24 Bible Verses About Teamwork

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Teamwork
  1. 11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm. 16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.

  2. 12 Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò konsa tou Kris la ye. 13 Paske pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan yon sèl kò, kit Jwif, kit Grèk, kit esklav, kit lib, e nou tout te fèt pou bwè nan yon sèl Lespri.

    14 Paske kò a se pa yon sèl manm, men anpil manm. 15 Si pye a ta di: “Akoz ke mwen se pa yon men, mwen pa yon pati nan kò a,” se pa sa ki ta fè l okenn mwens yon pati nan kò a. 16 Epi si zòrèy la di: “Mwen pa yon zye, mwen pa yon pati nan kò a,” se pa pou rezon sa a li pa omwen yon pati nan kò a. 17 Si tout kò a te yon zye, kote zòrèy la t ap ye? Si tout kò a te sèl zòrèy, kote nen pou santi t ap ye? 18 Men koulye a Bondye byen plase manm yo, yo chak nan kò a jis jan Li te vle a.

  3. 9 De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. 10 Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a. 11 Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe? 12 Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.

  4. 5 Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris: 6 Pouke nan tout akò pou nou kapab avèk yon sèl vwa bay glwa a Bondye, Papa a Senyè nou an, Jésus Kri.

  5. 24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.

  6. 8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche. 9 Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.

    10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la. 11 Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  7. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

    3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4 Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.

  8. 18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.

  9. 17 Se fè ki file fè;

    se konsa yon nonm file zanmi l.

  10. 10 Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan menm panse ak nan menm jijman.

  11. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

  12. Yon chan pou monte vè tanp lan.

    1 Gade byen, a la bon e agreyab

    pou frè yo viv ak tèt ansanm!

  13. 1 Konsa, frè byeneme mwen yo, ke mwen trè anvi wè, nou menm ki lajwa m ak kouwòn mwen yo, se konsa pou nou kanpe fèm nan Senyè a, byeneme mwen yo.

    2 Mwen ankouraje Évodie e mwen ankouraje Syntyche pou viv an amoni nan Senyè a. 3 Vrèman, fidèl kòlèg mwen yo, mwen mande nou osi pou ede fanm sa yo ki te pataje lit mwen an pou koz a levanjil la, ansanm avèk Clément osi ak tout lòt ouvriye parèy a mwen yo ki gen non yo nan liv lavi a.

  14. 5 Byeneme, ou ap aji fidèlman nan tout sa ou acheve pou frè yo, sitou lè se moun ou pa rekonèt yo. 6 Yo pote temwayaj lanmou ou devan legliz la. Konsa, ou va fè byen pou voye yo sou wout yo nan yon jan ki gen merit devan Bondye. 7 Paske yo te sòti pou kòz a Non an, san aksepte anyen nan men etranje yo. 8 Nou dwe bay soutyen a moun tankou sa yo, pou nou kapab ouvriye parèy a yo nan laverite a.

  15. 7  Li te rele douz yo e te kòmanse voye yo sòti de pa de, e Li te bay yo otorite sou move lespri yo.

  16. 20 “Mwen pa mande pou sila yo sèlman, men pou sa yo osi ki kwè nan Mwen pa pawòl pa yo. 21 Pou yo tout kapab fè yon sèl. Menm jan ke Ou menm, Papa, Ou nan Mwen, e Mwen nan Ou, pou yo kapab nan Nou tou. Pou lemonn kapab kwè ke Ou te voye M. 22 Glwa ke Ou ban Mwen an, Mwen bay yo. Pou yo kapab fè yon sèl, menm jan ke Nou fè yon sèl. 23 Mwen nan yo, e Ou nan Mwen, pou yo kapab vin pafè nan linite, pou lemonn kapab konnen ke Ou te voye Mwen, e te renmen yo, menm jan ke Ou renmen Mwen.

  17. 9 Paske nou se ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.

  18. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  19. 14 Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe;

    men ak anpil konseye, gen viktwa.

  20. 13 Li te monte sou mòn nan, pou L te rele sila ke Li menm te vle yo, e yo te vin kote Li. 14 Li te dezinye douz yo, pou yo ta kapab avè L, e pou Li ta kapab voye yo deyò pou preche, 15 e pou yo ta kab gen otorite pou chase move lespri yo: 16 Simon, ki rele Pierre, 17 Jacques, fis Zébédée a, avèk Jean, frè a Jacques, (a li menm Li te bay non Boanergès ki vle di Fis a tonnè yo); 18 André, ak Philippe, ak Barthélemy, ak Matthieu, ak Thomas, ak Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée, e Simon, Zelòt la; 19 ansanm avèk Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.

  21. 1 Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi.

  22. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

  23. 18 Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay. 19 Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitid Bondye a ta vin rete nan Li, 20 epi selon Li menm, pou rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa san lakwa Li a.

  24. 7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.