90 Bible Verses About Love and Trust
Bib Sen An (BSA)
-
16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.
Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.
18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.
19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.
20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 21 Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.
-
4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.
-
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;
krent SENYÈ a e vire kite mal.
8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,
ak rafrechisman a zo ou.
-
9 “Menm jan ke Papa a renmen M, Mwen renmen nou tou. Rete nan lanmou Mwen. 10 Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan lanmou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan lanmou pa Li a.
11 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou jwa M kapab nan nou, e ke jwa nou kapab konplete. 12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.
14 “Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou. 15 Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.
16 “Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.
17 “Sa Mwen kòmande nou, pou nou renmen youn a lòt.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.
-
7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. 8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.
-
1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.
-
8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. 9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.
-
9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè.
-
8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.
-
35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:
“Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.
Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”
37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
-
2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè.
-
25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot.
-
4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.
Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.
5 Dedye chemen ou a SENYÈ a.
Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:
6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,
Ak jijman ou klere kon midi.
-
34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”
-
6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.
11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.
-
14 Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.
-
3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.
4 Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li!
Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.
Mwen p ap pè.
Kisa lòm ka fè m?
-
6 Mete mwen tankou yon so sou kè ou,
tankou yon so sou bra ou.
Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò.
Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo;
lè l pete se tankou dife k ap pete.
Vrèman se flanm SENYÈ a.
7 Anpil dlo p ap ka etenn lanmou,
ni rivyè p ap ka inonde l.
Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou,
sa ta konplètman meprize.
-
11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. 13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou. 14 Mwen va vin twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.”
-
37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.
38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.
40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”
-
7 “Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a,
ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,
ki lonje rasin li akote yon sous dlo.
Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.
Li p ap twouble nan ane sechrès la,
ni sispann bay fwi.
-
13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.
-
3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.
Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
-
13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.”
-
17 Yon zanmi renmen tout tan;
yon frè fèt pou move tan.
-
3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,
Ou va kenbe nan lapè pafè,
akoz li gen konfyans nan Ou.
4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,
paske nan BONDYE SENYÈ a,
nou gen yon Wòch etènèl.
-
23 Anverite, Mwen di nou, nenpòt moun ki di a mòn sa a: ‘Retire ou la e ale jete ou nan lanmè, san doute nan kè l, men kwè ke sa li di a va rive, sa va rive. 24 Pou sa, Mwen di nou, pou tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.
-
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.
-
16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:
-
17 “‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li.
18 “‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.
-
8 Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten,
paske mwen mete konfyans mwen nan Ou.
Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a,
paske se a Ou ke mwen leve nanm mwen.
-
3 Pa kite dousè ak verite kite ou.
Mare yo antoure kou ou.
Ekri yo sou tablo kè ou.
4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon
nan men Bondye a, ak moun.
-
12 Rayisman pwovoke konfli;
men lanmou kouvri tout fot.
-
1 Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2 Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.
-
9 Se konsa lanmou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li an nan lemonn pou nou ta kapab viv nan Li.
10 Men lanmou an; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).
11 Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.
12 Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lanmou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lanmou Li vin konplete nan nou.
-
30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’
31 “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”
32 Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm. 33 E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen tankou tèt nou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”
-
12 Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an. 13 Pou Li kapab etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.
-
5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”
-
10 Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou,
paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone
sila ki mete konfyans nan Ou yo.
-
5 Men mwen va mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a;
Kè m va rejwi nan delivrans ou
6 Mwen va chante a SENYÈ a,
paske Li te aji ak bon kè avè m.
-
31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
-
1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a. 3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
-
4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou.
-
5 Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo,
fidelite Ou nan syèl la.
6 Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo,
ejijman Ou yo tankou yon gran pwofondè.
O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.
7 Lanmou dous Ou chè, O Bondye!
Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou.
8 Yo bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou.
Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.
9 Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a.
Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.
10 O bay toujou lanmou dous Ou a pou sila ki konnen Ou yo,
ak ladwati Ou pou sila ki dwat nan kè yo.
-
10 Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?
Paske valè li depase bijou.
11 Kè a mari li mete konfyans nan li
e li p ap manke reyisi.
12 Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal
pandan tout jou lavi li.
-
9 De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. 10 Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a. 11 Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe? 12 Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.
-
17 SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon gerye plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.
-
43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?
48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”
-
31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.
32 “Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo. 33 Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la. 34 Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.
35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.
-
15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.
-
5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
-
9 Bondye fidèl, selon Sila nou te rele nan amitye fratènèl avèk Fis Li a, Jésus Kri, Senyè nou an.
10 Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan menm panse ak nan menm jijman.
-
20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.
-
6 Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.
-
4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri.
-
6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
-
15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.
-
22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.
24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.”
-
4 A la beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a,
e ki pa t vire vè moun ògèy yo,
ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.
-
3 Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi,
lèv mwen va louwe Ou.
4 Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv.
Mwen va leve men m nan non Ou.
-
11 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,
ni rayi repwòch Li,
12 Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,
jis tankou yon papa konn korije
fis nan sila li pran plezi a.
-
10 Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;
moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.
-
2 Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”
-
2 Menm jan yo sonje pitit pa yo,
se konsa yo sonje lotèl pa yo,
ak Asherim sou kote bwa vèt, sou wo kolin yo.
-
9 Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”
-
1 Te genyen yon mesye pami Farizyen yo ke yo te rele Nicodème, yon chèf a Jwif yo. 2 Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”
3 Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”
-
5 Alò, Sila ki te prepare nou pou menm bi sa a, se Bondye, ki te bannou Lespri Sen kòm yon pwomès la.
6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, 7 paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè.
-
14 Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.
-
8 Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a.
9 Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman.
-
1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
-
9 “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,
-
21 Lè kè m te vin anmè,
e kè m te pike anndan m,
22 alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann.
Mwen te tankou yon bèt devan Ou.
23 Sepandan, mwen avè W tout tan.
Ou te kenbe men dwat mwen.
24 Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,
e apre, resevwa mwen nan laglwa.
25 Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?
Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.
26 Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
-
1 Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m,
avèk siplikasyon mwen yo.
2 Akoz Li te panche zòrèy Li bò kote m,
pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.
3 Kòd lanmò yo te antoure m,
e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen.
Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès.
4 Alò, mwen te rele non SENYÈ a.
O SENYÈ, mwen sipliye Ou, sove lavi mwen!
-
18 Kite fontèn dlo ou a rete beni,
e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.
19 Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,
kite tete li yo satisfè ou tout tan.
Rete debòde nèt ak lanmou li.
-
25 Lakrent a lòm mennen yon pèlen;
men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.
-
10 Paske mòn yo kapab deplase,
e kolin yo ka disparèt,
men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou.
Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,”
di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.
-
3 SENYÈ a te parèt a li menm soti lwen epi te di:
“Wi, Mwen te renmen ou ak yon lanmou ki p ap janm fini.
Konsa, Mwen te atire ou ak lanmou dous.
-
36 Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: “Pa pè ankò; sèlman kwè”.
-
21 “Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li.”
22 Judas, se pa Iscariot la, te di Li: “Senyè, kisa menm ki rive ki fè W ap devwale Ou a nou, e pa a lemonn?”
23 Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”.
-
27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.
-
9 Men jan sa ekri a:
“Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande,
ki pa janm antre nan kè a lòm;
tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”
-
11 Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès. 12 Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo.
-
16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
-
1 Kite lanmou pou frè yo kontinye.
2 Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen.
3 Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.
-
6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an.
-
1 Nenpòt mounki kwè ke Jésus se Kris la, li ne a Bondye. Nenpòt moun ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li a.
2 Men konsa nou konnen ke nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo. 3 Paske se sa ki lanmou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.
-
1 Jude, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, epi frè a Jacques la, ekri a sa yo ki rele sen nan Bondye, Papa a, epi ki konsève pou Jésus Kri.
2 Ke mizerikòd, lapè, ak lanmou kapab ogmante anvè nou.
3 Byeneme yo, pandan mwen t ap fè tout efò pou ekri nou selon delivrans ke nou pataje ansanm, mwen te sanse ke m te bezwen ekri nou epi plede avèk nou ke nou lite fò pou lafwa ki te delivre yon fwa pou tout a sen yo.
Shows Read in context, Share and Copy.