76 Bible Verses About Purity
Bib Sen An (BSA)
-
8 Beni se sila yo ki gen kè pwòp nèt;
yo va wè Bondye.
-
3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,pa fè imoralite seksyèl, 4 ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, 5 pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo; 6 epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.
7 Paske Bondye pa t rele nou pou fè salte, men nan sanktifikasyon. 8 Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki bannou Lespri Sen Li an.
-
1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a. 3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
-
Yon sòm David
1 Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann;
lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.
2 Li te fonde li sou lanmè yo,
e te etabli li sou rivyè yo.
3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?
Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?
4 Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,
ki pa leve nanm li vè sa ki fo,
ni ki pa fè fo temwayaj.
5 Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,
ak ladwati soti nan Bondye delivrans li an.
-
15 Èske nou pa konnen ke kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt! 16 Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: “Yo de a va devni yon sèl chè”. 17 Men sila a ki vin jwenn tèt li avèk Senyè a vin youn nan lespri avèk Li. 18 Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l. 19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.
-
7 Retire vye ledven an pou nou kapab vin yon boul pat tounèf; kòmsi ke nou an reyalite deja san ledven. Paske Kris, Pak pa nou an, osi te sèvi kon sakrifis nou.
8 Konsa, annou selebre fèt la pa avèk vye ledven an, ni avèk move ledven an ak mechanste, men avèk pen san ledven nan plen senserite ak verite a.
9 Mwen te ekri nou nan lèt mwen an pou nou pa asosye nou avèk moun imoral yo;
10 Mwen pa t vle di tout moun imoral ki nan mond sa a, ni avèk moun lemonn ki gen lanvi, ki nan fwod, oubyen moun idolat yo; paske konsa nou ta dwe kite mond lan nèt.
11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.
12 Paske kisa mwen gen pou fè nan jije moun deyò yo? Èske se pa sila anndan legliz yo pou nou jije?
13 Men sila ki deyò yo, se Bondye ki pou jije yo. Retire sila ki malveyan an pami nou menm.
-
13 Temwayaj sa a vrè. Pou rezon sa a repwoche yo sevèman pou yo kapab vin solid nan lafwa, 14 pa nan prete atansyon a vye istwa Jwif yo, ak kòmandman a lèzòm ki vire kite verite a.
15 Pou sila ki san tach la, tout bagay san tach, men pou sila ki souye e ki pa kwè yo, nanpwen anyen ki san tach, men lespri yo ak konsyans yo deja souye. 16 Yo di yo konnen Bondye, men ak zèv pa yo, yo nye Li. Konsa, yo vin detestab, dezobeyisan, e san valè pou okenn bon zèv.
-
7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. 9 Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 10 Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.
-
BETH
9 Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot?
Nan kenbe li selon pawòl Ou.
10 Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou.
Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.
11 Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,
pou m pa t peche kont Ou.
-
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
-
12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.
-
19 Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”
20 Alò, nan yon gran mezon, pa gen sèlman veso an lò ak lajan, men osi veso an bwa ak kanari. Yon pati pou onore e yon pati pou dezonore. 21 Konsa, si yon nonm netwaye tèt li de bagay sa yo, li va yon veso lonè, sanktifye, itil pou Mèt la, prepare pou tout bon zèv.
22 Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach.
-
1 Kite lanmou pou frè yo kontinye.
2 Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen.
3 Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.
4 Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.
5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:
“Senyè a se soutyen mwen.
Mwen p ap pè.
Sa lòm ka fè m?”
-
22 Pa poze men sou okenn moun twò vit, e konsa vin pataje nan peche a lòt yo. Kenbe tèt ou lib de peche.
-
19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a.
-
27 Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou an se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.
-
17 Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.
18 Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, 19 men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm. 20 Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.
22 Akoz ke obeyisans a verite a te vin pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè, 23 paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.
-
9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
12 Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen. 13 Manje se pou vant e vant se pou manje; men Bondye va mete yon fen a toulède. Men kò a se pa pou imoralite, men pou Senyè a; e Senyè a se pou kò a.
-
1 Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2 Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.
3 Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo. 4 Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.
5 Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.
6 Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo.
-
1 Mwen swete ke nou ta ban mwen pèmisyon pou yon ti foli; men anfèt nou ban mwen l deja. 2 Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach. 3 Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la. 4 Paske si yon moun vini pou preche yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa.
-
13 Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a— 14 Kòm timoun obeyisan pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan, 15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou. 16 Paske sa ekri: “Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”
-
10 Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ,
epi refè yon lespri ki dwat anndan m.
-
27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’; 28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.
29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 30 Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”
-
1 Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.
-
1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.
5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. 7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. 8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou. 9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li.
-
11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14 ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.
-
4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
-
5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.
6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a. 7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.
-
7 Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp.
Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.
-
13 Zye Ou twò pafè pou gade mal, e Ou pa ka menm gade mechanste. Poukisa Ou sipòte sila ki trèt yo? Poukisa Ou rete an silans pandan mechan yo ap vale sila ki pi jis pase yo?
-
26 Paske se te byen an lòd pou nou ta gen yon wo prèt konsa, sen inosan, san tach, separe de pechè yo e egzalte piwo ke syèl yo; 27 ki pa bezwen chak jou, tankou wo prèt sila yo, ofri sakrifis, premyèman pou pwòp peche pa L e anplis pou peche a pèp la, paske Li te deja fè sa yon fwa pou tout, lè Li te ofri tèt Li a.
28 Paske Lalwa nonmen moun ki fèb kòm wo prèt, men pawòl a sèman, ki te vini aprè Lalwa a, te nonmen yon Fis ki te fèt pafè pou tout tan.
-
1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.
3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye.
-
9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
-
1 “Mwen te fè yon akò ak zye m;
alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?
-
6 Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;
tankou ajan ki teste nan founo,
rafine nan tè sèt fwa.
-
3 Jan mwen te ankouraje ou sou depa mwen pou Macédoine nan, rete an Éphèse pou nou kapab enstwi sèten moun pou yo pa enstwi yon lòt doktrin nèf; 4 ni pou yo pa prete atansyon a fo istwa ak jeneyaloji ki pa janm fini, e ki ankouraje espekilasyon olye pou yo fè avanse jerans Bondye pa lafwa a.
5 Men bi a enstriksyon nou an se lanmou ki soti nan yon kè san tach, bon konsyans ak yon lafwa ki sensè. 6 Paske kèk moun, nan egare kite bagay sa yo pou vin detounen nan diskou ki pa pote fwi, 7 ki ta vle mèt k ap enstwi lalwa, menmsi yo pa menm konprann ni sa y ap di a, ni sijè ke yo pale avèk plen konfyans lan.
-
13 Paske si san a kabrit, ak towo, ak pousyè sann a yon gazèl voye sou sila ki te konwonpi yo, te sanktifye yo pou netwaye chè a, 14 konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?
-
13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.
14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.
17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi. 18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.
-
21 Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a,
epi mwen pa t janm kite Bondye mwen an.
22 Paske tout òdonans Li yo te devan m.
Mwen pa t janm mete règleman Li yo akote.
23 Anplis, mwen te toujou san fot devan L,
e mwen te rete lib de inikite m.
24 Pou sa, SENYÈ a te fè m rekonpans selon ladwati mwen,
selon men pwòp ke Li te wè yo.
25 Avèk sila ki gen bon kè, Ou montre kè ki bon.
Avèk sila ki san fot, Ou vin parèt san fot.
26 Avèk sila ki san tach, Ou montre li san tach Ou.
Epi avèk sila ki kwochi a, Ou parèt koken.
-
13 Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi. 14 Men abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.
-
1 Answit, mwen te gade! Vwala, Jèn Mouton an te kanpe sou Mòn Sion. Ansanm avèk li, te gen san-karant-kat-mil, ki pote non L ak non a Papa Li, ekri sou fon yo.
2 Mwen te tande yon son soti nan syèl la, tankou son anpil dlo ak son a gwo kout tonnè. Vwa ke m tande a te tankou sila k ap jwe ap yo. 3 Epi yo te chante yon chan tounèf devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ak ansyen yo. E pèsòn pa t kapab aprann chan an, eksepte san-karann-kat-mil ki te achte, soti sou tè a. 4 Sa yo se sila ki pa t souye pa fanm yo, paske se vyèj yo ye. Sa yo se sila ki swiv Jèn Mouton an tout kote Li ale. Sa yo te achte pami lòm kòm premye fwi pou Bondye, e pou Jèn Mouton an. 5 Epi manti pa t twouve nan bouch yo; yo te san repwòch.
-
9 Se kilès ki kapab di: “Mwen te netwaye kè m;
mwen vin pirifye de tout peche m?”
-
9 “Mwen te kontinye gade jiskaske twòn yo te vin plase.
Epi youn ki te Ansyen de Jou Yo te chita.
Abiman Li te tankou lanèj blan,
e cheve nan tèt Li te tankou lenn san tach.
Twòn Li te briyan akoz flanm yo,
e wou li yo te yon dife ki t ap brile.
-
1 Pa bay repwòch ki di a yon granmoun, men, de preferans, rezone ak li tankou yon papa, a jèn mesye yo tankou frè yo, 2 a fanm avanse nan laj yo tankou manman, e jèn fanm yo tankou sè. Ak tout, san tach.
-
12 Konsa ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo, 13 epi fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.
14 Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a. 15 Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi. 16 Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen san Bondye tankou Esaü ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje. 17 Paske nou konnen ke menm apre sa, lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.
-
11 “‘Sila ki touche kadav a nenpòt moun, va pa pwòp pandan sèt jou. 12 Li dwe pirifye tèt li avèk dlo nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Apre, li va pwòp. Men si li pa pirifye tèt li nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a, li p ap vin pwòp. 13 Nenpòt moun ki touche yon mò, kò a yon moun mouri, e li pa pirifye tèt li, li degrade tabènak a SENYÈ a; epi moun sa va koupe retire de Israël a. Akoz dlo pirifikasyon an pa t flite sou li, li va vin pa pwòp. Pa pwòp li a rete sou li.
14 “‘Sa se lalwa lè yon nonm mouri nan yon tant: tout moun ki antre nan tant lan ak tout moun ki deja nan tant lan, vin pa pwòp pandan sèt jou. 15 Tout veso ki louvri, ki pa gen kouvèti mare sou li, pa pwòp.
16 “‘Osi, nenpòt moun ki nan chan louvri, e ki touche yon moun ki te touye pa nepe, oswa ki te mouri nenpòt jan, swa yon zo Kretyen oswa yon tonm, li va vin pa pwòp pandan sèt jou.
17 “‘Alò, pou sila ki pa pwòp yo, yo va pran kèk nan sann pirifikasyon peche ki te brile a, e dlo k ap koule va mele avèk yo nan yon veso.
-
17 'Èske lòm kapab jis devan Bondye?
Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki fè l la?
-
1 Fis mwen an, fè atansyon a sajès mwen,
apiye zòrèy ou vè bon konprann mwen;
2 pou ou kab kenbe sajès
e pou lèv ou ka konsève konesans.
3 Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo,
e pale li pi dous pase lwil;
4 men a lafen, li vin anmè pase kou fyèl,
epi file kon yon nepe ki koupe de bò.
5 Pye li yo desann vè lanmò
e pa li yo kenbe fèm nan chemen Sejou mò yo.
6 Li pa reflechi sou pa lavi a;
vwa li yo pa stab; li pa rekonèt bagay sa a.
7 Alò, fis mwen yo, koute mwen,
e pa bliye pawòl a bouch mwen yo.
8 Kenbe wout ou byen lwen li, e
pa pwoche toupre pòt lakay li.
9 Oswa ou va bay fòs ou a lòt yo
ak ane ou yo a mechan an.
-
2 “Men se kilès k ap ka sipòte jou vini Li an? Oswa, se kilès k ap ka kanpe lè Li parèt la? Paske se va tankou dife nan founo a, e se va tankou savon lesiv. 3 Li va chita tankou yon bòs metal k ap pirifye ajan. Li va pirifye fis a Levi yo, e rafine yo tankou lò ak ajan, pou yo ka ofri bay SENYÈ a ofrann ladwati. 4 Konsa, ofrann Juda ak Jérusalem yo va yon plezi pou SENYÈ a, tankou nan jou ansyen ak jou lontan yo.
-
1 Sis jou pita, Jésus te pran Pierre, Jacques ak frè li, Jean pou kont yo, e te mennen yo sou yon mòn byen wo. 2 Konsa, Li te transfòme la devan yo. Figi Li te klere tankou solèy la, e vètman li te vin blanch tankou limyè.
-
14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb? 15 Oubyen ki amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan? 16 Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.” 17 Konsa,
“‘Soti nan mitan yo,
e separe de yo’, di Senyè a.
‘Pa touche sa ki enpi.
Mwen va akeyi nou.
-
14 Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè san tach e san fot.
-
14 Epi Moïse te desann mòn nan vè pèp la. Li te konsakre pèp la, e yo te lave vètman yo. 15 Li te di a pèp la: “Mete ou prè pou twazyèm jou a; pa pwoche pre fanm.”
-
23 Veye sou kè ou ak tout dilijans;
paske de li, sous lavi yo koule.
24 Mete lwen de ou yon bouch manti
e mete tout pawòl foub byen lwen ou.
25 Kite zye ou gade tou dwat devan
e kite vizyon ou konsantre devan nèt.
26 Veye wout pye ou konn pran
e tout chemen ou yo va byen etabli.
27 Pa vire ni adwat ni agoch;
fè pye ou vire kite mal.
-
20 Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a;
men sila ki san tò nan chemen yo, se plezi Li.
-
11 Sila ki renmen kè ki san tach
e ki pale ak gras, va zanmi a wa a.
-
11 Gen yon kalite moun ki modi papa li
e refize beni manman l.
12 Gen yon kalite ki san tach nan pwòp zye li;
sepandan, yo poko lave pou sòti salte a.
13 Gen yon kalite—O, jan zye li leve wo,
e pòpyè zye li leve ak awogans.
14 Gen yon kalite moun ak dan tankou nepe
ak machwè tankou kouto,
ki prèt pou devore aflije sou fas tè yo,
e fè moun malere yo disparèt pami moun.
-
18 “Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a:
“Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj;
malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.
-
1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
-
25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot.
-
12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. 13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.
14 Fè tout bagay san plenyen ni diskite. 15 Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, 16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven.
-
22 annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp.
-
12 Alò, mwen te vire pou wè vwa ki t ap pale avè m nan. Epi nan vire, mwen te wè sèt chandelye ki fèt an lò. 13 Nan mitan chandelye yo, mwen te wè yon moun tankou yon fis a lòm, abiye nan yon wòb ki rive jis nan pye, e mare lestonmak li ak yon sentiwon an lò. 14 Tèt Li ak cheve Li te blan tankou lèn blanch, tankou lanèj. Zye li te tankou yon flanm dife. 15 Pye Li te tankou bwonz cho lè l chofe nan fou, epi vwa l te tankou bri anpil dlo.
-
30 Konsa, se pou nou kenbe lòd Mwen, pou nou pa pratike okenn nan abitid abominab ki te konn fèt avan nou yo, pou nou pa konwonpi tèt nou avèk yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye Nou an.’”
-
30 Li va delivre menm sila ki pa inosan yo,
e delivrans sa a va fèt akoz men ou ki pwòp.”
-
30 Pou Bondye, chemen Li san fot.
Pawòl SENYÈ a pase a leprèv.
Li se yon boukliye pou tout moun
k ap pran sekou nan Li.
-
8 Prensip a SENYÈ yo dwat,
ki fè kè rejwi.
Kòmandman SENYÈ a san tach.
Li fè zye yo limen.
-
18 Kite fontèn dlo ou a rete beni,
e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.
19 Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,
kite tete li yo satisfè ou tout tan.
Rete debòde nèt ak lanmou li.
20 Paske poukisa fis mwen an,
ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè,
e anbrase lestonmak a yon etranje?
-
2 Tout chemen a yon nonm pwòp nan zye pa li;
men SENYÈ a peze sa k nan kè l.
-
25 Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo. 26 Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè. 27 Mwen va mete Lespri M anndan nou, fè nou mache nan règleman Mwen yo e nou va fè atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo.
-
16 Li te di: “Èske nou menm, nou toujou manke konprann nan? 17 Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine? 18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.
19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”
-
2 Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule wòch akote a, e li te chita sou li. 3 Li te parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.
-
2 Sis jou pita, Jésus te pran avè L, Pierre, Jacques, avèk Jean, e te mennen yo sou yon mòn wo pou kont yo. La, devan yo, Li te transfòme nan yon lòt fòm. 3 Rad Li yo te vin klere jis yo blanchi nèt, blanch kon okenn moun k ap fè lesiv nan mond sa a, pa t janm kab fè.
-
19 “Konsa, se jijman pa m pou nou pa twouble sila k ap tounen vè Bondye yo ki soti pami pèp etranje yo, 20 men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak imoralite seksyèl, ak vyann sa ki toufe, ak san.
-
11 Menm jan konsidere nou menm kòm mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.
12 Konsa, pa kite peche renye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo. 13 Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati. 14 Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.
-
16 Èske nou pa konnen ke nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou?
Shows Read in context, Share and Copy.