77 Bible Verses About Missions
Bib Sen An (BSA)
-
16 Men onz disip yo te fè wout yo pou Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a. 17 Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men kèk te doute.
18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”
-
1 Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul.
2 Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou travay ke mwen rele yo a.”
3 Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te poze men sou yo e te voye yo ale.
4 Konsa, ranvwaye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre. 5 Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis Jean te la pou ede yo.
-
11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”
12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:
“A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl
a bon bagay yo bèl!”
-
4 Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: “Pa kite Jérusalem, men tann sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan. 5 Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an pa a anpil jou de kounye a.”
6 Donk, lè yo te reyini ansanm, yo t ap poze Li kesyon, e t ap di: “Senyè èske se nan lè sa a ke W ap restore Wayòm lan an Israël?”
7 Li te di yo: “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke Papa a gen tan fikse pa otorite pa L. 8 Men Nou va resevwa pouvwa lè Lespri Sen an vini sou nou. Nou va temwen Mwen ni nan Jérusalem, ni nan Juda ak Samarie, e jis rive nan dènye ekstremite latè.”
-
15 Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an. 16 Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane. 17 Sign sa yo ap swiv sila ki kwè yo. Nan non pa M, yo va chase move lespri yo; yo va pale an lang tounèf; 18 yo va kenbe koulèv, e si yo bwè nenpòt pwazon mòtèl, li p ap fè yo anyen; yo va mete men sou malad yo, e y ap refè.”
-
44 Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”
45 Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo. 46 Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a. 47 Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem. 48 Nou menm se temwen a bagay sa yo. 49 Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”
-
2 Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman. 3 Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone, 4 pou m kapab fè li klè nan fason ke m ta dwe pale a.
5 Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou fè plis ke posib avèk tan an. 6 Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.
-
1 Alò, apre sa, Senyè a te nonmen swasann-dis lòt. Li te voye yo de pa de devan Li nan chak vil ak andwa kote Li menm te gen pou vini.
2 Li t ap di yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo piti. Konsa, sipliye Senyè rekòlt la pou L voye ouvriye nan chan rekòlt Li a.
3 “Ale fè wout nou! Veye byen, Mwen voye nou tankou jenn mouton nan mitan lou.
-
35 Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik. 36 Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò. 37 Konsa Li di a disip Li yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo manke. 38 Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”
-
19 Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: “Lapè avèk nou.” 20 E lè Li te di sa, Li te montre yo tou de men li yo, ak akote li. Pou sa, disip yo te rejwi lè yo te wè Senyè a.
21 Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”
22 E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: “Resevwa Lespri Sen an.
23 “Si nou padone peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padone. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe.”
-
36 Apre kèk tan, Paul te di Barnabas: “Annou retounen pou vizite chak vil kote nou te pwoklame pawòl Senyè a pou nou wè kijan yo ye.”
37 Barnabas te vle pran Jean Marc pou ale avèk yo tou.
38 Men Paul te ensiste ke yo pa ta dwe pran li ki te abandone yo nan Pamphylie, e pa t akonpanye yo nan travay la.
39 Yo te vin tèlman pa dakò ke yo te separe youn de lòt. Barnabas te pran Marc avè l e te pran bato a vwal pou Chypre.
40 Men Paul te chwazi Silas e te pati. Frè yo te remèt li nan gras Senyè a. 41 Li te vwayaje travèse Syrie ak Cilicie, pou ranfòse legliz yo.
-
8 Konsa, mwen te tande vwa SENYÈ a, ki te di: “Se kilès ke m ap voye, e se kilès k ap ale pou Nou?”
Epi mwen te di: “Men mwen! Voye mwen!”
9 Li te di: “Ale di pèp sa a:
‘Kontinye koute, men pa wè;
kontinye gade, men pa konprann.’
10 Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di e zye yo mal pou wè;
otreman, petèt yo ta wè ak zye yo,
tande ak zòrèy yo,
konprann ak kè yo
e retounen pou resevwa gerizon.”
11 Epi mwen te di: “Senyè, pou konbyen tan?”
Li te reponn:
“Jiskaske vil yo fin devaste nèt e pa gen moun pou rete ladan yo,
kay yo vin san moun e peyi a fin dezole,
12 epi SENYÈ a fin retire moun yo byen lwen
e plas abandone yo vin anpil nan mitan peyi a.
-
6 pou sa, pèp Mwen an va konnen non Mwen.
Pou sa, nan jou sa a, yo va konnen se Mwen menm k ap pale.
Gade byen, se Mwen!”
7 A la bèl sou mòn yo, se pye a sila ki pote bòn nouvèl la,
ki anonse lapè,
ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan,
ki anonse Sali,
ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”
8 Gadyen ou yo leve vwa yo.
Yo rele fò ak kè kontan ansanm;
paske yo va wè ak pwòp zye yo
lè SENYÈ a retounen nan Sion an.
9 Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo,
paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.
Li te rachte Jérusalem.
10 SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè.
Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an.
-
19 Answit, moun ki te gaye akoz pèsekisyon ki te leve a, ansanm ak zafè Étienne nan, te fè wout yo pou Phénicie, Chypre, ak Antioche, e yo t ap pale pawòl la a Jwif yo sèlman.
20 Men te gen nan yo, moun Chypre ak Cyrène ki te vini Antioche. E yo te kòmanse pale ak Grèk yo osi, e t ap preche Senyè Jésus a.
21 Men la a Senyè a te avèk yo, e yon gran kantite ki te kwè te vire vè Senyè a.
22 Nouvèl yo te rive nan zòrèy a legliz la nan Jérusalem, e yo te voye Barnabas Antioche.
23 Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a.
-
14 “Epi bòn nouvèl a wayòm sila a va preche nan tout lemonn kon yon temwayaj a tout nasyon yo, e apre sa a, lafen an va rive.
-
5 Men mwen va vini a nou menm apre mwen pase Macédoine, paske m ap pase Macédoine. 6 Petèt mwen va rete avèk nou, oswa menm pase sezon livè a, pou nou kapab voye m ale nenpòt kote ke m ta kab ale. 7 Paske mwen pa vle wè nou koulye a sèlman an pasan; paske mwen espere rete avèk nou pou kèk tan si Dye vle. 8 Men mwen va rete Éphèse jiska fèt pannkot la; 9 Paske yon pòt byen laj e efikas vin louvri a mwen menm, e gen anpil advèsè.
-
7 Men okontrè, yo te wè ke levanjil la te konfye a mwen menm pou ensikonsi yo, menm jan ke li te konfye a Pierre pou sikonsi yo. 8 Paske Sila ki te an reyalite travay atravè Pierre kòm apot pou sikonsi yo, te an reyalite travay atravè mwen menm tou anvè pèp etranje yo. 9 Konsa, ak rekonesans gras ke m te resevwa, Jacques, Céphas, ak Jean, ki te gen repitasyon kòm pilye lafwa yo, te ban mwen ak Barnabas lamen dwat dasosiyasyon, pou nou te kapab ale kote pèp etranje yo e yo menm kote sikonsi yo. 10 Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo bagay ke mwen te vrèman vle fè.
-
7 Li te rele douz yo e te kòmanse voye yo sòti de pa de, e Li te bay yo otorite sou move lespri yo. 8 Konsa, Li te avèti yo ke yo pa t pou pran anyen pou vwayaj la sof ke yon baton; ni pen, ni yon sak, ni lajan pou mete nan senti yo; 9 men yo te gen pou mete sapat yo, e Li te di anplis: “Pa menm mete de tinik (yon wòb lejè)”.
10 Li te di yo: “Nenpòt kote nou antre nan yon kay, rete la jouk lè nou kite vil la. 11 Epi nenpòt kote ki pa resevwa nou, oswa koute nou, pandan nou ap kite la, souke retire menm pousyè ki anba pye nou kon temwayaj kont yo. Asireman mwen di ou, l ap pi tolerab pou Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a!”
-
14 Fè tout bagay san plenyen ni diskite. 15 Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, 16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven. 17 Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon bwason k ap ofri kòm sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.
18 Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m.
19 Men mwen espere nan Senyè a Jésus pou voye Timothée kote nou byen vit, pou m kapab ankouraje tou lè m aprann de kijan nou ye. 20 Paske m pa gen okenn lòt moun ak yon kè parèy a li menm, ki va vrèman konsène pou byen nou.
-
17 “Men pou sa pa rive pi lwen pami pèp la, annou avèti yo pou yo pa pale ankò a okenn moun nan non sila a.” 18 Yo te rele yo, e te kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.
19 Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: “Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije. 20 Paske nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”
-
18 Mwen p ap pèmèt mwen pale de okenn bagay sof de sa ke Kris gen tan akonpli atravè mwen an, kon rezilta a, obeyisans pèp etranje yo pa pawòl ak aksyon, 19 nan pouvwa sign ak mirak yo nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la. 20 Se konsa mwen vle preche levanjil la; pa kote ke Kris te deja konnen pou m pa bati sou fondasyon a yon lòt moun, 21 Men jan sa ekri a:
“Sila ki pa gen nouvèl Li yo va wè,
e sila ki pa tande yo va konprann”.
-
1 Apre bagay sa yo li te kite Athènes e te ale Corinthe.
2 Epi li te twouve yon sèten Jwif la ki te rele Aquilas, yon moun Pont ki te fenk vin sòti Italie avèk madanm li Priscille, paske Claude te kòmande tout Jwif yo pou kite Rome. Paul te ale kote yo. 3 Akoz li te gen menm metye a, li te rete avèk yo, e yo t ap travay, paske se moun ki fè tant yo te ye. 4 Li t ap rezone nan sinagòg la chak Saba pou l konvenk Jwif yo ak Grèk yo pou kwè.
-
1 Alò, SENYÈ a te di a Abram: “Sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou ale vè yon peyi ke Mwen va montre nou. 2 Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon. 3 Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”
-
1 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf!
Chante a SENYÈ a tout latè a.
2 Chante a SENYÈ a!
Beni non Li!
Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.
3 Pale glwa Li pami nasyon yo,
zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
-
13 “Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.
14 “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 15 Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. 16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.
-
1 Li te rele douz yo ansanm, e te bay yo pouvwa avèk otorite sou tout dyab, e pou geri maladi. 2 Li te voye yo ale pou pwoklame wayòm Bondye a, e pou geri maladi.
3 Konsa, Li te di yo: “Pa pran anyen pou vwayaj nou, ni yon baton, ni yon sak, ni pen, ni lajan. Pa menm pote yon dezyèm vètman. 4 Nan nenpòt kay ke nou antre, rete la jiskaske nou kite vil sa a. 5 Pou sila yo ki pa resevwa nou, lè n ap kite vil sa a, souke pousyè sòti nan pye nou kon yon temwayaj kont yo.”
6 Pandan yo t ap kite la, yo te kòmanse ale pami bouk yo, ap preche levanjil la, e te fè gerizon toupatou.
-
37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”
38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”
40 Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”
41 Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm. 42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.
-
4 Konsa sila ki t ap gaye konsa yo, te ale toupatou e te preche pawòl la.
5 Philippe te desann nan vil Samarie. Li te kòmanse preche Kris la bay yo.
6 Foul la avèk yon sèl panse t ap bay atansyon yo a sa ke Philippe te di yo, paske yo te wè e te tande mèvèy ke li t ap fè yo. 7 Paske nan ka anpil moun ki te genyen lespri enpi yo, lespri yo t ap sòti nan yo. Yo te sòti pandan yo t ap rele avèk yon gwo vwa, e anpil moun ki te paralize e bwate te geri. 8 Donk, te gen anpil moun ki t ap rejwi nan vil sila a.
-
47 Paske konsa Senyè a te kòmande nou:
‘Mwen plase nou kòm yon limyè pou pèp etranje yo,
pou nou ta pote delivrans jiska dènye ekstremite tè a.’”
-
26 Soti la yo te pran bato a vwal pou rive Antioche. Se te la menm yo te premyèman kòmande pa gras Bondye a pou zèv ke yo te fenk fin akonpli a. 27 Yo te rive e reyini tout legliz la ansanm. Yo te kòmanse bay rapò a tout bagay ke Bondye te fè avèk yo, ak jan Li te louvri pòt lafwa a pèp etranje yo.
-
4 Alò, pandan yo t ap travèse vil yo, yo t ap livre bay desizyon ki te detèmine pa apòt yo ak ansyen yo nan Jérusalem. 5 Donk legliz yo t ap ranfòse nan lafwa, e yo t ap grandi an nonb chak jou.
6 Yo te travèse rejyon a Phrygie ak Galatie, akoz ke yo te anpeche pa Lespri Sen an pou pale pawòl la an Asie. 7 Lè yo te vini Mysie, yo te eseye antre Bithynie, men Lespri Jésus a pa t pèmèt yo. 8 Lè yo te kite Mysie, yo te desann Troas.
9 Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin Macédoine pou ede nou.” 10 Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm.
-
12 “Pandan mwen te angaje konsa, mwen te fè yon vwayaj nan Damas avèk otorite ak pèmisyon a chèf prèt yo. 13 Nan mitan jounen an, O Wa, mwen te wè sou wout la yon gwo limyè ki sòti nan syèl la, pi briyan ke solèy la, ki te briye toupatou ozanviwon m ak sila ki t ap fè vwayaj la avè m yo. 14 Epi lè nou tout te tonbe atè, mwen te tande yon vwa ki t ap di m nan lang Ebre a: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite Mwen? Se difisil pou ou pou voye pye ou kont pikan yo.’
15 “Konsa, mwen te reponn: ‘Ki moun Ou ye, Senyè?’
“E Senyè a te di: ‘Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a. 16 Men leve kanpe sou pye ou. Se pou rezon sa ke m te parèt kote ou; pou nome ou kòm yon sèvitè ak yon temwen, non sèlman a bagay ke ou wè, men osi a bagay ke Mwen menm va fè vin parèt a ou menm; 17 k ap delivre ou de pèp Jwif la, ak pèp etranje yo, pami sila m ap voye ou yo, 18 pou louvri zye yo pou yo kapab tounen kite tenèb la pou limyè a, e domèn Satan pou sila a Bondye, pou yo kapab resevwa padon peche yo ak yon eritaj pami sila ki sanktifye pa lafwa nan Mwen yo.’
-
18 Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an. 19 Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.
20 Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye. 21 Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.
-
10 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,
lwanj Li jis rive nan dènye pwent latè!
Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann,
nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.
11 Kite dezè a ak vil li yo leve vwa yo;
anplasman kote Kédar rete a.
Kite sila ki rete nan Sela a chante anlè;
kite yo chante ak kè kontan soti nan wotè mòn yo.
12 Kite yo bay glwa a SENYÈ a
e deklare lwanj Li nan peyi kot yo.
-
1 Koute Mwen, O lil yo
e tande byen, pèp ki sòti lwen yo.
SENYÈ a te rele Mwen depi nan vant;
depi nan vant manman M, Li te rele M.
2 Li te fè bouch Mwen tankou yon nepe file;
nan lonbraj men L, Li te kache Mwen.
Anplis, Li te fè M vin yon flèch byen poli,
e Li te kache Mwen nan fouwo Li.
3 Li te di Mwen: “Ou se sèvitè Mwen,
Israël nan sila Mwen va montre glwa Mwen an.”
4 Men Mwen te di: “Mwen te travay di an ven.
Mwen te depanse fòs Mwen pou ryen ak vanite;
sepandan, anverite, jistis pa m avèk SENYÈ a,
e rekonpans Mwen avèk Bondye Mwen an.”
5 Konsa pale SENYÈ a, ki te fòme m depi nan vant
pou m ta Sèvitè Li a:
Li di pou mennen Jacob retounen kote Li a,
pou Israël ta ranmase vè Li
(paske mwen te resevwa lonè nan zye SENYÈ a
e Bondye Mwen an se fòs Mwen),
6 Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen,
pou leve fè monte tout tribi Jacob yo,
e restore retay Israël la.
Konsa anplis, Mwen va fè Ou yon limyè a nasyon yo,
pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”
-
1 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Jonas pou yon dezyèm fwa. Li te di: 2 “Leve ale Ninive, gwo vil la e pwoklame a li menm tout pwoklamasyon ke Mwen va pale ou yo.”
-
23 Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
1 Mwen swete ke nou ta ban mwen pèmisyon pou yon ti foli; men anfèt nou ban mwen l deja. 2 Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach. 3 Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la. 4 Paske si yon moun vini pou preche yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa. 5 Paske mwen pa konsidere tèt mwen kòm enferyè a pi gran apot yo. 6 Men menmsi mwen manke abil nan pale, deja mwen pa konsa nan konesans. Anfèt, nan tout aspè, sa te deja fèt klè de nou tout, nan tout bagay.
7 Oubyen èske mwen te fè yon peche lè m te aksepte imilye tèt mwen pou nou menm ta kapab egzalte, paske m te preche levanjil Bondye a nou menm san frè? 8 Okontrè, mwen te vòlè lòt legliz yo lè m te pran kòb soutyen an nan men yo pou sèvi nou. 9 Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la. 10 Jan verite Kris la nan mwen an vante tèt mwen an p ap tèmine fèt nan zòn Achaïe yo. 11 Poukisa? Paske mwen pa renmen nou? Bondye konnen ke m renmen nou!
12 Men m ap kontinye fè sa ke m ap fè a pou m kapab rachte okazyon de sila yo ki vle twouve yon okazyon pou moun konsidere yo egal avèk nou nan bagay ke y ap vante tèt yo. 13 Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo. 14 Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè. 15 Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.
-
10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a. 15 Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16 e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. 17 Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. 18 Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo. 19 Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la, 20 pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene a; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.
-
1 Pawòl SENYÈ a te vini a Jonas, fis a Amitthaï a. Li te di: 2 “Leve, ale Ninive, gran vil la, e kriye kont li, paske mechanste yo monte devan Mwen.”
3 Men Jonas te leve al kacheTarsis pou evite prezans SENYÈ a. Konsa, li te desann Joppa, e li te jwenn yon bato ki t ap prale Tarsis. Li te peye frè a, e te desann ladann pou ale avèk yo Tarsis pou l evite prezans SENYÈ a.
4 Men SENYÈ a te lanse yon gwo van sou lanmè a. Te gen yon gwo tanpèt sou lanmè a jiskaske bato a te prèt pou kraze nèt.
-
1 Kòmansman bòn nouvèl Jésus Kris la, Fis Bondye a. 2 Jan li ekri nan Ésaïe, pwofèt la,
“Gade byen, Mwen voye mesaje Mwen an pa devan nou,
ki va prepare chemen nou;
3 Se vwa a youn k ap kriye nan dezè a,
‘Prepare chemen SENYÈ a; fè wout li dwat.’”
4 Jean Baptiste te parèt nan savann nan pou preche batèm repantans lan pou padon peche yo.
5 Tout peyi Judée a t ap prale bò kote li avèk tout pèp Jérusalem lan. Konsa, yo t ap batize pa li menm nan larivyè Jourdain an. Yo t ap konfese peche yo.
6 Jean te abiye avèk pwal chamo. Yon sentiwon te antoure senti li, epi manje li se te krikèt avèk myèl sovaj. 7 Li t ap preche pou di: “Apre mwen gen youn k ap vini ki pi gran pase m, epi mwen pa menm dign pou m ta bese demare lasèt sandal Li. 8 Mwen batize nou avèk dlo, men Li va batize nou avèk Lespri Sen an.”
-
35 “Èske nou pa konn di: ‘Genyen toujou kat mwa, epi rekòlt la ap vini?’ Gade, Mwen di nou leve zye nou epi gade chan yo. Yo blan avèk rekòlt la.
36 “Deja sila a ki fè rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm. 37 Paske nan sila a, pwovèb la vrè: ‘Youn ap simen epi yon lòt ap rekòlte.’
38 “Mwen te voye nou pou rekòlte kote nou pa t simen. Se lòt ki te travay, epi nou te antre nan travay yo.”
-
16 Paske si m preche levanjil la, mwen pa gen anyen pou m ta vante tèt mwen, pwiske mwen anba obligasyon; paske malè a mwen menm si mwen pa preche levanjil la.
-
14 Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.
-
11 Paske mwen ta fè nou konnen, frè m yo, ke levanjil ki te preche pa mwen menm nan se pa selon lòm. 12 Paske mwen pa t ni resevwa l soti nan lòm, ni mwen pa t enstwi pou li, men mwen te resevwa l atravè yon revelasyon a Jésus Kri. 13 Paske, nou konn tande listwa a fason lavi mwen nan lafwa Jwif la; jan mwen te konn pèsekite legliz a Bondye a depase limit, e te eseye detwi li. 14 Konsa, mwen t ap avanse nan relijyon Jwif la depase anpil nan moun Jwif parèy mwen yo akoz ke mwen te ekstrèmman zele pou tradisyon zansèt mwen yo. 15 Men lè Bondye, ki te mete m apa depi nan vant manman m nan, e te rele mwen selon gras Li a, te kontan 16 pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san. 17 Ni mwen pa t monte Jérusalem pou jwenn sila ki te apot avan mwen yo, men mwen te ale an Arabie, e mwen te retounen yon fwa ankò vè Damas.
18 Answit twaz an pita, mwen te monte Jérusalem pou fè konesans ak Céphas, e te rete avèk li pandan kenz jou. 19 Men mwen pa t wè okenn nan lòt apot yo eksepte Jacques, frè a Senyè a. 20 (Alò, nan sa ke m ap ekri nou an, mwen bannou asirans devan Bondye ke mwen p ap bay manti.) 21 Konsa mwen te ale nan rejyon Syrie ak Cilicie. 22 Mwen te toujou enkoni devan zye a legliz Judée ki te an Kris yo, 23 men sèlman, yo te kontinye tande: “Sila ki te konn pèsekite nou an koulye a ap preche lafwa ke avan li te eseye detwi a.” 24 Konsa, yo t ap bay Bondye glwa akoz de mwen menm.
-
9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
-
1 Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2 pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
3 Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an, 4 ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a. 5 Paske gen yon Bondye, yon medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri, 6 ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan pwòp lè li a. 7 Pou sa, mwen te chwazi kòm predikatè ak apot (m ap bannou verite, mwen p ap bannou manti), kòm yon mèt pou enstwi pèp etranje yo nan lafwa ak verite a.
-
11 Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap fè lagè kont nanm nan. 12 Kenbe kondwit nou pwòp pami pèp etranje yo, pouke nan bagay ke yo pale mal sou nou kòm malfektè yo, yo kapab akoz bon zèv nou, bay Bondye glwa, lè yo wè yo nan jou gran vizitasyon selès la.
-
17 Samuel te di: “Èske se pa vre, ke malgre ou te piti nan pwòp zye pa ou, ke ou te devni gran chèf a tribi Israël yo? 18 Epi ke SENYÈ a te voye ou fè yon misyon e te di: ‘Ale detwi pechè yo nèt; Amalekit yo, e batay kont yo jiskaske yo fin disparèt.’ 19 Pou sa, poukisa ou pa t obeyi vwa SENYÈ a; men ou te kouri sou piyaj la, e te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a?”
20 Alò Saül te di a Samuel: “Mwen te obeyi vwa SENYÈ a e te fè misyon nan sila SENYÈ a te voye mwen an e te mennen retounen Agag, wa Amalek la, e mwen te detwi nèt tout Amalekit yo. 21 Men pèp la te pran nan piyaj mouton avèk bèf yo, pi bèl nan sa ki te anba ve pou destriksyon an, pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye ou a nan Guilgal.”
22 Samuel te di: “Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo. 23 Paske rebelyon se tankou peche divinasyon e refize swiv lòd se tankou inikite avèk idolatri. Akoz ou te refize pawòl SENYÈ a, Li osi te gentan refize ou kòm wa.”
-
38 Li te di yo: “Annou ale yon lòt kote nan vil ki toupre yo pou M kab preche la tou, paske se pou sa ke M te vini.” 39 Li te ale nan sinagòg yo toupatou nan tout Galilée, e Li t ap preche, e chase move lespri yo.
-
26 “Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.
-
18 Konsa, yon sèten direktè te kesyone L e te di: “Bon mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”
19 Jésus te mande l: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen pèsòn ki bon sof ke Bondye sèl. 20 Ou konnen kòmandman yo. ‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’”
21 Li te di: “Tout bagay sa yo mwen fè yo depi nan jenès mwen”.
22 Lè Jésus te tande sa, Li te di li: “Yon sèl bagay ou manke toujou. Vann tout sa ke ou posede e separe yo bay malere. Konsa ou va gen richès nan syèl la, epi vin swiv Mwen.”
23 Men lè li te tande bagay sa yo, li te vin byen tris, paske li te gen anpil richès.
24 Lè l wè tristès li, Jésus te gade l, e te di: “Tèlman li difisil pou sila ki rich yo antre nan wayòm Bondye a! 25 Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon nonm rich ta antre nan wayòm Bondye a.”
26 Sila yo ki te tande sa te di: “Alò, kilès ki kapab sove?”
27 Men Li te di: “Bagay ki pa posib avèk lòm posib avèk Bondye.”
28 Konsa, Pierre te di: “Gade byen, nou kite pwòp kay nou pou swiv Ou.”
29 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou ke pa gen pèsòn ki te kite kay, oswa madanm, oswa paran, oswa zanfan yo, pou koz a wayòm syèl la, 30 ki p ap resevwa bokou plis nan tan sila a, e nan laj k ap vini an, lavi etènèl.”
-
26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye. 30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon. 31 Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”
-
16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
-
14 Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun.
-
27 Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou an se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.
-
18 “Paske Mwen konnen zèv yo ak panse yo. Lè a ap rive pou rasanble tout nasyon ak tout lang yo. Konsa, yo va vini wè glwa Mwen. 19 Mwen va mete yon sign pami yo e Mwen va voye bay nasyon yo sila ki chape pami yo: Tarsis, Pul, Lud, Tubal ak Javan, nan peyi kot byen lwen ki pa t janm tande afè laglwa Mwen, ni ki pa t konn wè laglwa Mwen. Epi yo va deklare glwa Mwen pami nasyon yo.
-
18 “Lespri Senyè a sou Mwen,
paske Li te onksyone M pou preche
bòn nouvèl la a malere yo.
Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo,
pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.
19 Pou pwoklame ane favorab a Senyè a.”
-
18 Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”
-
13 Kilès ki kapab fè nou mal si nou montre zèl pou sa ki bon? 14 Men menmsi nou ta soufri pou koz a ladwati, nou beni. Pa pè entimidasyon pa yo, e pa twouble. 15 Men fè Kris sen kòm Senyè a nan kè nou. Toujou rete prè pou fè defans bay tout moun ki mande nou pou nou rann kont de esperans ki nan nou an, men avèk dousè ak respè pou Bondye.
16 Epi kenbe yon bon konsyans, pouke nan bagay ke yo pale mal de nou yo, sila ki pale mal de nou an, akoz bon konpòtman nou nan Kris la, kapab vin wont. 17 Paske li pi bon si Bondye ta vle sa, pou nou soufri pou fè sa ki bon pase pou fè sa ki mal.
-
10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la.
-
1 Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,
akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.
Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo,
pou pwoklame libète a kaptif yo
e delivrans a prizonye yo;
2 pou pwoklame lane gras SENYÈ a
e jou a vanjans Bondye nou an;
pou konsole tout moun ak kè ki tris,
3 pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo;
pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo,
ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la,
ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a.
Konsa, yo va rele pye chenn ladwati,
yon plantasyon SENYÈ a,
pou Li kapab resevwa glwa.
4 Yo va rebati ansyen mazi yo,
yo va fè leve wo sa ki te kraze depi lontan yo.
Yo va repare vil ki te detwi yo,
dezolasyon de anpil jenerasyon yo.
-
5 Douz sila yo Jésus te voye lè Li te fin enstwi yo konsa: “Pa antre nan chemen payen yo, ni pa antre nan okenn vil ki pou Samariten yo, 6 Men pito ale vè mouton ki pèdi lakay Israël yo. 7 Pandan n ap prale, preche epi di: ‘Wayòm syèl la prèt pou rive.’ 8 Geri malad yo, leve mò yo, pirifye lepre yo, chase move lespri yo. Nou te resevwa gratis, nou mèt bay gratis.
-
16 Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.
17 Men veye lèzòm, y ap livre nou devan tribinal yo, e y ap bat nou ak fwèt nan sinagòg yo. 18 Konsa, y ap menm fè nou vini devan ofisye ak wa yo pou non Mwen, kon yon temwayaj de yo menm ak lòt nasyon yo. 19 Men lè yo livre nou nan men yo, pa enkyete pou sa n ap di; paske nou va resevwa nan lè sa, sa nou gen pou nou pale. 20 Paske se pa nou menm k ap pale, men se Lespri Papa nou an k ap pale nan nou.
21 Frè va livre frè l a lanmò, e papa va livre Pitit li. Zanfan yo ap leve kont paran yo e fè mete yo a lanmò. 22 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.
23 Men nenpòt lè ke yo pèsekite nou nan yon vil, sove ale nan yon lòt. Paske anverite Mwen di nou, nou p ap gen tan fin pase nan tout vil Israël yo, pou lè Fis a Lòm nan vini.
24 Yon disip pa pi wo pase enstriktè li, ni yon esklav pase mèt li. 25 Se kont pou yon disip pou li vini menm jan avèk enstriktè li, e yon esklav menm jan ak mèt li. Si yo rele mèt kay la Béelzébul, konbyen anplis pou yo kalomnye manm kay li yo!
-
42 Lè jou a te rive, Li te sòti pou te ale yon kote ki pa t gen moun. Foul la t ap chache Li, e te vini kote Li. Konsa, yo te kenbe L pou anpeche Li ale.
43 Men Li te di yo: “Mwen oblije preche Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou; paske Mwen te voye pou rezon sa a.”
-
30 Bondye a zansèt nou yo te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a. 31 Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo. 32 Nou te temwen a bagay sa yo; e anplis Lespri Sen an ke Bondye bay a sila ki obeyi Li yo.”
-
30 Corneille te di: “Kat jou pase jis nan menm lè sa a, mwen t ap fè jèn e priye lakay mwen nan nevyèm è a; epi vwala yon nonm te kanpe devan mwen avèk vètman ki t ap briye. 31 Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye. 32 Pou sa, voye Joppé pou envite Simon, ke yo rele osi Pierre, pou vin kote nou. Li rete lakay Simon, ki se bòs tanè bò lanmè a.’ 33 Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.”
34 Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn, 35 men nan tout nasyon yo, sila a ki gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm. 36 Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Senyè a tout moun.
37 “Nou menm nou konnen bagay ki te pase nan tout Judée a, ki te kòmanse nan Galilée, apre batèm ke Jean te pwoklame a; 38 sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.
39 “Nou se temwen a tout bagay ke Li te fè nan peyi Jwif yo, ak nan Jérusalem. Anplis yo te mete Li a lanmò lè yo te pann Li sou yon kwa. 40 Bondye te fè l leve nan twazyèm jou a, e te pèmèt ke Li te vin vizib 41 pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a. 42 Konsa, Li te kòmande nou pou preche a pèp la, epi solanèlman, temwaye ke Li se Sila a ki te nome pa Bondye, kòm Jij a vivan e a mò yo.
43 “A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”
44 Pandan Pierre te toujou ap pale pawòl sa yo, Lespri Sen an te tonbe sou tout sila yo ki t ap koute mesaj la.
45 Tout kwayan sikonsi ki te vini avèk Pierre yo te etone paske don Lespri Sen an te vèse sou etranje yo tou. 46 Paske yo te tande yo pale an lang, e egzalte Bondye.
Alò, Pierre te reponn: 47 “Èske pèsòn kapab refize dlo pou sa yo ta kapab batize, sila ki te resevwa Lespri Sen an, menm jan ak nou?” 48 Epi li te kòmande yo pou batize nan non Jésus Kri.
Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou.
-
21 Aprè yo te fin preche levanjil nan vil sa a, e te fè anpil disip, yo te retounen Lystre, Icone ak Antioche. 22 La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.” 23 Lè yo te fin nome ansyen yo nan chak legliz, priye ak jene, yo te plase yo nan men Senyè a, de Li menm ke yo te vin kwè a.
-
10 Pou sa, vin koulye a, e Mwen va voye ou kote Farawon, pou ou kapab mennen fis Israël yo soti an Égypte.”
-
7 Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l. 8 Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou”, SENYÈ a di.
9 Epi SENYÈ a te lonje men L e te touche bouch mwen. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Gade byen, Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou.
-
12 Konsa, Jérémie te pale ak tout ofisye yo ak tout pèp la. Li te di: “SENYÈ a te voye mwen pou pwofetize kont tout kay sila a, tout pawòl ke nou te tande yo. 13 Alò, pou sa, korije chemen nou yo ak zèv nou yo, e obeyi a vwa SENYÈ a, Bondye nou an; epi SENYÈ a va chanje lide sou malè ke Li te pwononse kont nou an.
-
3 Li te di m: “Fis a lòm, Mwen ap voye ou kote fis Israël yo, a yon pèp rebèl ki te fè rebèl kont Mwen. Yo menm ak papa zansèt yo te transgrese kont Mwen jis rive jodi a. 4 M ap voye ou kote sila yo ki angran, ki gen tèt di. Ou va di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a.’
-
3 Pandan Li te chita sou Mòn Oliv la, anfas tanp lan, Pierre avèk Jacques e Jean ak André t ap kesyone L an prive. 4 “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e kisa k ap yon sign pou lè tout bagay sa yo va akonpli.”
5 Epi Jésus te kòmanse di yo: “Veye ke pèsòn pa mete nou nan erè. 6 Anpil va vini nan non Mwen, e y ap di: ‘Mwen se Li menm!’ Y ap mennen nou nan anpil erè. 7 Lè nou tande afè lagè ak bwi lagè, pa enkyete nou. Fòk sa fèt, men se pa lafen. 8 Paske nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. Va gen tranbleman de tè nan plizyè andwa. Va gen famin ak twoub. Bagay sa yo se kòmansman a doulè nesans lan.
9 “Men veye nou; paske y ap livre nou devan tribinal yo, e nou va resevwa kout fwèt nan sinagòg yo, e nou va kanpe devan gouvènè avèk wa yo pou koz a non Mwen, kon yon temwayaj a yo menm. 10 Men premyèman, fòk bòn nouvèl la preche a tout nasyon yo. 11 “Lè yo arete nou, e livre nou, pa enkyete nou an avans pou sa ke nou va di, men di nenpòt sa ke nou resevwa nan lè sa a. Paske se pa nou k ap pale, men Lespri Sen an.
12 “Konsa, frè va livre frè a lanmò, e yon papa, pitit li. Pitit yo va leve kont paran yo, e fè mete yo a lanmò. 13 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila a ki pèsevere jiska lafen an, va sove.
-
27 Nenpòt moun kipa pote pwòp kwa li pou swiv Mwen, li pa kapab disip Mwen.
-
10 Alò, te gen yon disip nan Damas ke yo te rele Ananias. Senyè a te di l nan yon vizyon: “Ananias!”
Li te reponn: “Men mwen, Senyè.”
11 Senyè a te di li: “Leve ale nan ri ke yo rele Dwat la, e mande lakay Judas, pou yon mesye Tarse ke yo rele Saul. Paske, gade byen, l ap priye. 12 Li gen tan wè deja nan yon vizyon yon mesye ke yo rele Ananias antre pou poze men l sou li, pou l wè ankò.”
13 Men Ananias te reponn: “Senyè, mwen tande de anpil moun sou mesye sila a; kijan li te fè sen ou yo mal Jérusalem. 14 Isit la menm, li gen otorite ki sòti nan chèf prèt yo pou mare tout sila ki rele Non Ou yo.”
15 Men Senyè a te di li: “Ale paske li menm se yon enstriman ki chwazi pa Mwen pou pote non Mwen devan etranje, wa yo, ak fis Israël yo. 16 Paske Mwen va montre li konbyen li oblije soufri pou non Mwen.”
17 Konsa, Ananias te sòti. Li te antre nan kay la, e lè l fin poze men l sou li, li te di: “Frè Saul, Senyè Jésus a ki te parèt devan ou nan wout la lè ou t ap vini an, Li voye m pou ou kapab wè ankò e pou ou kapab ranpli avèk Lespri Sen an.”
18 Imedyatman bagay tankou kal te sòti tonbe nan zye li, e li vin wè ankò. Li te leve e te batize.
-
19 Paske malgre ke m lib de tout moun, mwen fè tèt mwen esklav a tout moun, pou m kapab konvenk plis moun toujou.
20 Pou Jwif yo mwen te vin Jwif, pou mwen te kapab konvenk Jwif yo. Pou sila ki anba Lalwa yo, kòmsi m te anba Lalwa, malgre ke mwen menm pa t anba Lalwa, pou m te kapab konvenk sila ki anba Lalwa yo.
21 Pou sila ki san lalwa yo, kòmsi m te san lalwa, malgre m pa t san lalwa a Bondye a, men anba lalwa a Kris la, pou m te kapab konvenk sila ki san lalwa yo.
22 Pou fèb yo mwen te vin fèb, pou m te kapab konvenk fèb yo. Mwen te vini tout bagay pou tout moun pou m ta kapab pa tout mwayen sove kèk.
23 Mwen fè tout bagay pou koz a levanjil la, pou m kapab vin gen dwa patisipe ladann.
Shows Read in context, Share and Copy.