36 Bible Verses About Modesty

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Modesty
  1. 9 Menm jan an, mwen vle fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè, 10 men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.

    11 Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon. 12 Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans. 13 Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve. 14 Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon. 15 Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.

  2. 1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.

    3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye. 5 Paske nan fason sa a, nan tan pase yo, fanm sen yo osi ki te espere nan Bondye, te konn byen abiye yo, e soumèt a pwòp mari yo. 6 Menmjan Sara te obeyi Abraham nan, e li te rele l senyè a, nou gen tan devni pitit li si nou fè sa ki bon e nou p ap pè anyen.

  3. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  4. 6 Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje. 7 Zye a toude te vin louvri, e yo te vin konnen ke yo te toutouni. Pou sa, yo te koud fèy pyebwa ansanm e yo te fè pou yo menm yon tabliye.

    8 Yo te tande son a SENYÈ Bondye a ki t ap mache nan jaden an nan frechè jounen an, e lòm nan avèk fanm nan te kache tèt yo de prezans SENYÈ Bondye a pami bwa yo nan jaden an. 9 Alò, Senyè Bondye a te rele lòm nan, e te di l: “Kote ou ye?”

    10 Adam te reponn: “Mwen te tande son Ou menm nan jaden an, e mwen te pè paske mwen te toutouni; alò mwen te kache tèt mwen.”

    11 Epi Li te di li, kilès ki te di ou ke ou te toutouni? Èske ou te manje nan pyebwa e M te di ou pa manje a?

  5. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.

  6. 27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’; 28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.

    29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè.

  7. 2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi.

  8. 21 SENYÈ Bondye a te fè rad avèk po bèt pou Adam avèk madanm li, e Li te abiye yo.

  9. 15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.

  10. 41 Ou va mete yo sou Aaron, frè ou a, sou fis li yo avèk li, epi ou va vide lwil sou yo pou fè òdonasyon yo e konsakre yo, pou yo kab sèvi Mwen kòm prèt.

    42 “Ou va fè pou yo pantalon avèk len pou kouvri nidite yo. Yo va sòti nan ren yo jis rive nan kwis yo. 43 Yo va sou Aaron avèk fis li yo lè y ap antre nan tant reyinyon an, oswa lè y ap pwoche lotèl la pou fè sèvis nan lye sen an, pou yo pa atire koupabilite, e mouri.

    “Sa va yon règleman pou tout tan pou li, e pou desandan apre li yo.”

  11. 30 Cham konn twonpe e bèlte konn vanite;

    men se fanm nan ki krent SENYÈ a

    k ap resevwa lwanj.

  12. 5 “Yon fanm pa pou mete rad gason, ni gason mete rad fanm. Lè yon moun fè bagay sa a, yo abominab a SENYÈ Bondye nou an.

  13. 5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.

    6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

  14. 6 Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.

    7 “Malè a mond sa a akoz wòch chite li yo! Wòch chite sa yo pa kapab pa vini, men malè a moun sila a ki fè yo parèt.

    8 “Si men nou oubyen pye nou fè nou tonbe, koupe l e jete l lwen nou. Li pi bon pou antre nan lavi tankou yon kokobe oubyen bwate, pase ak toude men ak pye nou pou nou ta jete nan lanfè etènèl la.

    9 “Epi si zye nou fè nou tonbe, rache li jete li byen lwen nou. Li pi bon pou antre nan lavi avèk yon sèl grenn zye olye avèk toude pou nou ta jete nan lanfè dife a.

  15. 21 Konsa, zye a pa kapab di a men an: “Mwen pa bezwen ou” ni ankò, tèt la a pye yo: “Mwen pa bezwen nou.” 22 Okontrè, li pi vre ke manm kò ki sanble pi fèb yo nesesè. 23 Epi manm nan kò yo ke nou estime mwens onorab yo, sou yo nou bay plis onè, e manm ki mwens prezantab nou yo, vin pi prezantab, 24 pandan ke manm pi prezantab nou yo pa bezwen sa. Men Bondye byen ranje kò a pou bay plis onè a manm ki manke onè yo, 25 jis pou pa vin gen divizyon nan kò a, men pou manm yo kapab gen menm sousi pou youn lòt. 26 Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.

    27 Alò ansanm, nou se kò a Kris la, e nou se chak grenn manm de li. 28 Konsa, Bondye te chwazi nan legliz la, premyèman apot yo, dezyèmman, pwofèt yo, twazyèmman, enstriktè yo, answit don mirak yo, answit don gerizon yo, èd yo, administrasyon yo, plizyè kalite langaj yo. 29 Èske se tout ki apot? Non! Èske tout se pwofèt? Non! Èske tout se enstriktè? Non Èske se tout ki fè mirak? Non! 30 Èske tout fè gerizon? Non! Èske tout pale an lang? Non! Èske tout entèprete? Non! 31 Men swayezman kiltive dezi pou pi gran don yo. E mwen va montre nou yon chemen ki toujou pi ekselan.

  16. 7 Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, men SENYÈ a wè kè a.”

  17. 22 Tankou yon bag fèt an lò nan nen a kochon,

    se konsa yon bèl fanm ki manke bon sans.

  18. 1 “Vin desann chita nan pousyè a, O fi vyèj Babylone nan;

    Chita atè san twòn, O fi a Kaldeyen yo!

    Paske ou p ap rele fanm dous ankò, ni bèl fanm.

    2 Pran yon wòch moulen pou moulen farin.

    Retire vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo.

    Travèse rivyè yo.

    3 Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt.

    Mwen va pran vanjans

    e Mwen p ap bliye pèsòn.”

  19. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  20. 6 Paske bò fenèt lakay mwen,

    mwen te gade nan fant fenèt mwen an.

    7 Konsa, mwen te wè pami moun sòt yo,

    e te rekonèt pami jenn yo,

    yon jennonm ki te manke bon sans;

    8 ki t ap pase nan lari a toupre

    kwen kay fanm nan.

    Konsa, li pran chemen pou rive lakay li,

    9 nan solèy kouche a, nan aswè,

    nan mitan lannwit ak nan fènwa.

    10 Epi gade, yon fanm vin pwoche li

    abiye kon pwostitiye ak riz nan kè l.

    11 Li parèt plen kouraj nan rebelyon li.

    Pye li pa rete lakay li.

    12 Koulye a nan lari yo, koulye a nan plas yo,

    l ap kache tann nan tout kwen.

  21. 1 “Mwen te fè yon akò ak zye m;

    alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?

  22. 25 Fòs ak respè se abiman li

    e li souri a lavni.

  23. 1 Li te di a disip Li yo: “Li nesesè ke wòch k ap fè moun chite yo vin parèt, men malè a sila a ke atravè l sa rive! 2 Li ta miyò pou li si yon wòch moulen te pann nan kou li, e te jete nan mitan lanmè, pase ke li ta fè youn nan pitit sa yo vin tonbe.

  24. 3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.

  25. 8 Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.

  26. 42 Konsa, Jésus te rele yo a Li menm. Li te di yo: “Nou konnen ke sila ki rekonèt kon chèf pami payen yo domine sou yo, epi gwo chèf yo egzèse otorite sou yo. 43 Men li pa konsa pami nou menm, men nenpòt moun ki vle vin gran pami nou, va sèvi nou. 44 Nenpòt moun ki vle premye pami nou, va vin esklav a nou tout. 45 Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt.”

  27. 25 Men Li te di yo: “Wa a payen yo domine yo, e sila ki gen otorite sou yo, yo rele ‘byenfetè’. 26 Men se pa konsa pou nou menm, men fòk sila a ki pi gran pami nou an vin tankou pi piti a, e direktè a tankou sèvitè a. 27 Paske, kilès ki pi gran an, sila a ki repoze a tab la, oubyen sila k ap sèvi a? Se pa sila ki repoze a tab la? Men Mwen menm, mwen pami nou kòm sila k ap sèvi a.

  28. 20 Se sa li ye; yo te kase akoz de enkwayans yo, men ou kanpe pa lafwa ou. Pa vin fè pretansye, men gen lakrent. 21 Paske si Bondye pa t konsève branch orijinal yo, Li p ap konsève ou menm nonplis.

  29. 13 Konsa, annou pa jije youn lòt ankò. Men olye de sa, annou detèmine pou nou pa mete okenn obstak oubyen wòch k ap fè moun bite sou wout a yon frè.

  30. 13 Men nou p ap vante tèt nou plis ke mezi nou, men nan domèn kote Bondye te chwazi nou kòm yon mezi, pou menm rive kote nou ye a. 14 Paske nou p ap lonje depase kapasite nou menm, kòmsi li pa t rive bò kote nou, paske nou te premye pou vini jis rive kote ou nan levanjil Kris la. 15 Nou p ap vante tèt nou depase mezi pa nou, kòmsi, nan zèv a lòt moun, men avèk espwa ke pandan lafwa nou ap grandi, nou va, nan mezi nou, agrandi menm plis akoz nou menm. 16 Konsa nou ka preche levanjil menm nan zòn pi lwen nou yo, e pa vante tèt nou nan travay ki te fèt nan landwa a yon lòt.

  31. 5 Pou yon nonm konsa ak eksperyans li yo, mwen va anfle; men pou mwen, mwen p ap anfle, eksepte nan sa ki gade a feblès mwen. 6 Paske si mwen vle vante tèt mwen, mwen p ap fè foli; paske se verite m ap pale. Men m ap sispann fè sa pou pèsòn pa fè mwen kredi pou plis ke sa li wè nan mwen oubyen tande de mwen.

  32. 11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14 ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.

  33. 14 Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo. 15 Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè peche a fin akonpli, li pote lanmò.

  34. 6 Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a,

    e bese m ba devan Bondye anlè a?

    Èske mwen ta vini ak ofrann brile,

    ak ti bèf ki gen yon lane?

    7 Èske SENYÈ a pran plezi nan milye de belye yo?

    Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo?

    Èske se premye ne mwen an mwen dwe bay

    pou zak rebelyon mwen yo?

    Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?

    8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

    Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

    Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,

    e mache nan imilite ak Bondye ou a?

  35. 3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.

  36. 17 Paske nou di: “Mwen rich! Mwen gen tan ranmase yon fòtin, e mwen pa bezwen anyen”; men nou pa konnen ke nou se malere, mizerab, pòv, avèg, e toutouni.

    18 “Konsa, mwen konseye nou achte nan men Mwen lò ki rafine nan dife pou nou kapab vin rich, e vètman blan pou mete sou nou pou wont toutouni nou an pa vin parèt; ak pomad zye pou nou pase nan zye nou pou nou kapab vin wè.