38 Bible Verses About Safe Travels

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Safe Travels
  1. Yon Sòm pou monte vè tanp lan

    1 Mwen leve zye m vè mòn yo.

    Se kibò sekou mwen va sòti?

    2 Sekou m sòti nan SENYÈ a,

    ki te fè syèl la ak tè a.

    3 Li p ap kite pye ou chape.

    Sila ki kenbe Israël la p ap kabicha, ni dòmi.

    4 Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.

    5 SENYÈ a se gadyen ou.

    SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.

    6 Solèy p ap frape ou lajounen,

    ni lalin pandan lannwit.

    7 SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal.

    Li va kenbe nanm ou.

    8 Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre,

    depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.

  2. 2 Mwen va di a SENYÈ a:

    “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.

    Se nan Li mwen mete konfyans!”

    3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,

    ak ravaj gwo maladi yo.

    4 Li va kouvri ou ak plim Li yo.

    Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.

    Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.

    5 Ou p ap pè laperèz lannwit, ni flèch k ap vole lajounen,

    6 ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,

    ni destriksyon ki devaste a midi.

    7 Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,

    ak di mil sou men agoch ou,

    men sa p ap pwoche ou.

  3. 21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;

    kenbe bon sajès ak bon konprann.

    22 Konsa yo va lavi pou nanm ou

    ak dekorasyon pou kou ou.

    23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,

    e pye ou p ap chape.

    24 Lè ou kouche ou p ap pè;

    kouche ou ak dòmi ou va byen dous.

  4. 9 Paske ou te fè SENYÈ a, vin sekou ou,

    menm Pi Wo a, kote pou ou rete.

    10  Nanpwen mal k ap rive ou,

    Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.

    11 Paske Li va bay zanj Li yo lòd konsènan ou menm,

    pou veye ou nan tout chemen ou yo.

    12 Yo va leve ou byen wo nan men yo,

    pou ou pa frape pye ou kont wòch.

  5. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

    8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

  6. 8 Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”

  7. 1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob,

    e Sila ki te fòme ou a, O Israël:

    “Pa pè, paske Mwen te rachte ou.

    Mwen te rele ou pa non ou.

    Se pa M ou ye!

    2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,

    Mwen va la avèk ou;

    epi nan rivyè yo,

    yo p ap debòde sou ou.

    Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,

    ni flanm nan p ap brile ou.

    3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    Sila Ki Sen An Israël la, Sovè ou a.

    Mwen te bay Égypte kon ranson ou

    Cush ak Saba nan plas ou.

    4 Akoz ou presye nan zye M,

    akoz ou gen gran valè

    e Mwen renmen ou,

    Mwen va bay lòt moun nan plas ou

    e lòt pèp an echanj pou lavi ou.

    5 Pa pè, paske Mwen avèk ou;

    Mwen va mennen desandan ou yo soti nan lès

    e ranmase ou nan lwès.

    6 Mwen va di a nò: ‘Lage yo!’

    Epi a sid: ‘Pa anpeche yo!’

    Mennen fis Mwen yo soti lwen

    e fi Mwen yo soti nan dènye pwent latè yo—

    7 tout moun ki rele pa non Mwen

    e ke Mwen te kreye pou glwa Mwen,

    ke M te fòme, menm sa ke m te fè.”

  8. 7 Kibò mwen kab ale kite lespri Ou?

    Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?

    8 Si mwen monte nan syèl la, Ou la.

    Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.

    9 Si mwen pran zèl nan maten,

    si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,

    10 menm la, se men Ou k ap mennen mwen,

    e se men dwat Ou k ap kenbe m.

  9. 9 Panse a lòm fè plan pou wout li;

    men SENYÈ a dirije pa li yo.

  10. 7 Ou se kote ke m konn kache a.

    Ou pwoteje mwen kont gwo twoub.

    Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.

    8 Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen

    nan sila ou dwe ale a.

    Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.

  11. 23 Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a.

    Konsa, Li pran plezi nan chemen li.

    24 Lè li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt,

    paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.

  12. Yon sòm David

    1 Bondye se bèje mwen;

    mwen p ap janm manke anyen.

    2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.

    Li mennen m akote dlo pezib yo.

    3 Li restore nanm mwen.

    Li gide mwen nan chemen ladwati yo,

    akoz non sen Li an.

    4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

    5 Ou ranje yon tab devan mwen

    nan prezans lènmi mwen yo.

    Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.

    Tas mwen fin debòde nèt.

    6 Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou

    va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,

    E mwen va viv lakay

    SENYÈ a jis pou tout tan.

  13. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.

  14. 7 Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo,

    epi li sove yo nan gwo twoub.

  15. 3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,

    Ou va kenbe nan lapè pafè,

    akoz li gen konfyans nan Ou.

    4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,

    paske nan BONDYE SENYÈ a,

    nou gen yon Wòch etènèl.

  16. 1 Alò, sila yo se pawòl a lèt ke Jérémie, pwofèt la, te voye soti Jérusalem bay lòt ansyen an egzil yo, ansanm ak prèt yo, pwofèt yo ak tout moun ke Nebucadnetsar te pran pou fè antre an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo, 2 ( lè Wa Jeconia ak manman rèn nan, ofisye tribinal yo, prens a Juda yo, gwo bòs atizan yo, ak sila ki travay nan metal yo te fin pati Jérusalem.) 3 Lèt la te voye pa men Éleasa, fis a Schaphan ak Guemaria a, fis a Hilkija a, ke Sédécias, fis wa Juda a, te voye Babylone kote wa Nebucadnetsar. Li te di:

    4 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, a tout egzile ke m te voye an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo: 5  “Bati kay e viv nan yo. Plante jaden e manje pwodwi yo. 6 Pran madanm e vin papa a fis ak fi. Pran madanm pou fis nou yo e bay a fi nou yo mari yo, epi vin miltipliye la e pa diminye. 7 Chache bonè a peyi sa a kote Mwen te voye nou an egzil la, e priye a SENYÈ a pou li; paske nan bonè pa li, ou va jwenn bonè.” 8 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Pa kite pwofèt ki rete nan mitan nou yo ak divinò nou yo twonpe nou, ni pa koute rèv ke yo fè. 9 Paske yo fè fo pwofesi bannou nan non Mwen. Mwen pa t voye yo,” deklare SENYÈ a. 10 Paske konsa pale SENYÈ a: “Lè swasann-dizan yo fin ekoule pou Babylone, Mwen va vizite nou, e ranpli nou ak bon pawòl Mwen a nou menm, pou mennen nou retounen nan plas sa a. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. 13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou. 14 Mwen va vin twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.”

    15 Akoz nou te di: “SENYÈ a te fè leve pwofèt yo pou nou Babylone”—

  17. 15 Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an. 16 Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane.

  18. 6 Beni lè nou antre, epi beni lè nou sòti.

  19. 14 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, lè pou ou mouri toupre. Rele Josué, e prezante nou menm nan tant asanble a, pou Mwen kapab ba li komisyon li.” 15 SENYÈ a te vin parèt nan tant lan nan yon pilye nwaj e pilye nwaj la te kanpe nan pòtay tant lan. 16 SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, ou prèt pou kouche avèk zansèt ou yo. Konsa, pèp sa a va fè jwèt pwostitiye ak dye etranje yo nan peyi kote y ap prale a, pou abandone Mwen, epi va kraze akò Mwen ke Mwen te fè avèk yo a. 17 Alò, kòlè Mwen va vin limen kont yo nan jou sa a, Mwen va abandone yo e kache figi Mwen a yo menm. Yo va detwi e anpil malè va rive sou yo, jiskaske yo va di nan jou sa a: ‘Èske se pa paske Bondye nou an pa pami nou ke malè sa yo vin rive sou nou?’ 18 Men anverite, Mwen va kache figi Mwen nan jou sa a akoz tout mechanste ke yo te fè, paske yo te vire vè lòt dye yo.” 19 “Koulye a, akoz sa, ekri chanson sila a pou nou menm e montre li a fis Israël yo. Mete li sou lèv yo, pou chanson sa a kapab yon temwen pou Mwen kont fis Israël yo. 20 Paske lè Mwen mennen yo antre nan peyi k ap koule avèk lèt avèk siwo myèl la, ke Mwen te sèmante a zansèt pa yo, yo te manje e satisfè, e yo te vin pwospere, alò, yo va vire a lòt dye yo pou sèvi yo, meprize Mwen e kraze akò Mwen an. 21 Epi li va rive ke lè anpil malè avèk twoub vini sou yo, ke chan sa a va fè temwayaj devan yo (paske li p ap bliye pa desandan pa yo); paske Mwen konnen entansyon ke yo ap fòme depi jodi a, avan Mwen mennen yo antre nan peyi ke Mwen te fè sèman pou ba yo a.”

    22 Konsa, Moïse te ekri chan sa a nan menm jou a e te montre fis Israël yo li. 23 Epi li te bay Josué, fis a Nun nan, komisyon li, e te di: “Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va mennen fis Israël yo antre nan peyi ke mwen te sèmante a yo menm nan, epi mwen va avèk ou.”

  20. 8 SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd,

    lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.

    9 SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li

    lonje rive sou tout zèv Li yo.

  21. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  22. 25 Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,

    ni atak a mechan an lè l vini.

    26 Paske Bondye va konfyans ou,

    e va veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.

  23. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”

  24. 5 Alò, pandan kèk moun t ap pale de tanp lan, kijan li te byen dekore avèk bèl bijou, ak kado konsakre yo, Li te di: 6 Pou bagay sa yo ke nou ap gade la a, jou a va vini lè p ap rete yon sèl wòch sou lòt ki p ap chire dekonble.

    7 Yo te mande L: “Mèt, kilè bagay sa yo ap rive? Epi ki sign k ap demontre ke yo prèt pou rive?”

    8 Li te di: “Veye byen pou nou pa twonpe; paske anpil moun ap vini nan non Mwen, e yo va di: ‘Mwen se Li menm’, e, ‘Lè a toupre’. Pa kouri dèyè yo. 9 Lè nou tande afè lagè, avèk boulvèsman, pa enkyete; paske fòk bagay sa yo rive avan, men lafen an poko ap rive.”

    10 Ankò, Li te di yo: “Nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. 11 Va gen gran tranbleman detè, e nan plizyè andwa, epidemi avèk gwo grangou. Va gen gwo laperèz avèk gwo sign ki sòti nan syèl la. 12 Men avan tout bagay sa yo, yo va mete men sou nou, yo va pèsekite nou, e yo va livre nou nan sinagòg avèk prizon yo. Yo va mennen nou devan wa ak gouvènè yo pou koz a non Mwen. 13 Sa va ouvri yon chemen pou temwayaj nou. 14 Pou sa, pran desizyon avan lè pou pa prepare defans nou. 15 Paske Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti. 16 Men Nou va trayi menm pa paran nou, frè, manm fanmi nou avèk zanmi nou. Yo va mete kèk nan nou a lanmò. 17 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen. 18 Men pa menm yon cheve nan tèt nou p ap peri.

    19 Pa pèseverans nou, nou va reyisi genyen lavi nou.

    20 Men lè nou wè Jérusalem antoure pa lame, nan moman sa a, rekonèt ke dezolasyon li toupre. 21 Answit nan lè sa a, sila ki nan Juda yo va oblije sove pou ale nan mòn yo, sila ki nan mitan vil yo va oblije sòti, e sila ki andeyò yo p ap pou antre nan vil la. 22 Paske jou sa yo se jou vanjans yo, pou tout bagay ki ekri yo kapab vin akonpli. 23 Malè a sila yo k ap pote pitit, ak sila yo ki nouris nan jou sa yo, paske va gen gwo twoub sou tè a, e kòlè sou pèp sila a. 24 Yo va tonbe pa lam nepe, e yo va mennen kòm kaptif pou antre nan tout nasyon yo. Jérusalem va foule anba pye pa payen yo jiskaske tan payen yo fin acheve.

  25. 13 Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon pa Lespri a ak lafwa nan verite a. 14 Se te pou sa Li te rele nou atravè levanjil nou an, pou nou ta kapab vin genyen laglwa Senyè nou an, Jésus Kri.

    15 Konsa, frè m yo, kanpe fèm e kenbe ak tradisyon ke yo te enstwi nou yo, kit se pa pawòl kit se pa lèt a nou an.

    16 Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la 17 rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl.

  26. 17 Alò, lè Farawon te kite pèp la ale, Bondye pa t Mennen yo pa wout peyi Filisten yo, malgre li te toupre. Paske Bondye te di: “Pèp la kab petèt chanje lide yo lè yo wè lagè, pou yo retounen an Égypte.”

    18 Pou sa, Bondye te mennen pèp la bò wout dezè a vè lanmè wouj la; epi fis Israël yo te monte byen prepare tankou yon lame pou kite peyi Égypte la.

    19 Moïse te pran zo Joseph yo avèk li, paske li te fè fis Israël yo sèmante solanèlman e te di: “Bondye va anverite pran swen nou, e nou va pote zo mwen yo soti isit la avèk nou.”

    20 Alò yo te pati depi Succoth pou te vin kanpe Étham akote dezè a.

    21 SENYÈ a t ap prale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen pou mennen yo nan chemen an, e nan yon pilye dife pandan lannwit pou bay yo limyè pou yo ta kapab vwayaje lajounen, kon lannwit. 22 Li pa t retire pilye nwaj la nan lajounen, ni pilye dife a nan lannwit devan pèp la.

  27. 3 Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila

    mwen twouve pwotèj la;

    boukliye e kòn delivrans mwen,

    sitadèl mwen ak refij mwen.

    Se konsa mwen va sove devan lènmi mwen yo.

  28. 11 Men kite tout sila ki pran refij nan Ou yo, fè kè kontan.

    Kite yo toujou chante ak kè kontan,

    akoz Ou fè abri pou yo.

    Kite sila ki renmen non Ou yo kapab

    fè kè kontan nan Ou.

    12 Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ,

    Ou ki antoure li avèk gras Ou,

    tankou yon boukliye.

  29. 36 Ou fè longè pa m yo lonje pi laj anba m,

    epi pye m pa t janm chape.

  30. Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson

    1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,

    yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.

  31. 6 SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè.

    Kisa lòm kab fè m?

  32. 1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,

    e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,

    2 e fè zòrèy ou atantif a sajès;

    e enkline zòrèy ou vè bon konprann,

    3 wi, si ou leve vwa w pou sajès;

    e leve vwa ou vè bon konprann;

    4 si ou chache li kon ajan,

    e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;

    5 nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,

    e dekouvri konesans Bondye a.

    6 Paske, SENYÈ a bay sajès.

    Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.

    7 Li mete sajès nan depo pou moun dwat la.

    Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,

    8 K ap veye chemen lajistis yo,

    e pwoteje chemen a fidèl Li yo.

    9 Konsa, ou va dekouvri ladwati ak jistis,

    e menm egalite avèk tout bon chemen yo.

    10 Paske, sajès va antre nan kè ou,

    e konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.

    11 Bon konprann va pwoteje ou,

    konesans va veye sou ou,

    12 pou pwoteje ou kont chemen mal la,

    kont lòm ki pale bagay pèvès yo.

    13 Kont sila ki kite chemen ladwati yo

    pou mache nan chemen fènwa yo;

    14 ki pran plezi nan fè sa ki mal

    e rejwi nan mechanste mal la.

    15 Chemen a sila ki vin kwochi yo

    e ki vin gaye kò yo nan tout sa yo fè.

    16 Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a,

    soti nan men fanm adiltè ki flate ak pawòl li;

    17 ki kite konpanyen jenès li a,

    e ki bliye akò a Bondye li;

    18 paske lakay li mennen a lanmò

    e tras a pla pye li yo rive kote mò yo.

    19 Pèsòn ki ale kote li menm, pa retounen ankò,

    ni yo pa jwenn pa lavi.

    20 Akoz sa a, ou va mache nan chemen a sila ki bon yo,

    e swiv tras a moun ladwati yo.

    21 Paske moun dwat yo va viv nan peyi a,

    e sila ki san tò yo va rete ladann;

    22 men mechan yo va koupe retire nèt de peyi a,

    e moun trèt yo va dechouke de li.

  33. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

  34. 17 Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi;

    epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo.

    Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo.

    Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.

  35. 1 Alò, apre sa, Senyè a te nonmen swasann-dis lòt. Li te voye yo de pa de devan Li nan chak vil ak andwa kote Li menm te gen pou vini.

    2 Li t ap di yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo piti. Konsa, sipliye Senyè rekòlt la pou L voye ouvriye nan chan rekòlt Li a.

    3 “Ale fè wout nou! Veye byen, Mwen voye nou tankou jenn mouton nan mitan lou. 4 Pa pote bous, ni sak, ni soulye. Pa menm salye pèsonn nan wout la.

    5 “‘Nan nenpòt kay ke nou antre, premyèman mande pou Lapè rete sou kay sa a’. 6 Si yon nonm lapè a la, lapè nou va rete sou li; men si li pa la, li va retounen sou nou. 7 Rete nan kay sa a. Manje e bwè sa ke yo mete devan nou; paske ouvriye a dign de salè li. Pa kontinye pase de kay an kay.

    8 “Nan Nenpòt vil ke nou antre, e yo resevwa nou, manje sa yo mete devan nou. 9 Geri sila yo ki malad nan li. Di yo: Wayòm syèl la gen tan vin toupre nou”.

    10 “Men nan Nenpòt vil ke nou antre, si yo pa resevwa nou, tou ale nan lari yo e di: 11 Menm pousyè vil nou an ki kole nan pye nou, nou siye li kont nou menm. Men konnen sa byen; ke wayòm syèl la gen tan vin toupre nou.”

    12 “Mwen di nou, li va pi tolerab nan jou sa pou Sodome ke pou vil sa a.

  36. 27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

  37. 37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  38. 3 Men Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an. 4 Nou gen konfyans nan Senyè a konsènan nou menm, ke nou ap fè e va kontinye fè sa ke nou kòmande yo. 5 Ke Senyè a dirije kè nou nan lanmou Bondye a, ak nan kenbe fèm nan Kris la.