48 Bible Verses About Greed

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Greed
  1. 6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7 Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.

    8 Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.

    9 Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.

  2. 15 Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”

  3. 3 Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo. 4 Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.

    5 Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.

  4. 27 Sila ki fè pwofi ak movèz fwa a, twouble pwòp lakay li;

    men sila ki rayi afè anba tab la, va viv.

  5. 1 Vini koulye a nou menm ki rich, kriye e rele fò akoz mizè k ap vini sou nou yo. 2 Richès nou yo gen tan pouri e rad nou yo gen tan manje pa mit. 3 Lò ak lajan nou yo gen tan pran lawouj, e lawouj yo va yon temwen kont nou, e va manje chè nou tankou dife. Se pandan dènye jou yo ke nou te mete trezò nou nan depo a! 4 Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.

    5 Nou te viv nan richès sou tè a e mennen yon vi nan gran plezi. Nou te angrese kè nou nan yon jou labatwa. 6 Nou te kondane e mete a lanmò nonm jis la; li pa t reziste kont nou.

  6. 10 Sila ki renmen lajan an p ap satisfè ak lajan; ni sila ki renmen richès la ak sa li reyisi. Sa anplis se vanite. 11 Lè bon bagay ogmante, sila ki manje yo ogmante. Konsa, pa gen lòt avantaj pou mèt yo, sof ke kanpe veye?

    12 Dòmi a ouvriye a dous, kit li manje piti oswa anpil; men vant plen a moun rich la p ap kite l dòmi.

  7. 9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.

  8. 25 Yon nonm awogan ap pwovoke konfli;

    men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.

    26 Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou;

    men sila ki mache ak sajès la va delivre.

    27 Sila ki bay a malere a p ap janm manke;

    men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.

    28 Lè mechan yo leve, pèp la kache kò yo;

    men lè yo peri moun dwat yo vin plis.

  9. 24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.

  10. 5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri.

  11. 19 Se konsa tout chemen yo ye a pou

    tout moun ki vin genyen pa mwayen vyolans.

    Se pwòp lavi yo kap vin rache.

  12. 3 Pa dezire bon manje sa yo,

    paske se yon repa desepsyon.

    4 Pa fatige kò ou pou jwenn richès;

    sispann reflechi sou sa.

    5 Depi ou mete zye ou sou li, l ale.

    Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg

    k ap vole vè syèl yo.

  13. 5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”

  14. 15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.

  15. 20 Yon nonm fidèl va gen anpil benediksyon;

    men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.

    21 Montre patipri pa bon,

    paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.

    22 Yon nonm ak move zye kouri dèyè richès

    e li pa konnen kisa k ap rive li.

  16. 3 Epi nan vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi.

  17. 3 Paske mechan an ap vin ògeye sou dezi kè li a;

    li beni moun voras la,

    e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.

  18. 19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè.

  19. 11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.

  20. 16 Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

    17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.

  21. 1 Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a, 2 se pou nou vin bèje a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi. 3 Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an.

  22. 5 Anplis, diven devwale yon moun ògeye, ki pa rete lakay li. L ap ogmante apeti li tankou Sejou mò a. Epi konsa, li menm, tankou lanmò a, pa kapab satisfè. Li rasanble a li menm tout nasyon yo, e li ranmase tout pèp yo a li menm.

    6 “Èske tout moun sa yo p ap Leve yon chan mokè kont li, yon tire pwen kont li pou di: “Malè a sila ki ogmante sa ki pa pou li— pou jiskilè l ap fè tèt li rich ak chantay li yo?”

  23. 5 Paske nou pa t janm vini avèk pawòl k ap flate moun, jan nou konnen an, ni avèk yon pretèks pou fè lajan (Bondye se temwen)

  24. 2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan.

  25. 10 Pa mete konfyans nan peze kou moun desann.

    Ni pa mete fo espwa nan vòlè.

    Si richès nou ogmante, pa mete kè nou sou yo.

  26. 13 Paske soti nan pi piti pami yo jis rive nan pi gran yo;

    yo tout se voras dèyè richès.

    Soti nan pwofèt la, jis rive nan prèt la.

    Tout se malonèt.

  27. 20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”

  28. 28 Sila ki mete konfyans nan richès li va vin tonbe;

    men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.

  29. 25 Se volonte a parese a ki fè l mouri,

    paske men li refize travay;

    26 Gen moun tout lajounen k ap anvi yon bagay,

    pandan moun dwat yo ap vèse bay san rete.

  30. 10 Gadyen Li yo avèg.

    Tout nan yo san konprann.

    Se chen bèbè ki pa ka jape;

    moun k ap kouche fè rèv,

    ki renmen somèy.

    11 Wi, chen yo voras.

    Yo pa janm jwenn ase.

    Se bèje yo ye san konprann.

    Yo tout vire tounen nan pwòp chemen pa yo,

    yo chak nan ranmase byen de tout katye.

  31. 10 Akoz sa, Mwen va bay madanm pa yo a lòt moun,

    ak chan pa yo a lòt moun k ap okipe yo.

    Paske soti nan pi piti a jis rive nan pi gran an,

    yo tout lanvi gen sa ki pou lòt.

    Soti nan pwofèt la jis rive nan prèt la, tout aji ak desepsyon.

  32. 36 “Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tout lemonn men l pèdi nanm li?

  33. 11 Richès ki sòti nan manti koule ale;

    men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.

    12 Lespwa jennen fè kè a malad;

    men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.

  34. 21 Yon eritaj ranmase vit nan kòmansman a, p ap beni nan lafen.

  35. 1 Yon bon non pi bon pase tout richès;

    e favè Bondye, pase ajan ak lò.

  36. 25 “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Nou netwaye deyò tas la ak plato a, men anndan yo plen avèk bann vòlè k ap peze souse ak mechanste pou acheve tout bezwen pèsonèl yo.

  37. 39 Men Senyè a te di: “Nou menm Farizyen yo netwaye tas la pa deyò, ansanm ak plato a. Men anndan nou ranpli avèk vòl ak mechanste.

  38. 8 Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp

  39. 17 Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.

  40. 35 Fè m mache nan pa kòmandman Ou yo,

    paske sa fè kè m kontan.

    36 Enkline kè m a temwayaj Ou yo,

    e pa nan ranmase richès malonèt.

    37 Vire zye m pou yo pa gade vanite e

    fè m reprann mwen nan chemen Ou yo.

  41. 8 Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan,

    ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.

  42. 4 Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab;

    men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.

  43. 31 Yo vin kote ou jan moun konn vini. Yo chita devan ou tankou pèp Mwen an pou yo tande pawòl ou. Men yo pa fè yo. Paske nan bouch, yo renmen, men kè yo ap kouri dèyè pwòp benefis pa yo.

  44. 1 Antre tan an, apre anpil milye moun te rasanble ansanm jiskaske youn t ap mache sou lòt, Li te kòmanse pale a disip Li yo dabò: “Veye ledven Farizyen yo ki se ipokrizi.

    2 “Men pa gen anyen ki kouvri ki p ap vin parèt, e ki kache ki p ap konnen. 3 Konsa, Nenpòt sa ke nou di nan tenèb va tande nan limyè, e sa nou te pale ak vwa ba, menm nan chanm pa anndan yo va pwoklame sou twati kay yo.

  45. 4 Men Judas Iscariot, youn nan disip Li yo, ki te gen lentansyon pou trayi Li, te di: 5 “Poukisa pafen sila a pa t vann pou twa san denye, pou yo ta bay malere yo?” 6 Alò, li pa t di sa paske li te konsène pou malere yo, men paske se te yon vòlè li te ye. Epi konsi li te responsab lajan nan bwat kès la, li te konn piyaje sa ke yo mete ladann.

  46. 18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras.

  47. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  48. 7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp;