77 Bible Verses About When You Feel Alone
Bib Sen An (BSA)
-
35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:
“Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.
Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”
37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
-
9 Pa kache figi Ou de mwen.
Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou.
Se Ou ki konn sekou mwen.
Pa abandone mwen, ni kite m sèl,
O Bondye delivrans mwen an.
10 Paske papa m ak manman m te abandone mwen,
Men SENYÈ a va ranmase mwen.
-
18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.
19 Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm pou wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. 20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.
21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.
24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.”
-
5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:
“Senyè a se soutyen mwen.
Mwen p ap pè.
Sa lòm ka fè m?”
-
5 Yon papa pou òfelen yo
e yon jij pou vèv yo,
se Bondye nan lye sen Li an.
6 Bondye fè yon fanmi pou sila ki pa genyen an.
Li fè prizonye yo vin sòti deyò ak chan yo,
men rebèl yo viv nan yon peyi deseche.
-
15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.
16 “Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen. 17 Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.
18 “Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou.
-
18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”
-
1 Alò, Achab te di Jizréel tout sa ke Élie te fè ak jan li te touye tout pwofèt yo avèk nepe. 2 Epi Jizréel te voye yon mesaje kote Élie. Li te di: “Konsa ke dye yo fè m sa e menm plis si mwen pa fè lavi ou tankou youn nan sa yo avan demen vè menm lè sa a.”
3 Epi Élie te vin pè, e li te leve kouri pou sove lavi li. Li te rive nan Beer-Schéba, ki pou Juda a, e li te kite sèvitè li a la. 4 Men li menm te vwayaje pandan yon jou antre nan dezè a, pou l te rive chita anba yon bwa pikan. Konsa, li te fè demann pou l ta mouri e te di: “Sa se kont! Koulye a, O SENYÈ, pran lavi mwen; paske mwen pa pi bon ke zansèt mwen yo.”
5 Li te kouche dòmi anba bwa pikan an. Epi vwala, te gen yon zanj ki touche li. Li te di: “Leve, manje!”
6 Li te gade, e vwala, te gen bò tèt li yon gato pen wòch cho, ak yon veso dlo. Konsa, li te manje, bwè e te kouche ankò. 7 Zanj Bondye a te vini ankò yon dezyèm fwa, li te touche li e te di: “Leve, manje, paske vwayaj la twò gran pou ou.”
8 Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive Horeb, mòn Bondye a.
-
29 Sila ki t ap pase yo t ap voye ensilt; yo t ap souke tèt yo e t ap di: “Gade! Ou menm ki t ap detwi tanp lan, e rebati li nan twa jou. 30 Sove tèt Ou, e desann sou kwa a!”
31 Menm jan an, chèf prèt yo ansanm avèk skrib yo, t ap moke Li pami yo menm e t ap di: “Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove tèt Li.” 32 “Kite Kris sa a, Wa Israël La, desann kwa a koulye a pou nou kapab wè e kwè!” Sila ki te krisifye avèk Li yo t ap ensilte L menm jan an.
33 Lè sizyèm lè a te rive, tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè. 34 Nan nevyèm lè a, Jésus te kriye fò avèk yon gwo vwa: “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” ki tradwi “Bondye M, Bondye M, poukisa Ou abandone Mwen?”
-
15 Zye m toujou vè SENYÈ a,
paske Li va retire pye mwen nan pèlen an.
16 Vire vè mwen e fè m gras,
paske mwen abandone e aflije.
17 Twoub a kè m yo vin plis.
Mennen m sòti nan gwo detrès sa a.
18 Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo,
e padone tout peche mwen yo.
19 Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil.
Epi yo rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.
20 Gade nanm mwen e delivre mwen.
Pa kite m vin wont, paske mwen
pran refij nan Ou menm.
21 Kite entegrite avèk ladwati pwoteje mwen,
paske se Ou m ap tann.
-
6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.
-
9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”
-
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
-
31 Jésus te reponn yo: “Èske nou kwè koulye a? 32 Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.
33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”
-
Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an;
Yon sòm David.
1 Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou
te abandone m?
Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.
2 O Bondye mwen, mwen kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn.
E nan lannwit men m pa jwenn repo.
-
45 Alò, depi sizyèm lè (midi), fènwa te tonbe sou tout tè a jis rive nan nevyèm lè (twazè).
46 Nan anviwon nevyèm lè, Jésus te kriye avèk yon vwa byen fò: “Eli, Eli, lima sabachthani?” Ki vle di: “Bondye m, Bondye m, Poukisa Ou abandone Mwen?”
-
1 Alò te genyen yon sèten mesye ki te soti nan Ramathaïm-Tsophim nan peyi ti kolin Éphraïm yo, non li se te Elkana, fis a Jeroham la, fis a Élihu a, fis a Thohu, fis a Tsuph, Efratyen an. 2 Li te gen de madanm: youn te rele Anne e lòt la te Peninna. Peninna te fè pitit, men Anne pa t fè pitit. 3 Alò, mesye sa a te konn monte soti nan vil li a chak ane pou adore ak fè sakrifis a SENYÈ dèzame yo nan Silo. Epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te prèt SENYÈ a nan kote sa a. 4 Lè jou a te vini pou Elkana te fè sakrifis yo, li ta bay yon pòsyon a Peninna, madanm li an e a tout fis li yo avèk fi li yo. 5 Men a Anne, li ta bay yon pòsyon doub, paske li te renmen Anne; men SENYÈ a te fèmen vant li. 6 Men lòt madanm nan avèk kè anmè te konn chache pwovoke l pou fè l fache akoz SENYÈ a te fèmen vant li. 7 Li te rive ane aprè ane, otan ke li te monte vè lakay SENYÈ a, li ta pwovoke li. Konsa, li te kriye e li te vin refize manje. 8 Epi Elkana te di li: “Anne, poukisa ou kriye konsa? Poukisa ou pa manje e poukisa kè ou tris? Éske mwen pa pi bon pase dis fis?”
-
1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob,
e Sila ki te fòme ou a, O Israël:
“Pa pè, paske Mwen te rachte ou.
Mwen te rele ou pa non ou.
Se pa M ou ye!
2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,
Mwen va la avèk ou;
epi nan rivyè yo,
yo p ap debòde sou ou.
Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,
ni flanm nan p ap brile ou.
3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,
Sila Ki Sen An Israël la, Sovè ou a.
Mwen te bay Égypte kon ranson ou
Cush ak Saba nan plas ou.
4 Akoz ou presye nan zye M,
akoz ou gen gran valè
e Mwen renmen ou,
Mwen va bay lòt moun nan plas ou
e lòt pèp an echanj pou lavi ou.
5 Pa pè, paske Mwen avèk ou;
Mwen va mennen desandan ou yo soti nan lès
e ranmase ou nan lwès.
-
16 Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo. 17 Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.
18 Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
10 Alò, Moïse te tande pèp la ki t ap kriye pami tout fanmi yo, chak mesye nan pòtay a tant li. Konsa, chalè a SENYÈ a te vin limen anpil, e Moïse te malkontan. 11 Pou sa, Moïse te di SENYÈ a: “Poukisa Ou te tèlman di avèk sèvitè Ou a? Epi poukisa mwen pa t jwenn favè nan zye ou, ke Ou te vin mete chaj tout pèp sa a sou Mwen? 12 Èske se mwen menm ki te vin peple fè tout pèp sa a? Èske se mwen menm ki te fè yo vin parèt pou Ou ta di mwen: ‘Pote yo nan sen ou tankou yon fanm nouris pote yon ti bebe k ap tete, pou rive nan yon peyi ke Ou te sèmante a papa yo?’ 13 Kote mwen ap jwenn vyann pou bay tout pèp sa a? Paske yo kriye devan m! Yo te di: ‘Bannou vyann pou nou kapab manje!’ 14 Mwen sèl mwen p ap kab pote tout pèp sa a; se twòp chaj pou mwen. 15 Konsa, si W ap aji konsa avè m, souple touye mwen koulye a; konsa, si Mwen pa t twouve favè nan zye Ou, pa kite mwen vin wè mizè mwen.”
-
4 Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
5 Ou ranje yon tab devan mwen
nan prezans lènmi mwen yo.
Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.
Tas mwen fin debòde nèt.
6 Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou
va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,
E mwen va viv lakay
SENYÈ a jis pou tout tan.
-
6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
-
5 Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou. 6 Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.
7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.
-
7 Konsa mwen te gade ankò sou vanite anba solèy la. 8 Te gen yon sèten mesye san fanmi ki pa t genyen ni fis, ni frè. Sepandan, nan travay li, pa t gen repo menm. Anverite, zye li pa t janm satisfè ak richès, men li pa t janm konn mande: “Epi pou ki moun m ap travay e prive tèt mwen de plezi konsa?” Sa, anplis se vanite, e sa se yon kòve ki plen doulè.
9 De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. 10 Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a. 11 Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe? 12 Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.
-
28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
-
8 Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”
-
4 Kè m fin frape tankou zèb.
Li fennen nèt.
Anverite, mwen bliye manje pen mwen.
5 Akoz gwo bri kri mwen yo,
zo m yo kole sou chè m.
6 Mwen sanble ak yon grangozye nan dezè.
Mwen tankou yon frize nan gran savann.
7 Mwen kouche zye tou louvri.
Mwen tankou yon zwazo izole sou twati kay la.
-
6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
-
14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.
16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
-
17 Moun dwat kriye.
SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,
epi sove sila ki kraze nan lespri yo.
19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la,
men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
-
2 Mwen vide plent mwen yo devan L.
Mwen deklare pwoblèm mwen yo devan L.
3 Lè lespri m te fin bat anndan m,
Ou te konnen chemen mwen.
Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.
4 Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen.
Nanpwen moun ki pou fè m chape.
Nanpwen moun ki pou pran swen m.
5 Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.
Mwen te di “Se Ou menm ki sekou mwen,
pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.”
6 “Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt.
Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo,
paske yo twò fò pou mwen.
7 Mennen nanm mwen sòti nan prizon,
pou m kab bay remèsiman a non Ou.
Moun ladwati mwen yo va antoure mwen,
paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen.”
-
15 Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a,
pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an?
Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou.
16 Gade byen, Mwen te enskri ou nan pla men Mwen.
Miray ou yo devan Mwen tout tan.
-
3 Li te meprize e abandone pa lòm;
yon nonm ak gwo tristès
ki te konnen gwo soufrans,
ak tout maladi.
Tankou yon moun de sila moun kache figi yo,
Li te vin meprize,
e nou pa t bay Li okenn valè.
4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote
ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;
men nou te rekonèt Li kon moun pini,
frape pa Bondye e aflije.
5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.
Li te kraze pou inikite nou yo.
Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,
e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.
-
3 Konsa, lè Judas ki te trayi Li a te wè ke Li te kondane, Li te sanse regrèt. Li te retounen bay trant pyès ajan yo bay chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo. 4 Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.”
Men yo te reponn li: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”
5 Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan sanktyè tanp lan. Li te sòti, e te ale pann tèt li.
-
3 Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.
4 Li konte fòs kantite zetwal yo.
Li bay non a yo tout.
5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.
Bon konprann Li an san limit nèt.
-
23 Apre li te voye foul la ale, Li te monte mòn nan Li sèl Li, pou L ta kapab priye. Lè lannwit vin rive, Li te la pou kont Li.
-
27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.
-
23 Sepandan, mwen avè W tout tan.
Ou te kenbe men dwat mwen.
24 Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,
e apre, resevwa mwen nan laglwa.
25 Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?
Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.
26 Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
-
5 Alò, sila ki vrèman yon vèv, e ki kite sèl la, fikse tout espwa l sou Bondye e kontinye nan siplikasyon ak lapriyè lajounen kon lannwit.
-
10 Li te di: “Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, pwiske fis Israël yo te abandone akò Ou a, yo te dechire lotèl Ou yo, e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete, e y ap chache lavi m pou pran l.”
-
4 Kòd lanmò yo te antoure mwen.
Flèv mal ki sòti nan peyi a mò yo te teworize m.
5 Kòd peyi lanmò yo te antoure mwen;
pèlen lanmò yo te parèt devan m.
6 Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a,
e te kriye a Bondye pou sekou.
Depi nan tanp li an, li te tande vwa m.
Kri mwen pou sekou devan L
te rive nan zòrèy Li.
-
7 Kibò mwen kab ale kite lespri Ou?
Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?
8 Si mwen monte nan syèl la, Ou la.
Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.
9 Si mwen pran zèl nan maten,
si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,
10 menm la, se men Ou k ap mennen mwen,
e se men dwat Ou k ap kenbe m.
-
35 Nan granmmaten, pandan li te toujou fènwa, Li te leve e te ale deyò nan yon kote izole kote li t ap priye.
-
3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a. 5 Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la. 6 Men si nou aflije, se pou rekonfò ak sali de nou menm. Si nou rekonfòte, se pou rekonfò pa nou, ki efikas pou nou ka sipòte avèk pasyans, menm soufrans ke nou menm isit la ap soufri yo tou.
-
15 Lè dlo ki te nan kwi a, te fin sèvi, li te kite jènjan an anba yon ti ab. 16 Alò, li te ale chita nan distans yon flèch kab tire, e li te di: “Pa kite m wè jènjan an k ap mouri.” Konsa, li te chita anfas li; li te leve vwa li, e li te kriye.
-
1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 Kòmande fis Israël yo pou yo voye fè kite kan an chak moun lalèp ak tout sila ki gen ekoulman yo, oswa chak moun ki pa pwòp akoz a yon moun mouri. 3 “Nou va voye ale ni gason, ni fanm. Nou va voye yo deyò kan an pou yo pa konwonpi kan pa yo a, kote Mwen rete nan mitan yo a.”
-
5 Lè Saül te wè kan Filisten yo, li te pè e kè li te tranble anpil. 6 Lè Saül te fè demann SENYÈ a, SENYÈ a pa t reponn li, ni nan rèv, ni avèk Orim, ni pa pwofèt yo. 7 Alò, Saül te pale sèvitè li yo: “Chache pou mwen yon fanm ki konn pale ak mò, pou m kab ale kote li pou mande li kèk bagay.”
Sèvitè li yo te di li: “Gade byen, gen yon fanm ki konn pale ak mò nan En-Dor.”
-
7 Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la.
Anverite, panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.
8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.
Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.
9 Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.
Anplis, chè m va toujou pwoteje.
10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen
nan sejou mò yo;
ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.
11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.
Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.
Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.
-
6 Men mwen se yon vè,
mwen pa menm yon moun.
Parèt abominab devan lèzòm,
e meprize pa tout moun.
7 Tout moun ki wè m vin moke mwen.
Yo separe avèk lèv yo e yo
souke tèt yo pou di:
8 Li mete konfyans nan SENYÈ a.
Kite Li menm delivre li.
Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.
9 Sepandan, Ou menm se Sila ki te
fè m sòti nan vant manman m nan.
Ou te fè m gen konfyans depi m
t ap souse tete manman m.
10 Sou Ou, mwen te depann depi nesans mwen.
Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.
11 Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre.
Paske nanpwen moun ki pou ede m.
-
5 Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa?
Epi poukisa ou twouble anndan m?
Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen
va louwe Li ankò akoz sekou a prezans Li an.
-
11 Men pèp Mwen an pa t koute vwa M.
Ni Israël pa t obeyi Mwen.
12 Akoz sa, Mwen te lage yo a kè di yo,
pou mache nan pwòp manèv yo.
-
10 Malè se mwen, manman m, ki te fè mwen,
yon nonm ki fè twoub leve,
yon nonm ki fè kontansyon nan tout latè a!
Mwen pa t prete lajan a lòt moun, ni pèsòn pa t prete mwen;
malgre sa, yo tout ban m madichon.
-
1 Apre sa, Lespri Sen an te mennen Jésus nan savann nan pou L ta kapab tante pa Satan. 2 Lè Li te fin fè jèn karant jou avèk karant nwit lan, Li te grangou.
-
13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
-
8 Paske nou pa vle nou inyoran, frè m yo, de afliksyon ki te vini sou nou an Asie yo, ke nou te peze anpil anpil, menm depase fòs nou, pou nou te kab menm vin dezespere de lavi nou. 9 Vrèman, nou te gen yon kondanasyon lanmò anndan nou, pou nou pa mete konfyans nan tèt nou, men nan Bondye ki fè mò yo leve a, 10 ki te delivre nou soti de yon si gran danje lanmò, e Li va delivre nou. Se sou Li menm nou te mete tout espwa nou an. Epi Li va toujou delivre nou;
-
22 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm.
-
17 Bòpè Moïse la te di li: “Sa ke w ap fè a pa bon. 18 Ou va anverite vin epwize ou nèt, ni ou menm, ni pèp ki avè w la, paske tach la twò lou pou ou. Ou p ap kapab fè l pou kont ou.
-
16 Mwen fin epwize nèt;
mwen p ap viv tout tan.
Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf.
-
Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson
1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,
yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
-
11 Ankò li di: “Yon sèten mesye te gen de fis; 12 Pi jenn nan te di a papa li: ‘Papa, ban mpati pa m nan eritaj ki tonbe pou mwen an.’ Donk, li tedivize byen li pami yo.
13 “Pa anpil jou apre, pi jenn fis la te rasanble tout bagay pou te fè yon vwayaj nan yon peyi byen lwen, kote li te gaspiye tout eritaj li a nan yon vi banbòch. 14 Alò, lè l te fin depanse tout, yon gwo grangou te parèt nan peyi sila a, e li te kòmanse vin nan bezwen. 15 Donk, li te ale anplwaye tèt li a yon sitwayen nan peyi sila a, e li te voye li nan chan an pou bay kochon yo manje. 16 Epi li te anvi plen vant li avèk po kochon yo t ap manje yo, e pèsòn pa t bay li anyen.
17 “Men lè li te vin reflechi byen, li te di: ‘Konbyen nan ouvriye papa m yo ki gen kont pen, men mwen ap mouri isit la avèk grangou. 18 Mwen va leve ale vè papa m’, e mwen va di l: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. 19 Mwen pa ankò dign pou rele fis ou. Fè m tankou youn nan anplwaye ou yo.’ 20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.
“Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kourianbrase l e te bo li. 21 Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.
22 “Men papa a te di a esklav li yo: ‘Fè vit potepi bèl vètman ki genyen an, mete li sou li, e mete yon bag nan men li ak soulye nan pye li. 23 Anplis mennen jenn ti bèf byen gra a; touye li, e annou manje pou fè fèt. 24 Paske konsa, fis mwen an temouri; koulye a li vivan ankò. Li te pèdi, men mwen jwenn li ankò.’ Epi yo te kòmanse fè fèt la.
25 “Alò, pi gran fis la te nan chan an. Lè li te vin toupre kay la, li te tande mizik avèk moun k ap danse. 26 Li te rele youn nan sèvitè yo, e te kòmanse fè ankèt pou mande kisa bagay sa yo ta kapab ye.
27 “Li te di li: ‘Frè ou a vini, e papa ou touye jenn ti bèf byen gra a, paske li rejwenn li ankò sen e sof.’
28 “Men li te vin fache, e li pa t dakò antre. Papa l te soti. Li te kòmanse plede avè l.
29 “Men li te reponn e te di a papa l: “Gade, pandan konbyen ane m ap sèvi ou, e mwen pa janm neglije yon lòd ou; men malgre sa, ou pa janm ban mwen yon kabrit pou m ta kapab fè fèt avèk zanmi mwen yo. 30 Men lè fis sila a te vini, li menm ki devorebyen ou avèk pwostitiye yo, ou te touye ti bèf byen gra a, pou li.
31 “Papa a te di l: ‘Fis mwen, ou toujou avè m, e tout sa ke m gen se pou ou. 32 Men nou te dwe fè fèt, e rejwi, paske frè ou sa ate mouri, e li kòmanse ap viv ankò. Li te pèdi, e koulye a, li retwouve.’”
-
5 Alò yon sèten mesye ki te gen yon maladi depi trant-uit ane te la.
6 Lè Jésus te wè l kouche la, epi te konnen ke li te konsa depi anpil tan, Li te di l “Èske ou ta renmen geri?”
7 Mesye malad la te reponn Li: “Mesye, mwen pa gen moun pou mete m nan dlo a lè l vire, men lè m ap vini, yon lòt gen tan mache desann avan m.”
8 Jésus te di l “Leve, pran kabann ou, epi mache!”
9 Imedyatman, nonm nan te geri, te pran kabann li, epi te kòmanse mache. Jou sa a se te jou Saba.
-
1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”
-
1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli. 3 Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li. 4 Men chak moun dwe egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè. 5 Paske chak moun va pote pwòp chaj pa l.
-
19 Konsa, nou pa etranje ak moun deyò ankò, men nou se sitwayen ansanm avèk sen yo, e manm fanmi a lakay Bondye a, 20 ki te bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo, Kris Jésus Li menm kòm wòch la ki fòme ang prensipal la. 21 Nan Li menm tout kay la bati ansanm, epi ap grandi pou devni yon tanp ki sen nan Senyè a. 22 Nan Li menm, nou osi ap vin bati ansanm pou vini yon kote pou Lespri Bondye a kapab rete.
-
8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.
-
10 Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a. 11 Koulye a ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an. 12 Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”
-
21 Wa Ozias te rete yon moun lalèp jis rive nan jou li te mouri an. Li te rete nan yon kay apa, akoz lalèp la, paske li te entèdi antre lakay SENYÈ a. Jotham, fis li a, te lakay wa a pou te jije pèp peyi a.
-
Yon sòm David
1 Bondye se bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.
Li mennen m akote dlo pezib yo.
-
9 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub.
Zye m ak kò m ak nanm mwen;
tout fin gate nèt akoz doulè m.
10 Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m,
ane mwen yo avèk soupi.
Fòs mwen fin ale akoz inikite m.
Kò mwen fin epwize.
11 Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te
devni yon objè abominab,
sitou a vwazen mwen yo, e yon
objè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo.
Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.
12 Mwen fin bliye tankou yon moun mouri,
disparèt nan panse moun.
Mwen tankou yon veso ki fin kraze.
-
5 Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?
E poukisa ou twouble anndan m?
Mete espwa ou nan Bondye!
Paske m ap louwe Li ankò:
O sove m, soutyen mwen an,
ak Bondye m.
-
18 Ou te retire renmen mwen ak zanmi m nan lwen m nèt,
ak zanmi m yo, nan tenèb.
-
10 Tout sa ke zye m te anvi, mwen pa t refize yo. Mwen pa t refize kè m okenn plezi li te vle, paske kè m te kontan akoz tout zèv mwen yo, e sa se te rekonpans pou tout travay mwen yo. 11 Konsa, mwen te konsidere tout zèv men m te konn fè yo, avèk travay ke m te fòse fè yo, men gade byen, tout te vanite ak kouri dèyè van, e pa t gen okenn avantaj anba solèy la.
-
18 “Chemen pa ou yo ak zèv pa ou yo te mennen fè bagay sa yo rive ou. Sa se mal ou. Li amè anpil! A la sa rive jis nan kè ou!”
19 Nanm mwen, nanm mwen! Mwen nan gwo soufrans! O kè mwen! Kè m ap bat anndan m. Mwen p ap ka rete an silans, pwiske ou te tande, O nanm mwen, son de twonpèt la, alam lagè a.
-
11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.
-
75 Pierre te sonje mo Jésus a, lè Li te di: “Avan kók la chante, ou va nye Mwen twa fwa.” E li te ale deyò pou te kriye yon kriye anmè.
-
13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.
14 “Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou. 15 Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.
-
24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
Shows Read in context, Share and Copy.