65 Bible Verses About God's Plan

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About God's Plan
  1. 10 Paske konsa pale SENYÈ a: “Lè swasann-dizan yo fin ekoule pou Babylone, Mwen va vizite nou, e ranpli nou ak bon pawòl Mwen a nou menm, pou mennen nou retounen nan plas sa a. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. 13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou. 14 Mwen va vin twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.”

  2. 3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a. 7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, 8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans, 9 li te fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan, 10 avèk yon plan pou fè sa dewoule lè tan an fin akonpli, pou reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm

  3. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.

    28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.

  4. 10 SENYÈ a ranvèse konsèy a nasyon yo.

    Li anile pwojè a pèp yo.

    11 Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan,

    e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.

  5. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  6. 24 SENYÈ dèzame yo fin sèmante. Li te di: “Anverite, jan ke Mwen te fè plan an, se konsa li va rive! Jan ke M te planifye a, se konsa l ap kanpe! 25 Pou M kraze Assyrie nan peyi Mwen an e pou M foule li sou mòn Mwen yo. Konsa jouk li va retire sou yo e gwo chaj li va sòti sou zepòl yo. 26 Sa se plan a ki te fòme kont tout tè a. Sa se men ki lonje kont tout nasyon yo. 27 Paske SENYÈ dèzame yo te fè yon plan e se kilès ki ka anpeche l? Epi pou men lonje pa l la, se kilès ki ka fè l fè bak?”

  7. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  8. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  9. 22 “Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an, 23 nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò. 24 Men Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.

  10. 21 Plan nan kè lòm yo anpil;

    men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.

  11. 9 Panse a lòm fè plan pou wout li;

    men SENYÈ a dirije pa li yo.

  12. 6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;

    rele Li pandan Li toupre a.

    7 Kite mechan an abandone chemen li an,

    ak pechè a, panse li yo.

    Kite li retounen kote SENYÈ a

    e Li va gen mizerikòd sou li;

    anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.

    8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w,

    ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.

    9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a,

    konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,

    e panse Mwen yo ke panse pa w yo.

    10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,

    e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,

    pou fè l donnen e boujonnen,

    pou fè l bay semans pou kiltivatè,

    ak pen pou sila k ap manje a;

    11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.

    Li p ap retounen kote Mwen vid,

    san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,

    san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.

  13. 5 A kilès nou ta fè Mwen sanble,

    fè Mwen vin egal e konpare Mwen,

    konsi nou te menm bagay?

    6 Kèk konn vide lò ki sòti nan bous,

    oswa peze ajan sou balans.

    Anplwaye yon òfèv,

    e l ap fè l vin tounen yon dye.

    Yo pwostène—

    e anverite, yo adore l.

    7 Yo fè l monte sou zepòl pou pote l;

    yo pote l, mete li nan plas li, e li kanpe la.

    Li p ap ka deplase nan plas li.

    Malgre yon moun ta kriye anvè li, li p ap ka reponn;

    li p ap ka delivre l nan gwo pwoblèm li an.

    8 Sonje sa e kanpe fèm kon gason;

    kenbe sa nan tèt nou ankò, transgresè yo.

    9 Sonje ansyen bagay ki pase lontan yo,

    paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt.

    Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen,

    10 ki deklare lafen depi nan kòmansman

    e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo.

    Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”

    11 M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès,

    yon nonm volonte Mwen an,

    k ap soti nan yon peyi lwen.

    Anverite, Mwen te pale.

    Anverite, Mwen va fè sa rive.

    Mwen ki te fè plan an;

    Mwen k ap fè l rive.

  14. 15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye.

  15. 13 Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”

    16 Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste. 17 Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.

  16. 8 Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou mil ane, e mil ane se tankou yon jou. 9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.

  17. 6 Malgre sa, nou konn pale sajès pami sila ki gen tanfin grandi. Se yon sajès ki pa sòti ni nan tan sila a, ni nan chèf a tan sila yo, k ap pase. 7 Men nou pale sajès Bondye nan yon mistè, sajès kache ke Bondye te planifye menm avan tan yo pou laglwa nou; 8 sajès ke okenn nan chèf a tan sila yo pa konprann. Paske si yo te konprann li, yo pa t ap krisifye Senyè laglwa a. 9 Men jan sa ekri a:

    “Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande,

    ki pa janm antre nan kè a lòm;

    tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”

    10 Paske a nou menm Bondye te revele yo pa Lespri a. Paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan pwofondè Bondye a.

  18. 2 “Mwen konnen ke Ou ka fè tout bagay,

    e ke nanpwen volonte Ou ki kab detounen.

  19. 16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.

  20. 5 Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,

    e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.

    Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.

    6 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske mwen se sèlman yon jennonm.”

    7 Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l. 8 Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou”, SENYÈ a di.

  21. 1 Alò, finalman, frè m yo, nou mande e ankouraje nou nan Senyè a Jésus, ke menm jan nou te resevwa lenstriksyon nan men nou an, ak jan nou ta dwe mache pou fè Bondye plezi a (menm jan ke vrèman n ap mache a), pou nou kapab fè plis pwogrè toujou. 2 Paske nou konnen ki kòmandman nou te bannou yo pa otorite Senyè a Jésus.

    3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,pa fè imoralite seksyèl, 4 ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, 5 pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo; 6 epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.

    7 Paske Bondye pa t rele nou pou fè salte, men nan sanktifikasyon. 8 Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki bannou Lespri Sen Li an.

    9 Alò, jan pou lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt. 10 Paske, vrèman nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou, 11 epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an. 12 Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.

  22. 4 Vin kote Sila ki kòm yon wòch vivan te rejte pa lèzòm, men ki chwazi pa Bondye, e presye nan zye Li.

    5 Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri. 6 Paske sa twouve nan Lekriti sen an:

    “Byen gade, Mwen poze nan Sion

    yon wòch byen chwazi,

    yon wòch kwen prensipal la,

    e sila ki kwè nan Li a p ap wont.”

    7 Alò, valè presye sila a, se pou nou menm ki kwè, men pou sila ki pa kwè yo:

    “Wòch ke bòs mason yo te rejte a,

    sa te devni vre wòch ang lan.”

    8 Epi:

    “yon wòch pou fè moun bite e yon wòch ofans.”

    Yo bite konsa akoz yo dezobeyisan a pawòl la, e se pou move desten sila a, yo te deziye.

    9 Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a. 10 Paske, avan, nou pa t yon pèp, men koulye a, nou se Pèp Bondye a; nou pa t resevwa mizerikòd, men koulye a, nou resevwa mizerikòd.

    11 Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap fè lagè kont nanm nan. 12 Kenbe kondwit nou pwòp pami pèp etranje yo, pouke nan bagay ke yo pale mal sou nou kòm malfektè yo, yo kapab akoz bon zèv nou, bay Bondye glwa, lè yo wè yo nan jou gran vizitasyon selès la.

  23. 8 Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen

    nan sila ou dwe ale a.

    Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.

  24. 38 “Paske Mwen pa t desann kite syèl la pou fè pwòp volonte pa M, men volonte a Li menm ki te voye M nan. 39 E sa se volonte a Li menm ki te voye M nan, ke nan tout sa ke Li bay Mwen yo, Mwen pa pèdi anyen, men fè li leve nan dènye jou a. 40 Paske sa se volonte a Papa M, ke tout moun ki wè Fis la epi kwè nan Li kapab gen lavi etènèl. Epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.”

  25. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  26. 3 Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou. 4 Mwen toujou ap ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout, 5 akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a. 6 Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.

  27. 26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.

    27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.

    29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; 30 Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl la, chak bagay k ap fè mouvman sou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.

    31 Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.

  28. 12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13 ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.

  29. 13 Paul te reponn yo: “Kisa nou ap fè la a, n ap kriye pou kase kè m? Paske mwen prepare non sèlman pou m mare, men menm pou m ta mouri Jérusalem pou non Senyè Jésus a.”

    14 Epi Akoz ke li pa t kab konvenk, nou te tonbe an silans e t ap di: “Ke volonte a Senyè a fèt!”

  30. 20 Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli? 21 Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo. 22 Paske anverite Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès; 23 men nou preche Kris krisifye a, pou Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli. 24 Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye. 25 Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e feblès Bondye a pi fò ke lòm.

    26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye. 30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon. 31 Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”

  31. 23 Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a.

    Konsa, Li pran plezi nan chemen li.

    24 Lè li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt,

    paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.

  32. 26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.

  33. 5 Konsa, lè Li vini nan mond lan, Li te di:

    “Sakrifis ak ofrann Ou pa t dezire,

    men yon kò Ou te prepare pou Mwen.

    6 Nan tout ofrann ki brile

    ak sakrifis pou peche,

    Ou pa t pran plezi.

    7 Answit, Mwen te di:

    ‘Gade, Mwen gen tan vini

    (nan woulo liv la li ekri de Mwen)

    “pou fè volonte Ou, o Bondye.’”

    8 Lè L te fin di tout sa a: “Sakrifis ak ofrann yo, tout ofrann brile ak sakrifis pou peche yo, Ou pa t dezire yo, ni Ou pa t pran plezi nan yo” (sila k ap ofri selon Lalwa yo).

    9 Answit, Li te di: “Gade, Mwen vini pou fè volonte Ou.”

    Li retire premye a pou Li kapab etabli dezyèm nan. 10 Pa volonte sila a, nou vin sanktifye pa ofrann a kò Jésus Kris la yon fwa pou tout.

  34. 20 Koulye a, ke Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an, 21 ekipe nou nan tout bon zèv, pou fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  35. 15 Paske se volonte Bondye, pou lè nou fè sa ki bon, pou sa fè inyoran yo ak san konprann yo rete an silans.

  36. 14 Sa se konfyans ke nou gen devan Li; ke si nou mande nenpòt bagay selon volonte L, Li tande nou.

  37. 20 Pou nou menm, nou te anvizaje mal kont mwen, men Bondye te anvizaje sa ki bon pou Li ta kapab fè rive rezilta ke nou wè koulye a devan nou an, pou L ta kapab prezève vi a anpil moun.

  38. 8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

    Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

    Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,

    e mache nan imilite ak Bondye ou a?

  39. 31 Antre tan, disip yo t ap di L: “Rabbi, manje.”

    32 Men Li te di yo: “Mwen gen manje ke nou pa konnen.”

    33 Pou sa disip yo t ap di a youn lòt: “Èske ou kwè ke moun pote bay Li kèk bagay pou L manje?”

    34 Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.

  40. 30 “Mwen pa kapab fè anyen pou kont Mwen. Sa ke Mwen tande, Mwen jije; epi jijman Mwen jis, paske Mwen pa chache volonte pa M, men volonte a Li menm, ki te voye Mwen an.

  41. 3 Gras pou nou menm ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a, Jésus Kri, 4 ki te bay tèt li pou peche nou yo, pou Li ta kapab delivre nou de tan mechan sila a, selon volonte Bondye ak Papa nou an. 5 A li menm laglwa pou tout tan. Amen.

  42. 4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li. 5 Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li: 6 Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.

  43. 33 Li te reponn yo e te di: “Kilès ki manman M ak frè M?”

    34 Li te gade toupatou sou sila ki te chita antoure Li yo e Li te di: “Gade, men manman M avèk frè M yo! 35 Paske sila ki fè volonte a Papa M yo, se yo menm ki frè M, sè M, ak manman M”.

  44. 25 Paske mwen pa vle nou, frè m yo, manke konprann mistè sila apouke nou vin sipoze nou plen ak sajès. Yon tèt di nan yon pati gen tan pran Israël jiskaske tout pèp etranje yo fin antre. 26 Konsa, tout Israël va sove. Jis jan sa ekri a:

    “Sila k ap delivre a va sòti de Sion.

    Li va retire enkwayans a Jacob.”

    27 “Sa se akò Mwen avèk yo;

    lè Mwen va retire peche pa yo.”

    28 Nan bi bòn nouvèl la, yo menm se lènmi pou benefis pa nou. Men selon bi chwa Bondye a, yo se byeneme pou benefis a zansèt yo. 29 Paske kado ak apèl Bondye pa revokab. 30 Menm jan ke yon fwa ou te nan dezobeyisans a Bondye, men koulye a Li bannou gras akoz dezobeyisans a Jwif yo, 31 konsa, yo menm tou dezobeyisan koulye a, men akoz mizerikòd Bondye gen tan bannou, yo kapab twouve gras tou. 32 Paske Bondye gen tan fèmen nou tout nan dezobeyisans pou li kapab montre nou tout mizerikòd li.

    33 O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!

    34 Paske “Kilès ki konnen panse a Senyè a?”

    Oubyen “Kilès ki kapab bay Li konsèy?”

    35 Oswa “Kilès ki konn bay Li yon bagay

    pou Li kapab repeye li ankò?”

    36 Paske soti nan Li, atravè Li, e akoz Li se tout bagay. A Li menm laglwa jis pou tout tan, Amen.

  45. 35 Konsa, pa jete konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans. 36 Paske nou oblije andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab resevwa sa ki te pwomèt a nou an.

    37 “Paske nan yon tan ki kout,

    Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap fè reta.

    38 Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa;

    e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”

  46. 14 SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou. 15 Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”

  47. 15 Nou wè, jodi a Mwen te mete devan nou lavi avèk abondans, oswa lanmò avèk tout sa ki pa bon. 16 Nan tout sa mwen kòmande nou jodi a pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo, epi pou kenbe kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ak jijman Li yo, pou nou kapab viv e miltipliye, e pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan peyi kote nou ap antre pou posede a. 17 Men si kè nou detounen e nou refize obeyi, men nou mennen akote pou adore lòt dye yo e sèvi yo, 18 Mwen deklare a nou jodi a ke nou va vrèman peri. Nou p ap pwolonje jou nou yo nan peyi kote nou ap travèse Jourdain an pou antre posede a. 19 Mwen rele syèl la avèk tè a pou fè temwayaj kont nou jodi a, ke mwen te mete devan nou lavi avèk lanmò, benediksyon avèk malediksyon. Pou sa, chwazi lavi pou nou kapab viv, nou menm avèk desandan nou yo, 20 nan renmen SENYÈ a, Bondye nou an ak nan obeyisans a vwa Li ak nan kenbe fèm a Li. Paske sa se lavi nou ak pwolongasyon a jou nou yo, pou nou kapab viv nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo; a Abraham, Isaac e a Jacob, pou bay yo a.”

  48. 20 Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo,

    pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li,

    ki obeyisan a vwa pawòl Li!

    21 Beni SENYÈ a, nou tout, lame Li yo,

    nou menm ki sèvi Li nan fè volonte Li.

  49. 13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

    Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

    14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

    paske mwen fèt yon fason mèvèye.

    Zèv Ou yo depase bon konprann

    e nanm mwen byen konnen sa.

    15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

    e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.

    16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

    Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te

    òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

    17 Anplis, SENYÈ, a la presye se panse Ou yo pou mwen!

    A la gran, yo gran anpil!

  50. 10 Enstwi mwen pou fè volonte Ou,

    paske se Ou menm ki Bondye mwen.

    Lespri Ou bon.

    Kondwi mwen sou tèren ladwati a.

  51. 21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la.

  52. 50 Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”

  53. 10 “Veye pou nou pa meprize youn nan timoun sa yo, paske Mwen di nou ke zanj yo nan syèl la toujou wè figi a Papa M ki nan syèl la. 11 Paske Fis a Lòm nan te vini pou sove sila ki te pèdi yo.

    12 “Kisa nou panse? Si yon moun gen san mouton e youn vin pèdi, èske li p ap kite katre-ven-diz-nèf yo sou mòn nan pou ale chèche sila ki pèdi a? 13 Epi si li twouve li, Mwen di nou, l ap rejwi plis sou sila a pase lòt katre-ven-diz-nèf ki pa t janm pèdi yo.

    14 “Konsa se pa volonte Papa nou nan syèl la pou youn nan Pitit sila yo ta pèdi.

  54. 39 Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”

    40 Li te vin vire vè disip Li yo e te twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Konsa, nou pa t kapab veye avè M pandan yon sèl èdtan?

  55. 42 Li te kite yo yon dezyèm fwa e te priye konsa: “Papa M, si tas sa a p ap kab retire anmwens ke M bwè l, ke volonte Ou fèt.”

  56. 42 Li t ap di: “Papa, si se volonte Ou, retire tas sa a sou Mwen; malgre pa selon volonte M, men ke pa W la kapab fèt.”

  57. 22 “Lè L te fin retire li, Li te fè leve David pou l ta kapab wa sou yo. Selon Li, te temwaye e te di: ‘Mwen twouve David, fis a Jessé a, yon nonm selon pwòp kè Mwen ki va fè tout volonte M’.

  58. 3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an. 6 Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, 7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a. 8 Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa 9 ki fè kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.

    10 Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo, 11 pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.

    12 Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.

  59. 19 Konsa, sila yo osi ki soufri selon volonte Bondye a lè yo fè byen, lese yo remèt nanm yo a Li menm kòm yon Kreyatè Fidèl.

  60. 5 Li te resevwa yon bouch pou pale pawòl ki awogan yo avèk blasfèm, e li te resevwa otorite pou aji pandan karann-de mwa. 6 Li te ouvri bouch li ak blasfèm yo kont Bondye, pou blasfeme non Li ak tabènak Li a, ak sila ki rete nan syèl yo. 7 Pouvwa a te osi bay a li menm pou fè lagè avèk sen yo, e pou venk yo. Epi otorite sou chak tribi, pèp, lang, ak nasyon, te vin bay a li menm.

    8 Tout moun ki viv sou tè a va adore l, tout moun ke non yo pa ekri depi nan fondasyon mond lan, nan liv lavi a Jèn Mouton ki te touye a.

  61. 4 Alò, Joseph te di a frè li yo: “Souple, vin pi pre m.” Epi yo te vin pi pre. Li te di: “Mwen se frè nou, Joseph, ke nou te vann pou ale an Egypte la. 5 Alò, pinga nou tris ni fache avèk pwòp tèt nou, akoz ke nou te vann mwen isit la, paske Bondye te voye m avan nou pou prezève lavi nou. 6 Paske gwo grangou a te nan peyi sa pou dèzane sa yo, e gen senk ane toujou ki p ap gen ni raboure tè ni rekòlt. 7 Bondye te voye m devan nou pou prezève yon retay sou latè, e pou kenbe nou vivan pa yon gwo delivrans.

    8 “Alò, pou sa, se pa te nou ki te voye m isit la, men Bondye. Li te fè m yon papa pou Farawon, mèt pou tout lakay li, e gouvènè sou tout peyi Égypte la.

  62. 8 Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ.

    Lalwa Ou nan kè m.”

  63. 6 Lou a va demere ak jèn mouton an,

    leyopa va kouche ak jèn kabrit la,

    jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a;

    epi yon tigason va mennen yo.

    7 Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la;

    pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.

    8 Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a,

    e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.

    9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an,

    paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a,

    tankou dlo kouvri lanmè a.

  64. 29 Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen. 30 Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole. 31 Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.

  65. 13 Paske lè Bondye te fè pwomès la a Abraham, akoz ke Li pa t kapab sèmante pa okenn pi gran, Li te sèmante pa pwòp tèt Li. 14 Li te di: “Byensi Mwen va beni ou, e byensi, Mwen va miltipliye nou.” 15 Konsa, nan tann li avèk anpil andirans, Abraham te resevwa pwomès la.

    16 Paske moun toujou sèmante pa yon moun ki pi gran pase yo, e nan nenpòt malantandi yon sèman ki fèt avèk yon akò fèmen tout diskisyon.

    17 Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman. 18 Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an. 19 Lesperans sa a ke nou gen kòm lank pou nanm nou an, yon esperans ki asire e solid, youn ki menm antre anndan vwal tanp lan, 20 kote Jésus te deja antre kòm youn ki kouri devan pou nou, e te devni yon wo prèt pou tout tan nan lòd Melchisédek la.