj a de temwen oswa twa temwen, sila ki dwe mouri an, va vin mete a lanmò. Li p ap mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen. 7 Se men a temwen yo k ap premye kont li pou mete li a lanmò; epi apre, se men a tout pèp la. Konsa nou va netwaye mechanste a soti nan mitan ou.

  33. 9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a.

  34. 18 Pa kite pèsòn kontinye prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li, 19 ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.

  35. 8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”

  36. 7 Pa vin moun idolat tankou kèk nan yo te ye a, paske sa ekri: “Pèp la te chita pou manje ak bwè, e te kanpe pou jwe.” 8 Ni pou nou pa kite nou aji avèk imoralite, jan kèk nan yo te fè, e venn-twa-mil te tonbe nan yon sèl jou.

  37. 14 Ale e kriye fò a dye sila ke nou te chwazi yo. Kite yo menm delivre nou nan tan gwo twoub nou yo.”

  38. 4 Moun ki konn fè piblikasyon pou wa a te pwoklame byen fò: “A nou menm, lòd la bay O pèp yo, nasyon yo ak tout lang yo, 5 ke nan moman ke nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, nou va pwostène nou pou adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a. 6 Men, nenpòt moun ki pa pwostène pou adore va, lapoula, vin jete nan yon founo dife byen cho.”

    7 Pou sa, lè tout pèp yo te tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, tout pèp yo, nasyon yo ak langaj yo te pwostène e te adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.

  39. 16 Pandan Paul t ap tann yo nan Athènes, lespri li te pwovoke anndan l akoz li te wè ke vil la te ranpli nèt avèk zidòl.

  40. 32 “Nou pa pou fè okenn akò avèk yo, ni avèk dye pa yo. 33 Yo p ap viv nan peyi nou, paske yo va fè nou peche kont Mwen; paske si nou sèvi dye pa yo, sa va vrèman vin yon pèlen pou nou.”

  41. 19 Li te vin rive ke depi Moïse te pwoche kan an, li te wè jèn towo a ak tout dans yo. Konsa, kòlè te briye nan Moïse. Li te jete tablèt ki te nan men li yo atè, e li te kraze yo nan baz mòn nan.

  42. 37 Li va di: ‘Kote dye yo ye?

    Wòch kote yo te pran refij la?

    38 Sila ki te manje grès a sakrifis pa yo a,

    e ki te bwè diven a bwason pa yo a?

    Kite yo vin bannou sekou!

    Kite yo fè kote pou nou kache!

  43. 8 Dèyè pòt la ak chanbrann pòt la, ou te fè monte souvni ou;

    ou te ouvri ou menm a yon lòt sof ke mwen.

    Konsa, ou te monte.

    Ou te ale fè kabann ou byen laj.

    Konsa ou te antann ou avèk yo.

    Ou te byen renmen sa ou te wè sou kabann yo.

    9 Ou te ale kote wa a ak lwil,

    e ou te ogmante pafen ou yo;

    ou te voye mesaje ou yo rete lwen,

    e te degrade ou menm jis rive nan Sejou mò yo.

  44. 24 Paske te gen yon sèten nonm ki te rele Démétris, yon òfèv ki te konn fè imaj an ajan pou tanp Artimis la, e afè kòb ke li t ap ranmase pa t yon ti kras bagay pou moun ak metye sila a. 25 Li te vin rasanble moun sa yo, avèk tout ouvriye ki te gen metye parèy a sa a, e te di: “Mesye yo, nou konnen ke lavi nou depann de biznis sila a.