57 Bible Verses About Strength
Bib Sen An (BSA)
-
11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.
12 Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm. 13 Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se “Pawòl Bondye a”.
14 Lame ki nan syèl yo, ki abiye an len fen blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.
15 Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an. 16 Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: “WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ.”
-
28 Èske nou pa konnen?
Èske nou pa tande?
Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,
Kreyatè a dènye pwent latè a,
pa konn fatige, ni bouke.
Konprann pa Li depase tout bon konprann.
29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,
e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,
e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;
31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.
-
7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs. 11 Koulye a, mwen te gen tan vin fou. Nou menm, nou te fòse m fè sa. Anverite, mwen ta dwe felisite pa nou menm, paske nan okenn jan, mwen pa t enferyè de apot pi wo yo, malgre mwen menm, mwen pa anyen.
-
10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm.
-
11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.
20 Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, 21 a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
-
8 Men ou menm, O Israël, sèvitè Mwen an,
Jacob ke M te chwazi a,
desandan Abraham nan, zanmi Mwen an;
9 ou menm, ke M te pran soti nan tout ekstremite latè yo,
e te rele soti nan kote pi izole yo pou te di ou:
‘Ou se sèvitè Mwen. Mwen te chwazi ou
e Mwen pa t rejte ou.’
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo
va vin wont e dezonore.
Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi
se pa anyen e yo va peri.
12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,
men ou p ap jwenn yo.
Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi
se pa anyen e yo p ap egziste ankò.
-
6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou. 7 Konsa, Moïse te rele Josué e te di li devan tout Israël: “Kenbe fò, pran kouraj, paske ou va ale avèk pèp sa a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt pa yo pou ba yo a; epi ou va ba yo li kòm eritaj. 8 Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”
-
28 Youn nan skrib yo te vini e te tande y ap diskite. Akoz ke li te konprann ke Li te reponn yo byen, li te mande L: “Ki kòmandman ki pi enpòtan an?”
29 Epi Jésus te reponn: “Pi enpòtan an se ‘Tande O Israël! SENYÈ, Bondye nou an se Yon Sèl SENYÈ a. 30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’
31 “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”
32 Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm. 33 E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen tankou tèt nou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”
-
6 Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.
7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.
8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.
9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”
10 Konsa, Josué te kòmande ofisye pèp yo. Li te di: 11 “Pase nan mitan kan an e kòmande pèp la pou di yo: ‘Prepare pwovizyon nou. Paske nan twa jou, nou va travèse Jourdain sila a, pou antre pran peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou posede a.’”
-
Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson
1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,
yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè
ta chanje e malgre mòn yo
ta chape antre nan fon lanmè.
3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,
malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan
-
9 Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann, 10 pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye, 11 ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa, 12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a. 13 Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. 14 Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.
-
2 SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen;
Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.
-
Yon sòm David
1 SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen.
Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se
defans lavi mwen.
Se kilès k ap fè m gen laperèz?
2 Lè malfektè yo te rive sou mwen
pou yo ta devore chè m,
advèsè mwen yo ak lènmi m yo
te chape tonbe.
3 Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè.
Malgre lagè leve kont mwen,
malgre sa, m ap gen konfyans.
-
7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
8 Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a,
-
7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.
Kè m mete konfyans nan Li, e mwen
jwenn sekou.
Pou sa, kè m leve wo nèt.
Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.
8 SENYÈ a se fòs yo.
Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.
-
13 Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm. 14 Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.
-
26 Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
-
19 Senyè BONDYE mwen an se fòs mwen.
Li te fè pye mwen vin tankou pye sèf;
Li te ban m fòs pou mache sou wo plas yo.
Pou direktè koral la, sou enstriman a kòd mwen yo.
-
2 Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”
-
17 ‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou,
-
11 Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.
10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm.
-
11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs.
-
11 SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a.
SENYÈ a va beni pèp li a avèk lapè.
-
10 Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;
moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.
-
1 Konsa, ou menm, fis mwen an se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a.
-
28 Nanm mwen ap kriye akoz doulè.
Ban m fòs selon pawòl Ou a.
-
22 Paske anverite Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès; 23 men nou preche Kris krisifye a, pou Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli. 24 Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye. 25 Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e feblès Bondye a pi fò ke lòm.
26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti.
-
2 Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap epagne pèsòn. 3 Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men byen pwisan nan nou. 4 Paske malgre Li te krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.
5 Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la?
-
15 Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, 16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an. 22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, 23 ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.
-
31 Paske se kilès ke Bondye ye, sof ke SENYÈ a?
Epi se kilès ki wòch la, sof ke Bondye nou an.
32 Bondye ki mare senti m ak fòs,
epi fè chemen mwen san fot la?
33 Li fè pye m yo vin tankou sèf,
epi fè m vin plase kote ki wo yo.
34 Li antrene men m pou batay la,
jiskaske men m ka koube banza ki fèt an bwonz.
-
24 Kenbe fèm e kite kè ou pran kouraj,
nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.
-
14 SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen.
Li te vin sali mwen.
15 Son lajwa eklate ak delivrans nan tant a moun ki dwat yo.
Men dwat a SENYÈ a se vanyan!
16 Men dwat a SENYÈ a leve wo!
Men dwat a SENYÈ a se vanyan!
-
3 Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen.
Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.
-
32 Epi kisa mwen kapab di anplis? Paske nanpwen tan pou pale de Gédéon Barak, Samson, Jephthé, David, Samuel, ak pwofèt yo, 33 ki pa lafwa, te fè konkèt wayòm yo, te fè zèv ladwati, te resevwa pwomès yo, e te fèmen bouch a lyon yo. 34 Yo te etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale.
-
5 Epi Samson te desann Thimna avèk papa l avèk manman l e yo te avanse rive jis nan chan rezen a Thimna yo; epi vwala, yon jenn lyon tou ap gwonde te vin lonje sou li. 6 Lespri SENYÈ a te vin monte byen fò sou li e li te chire li tankou yon moun ta chire yon jenn kabrit, malgre anyen pa t nan men li. Men li pa t pale ni papa l ni manman l sa li te fè a.
-
16 Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou.
Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten.
Paske Ou te toujou sitadèl mwen,
yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.
17 A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm.
Paske Bondye se sitadèl mwen,
Bondye ki montre mwen lanmou dous la.
-
35 O Bondye, Ou etonan nan sanktyè Ou yo.
Bondye Israël la ki bay fòs ak pouvwa a pèp Li yo.
Beni se Bondye!
-
33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”
-
20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz.
-
31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou?
-
13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.
-
54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”
55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”
56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.
57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
-
4 paske zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo. 5 N ap detwi tout sipozisyon avèk tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la. 6 Konsa, nou prè pou pini tout dezobeyisans, lè obeyisans nou an fin ranpli.
-
4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou.
-
39 Ou te mare senti m avèk fòs pou batay la.
Ou te soumèt anba m sila ki te leve kont mwen yo.
-
25 Fòs ak respè se abiman li
e li souri a lavni.
-
3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,
Ou va kenbe nan lapè pafè,
akoz li gen konfyans nan Ou.
4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,
paske nan BONDYE SENYÈ a,
nou gen yon Wòch etènèl.
-
26 Jésus te byen gade yo, e te di: “Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.”
-
6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo.
-
7 Men nou gen trezò sa a nan po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm. 8 Nou aflije nan tout fason, men nou pa kraze; nou nan konfizyon, men nou pa nan dezespwa, 9 pèsekite, men nou pa abandone. Nou pran so, men nou pa detwi. 10 Nou toujou ap pote nan kò a, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou. 11 Paske nou menm ki vivan yo toujou ap livre a lanmò pou kòz a Jésus, pou lavi Jésus kapab osi manifeste nan chè mòtèl nou an. 12 Konsa, lanmò travay nan nou, men lavi nan nou.
-
16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.
-
9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.
-
29 Pou rezon sila a osi, mwen travay, e mwen lite pa ajans Bondye, k ap travay avèk pwisans nan mwen an.
-
13 Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo. 14 Konsa Li te anile sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a. 15 Lè Li te fin dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.
-
12 Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san. 13 Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van. 14 Syèl la te fann e separe tankou yon woulo papye lè l vin woule, e tout mòn ak lil yo te deplase kite plas yo.
15 Alò, wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn. 16 Epi yo te di a mòn ak wòch yo: “Tonbe sou nou, e kache nou pou nou pa wè prezans a Sila ki chita sou twòn nan, ak kòlè Jèn Mouton an. 17 Paske gran jou kòlè a gen tan vini, e kilès ki kapab kanpe?”
Shows Read in context, Share and Copy.