15 Bible Verses About Creativity

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Creativity
  1. 30  Alò, Moïse te di a fis Israël yo: “Ou wè sa, SENYÈ a te rele Betsaléel, fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a. 31 Epi li te ranpli li avèk lespri Bondye a, nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo; 32 pou fè desen pou travay an lò ak ajan ak bwonz, 33 anplis nan koupe pyè bijou yo pou monti yo, e pou desen ki fèt an bwa ak tout kalite èv lespri moun.

    34 “Li te osi dedye kè l pou enstwi ni li menm, ni Oholiab, fis a Ahisamac la nan tribi Dan nan. 35 Li te ranpli yo avèk kapasite pou fè tout èv a yon gravè, yon desinatè, e yon moun ki fè bwodri avèk twal an ble an mov, an wouj, an twal fen blan, e yon tiseran, kòm atizan nan tout zèv ak fèzè desen.”

  2. 26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.

    27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.

    29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; 30 Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl la, chak bagay k ap fè mouvman sou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.

  3. 15 Gade byen Beyemòt la ke M te fè

    menm tankou Mwen te fè w la;

    Li manje zèb tankou bèf.

    16 Gade koulye a, fòs li nan ren li,

    e pouvwa li nan gwo venn a vant li yo.

    17 Li koube ke li tankou yon sèd;

    venn nan kwis li yo koude ansanm nèt.

    18 Zo li se tiyo ki fèt an bwonz;

    janm li tankou ba fè.

    19 Li se premye nan chemen Bondye a;

    fòk se Sila ki fè l la, ki pou pwoche nepe li.

    20 Anverite, mòn yo mennen bay li manje

    kote tout bèt sovaj latè yo jwe.

    21 Anba zèb dlo, li kouche;

    nan kouvèti wozo a ak marekaj la.

    22 Plant dlo yo kouvri li ak lonbraj;

    bwa sikrèn k ap koule dlo a antoure li.

    23 Lè rivyè a vin anraje, li pa twouble;

    li gen konfyans malgre Jourdain an rive jis nan bouch li.

    24 Èske gen moun ki kab kaptire li lè l ap veye;

    menm ak pwent anfè, èske yon moun kab pèse nen l?

  4. 1 Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a. 2 Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.

    3 Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè. 4 Bondye te wè ke limyè a te bon. Bondye te separe limyè a avèk tenèb la. 5 Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Konsa, te gen aswè, ak maten, yon jou.

    6 Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”. 7 Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk dlo ki te anwo gran espas la. Se konsa sa te ye.

  5. 13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

    Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

    14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

    paske mwen fèt yon fason mèvèye.

    Zèv Ou yo depase bon konprann

    e nanm mwen byen konnen sa.

    15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

    e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.

    16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

    Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te

    òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

    17 Anplis, SENYÈ, a la presye se panse Ou yo pou mwen!

    A la gran, yo gran anpil!

    18 Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab.

    Lè m leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.

  6. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  7. 7 Sila ki te fòme limyè a ak fènwa a,

    ki fè bonè e ki kreye malè.

    Mwen se SENYÈ a,

    ki fè tout sila yo.

    8 Degoute depi anwo, O syèl yo,

    e kite nwaj yo vide fè ladwati desann.

    Kite latè ouvri nèt pou sali a ka donnen fwi,

    pou fè ladwati vòltije monte avè l.

    Mwen, SENYÈ a te kreye l.

    9 Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a—

    yon veso fèt ak tè pami veso latè yo!

    Èske ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’

    Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’?

    10 Malè a sila ki di a yon papa: ‘Ki kalite bagay ou te fè la?’

    Oswa a yon fanm: ‘A kilès w ap bay nesans lan?’”

    11 Konsa pale SENYÈ a, Sila Ki Sen An Israël

    ak Kreyatè li a:

    “Mande M de bagay k ap vini a konsènan fis Mwen yo

    e ou kòmande Mwen menm selon zèv men M yo!

    12 Se Mwen ki te fè latè e te kreye lòm sou li.

    Mwen te lonje ouvri syèl yo ak men M

    e mete tout lame selès pa yo an lòd.

  8. 29 Èske ou wè yon nonm byen abil nan travay li?

    Li va kanpe devan wa yo;

    li p ap oblije kanpe devan nenpòt kalite vye moun.

  9. 15 Anplis, gen anpil ouvriye ki avèk ou, tayè wòch, avèk mason ak chapant e tout mesye ak kapasite nan tout kalite mendèv. 16 Selon lò, ajan ak bwonz avèk fè, nanpwen limit. Leve, fè travay ou e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”

  10. 7 Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.

  11. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

    3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4 Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.

  12. 14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.

    15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.

  13. 19 Pou Zidòl la, se yon ouvriye ki fòme l,

    ak òfèv ki kouvri l ak lò

    e fè chenn li an ajan,

    20 Sila ki twò pòv pou fè ofrann sa a,

    pran yon pyebwa ki pa konn pouri;

    li chache jwenn yon mèt atizan pou prepare

    yon zidòl ki p ap deplase.

  14. 10 Se kilès ki te fòme yon dye,

    oswa te fè yon zidòl fonn ki san benefis?

    11 Gade byen, tout zanmi l yo va vin wont,

    paske bòs atizan yo menm se sèlman lòm.

    Kite yo rasanble yo menm,

    kite yo kanpe,

    kite yo tranble,

    kite yo tout ansanm vin wont.

    12 Moun nan fòme bout fè a pou fè yon zouti pou koupe.

    Yon travay ki fèt sou chabon limen.

    Li fòme li ak mato,

    e travay li ak bra li ki fò.

    Anplis, li vin grangou e pèdi fòs;

    li pa bwè dlo e li vin fatige.

    13 Yon lòt taye bwa, li mezire li ak mèt mezi;

    li trase sou li ak lakrè wouj.

    Li travay li ak rif la, trase l ak konpa

    e fè li sanble ak fòm a yon moun,

    tankou bèlte a lòm,

    pou l ka plase li anndan yon kay.

  15. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz.