82 Bible Verses About Rejoicing

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Rejoicing
  1. 4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

  2. 1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

  3. 16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.

    19 Pa etenn Lespri Sen an.

  4. 15 Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.

  5. 2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.

  6. 3 Donk Li te di yo parabòl sila a. Li te di: 4 “Ki moun pami nou, si li gen yon santèn mouton e li vin pèdi youn, li p ap kite Katreven-diznèf la nan chan patiraj la, pou ale dèyè sila ki pèdi a, jiskaske li twouve l? 5 E lè l twouve li, l ap mete l sou zepòl li, e l ap rejwi. 6 Lè l rive lakay li, l ap rele ansanm tout zanmi avèk vwazen li yo, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve mouton m ki te pèdi a!’

    7 “Mwen di nou ke menm jan an, va gen plis jwa nan syèl la sou yon pechè ki repanti, ke sou katreven-diznèf moun ki pa bezwen repanti.

    8 “Oubyen, ki fanm, si li gen dis pyès lajan, e vin pèdi youn nan yo, li p ap limen yon lanp, e bale kay la pou l chache avèk atansyon jiskaske li twouve l? 9 Lè l twouve l, l ap rele tout zanmi li yo ansanm, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve pyès lajan ke m te pèdi a!’

    10 “Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwanan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti.”

  7. 6 Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, 7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a. 8 Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa 9 ki fè kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.

  8. 10 Beni se sila yo ki te pèsekite pou ladwati;

    wayòm syèl la se pou yo.

    11 “Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen. 12 Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.

    13 “Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.

  9. 20 “Anverite, anverite, Mwen di nou, ke nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men tristès la va vin chanje an jwa. 21 Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.

    22 “Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.

    23 “E nan jou sa a nou p ap menm poze M kesyon sou okenn choz. Anverite, anverite, Mwen di nou, si nou mande Papa a pou nenpòt bagay, L ap bay nou Li nan non Mwen.

    24 “Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.

  10. 1 Finalman, frè m yo rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm.

  11. 11 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou jwa M kapab nan nou, e ke jwa nou kapab konplete.

  12. 22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  13. 13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.

  14. 12 Byeneme yo, pa vin etone de eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou. 13 Men nan menm degre ke nou pataje soufrans Kris la, kontinye rejwi nou, anfen ke nan revelasyon laglwa Li, nou kapab rejwi nou avèk gwo lajwa. 14 Si yo pale mal de nou pou non a Kris la nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.

  15. 18 Alò, kisa? Sèlman nan chak ka, kit se nan pretèks kit se nan verite, Kris la pwoklame. E se nan sa mwen rejwi mwen. Wi, mwen va rejwi mwen. 19 Paske mwen konnen ke sa va sèvi pou delivrans mwen atravè lapriyè nou yo, ak pwovizyon Lespri Jésus Kri a.

  16. 9 Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.

    Anplis, chè m va toujou pwoteje.

    10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen

    nan sejou mò yo;

    ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.

    11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.

    Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.

    Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.

  17. 13 Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean. 14 Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li.

    15 “Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant.

  18. 19 Veye byen, Mwen bannou otorite poumache sou sèpan avèk eskòpyon anba pye nou, sou tout pouvwa a lènmi an, e anyen p ap fè nou mal.

    20 “Malgre sa, pa rejwi nan sa, ke lespri yo soumèt a nou menm, men rejwi paske non nou ekri nan syèl la.”

  19. 40 Yo te koute konsèy li. Apre yo te rele apòt yo antre, yo te bat yo avèk fwèt, e te kòmande yo pou yo pa pale nan non Jésus, e te lage yo.

    41 Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri pou non Li.

    42 Epi chak jou nan tanp lan, sòti nan yon kay a yon lòt, yo te kontinye enstwi ak preche Jésus kòm Kris la.

  20. 10 Konsa, li te di yo: “Ale manje grès, bwè sa ki dous e voye bay pòsyon a sila ki pa t prepare yo; paske jou sa a sen a SENYÈ nou an. Pa fè lapèn ak soufrans, paske lajwa SENYÈ a se fòs nou.”

  21. 11 Men kite tout sila ki pran refij nan Ou yo, fè kè kontan.

    Kite yo toujou chante ak kè kontan,

    akoz Ou fè abri pou yo.

    Kite sila ki renmen non Ou yo kapab

    fè kè kontan nan Ou.

  22. 17 Menmsi pye fig la pa ta fleri,

    ni pa gen fwi sou branch rezen yo,

    menmsi donn oliv la vin sispann,

    e chan yo pa pwodwi manje,

    menmsi bann mouton an ta koupe

    separe de pak la,

    e pa gen bèf nan pak la,

    18 mwen va toujou egzalte nan SENYÈ a.

    Mwen va rejwi nan Bondye, sali mwen an.

    Mwen va ranpli ak jwa akoz delivrans mwen an.

    19 Senyè BONDYE mwen an se fòs mwen.

    Li te fè pye mwen vin tankou pye sèf;

    Li te ban m fòs pou mache sou wo plas yo.

    Pou direktè koral la, sou enstriman a kòd mwen yo.

  23. 17 Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an.

  24. 1 Anne te priye e te di:

    “Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a!

    Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a.

    Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo,

    akoz mwen rejwi nan delivrans Ou.

  25. 14 Chante, O fi a Sion an! Rele fò, O Israël! Se pou ou kontan e rejwi ak tout kè ou, O fi Jérusalem nan! 15 SENYÈ a te retire jijman ou yo. Li te chase tout ènmi ou yo. Wa Israël la, SENYÈ a, la nan mitan nou. Ou pa gen pou pè gwo dega ankò. 16 Nan jou sa a, sa va di a Jérusalem: Pa pè anyen, O Sion! Pa kite men ou vin fèb. 17 SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon gerye plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.

  26. 3 Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou. 4 Mwen toujou ap ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout, 5 akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a. 6 Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.

  27. 23 Men mwen santi presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil, 24 men pou m rete nan lachè a pi nesesè pou koz a nou menm. 25 Konvenk de sa, mwen konnen ke mwen va rete pou kontinye avèk nou tout, pou pwogrè ak lajwa nou nan lafwa. 26 Konsa konfyans fyète nou an nan mwen kapab vin debòde nan Jésus Kri lè mwen vin bò kote nou an ankò.

  28. 1 Konsa, frè byeneme mwen yo, ke mwen trè anvi wè, nou menm ki lajwa m ak kouwòn mwen yo, se konsa pou nou kanpe fèm nan Senyè a, byeneme mwen yo.

  29. 10 Bay glwa a sen non Li.

    Kite kè a sila k ap chache SENYÈ a

    vin ranpli ak jwa.

  30. 15 Ou menm ki konnen, O SENYÈ,

    sonje mwen e pran vanjans sou pèsekitè mwen yo.

    Nan pasyans Ou, O SENYÈ, pa retire m nèt;

    rekonèt ke pou non Ou, mwen te sipòte repwòch.

    16 Pawòl Ou yo te vin twouve;

    mwen te manje yo.

    Pawòl Ou yo te vin pou mwen yon gwo jwa

    ki fè kè m rejwi;

    paske mwen te rele pa non Ou, O SENYÈ Bondye Dèzame yo.

  31. 52 Epi disip yo te kontinye ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an.

  32. 7 Paske nou gen tan twouve anpil lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin rafrechi atravè ou menm, frè.

  33. 11 Se limyè ki simen kon semans pou moun ladwati yo,

    ak kè kontan pou sila ak kè ki dwat yo.

    12 Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e

    bay remèsiman a non sen Li an.

  34. 46 Marie te di:

    “Nanm mwen egzalte Senyè a,

    47 Lespri mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.

    48 Paske li te gade eta ba sèvant Li an;

    paske gade byen, soti nan moman sa a

    jiska tout jenerasyon yo, yo va rele m beni.

    49 Paske Toupwisan an

    te fè gwo bagay pou mwen.

    Non Li sen.

  35. 4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

  36. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi.

  37. 17 Men nou menm, frè yo, akoz ke nou te separe de nou pou yon ti tan—kòmsi an pèsòn, men pa an espri—nou tout te pi enpasyan ak lanvi pou wè figi nou. 18 Paske nou tout te vle vin kote nou—mwen menm, Paul, plis ke yon sèl fwa—e malgre sa, Satan te anpeche nou.

    19 Paske kilès ki esperans nou, oubyen lajwa nou, oubyen kouwòn egzaltasyon an? Èske se pa menm nou menm nan, nan prezans a Senyè nou an nan moman retou Li a. 20 Paske nou se laglwa ak lajwa nou.

  38. 1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.

    3 Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.

  39. 6 Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo. Yo t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik.

  40. 2 Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou;

    Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.

  41. 11 Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis!

    Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.

  42. 4 Chante a Bondye! Chante lwanj a non Li!

    Leve wo pou Sila ki monte sou nwaj yo:

    non l se SENYÈ a!

    Rejwi devan Li an!

    5 Yon papa pou òfelen yo

    e yon jij pou vèv yo,

    se Bondye nan lye sen Li an.

  43. 18 Kite fontèn dlo ou a rete beni,

    e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.

    19 Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,

    kite tete li yo satisfè ou tout tan.

    Rete debòde nèt ak lanmou li.

  44. 10 Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la.

  45. 12 rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè.

  46. 24 Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo.

  47. 31 Kite syèl yo kontan e

    kite lemond rejwi:

    32 Kite lanmè a fè gwo bwi,

    avèk tout sa ki ladann!

    Kite chan an ranpli ak jwa,

    ak tout sa ki ladann!

    33 Konsa, tout bwa forè yo

    va chante avèk jwa devan SENYÈ a.

    Paske L ap vini pou jije latè.

    34 O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li,

    paske lanmou dous Li a se pou tout tan.

    35 Di: “Sove nou,

    O Bondye a delivrans nou an!

    Ranmase nou pou sove nou soti nan nasyon yo,

    pou bay remèsiman a non sen pa W la,

    pou nou triyonfe nan lwanj Ou.”

  48. 6 Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?”

    SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!

    7 Ou te mete lajwa nan kè m plis pase

    lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.

    8 Anpè, mwen va kouche pou dòmi,

    paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.

  49. 8 Prensip a SENYÈ yo dwat,

    ki fè kè rejwi.

    Kòmandman SENYÈ a san tach.

    Li fè zye yo limen.

  50. 5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,

    men Bonte Li se pou tout tan.

    Kriye a kapab dire pou nwit lan,

    men kri lajwa a vin parèt nan maten.

  51. 1 Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo!

    Lwanj bèl lè l sòti nan moun ki dwat.

    2 Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.

    Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.

    3 Chante a Li menm yon chan tounèf.

    Jwe ak kapasite e fò avèk yon gwo kri lajwa.

  52. 22 Wòch ke sila ki t ap bati yo te refize a,

    gen tan vini wòch ang prensipal la.

    23 Sa fèt pa SENYÈ a.

    Li se yon mèvèy nan zye nou.

    24 Sa se jou ke SENYÈ a te fè.

    Annou rejwi nou e fè kè kontan ladann.

  53. 9 Konsa, li va pale nan jou sa a, “Gade byen, sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!”

  54. 10 Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a;

    nanm mwen va rejwi anpil nan Bondye mwen an,

    paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo.

    Li te vlope m nan yon manto ladwati,

    tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn;

    e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.

  55. 13 “Men koulye a, Mwen ap vini kote Ou. Konsa, bagay sa yo Mwen pale nan lemonn pou yo kapab gen lajwa Mwen tou ranpli nèt nan yo menm.

  56. 38 Li te kòmande cha a rete. Yo tou de te desann nan dlo a, Philippe avèk lenik lan, e li te batize li.

    39 Lè yo te sòti nan dlo a, Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans.

  57. 23 Lè yo te fin bay yo anpil kou, yo te jete yo nan prizon, e te kòmande jandam prizon an pou veye yo de prè. 24 Li menm, akoz ke li resevwa lòd sa a, te jete yo nan prizon pa anndan an, e te tache pye yo nan chèn.

    25 Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.

    26 Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman tout pòt prizon an te vin louvri, e chèn tout moun te vin detache.

  58. 26 Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.

  59. 3 Paske mwen te tèlman kontan lè frè yo te vin pote temwayaj a verite ou, ki jan ou mache nan laverite a. 4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.

  60. 7 Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.”

  61. 9 Jéthro te rejwi de tout bonte ke SENYÈ a te fè anvè Israël, lè l te delivre yo nan men Ejipsyen yo. 10 Konsa, Jéthro te di: “Beni se SENYÈ a ki te delivre ou nan men Ejipsyen yo, ak nan men Farawon, e ki te delivre pèp la anba men Ejipsyen yo. 11 Koulye a mwen konnen ke SENYÈ a pi gran ke tout dye yo, akoz jan yo te aji nan ògèy kont pèp la.”

  62. 41 “Alò, pou sa, leve, O SENYÈ Bondye, a plas repo pa Ou a, Ou menm avèk lach pwisan pa Ou a. Kite prèt Ou yo, SENYÈ Bondye, abiye avèk sali, e kite fidèl Ou yo rejwi nan tout sa ki bon.

  63. 7 Éphraïm va vin tankou yon gwo nonm pwisan

    e kè yo va kontan konsi se ak diven.

    Anverite, pitit yo va wè sa,

    e yo va kontan,

    kè yo va rejwi nan SENYÈ a.

  64. 10 Lè yo te wè zetwal la, yo te rejwi anpil avèk anpil jwa.

  65. 33 Li te pran yo nan menm lè nwit sa a, li te lave blesi yo, e imedyatman, li te batize, li menm avèk tout lakay li. 34 Li te mennen yo lakay li e te mete manje devan yo. Li te rejwi anpil, akoz li te kwè nan Bondye avèk tout lakay li.

  66. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  67. 6 Nou osi te devni imitatè a nou menm e a Senyè a. Konsa, nou te resevwa pawòl la nan anpil tribilasyon, avèk lajwa Lespri Sen an. 7 Konsa, nou te devni yon egzanp pou tout kwayan nan Macédoine ak nan Achaïe yo.

  68. 9 Paske ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz nou menm? 10 Antretan lajounen kou lannwit, nou kontinye ap priye fò pou nou kab wè figi nou, e pou nou kapab konplete sa ki manke nan konesans lafwa nou.

  69. 7 La osi, nou menm avèk lakay nou va manje devan SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, nou va rejwi nan tout sa nou te antreprann nan, nou avèk lakay nou yo, nan sila SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an.

  70. 19 Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,

    konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.

  71. 11 Kite syèl yo vin kontan e kite latè rejwi.

    Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.

    12 Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo.

    Epi tout bwa nan forè yo va chante ak jwa

    13 devan SENYÈ a, paske L ap vini.

    Paske L ap vini pou jije latè. Li va jije mond lan

    avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.

  72. Yon Sòm Remèsiman an

    1  Rele fò a SENYÈ tout latè a!

  73. 14 Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo,

    konsi se nan tout richès yo.

  74. 24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,

    e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.

    25 Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan;

    kite fanm ki te fè ou a, rejwi.

  75. 19 Anplis, menm jan pou tout moun ke Bondye te bay richès ak byen yo, anplis Li te bay li kapasite pou manje ladann yo e rejwi nan travay li. Sa se don Bondye a. 20 Konsa, se pa souvan ke moun nan va konsidere ane lavi li yo, paske Bondye kenbe l okipe tout tan ak rejwisans kè li.

  76. 2  Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè;

    sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a,

    limyè va fonse briye sou yo;

    3  Ou te fè pèp la grandi anpil;

    Ou ogmante kè kontan yo.

    Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la. 4 Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an. 5 Paske tout pwotèj gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a. 6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. 7  P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.

  77. 10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,

    e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,

    pou fè l donnen e boujonnen,

    pou fè l bay semans pou kiltivatè,

    ak pen pou sila k ap manje a;

    11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.

    Li p ap retounen kote Mwen vid,

    san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,

    san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.

    12 Paske ou va sòti ak kè kontan

    e mennen sòti ak lapè.

    Mòn yo ak kolin yo va eklate

    nan gwo kri lajwa devan ou,

    e tout bwa nan chan yo va bat men yo.

    13 Olye de bwa pikan, bwa siprè va leve;

    olye machacha, bwa jasmen va leve.

    Sa va sèvi kon yon memoryal a SENYÈ a,

    kon yon sign k ap dire nèt, ki p ap janm disparèt.

  78. 57 Alò, lè te rive pou Elizabeth akouche, e li te fè yon fis. 58 Vwazen li yo avèk fanmi li yo te tande ke Senyè a te montre mizerikòd Li, e yo t ap rejwi avèk li.

  79. 29 “Sa ki genyen madanm maryaj la se jennonm k ap marye a. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli. 30 Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”

  80. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.

  81. 17 Obeyi lidè nou yo e soumèt nou a yo. Paske yo kontinye ap gade sou nanm nou, kòm sila ki oblije rann kont. Kite yo fè sa avèk jwa, olye chagren, paske sa pa t ap gen pwofi pou nou.

  82. 12 Malgre ke mwen gen anpil bagay pou m ta ekri nou, mwen pa vle fè sa avèk papye ak lank; men mwen espere ke m va vini a nou menm pou nou pale fasafas, jis pou jwa nou kapab vin akonpli.