74 Bible Verses About Safety

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Safety
  1. 17 Konsa, pinga nou fè tò a youn lòt, men nou va krent Bondye nou an; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

    18 “‘Se konsa ke nou va obsève règleman Mwen yo e kenbe jijman Mwen yo, pou akonpli yo, pou nou kapab viv an sekirite sou tè a.

    19 “‘Konsa, tè a va donnen pwodwi li pou nou kapab manje vant plen, e viv an sekirite sou tè a.’”

  2. 1 Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.

    2 Mwen va di a SENYÈ a:

    “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.

    Se nan Li mwen mete konfyans!”

    3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,

    ak ravaj gwo maladi yo.

    4 Li va kouvri ou ak plim Li yo.

    Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.

    Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.

    5 Ou p ap pè laperèz lannwit, ni flèch k ap vole lajounen,

    6 ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,

    ni destriksyon ki devaste a midi.

    7 Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,

    ak di mil sou men agoch ou,

    men sa p ap pwoche ou.

    8 Ou va sèlman gade avèk zye ou pou

    wè rekonpans a mechan yo.

    9 Paske ou te fè SENYÈ a, vin sekou ou,

    menm Pi Wo a, kote pou ou rete.

    10  Nanpwen mal k ap rive ou,

    Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.

    11 Paske Li va bay zanj Li yo lòd konsènan ou menm,

    pou veye ou nan tout chemen ou yo.

    12 Yo va leve ou byen wo nan men yo,

    pou ou pa frape pye ou kont wòch.

    13 Ou va pile sou lyon an ak koulèv la.

    Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.

    14 Paske li te renmen M konsa,

    pou sa, Mwen va delivre li.

    Mwen va mete li byen solid an wo,

    akoz li te rekonèt non Mwen.

    15 Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li.

    Mwen va avèk Li nan tan twoub la.

    Mwen va delivre li e bay li lonè.

    16 Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,

    e kite li wè sali mwen.

  3. 10 Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;

    moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.

    11 Pou yon nonm rich, byen li se yon vil ki fò;

    kon yon miray byen wo nan panse li.

    12 Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy;

    men imilite ale devan onè.

  4. 6 Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?”

    SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!

    7 Ou te mete lajwa nan kè m plis pase

    lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.

    8 Anpè, mwen va kouche pou dòmi,

    paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.

  5. 25 Lakrent a lòm mennen yon pèlen;

    men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.

  6. 3 Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen,

    glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.

    4 Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen;

    Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan

    5 Mwen te kouche e dòmi;

    mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.

    6 Mwen p ap pè menm dè milye de moun

    ki ta pran pozisyon kont mwen de tout kote.

  7. 5 SENYÈ a se gadyen ou.

    SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.

    6 Solèy p ap frape ou lajounen,

    ni lalin pandan lannwit.

    7 SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal.

    Li va kenbe nanm ou.

    8 Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre,

    depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.

  8. 2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. 3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.

  9. 21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;

    kenbe bon sajès ak bon konprann.

    22 Konsa yo va lavi pou nanm ou

    ak dekorasyon pou kou ou.

    23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,

    e pye ou p ap chape.

    24 Lè ou kouche ou p ap pè;

    kouche ou ak dòmi ou va byen dous.

    25 Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,

    ni atak a mechan an lè l vini.

    26 Paske Bondye va konfyans ou,

    e va veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.

  10. 27 “Mouton pa M yo tande vwa M, e yo swiv Mwen. 28 E Mwen bay yo lavi etènèl, e yo p ap janm peri. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men M.

    29 “Papa M ki te ban Mwen yo, pi gran pase tout moun. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men a Papa a. 30 Mwen avèk Papa a se youn.”

  11. 17 Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.

    18 Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  12. 8 “Nou p ap fè menm sa ke n ap fè isit la jodi a, konsi tout moun ap fè sa ki bon nan pwòp zye li; 9 paske nou poko rive nan plas repo ak eritaj ke SENYÈ a ap bannou an.

    10 “Lè nou travèse Jourdain an pou viv nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj la; epi Li bannou repo sou tout lènmi ki antoure nou yo pou nou viv ansekirite, 11 alò, li va rive ke kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, va chwazi pou non Li vin rete a, se la, nou va mennen tout sa ke Mwen kòmande nou yo: ofrann brile nou yo avèk sakrifis nou yo, dim nou yo avèk don ki sòti nan men nou yo, ak tout ofrann ve ki pi bèl ke nou va fè kòm ve bay SENYÈ a.

    12 “Epi nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo ak Levit ki anndan pòtay nou yo, akoz ke li pa gen pati ni eritaj pami nou. 13 Fè atansyon pou nou pa ofri ofrann brile tout kote ke nou wè, 14 men kote ke SENYÈ a chwazi nan youn nan tribi nou yo. La, nou va ofri ofrann brile yo, e la, nou va fè tout sa ke mwen kòmande nou yo.

  13. 33 Men sila ki koute mwen an

    va viv ansekirite,

    e li va rete alèz san pè malè.”

  14. 35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:

    “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.

    Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”

    37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  15. 12 A Benjamin, li te di:

    “Ke byeneme SENYÈ a ta rete ansekirite ak Li,

    paske Li pwoteje li tout lajounen.

    Sila SENYÈ a renmen an rete antre zepòl Li.”

  16. 8 “Men pou mwen, mwen ta chache Bondye,

    pou m ta plede kòz mwen devan Bondye.

    9 Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan;

    mèvèy ki pa kab menm konte yo.

    10 Li bay lapli sou tè a,

    e voye dlo sou chan yo,

    11 Jiskaske Li leve sila ki enb yo,

    e sila ki an dèy yo, li leve bay sekou.

    12 Li anile manèv a sila ki gen riz yo

    pou men yo pa reyisi.

    13 Li kaptire saj yo nan pwòp riz pa yo,

    e konsèy a moun k ap twonpe moun nan

    vin kontrekare byen vit.

    14 Nan gwo lajounen, yo jwenn ak tenèb,

    e yo egare gwo midi tankou se te lannwit.

    15 Men li sove yo de nepe a pwop bouch yo,

    e menm malere a chape nan men pwisan an.

    16 Akoz sa, sila ki san sekou a gen espwa,

    e inikite oblije pe bouch li.

  17. 14 Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe;

    men ak anpil konseye, gen viktwa.

  18. 20 Men lè nou wè Jérusalem antoure pa lame, nan moman sa a, rekonèt ke dezolasyon li toupre. 21 Answit nan lè sa a, sila ki nan Juda yo va oblije sove pou ale nan mòn yo, sila ki nan mitan vil yo va oblije sòti, e sila ki andeyò yo p ap pou antre nan vil la. 22 Paske jou sa yo se jou vanjans yo, pou tout bagay ki ekri yo kapab vin akonpli. 23 Malè a sila yo k ap pote pitit, ak sila yo ki nouris nan jou sa yo, paske va gen gwo twoub sou tè a, e kòlè sou pèp sila a.

  19. 10 “Paske nou kenbe pawòl pèseverans Mwen an, Mwen va kenbe nou osi nan lè eprèv la, lè ki prèt pou vini sou tout mond lan pou pase a leprèv tout sila ki rete sou latè yo.

    11 “Mwen ap vini vit! Kenbe fèm a sa nou genyen an, jis pou pèsòn pa rache kouwòn nou an.

  20. 3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.

    Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.

  21. 15 “Nan jou sa yo e nan lè sa a,

    Mwen va fè yon Branch ladwati a David pete vin parèt.

    Li va egzekite lajistis ak ladwati sou tout latè.

    16 Nan jou sa yo, Juda va vin sove

    e Jérusalem va ansekirite.

    Men non pa sila li va rele a:

    SENYÈ a se ladwati nou.”

  22. 11 “Mwen menm se bon bèje a. Bon bèje a ap bay vi Li pou mouton yo.

    12 “Sila a ki se yon ouvriye jounalye epi pa yon bèje, ki pa mèt mouton yo, wè lou ap vini epi li kouri kite mouton yo. Lou a vin pran yo, epi gaye yo. 13 Li sove ale, paske se yon ouvriye jounalye, e afè mouton pa konsène l.

    14 “Mwen se bon bèje a. Mwen rekonèt sa yo ki pou Mwen, e pa Mwen yo rekonèt Mwen. 15 Menm jan ke Papa a rekonèt Mwen, Mwen rekonèt Papa a. Mwen bay vi Mwen pou mouton yo.

  23. 3 Men Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an. 4 Nou gen konfyans nan Senyè a konsènan nou menm, ke nou ap fè e va kontinye fè sa ke nou kòmande yo. 5 Ke Senyè a dirije kè nou nan lanmou Bondye a, ak nan kenbe fèm nan Kris la.

  24. 18 Nou konnen ke okenn moun ki ne a Bondye pa fè peche; men Li ki te ne de Bondye a kenbe li menm, epi mechan an p ap touche li.

  25. 1 “Nou pa pou fè pou nou menm zidòl, ni nou pa pou mete an plas pou nou menm yon imaj, oswa yon pilye sakre. Ni nou pa pou plase yon wòch taye nan okenn fòm pou bese devan li; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

    2 “Nou va kenbe Saba Mwen yo, e nou va onore sanktyè Mwen an. Mwen se SENYÈ a.

    3 “Si nou mache nan règleman Mwen yo, e kenbe kòmandman Mwen yo pou fè yo, 4 konsa Mwen va bannou lapli yo nan sezon pa yo, pou peyi a donnen pwodwi li yo, e bwa nan chan yo va bay fwi yo. 5 Anverite, bat grenn chan nou va dire jis tan pou ranmase rezen yo, e ranmase rezen yo va dire jis rive nan tan semans lan. Nou va konsa manje manje nou vant plen nèt, e viv ansekirite nan peyi nou.

    6 “Mwen va osi bay lapè nan peyi a, pou nou kapab kouche san okenn moun pa fè nou tranble. Osi mwen va retire bèt sovaj nan peyi a, e okenn nepe p ap pase nan peyi nou.

  26. 4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

  27. 7 Ou se kote ke m konn kache a.

    Ou pwoteje mwen kont gwo twoub.

    Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.

  28. 53 Li te dirije yo avèk swen pou yo pa pè, men lanmè te vale lènmi yo.

  29. 7 Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub,

    Ou va fè m reprann mwen.

    Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo.

    Men dwat Ou va sove mwen.

    8 SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an.

    Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan.

    Pa abandone zèv men Ou yo.

  30. Pou direktè koral la; Yon Sòm David

    1 Delivre m, O SENYÈ, de moun mechan yo.

    Delivre m de moun vyolan yo:

    2 k ap fè manèv mechan nan kè yo.

    Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè.

    3 Yo file lang yo tankou koulèv.

    Pwazon a sèpan mòtèl la anba lèv yo. Tan

    4 Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo.

    Pwoteje m de moun vyolan ki te fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.

  31. 7 SENYÈ a bon; se yon sitadèl nan jou malè. Epi Li konnen sila ki pran refij nan li yo.

  32. 9 Ankò li te mennen Li Jérusalem. Li te fè L kanpe sou pwent twati tanp lan, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, voye kò Ou anba soti isit la, 10 paske sa ekri:

    ‘Li va bay zanj Li yo chaj de ou pou pwoteje ou,’

    11 epi nan men pa yo, yo va kenbe ou,

    pou ou pa frape pye ou kont wòch.’”

    12 Konsa, Jésus te reponn li, e te di: “Li konn di; ‘Nou pa pou pase Senyè a, Bondye nou nan eprèv.’”

    13 Lè dyab la te fin fè tout tantasyon yo, li te kite Li jiska yon moman konvenab.

  33. 31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou?

  34. 2 Mwen te wè yon lòt zanj ki t ap monte soti kote solèy la leve a, avèk so a Bondye vivan an. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa a kat zanj ki te gen pèmisyon pou fè mal a tè a ak lanmè a. 3 Li te di: “Pa fè tè a, lanmè a, oubyen pyebwa yo mal jiskaske nou fin sele sèvitè-atache Bondye nou yo sou fon yo.”

  35. 25 Konsa, Juda avèk Israël te viv ansekirite, chak moun anba chan rezen pa yo avèk pye fig etranje pa yo, soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, pandan tout jou a Salomon yo.

  36. 7 Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo.

    Ou va prezève yo soti nan

    jenerasyon sila a jis pou tout tan.

  37. Yon Sòm David

    1 Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou.

  38. 13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.

    Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a

    se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’

  39. 15 “Pou sa, kon pwofèt Daniel te pale a, lè nou wè abominasyon dezolasyon an ki te pale pa Daniel, pwofèt la, k ap kanpe nan lye sen an, (kite moun k ap li a konprann) 16 nan moman sa a kite sila nan Judée yo sove pou ale nan mòn yo. 17 Nenpòt moun ki anwo kay la pa dwe desann pou pran byen li nan kay li, 18 ni nenpòt moun ki nan chan an pa dwe retounen pou pran rad li. 19 Men malè a sila ki ansent yo e a sila k ap bay pitit yo tete nan jou sa yo!

    20 “Men priye pou ou pa oblije sove ale nan livè, ni nan yon jou Saba, 21 paske nan tan sa a, ap gen yon gwo tribilasyon yon jan ki pa janm fèt depi nan kòmansman mond lan, jouk rive koulye a, ni p ap janm genyen ankò. 22 Konsa, si jou sa yo pa t rakousi, pa t ap gen vi ki t ap sove. Men pou lakoz a sila ki chwazi yo, y ap rakousi.

    23 “Nan lè sa a, si yon moun di nou: ‘Gade, men Kris la isit la’, oubyen ‘Men Li la’, pa kwè li. 24 Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm sila ki eli yo. 25 Veye, Mwen avèti nou davans.

    26 “Si yo di nou ‘Men Li nan dezè a’ pa ale la; oubyen ‘Gade la, Li la nan chanm pa anndan an, pa kwè yo. 27 Paske menm jan ke kout eklè a sòti nan lès pou klere jouk rive nan lwès, konsa n ap wè vini Fis a Lòm nan. 28 Nenpòt kote kadav la ye, se la ou va twouve votou yo.

  40. 12 Pandan Mwen te avèk yo, Mwen t ap kenbe yo nan non Ou, sa ke Ou te ban Mwen yo. E Mwen te gade yo. Youn nan yo pa t pèdi sof fis pèdisyon an, pou Lekriti ta kapab akonpli.

  41. 10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a. 15 Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16 e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. 17 Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. 18 Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo. 19 Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la, 20 pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene a; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.

  42. 1 Finalman, frè m yo rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm.

  43. 15 Lè maten an te rive, zanj yo te bourade Lot. Yo te di l: “Leve, pran madanm ou avèk de fis ou yo ki isit la, oswa ou va vin disparèt nan pinisyon vil la.” 16 Men li te fè reta. Pou sa, mesye sa yo te sezi men l avèk men madanm li avèk men a de fi li yo, paske konpasyon SENYÈ a te sou li. Yo te mennen li deyò, e yo te mete l deyò vil la.

    17 Lè yo te mennen yo deyò, youn nan yo te di: “Sove ale pou lavi ou! Pa gade dèyè, e pa rete nan okenn kote nan vale a. Sove ale nan mòn yo, oswa ou va detwi nèt.”

  44. 8 Kenbe m tankou de zye nan tèt Ou.

    Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,

    9 kont mechan ki depouye m yo,

    lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m.

    10 Yo fin fèmen kè rèd yo.

    Avèk bouch yo, yo pale awogans.

  45. 4 Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;

    se li mwen va chache:

    pou m ta kab rete lakay SENYÈ a

    tout jou lavi m yo,

    pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e

    reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.

    5 Paske nan jou twoub la,

    Li va kache mwen nan tabènak Li.

    Nan plas sekrè kote tant Li an ye a,

    se la Li va fè m kache.

    Li va leve mwen sou yon wòch.

  46. 19 Men a la gran, bonte ke Ou

    te konsève pou sila ki krent Ou yo,

    ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!

    20 Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout manèv a lòm.

    Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj

    kont konplo a tout lang lèzòm.

    21 Beni se SENYÈ a,

    paske li te fè mèvèy a lanmou dous Li a

    anvè mwen nan yon vil byen fò.

  47. 8 Paske zye mwen se sou Ou, O BONDYE, Senyè a.

    Nan Ou, mwen kache.

    Pa kite nanm mwen san pwotèj.

    9 Sove m de dan pyèj ke yo te prepare pou mwen yo,

    avèk pèlen a sila ki fè inikite yo.

    10 Kite mechan yo tonbe nan pwòp filè yo,

    pandan mwen pase akote.

  48. 28 Fidelite ak verite prezève wa a,

    e ladwati bay twòn li an soutyen.

  49. 18 Sila ki mache san tò a va delivre;

    men sila ki kwochi a va tonbe byen vit.

  50. 26 Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou;

    men sila ki mache ak sajès la va delivre.

  51. 1 Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda:

    “Nou gen yon vil ki fò;

    li monte miray ak ranfò pou sekirite.

    2 Ouvri pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre;

    sila ki rete fidèl la.

    3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,

    Ou va kenbe nan lapè pafè,

    akoz li gen konfyans nan Ou.

    4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,

    paske nan BONDYE SENYÈ a,

    nou gen yon Wòch etènèl.

    5 Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo,

    vil ki pa t kapab venk lan.

    Li te desann li ba.

    Li te desann li jis atè.

    Li te jete li nan pousyè.

    6 Pye va foule l, pye a malere a,

    pla pye a sila ki san sekou yo.”

  52. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

    11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo

    va vin wont e dezonore.

    Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi

    se pa anyen e yo va peri.

    12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,

    men ou p ap jwenn yo.

    Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi

    se pa anyen e yo p ap egziste ankò.

  53. 2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,

    Mwen va la avèk ou;

    epi nan rivyè yo,

    yo p ap debòde sou ou.

    Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,

    ni flanm nan p ap brile ou.

  54. 5 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a:

    “lè Mwen va fè leve pou lakay David,

    yon branch plen ladwati.

    Li va renye kon wa, aji ak sajès e fè jistis ak ladwati nan peyi a.

    6 Nan jou Li yo, Juda va sove,

    e Israël va rete ansekirite.

    Men non pa sila yo va rele Li a:

    ‘SENYÈ a, Ladwati Nou an.’”

  55. 37 “Gade byen, Mwen va ranmase yo soti nan tout peyi kote Mwen te pouse bourade yo, ale nan kòlè ak raj Mwen an, ak gran endiyasyon Mwen an; epi Mwen va mennen yo retounen nan plas sa a. Epi la, Mwen va fè yo rete anpè. 38 Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo;

  56. 13 Lè yo fin pati, lapoula yon zanj Bondye te vin parèt a Joseph nan yon rèv. Li te di l: “Leve pran Pitit la avèk manman L epi kouri ale an Égypte. Rete la jiskaske mwen di ou, paske Hérode ap chèche Zanfan sila a pou l ka detwi L.”

    14 Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L pandan nwit lan pou te ale an Égypte. 15 Li te rete la jiskaske Hérode te mouri. Sa te fèt pou akonpli sa Senyè a te pale pa pwofèt la pou li ta kapab akonpli lè l te di: “Pou soti an Égypte, Mwen te rele Fis Mwen an”.

  57. 27 “Yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye e bay nan maryaj jis rive jou ke Noé te antre nan lach la; konsa, delij la te parèt e te detwi yo tout.

    28 “Se te menm jan ke sa te rive nanjou Lot yo; yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap achte, yo t ap vann, yo t ap plante, yo t ap bati.

    29 “Men nan jou ke Lot te sòti nan Sodome nan, dife avèk souf te tonbe tankou lapli e te detwi yo tout.

    30 “Li va menm jan nan jou ke Fis a Lòm nanap revele a. 31 Nan jou sa a, sila a kisou twati kay, e ki gen byen nan kay la, pa pou desann pou pran yo. Menm jan an, sila ki nan chan an pa pou vire tounen.

    32 “Sonje madanm a Lot.

    33 “Nenpòt moun ki chache sove lavi li va pèdi li, e Nenpòt moun ki pèdi lavi li va konsève l.

    34 “Mwen di nou ke nan nwit sa a, ap gen de moun nan yon sèl kabann; youn ap pran, e lòt la ap rete. 35 Va gen de fanm k ap moulen nan menm kote a. Youn va pran, e lòt la va rete. 36 De mesye va nan chan an. Youn ap pran, e lòt la va rete.”

    37 Konsa yo te reponn: “Ki kote, Senyè?”

    E Li te di yo: “Kotekadav la ye, se la votou yo va rasanble.”

  58. 13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

  59. 7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou.

  60. 11 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. Sila ki venkè a, p ap soufri donmaj pa dezyèm lanmò a.

  61. 13 Alò, lè dragon an te wè ke li te jete anba sou latè, li te pèsekite fanm ki te bay nesans a pitit mal la.

    14 Men de zèl a gwo èg la te bay a fanm nan pou li ta kapab vole rive nan dezè a nan pwòp plas li, kote li te nouri pandan yon ti tan, tan ak mwatye tan, lib de prezans sèpan an.

    15 Konsa, sèpan an te vide yon dlo sòti nan bouch li tankou yon rivyè dèyè fanm nan, pou li ta kapab baleye l avèk lavalas dlo. 16 Men tè a te ede fanm nan. Tè a te louvri bouch li e te bwè tout larivyè dlo ke dragon an te vide soti nan bouch li a. 17 Donk, dragon an te vin anraje avèk fanm nan. Konsa, li te ale pou fè lagè avèk rès pitit li yo ki kenbe kòmandman Bondye yo, e ki kenbe temwayaj a Jésus a.

  62. 18 Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa.

    Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite.

  63. 8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.

    Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.

    9 Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.

    Anplis, chè m va toujou pwoteje.

  64. 8 Jan nou konn tande a, se konsa nou vin wè,

    nan vil SENYÈ dèzame yo,

    nan vil Bondye pa nou an.

    Bondye va etabli li nèt, jis pou tout tan.

  65. 22 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.

    Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.

  66. 2 Se Li sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen.

    Menm gwo sò p ap boulvèse m.

  67. 8 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,

    pase pou mete konfyans nan lòm.

  68. Yon chan pou monte vè tanp lan.

    1 Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion,

    ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.

    2 Kon mòn antoure Jérusalem yo,

    se konsa SENYÈ a antoure pèp Li a

    depi moman sa a, e jis rive pou tout tan.

  69. 26 Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans;

    e pitit li yo va jwenn sekou.

  70. 10 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,

    lwanj Li jis rive nan dènye pwent latè!

    Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann,

    nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.

    11 Kite dezè a ak vil li yo leve vwa yo;

    anplasman kote Kédar rete a.

    Kite sila ki rete nan Sela a chante anlè;

    kite yo chante ak kè kontan soti nan wotè mòn yo.

    12 Kite yo bay glwa a SENYÈ a

    e deklare lwanj Li nan peyi kot yo.

    13 SENYÈ a va avanse tankou yon gèrye,

    li va chofe zèl Li tankou yon nonm lagè.

    Li va kriye fò, wi Li va leve yon kri lagè.

    Li va enpoze Li sou lènmi Li yo.

  71. 18 Nan jou sa a, anplis, Mwen va fè yon Akò

    pou yo ak bèt chan yo,

    zwazo syèl yo ak sa ki trennen atè yo.

    Mwen va aboli banza, nepe ak lagè soti nant peyi a,

    e Mwen va fè yo kouche dòmi ansekirite.

  72. 11 Moun yo va viv ladann, e p ap gen malediksyon ankò, paske Jérusalem va rete ansekirite.

  73. 16 Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”

    17 “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’

    18 “Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. 19 Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”

    20 “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’

    21 “Konsa se mesye a kiranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”

  74. 15 Mwen pa mande Ou pou retire yo nan lemonn, men pou kenbe yo kont sila ki mechan an.