59 Bible Verses About Disaster

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Disaster
  1. 30 “Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!

    31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.

    34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”

  2. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

  3. 3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a. 5 Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la. 6 Men si nou aflije, se pou rekonfò ak sali de nou menm. Si nou rekonfòte, se pou rekonfò pa nou, ki efikas pou nou ka sipòte avèk pasyans, menm soufrans ke nou menm isit la ap soufri yo tou. 7 Konsa, espwa nou pou ou tout fonde byen fèm paske nou konnen menm jan ke ou pataje soufrans nou yo avèk nou, ou menm tou ap pataje rekonfò nou yo.

  4. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  5. 17 Moun dwat kriye.

    SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.

    18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,

    epi sove sila ki kraze nan lespri yo.

    19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la,

    men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.

  6. 18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit.

  7. Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson

    1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,

    yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.

    2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè

    ta chanje e malgre mòn yo

    ta chape antre nan fon lanmè.

    3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,

    malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan

  8. 1 Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,

    akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.

    Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo,

    pou pwoklame libète a kaptif yo

    e delivrans a prizonye yo;

    2 pou pwoklame lane gras SENYÈ a

    e jou a vanjans Bondye nou an;

    pou konsole tout moun ak kè ki tris,

    3 pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo;

    pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo,

    ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la,

    ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a.

    Konsa, yo va rele pye chenn ladwati,

    yon plantasyon SENYÈ a,

    pou Li kapab resevwa glwa.

  9. 35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:

    “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.

    Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”

    37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  10. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

  11. 6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

    8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.

    10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm.

  12. 1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.

    2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.

    3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”

  13. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  14. 6 “Nou va tande afè lagè, avèk bwi ki pale sou lagè, men fè atansyon pou nou pa pè. Fòk bagay sa yo rive, men sa se pa lafen an. 7 Paske nasyon ap leve kont nasyon, epi wayòm kont wayòm. Nan plizyè andwa, va gen gwo grangou avèk tranbleman de tè yo. 8 Men tout bagay sa yo se sèlman kòmansman an; tankou premye doulè a fanm k ap akouche a.

    9 “Epi konsa yo va livre nou nan touman, e yo va touye nou. Nou va rayi pa tout nasyon yo pou koz a non Mwen.

    10 “Konsa, nan tan sa a, anpil moun ap chite. Youn ap denonse lòt, e youn ap rayi lòt. 11 Epi anpil fo pwofèt ap leve, e y ap mennen anpil moun nan erè. 12 Epi akoz inikite ogmante, lanmou a pi fò moun ap vin fwèt. 13 Men sila ki kenbe fèm jiska lafen an ap sove.

    14 “Epi bòn nouvèl a wayòm sila a va preche nan tout lemonn kon yon temwayaj a tout nasyon yo, e apre sa a, lafen an va rive.

    15 “Pou sa, kon pwofèt Daniel te pale a, lè nou wè abominasyon dezolasyon an ki te pale pa Daniel, pwofèt la, k ap kanpe nan lye sen an, (kite moun k ap li a konprann) 16 nan moman sa a kite sila nan Judée yo sove pou ale nan mòn yo. 17 Nenpòt moun ki anwo kay la pa dwe desann pou pran byen li nan kay li, 18 ni nenpòt moun ki nan chan an pa dwe retounen pou pran rad li. 19 Men malè a sila ki ansent yo e a sila k ap bay pitit yo tete nan jou sa yo!

    20 “Men priye pou ou pa oblije sove ale nan livè, ni nan yon jou Saba, 21 paske nan tan sa a, ap gen yon gwo tribilasyon yon jan ki pa janm fèt depi nan kòmansman mond lan, jouk rive koulye a, ni p ap janm genyen ankò. 22 Konsa, si jou sa yo pa t rakousi, pa t ap gen vi ki t ap sove. Men pou lakoz a sila ki chwazi yo, y ap rakousi.

  15. 3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,

    Ou va kenbe nan lapè pafè,

    akoz li gen konfyans nan Ou.

    4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,

    paske nan BONDYE SENYÈ a,

    nou gen yon Wòch etènèl.

  16. 1 Alò, nan menm lè sa a, te gen kèk moun prezan ki te bay Li yon rapò sou Galileyen sila yo, ke Pilate te mele san yo avèk sakrifis pa yo.

    2 Jésus te reponn yo: “Èske nou sipoze ke Galileyen sa yo te pi gwo pechè pase tout lòt Galileyen yo akoz yo te soufri sò sa a? 3 Mwen di nou: ‘Non’, men amwenske nou repanti, nou tout ap peri konsa. 4 Oubyen èske nou sipoze ke lè tou nan Siloé a te tonbe sou diz-uit yo, e te touye yo, ke yo te koupab pase tout lòt moun ki t ap viv Jérusalem yo?

    5 “Mwen di nou non, men amwenske nou repanti, nou tout va peri menm jan an.”

  17. 27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

    28 “Nou te tande ke Mwen te di nou: ‘M ap prale, e Mwen va vin kote nou’. Si nou te renmen M nou ta rejwi, paske M ap prale kote Papa a. Paske Papa a pi gran pase M.

  18. 33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”

  19. 4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

  20. 50 Se sa ki ban m rekonfò nan mizè mwen an,

    paske se pawòl Ou ki fè m rekouvri fòs.

  21. 25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?

    27 “Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras?

  22. 4 Konfyans mwen gen nan nou an gran. Fyète m lè m nonmen non nou an gran. Mwen ranpli avèk rekonfò. M ap debòde avèk lajwa nan tout afliksyon nou yo.

    5 Paske menm lè nou te vini Macédoine, chè nou pa t gen okenn repo, men nou te aflije toupatou: konfli deyò, laperèz anndan. 6 Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an. 7 Pa sèlman vini li an, men osi pa rekonfò avèk sila li te rekonfòte nou an, lè li te bannou rapò de dezi nou genyen an, tristès nou, zèl ke nou te gen pou mwen an; pou m te rejwi plis toujou.

  23. Yon Sòm pou monte vè tanp lan

    1 Mwen leve zye m vè mòn yo.

    Se kibò sekou mwen va sòti?

    2 Sekou m sòti nan SENYÈ a,

    ki te fè syèl la ak tè a.

  24. 2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,

    Mwen va la avèk ou;

    epi nan rivyè yo,

    yo p ap debòde sou ou.

    Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,

    ni flanm nan p ap brile ou.

    3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    Sila Ki Sen An Israël la, Sovè ou a.

    Mwen te bay Égypte kon ranson ou

    Cush ak Saba nan plas ou.

  25. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou.

  26. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  27. 27 “Konsidere flè lis yo, jan yo grandi; yo pa travay ni fè twal, men Mwen di nou ke menmSalomon nan tout glwa li pa t abiye li menm tankou youn nan sa yo. 28 Men si Bondye abiye zèb nan chan yo ki jodi a vivan, e demen ap jete nan founèz la, konbyen anplis li va abiye nou, o moun ti lafwa piti!

    29 “Konsa, pa mande kisa nou va manje, ni kisa nou va bwè, e pakontinye enkyete nou. 30 Paske tout bagay sa yo, tout nasyon nan mond lan chache yo avèk lanvi pa yo; men Papa nou konnen ke nou bezwen bagay sa yo.

  28. 11 Jis kon nou konnen jan nou t ap egzòte, ankouraje e plede ak nou chak, tankou yon papa ta dwe fè pwòp pitit li, 12 pou nou ta kab mache nan yon fason ki dign pou Bondye kap rele nou antre nan pwòp wayòm ak laglwa Li a.

  29. 22 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.

    Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.

  30. 7 Sila ki te fòme limyè a ak fènwa a,

    ki fè bonè e ki kreye malè.

    Mwen se SENYÈ a,

    ki fè tout sila yo.

  31. 31 Paske se pa pou tout tan ke Senyè a ap rejte.

    32 Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive;

    alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.

    33 Paske se pa ak kè kontan ke Li aflije,

    oswa pou atriste fis a lòm yo.

  32. 7 SENYÈ a bon; se yon sitadèl nan jou malè. Epi Li konnen sila ki pran refij nan li yo.

  33. 13 Lè yo fin pati, lapoula yon zanj Bondye te vin parèt a Joseph nan yon rèv. Li te di l: “Leve pran Pitit la avèk manman L epi kouri ale an Égypte. Rete la jiskaske mwen di ou, paske Hérode ap chèche Zanfan sila a pou l ka detwi L.”

    14 Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L pandan nwit lan pou te ale an Égypte. 15 Li te rete la jiskaske Hérode te mouri. Sa te fèt pou akonpli sa Senyè a te pale pa pwofèt la pou li ta kapab akonpli lè l te di: “Pou soti an Égypte, Mwen te rele Fis Mwen an”.

    16 Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo. 17 Konsa, sa ki te pale pa pwofèt Jérémie an te vin akonpli lè l te di konsa:

    18 “Yon vwa te tande nan Rama;

    yo te kriye e fè gwo lamantasyon.

    Rachel ki t ap kriye pou Pitit li yo;

    li te refize konsole, paske yo pa t la ankò.”

  34. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

  35. 7 Konsa, Satan te sòti nan prezans SENYÈ a e te frape Job avèk abse ak maleng soti anba pye li jis rive sou kwòn tèt li. 8 Job te pran yon mòso cha kanari pou grate kò l pandan li te chita nan mitan sann yo. 9 Epi madanm li te di l: “Èske ou toujou kenbe rèd a entegrite ou a? Modi Bondye e mouri!”

    10 Men li te di li: “Ou pale kon youn nan fanm san konprann. Èske anverite nou va aksepte sa ki bon nan men Bondye, e pa aksepte sa ki mal?”

    Nan tout sa, Job pa t peche avèk bouch li.

  36. Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth

    Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la

    1 Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras,

    paske nanm mwen kache nan Ou.

    Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache,

    jiskaske destriksyon an fin pase.

    2 Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a,

    a Bondye ki acheve tout sa m mande an.

  37. 1 Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.

    2 Mwen va di a SENYÈ a:

    “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.

    Se nan Li mwen mete konfyans!”

  38. 11 O sila ki aflije a, balote pa tanpèt la e san konsolasyon an;

    gade byen, Mwen va monte bijou ou ak bon kòl

    ki fèt pou bijou bèl koulè yo,

    epi fondasyon ou yo va poze ak pyè safì.

  39. 4 Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt;

    yo va konsole.

  40. 7 Lè nou tande afè lagè ak bwi lagè, pa enkyete nou. Fòk sa fèt, men se pa lafen. 8 Paske nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. Va gen tranbleman de tè nan plizyè andwa. Va gen famin ak twoub. Bagay sa yo se kòmansman a doulè nesans lan.

    9 “Men veye nou; paske y ap livre nou devan tribinal yo, e nou va resevwa kout fwèt nan sinagòg yo, e nou va kanpe devan gouvènè avèk wa yo pou koz a non Mwen, kon yon temwayaj a yo menm. 10 Men premyèman, fòk bòn nouvèl la preche a tout nasyon yo. 11 “Lè yo arete nou, e livre nou, pa enkyete nou an avans pou sa ke nou va di, men di nenpòt sa ke nou resevwa nan lè sa a. Paske se pa nou k ap pale, men Lespri Sen an.

    12 “Konsa, frè va livre frè a lanmò, e yon papa, pitit li. Pitit yo va leve kont paran yo, e fè mete yo a lanmò. 13 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila a ki pèsevere jiska lafen an, va sove.

  41. 53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite. 54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”

    55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”

    56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.

    57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.

  42. 16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.

  43. 14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.

    16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

  44. 6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.

  45. 9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

    10 Konsa, Josué te kòmande ofisye pèp yo. Li te di:

  46. 6 Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a,

    e te kriye a Bondye pou sekou.

    Depi nan tanp li an, li te tande vwa m.

    Kri mwen pou sekou devan L

    te rive nan zòrèy Li.

    7 Konsa, latè a te tranble.

    Fondasyon a mòn yo te tranble.

    Yo te ebranle nèt, akoz kòlè Li.

  47. 5 Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa?

    Epi poukisa ou twouble anndan m?

    Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen

    va louwe Li ankò akoz sekou a prezans Li an.

  48. 76 O ke lanmou dous Ou a kapab konsole mwen,

    Selon pawòl Ou a sèvitè Ou a.

  49. 25 Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,

    ni atak a mechan an lè l vini.

    26 Paske Bondye va konfyans ou,

    e va veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.

  50. 28 Èske nou pa konnen?

    Èske nou pa tande?

    Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,

    Kreyatè a dènye pwent latè a,

    pa konn fatige, ni bouke.

    Konprann pa Li depase tout bon konprann.

    29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

    e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

    30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,

    e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;

    31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  51. 13 Rele fò ak jwa, O syèl yo!

    Rejwi, O latè!

    Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo!

    Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.

    Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.

  52. 5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.

    Li te kraze pou inikite nou yo.

    Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,

    e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.

    6 Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo.

    Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou,

    men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.

  53. 12 Paske konsa pale SENYÈ a:

    “Gade byen, Mwen lonje bay fi a lapè tankou yon rivyè

    e glwa a nasyon yo kon yon flèv k ap debòde.

    Nou va vin pran tete,

    nou va pote sou kwis e vin jwe sou jenou.

    13 Tankou yon timoun ki jwenn rekonfò a manman l,

    se konsa Mwen va rekonfòte nou;

    epi nan Jérusalem, nou va rekonfòte.”

    14 Nou va wè sa;

    kè nou va kontan e zo nou

    va fleri tankou zèb vèt tounèf.

    Men SENYÈ a va rekonèt pa sèvitè Li yo;

    men Li va fè gwo kòlè kont lènmi Li yo.

  54. 7 “Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a,

    ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.

    8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,

    ki lonje rasin li akote yon sous dlo.

    Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.

    Li p ap twouble nan ane sechrès la,

    ni sispann bay fwi.

  55. 26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime.

  56. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.

  57. 8 Nou aflije nan tout fason, men nou pa kraze; nou nan konfizyon, men nou pa nan dezespwa, 9 pèsekite, men nou pa abandone. Nou pran so, men nou pa detwi. 10 Nou toujou ap pote nan kò a, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou.

  58. 1 Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la.

  59. 17 Answit, setyèm zanj lan te vide gode li anlè. Yon gwo vwa te sòti nan tanp lan bò kote twòn nan. Li te di: “Sa fin fèt.”

    18 Te gen kout eklè, gwo bri ak gwo kout tonnè. Konsa te fèt yon gwo tranbleman detè, tankou pa t janm genyen depi lòm te vini sou latè, tèlman tranbleman detè a te gran e pwisan.

    19 Gran vil la te fann an twa pati, e gran vil a nasyon yo te tonbe. Konsa, Babylone le gran te sonje devan Bondye, pou Li ba li gode diven de kòlè vyolan Li an.

    20 Tout lil yo te sove ale, e mòn yo pa t kab twouve.

    21 Gwo bòl lagrèl chak te peze anviwon san liv, te desann sòti nan syèl la tonbe sou moun. Pou sa a, moun te blasfeme Bondye akoz defleyo lagrèl la, paske fleyo li a te ekstrèmman grav.