54 Bible Verses About Mother's Day

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Mother's Day
  1. 10 Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?

    Paske valè li depase bijou.

    11 Kè a mari li mete konfyans nan li

    e li p ap manke reyisi.

    12 Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal

    pandan tout jou lavi li.

    13 Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kè kontan.

    14 Li tankou bato komès;

    li mennen manje li soti byen lwen.

    15 Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou

    bay manje a tout lakay li,

    ak yon pòsyon pou sèvant li yo.

    16 Li konsidere yon chan e achte li.

    Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.

    17 Li mare senti l ak gwo fòs

    pou fè bra li vin fò.

    18 Li santi ke siksè li bon;

    lanp li pa janm etenn lannwit.

    19 Li lonje men l vè aparèy tise a

    e men l kenbe l.

    20 Li lonje men l vè pòv yo

    avèk sila ki gen bezwen an.

    21 Lakay li pa fè krent pou lanèj,

    paske tout lakay abiye an wouj.

    22 Li fè kouvèti pou tèt li;

    tout vètman li se twal fen blan ak mov.

    23 Mari li byen rekonèt nan pòtay lavil yo,

    lè l chita pami ansyen a peyi yo.

    24 Li fè vètman an len pou vann yo,

    e founi sentiwon a tout komèsan yo.

    25 Fòs ak respè se abiman li

    e li souri a lavni.

    26 Li ouvri bouch li avèk sajès

    e enstriksyon ladousè sou lang li.

    27 Li gade byen tout afè lakay li

    e li pa manje pen laparès.

    28 Pitit li yo leve e beni li;

    mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:

    29 “Anpil fi te fè byen bon;

    men ou pi bon anpil pase yo tout.”

    30 Cham konn twonpe e bèlte konn vanite;

    men se fanm nan ki krent SENYÈ a

    k ap resevwa lwanj.

    31 Ba li sa ke men l te pwodwi,

    epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.

  2. 25 Men manman Li, sè a manman Li, Marie, madanm a Cléopas, ak Marie Magdalène te kanpe prè kwa Jésus a.

    26 Konsa, lè Jésus te wè manman L ak disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman: “Fanm, men gade fis ou!”

    27 Epi Li te di a disip la: “Men gade manman ou!” Depi lè sa, disip la te pran li pou rete tankou manm lakay li.

  3. 1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.

  4. 22 Koute papa ou ki te fè ou a,

    e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.

    23 Achte verite e pa vann li!

    Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.

    24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,

    e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.

    25 Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan;

    kite fanm ki te fè ou a, rejwi.

  5. 12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.

  6. 8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,

    e pa abandone leson a manman ou yo;

    9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,

    ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.

  7. 6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,

    e lè li vin gran, li p ap kite li;

    menm lè l granmoun, li p ap kite li.

  8. 3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.

  9. 1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.

    3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye.

  10. 13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

    Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

    14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

    paske mwen fèt yon fason mèvèye.

    Zèv Ou yo depase bon konprann

    e nanm mwen byen konnen sa.

    15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

    e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.

    16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

    Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te

    òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

  11. 3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.

    Fwi a vant la se yon rekonpans.

    4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,

    Se konsa pitit a jèn yo ye.

    5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.

    Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

  12. 41 Li te rive ke lè Elizabeth te tande salitasyon Marie a, pitit la te sote nan vant li, epi Elizabeth te ranpli avèk Lespri Sen an. 42 Li te kriye fò avèk yon gran vwa e te di: “Beni se ou pami fanm yo, e beni se fwi a vant ou an! 43 Kijan bagay sa a rive m, ke manman Senyè mwen an ta vin kote mwen? 44 Paske gade byen, lè son a salitasyon ou an te rive nan zòrèy mwen, pitit la te sote nan vant mwen avèk jwa. 45 Beni se sila a ki te kwè ke sa Senyè a te pale a ta vin akonpli.”

    46 Marie te di:

    “Nanm mwen egzalte Senyè a,

    47 Lespri mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.

    48 Paske li te gade eta ba sèvant Li an;

    paske gade byen, soti nan moman sa a

    jiska tout jenerasyon yo, yo va rele m beni.

    49 Paske Toupwisan an

    te fè gwo bagay pou mwen.

    Non Li sen.

  13. 5 Paske mwen sonje lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou.

  14. 20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou

    e pa abandone enstriksyon manman ou.

    21 Mare yo tout tan sou kè ou;

    mare yo nan kou ou.

    22 Lè ou mache toupatou, yo va gide ou.

    Lè ou dòmi, yo va veye sou ou.

    Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.

    23 Paske kòmandman an se yon lanp,

    e enstriksyon li se limyè.

    Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a

  15. 4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

  16. 1 Pa bay repwòch ki di a yon granmoun, men, de preferans, rezone ak li tankou yon papa, a jèn mesye yo tankou frè yo, 2 a fanm avanse nan laj yo tankou manman, e jèn fanm yo tankou sè. Ak tout, san tach.

  17. 26 Anne te di: “O mèt mwen! Tankou nanm ou viv la, mèt mwen, mwen se fanm ki te kanpe la bò kote ou a, ki t ap priye a SENYÈ a. 27 Se pou gason sila a ke m te priye a, e SENYÈ a te ban mwen demand ke m te fè Li a. 28 Konsa, mwen te konsakre li bay SENYÈ a. Pou tout tan ke li ta viv li konsakre a SENYÈ a.” Konsa, Samuel te adore SENYÈ a la sou plas.

  18. 15 Baton ak repwòch bay sajès;

    men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.

    16 Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante;

    men moun dwat yo va wè tonbe yo.

    17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;

    anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.

  19. 46 Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li. 47 Yon moun te di li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a pou pale avèk ou!”

    48 Men Li te reponn sila ki te pale avèk Li pou di l: “Kilès ki manman M? E kilès ki frè M?” 49 Konsa, byen lonje men L vè disip Li yo, Li te di: “Gade manman M ak frè Mwen yo. 50 Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”

  20. 35 Mwen te vini pou mete yon nonm kont papa li, yon fi kont manman li, e yon bèlfi kont bèlmè Li. 36 Epi lènmi a yon nonm ap manm a pwòp kay li. 37 Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen. 38 Epi sila ki pa pran kwa li pou swiv Mwen, li pa merite Mwen.

  21. 48 Lè yo te wè Li, yo te etone. Manman Li te di Li: “Pitit mwen, Poukisa Ou trete nou konsa? Gade, papa Ou ak mwen menm te enkyete, e nou t ap chache Ou.”

    49 Li te di yo: “Poukisa nou t ap chache mwen? Èske nou pa t konnen ke M te oblije lakay Papa M?” 50 Men yo pa t konprann pawòl ke Li te di yo a.

    51 Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L te gade tout bagay sa yo nan kè l.

  22. 57 Lè li te fin fènwa, te vini yon nonm rich ki te soti Arimathée, ke yo te rele Joseph. Li menm osi, li te deja yon disip a Jésus. 58 Mesye sila a te mande Pilate pou kò Jésus.

    Konsa Pilate te kòmande ke li te livre bay li.

    59 Epi Joseph te pran kò a e te vlope li nan yon twal lèn pwòp. 60 Li te mete li nan pwòp tonm nèf pa li, ki te fouye nan wòch. Li te woule yon gwo wòch kont antre a, e li te kite lye a.

    61 Epi Marie ki te sòti Magdala te la avèk lòt Marie a, ki te chita anfas tonm lan.

  23. 16 Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m. 17 Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”

  24. 38 Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil. Konsa, yon fanm yo rele Marthe te resevwa Li lakay li.

    39 Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li. 40 Men Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”

    41 Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay, 42 men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”

  25. 20 Ou konnen kòmandman yo. ‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’”

  26. 14 Sa yo avèk yon sèl panse yo t ap toujou pèsevere nan lapriyè, ansanm avèk fanm yo, ak Marie, manman a Jésus, ak frè Li yo.

  27. 13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.

  28. 8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.

  29. 4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.

  30. 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.

  31. 18 “Si yon nonm vin gen yon fis tèt di k ap fè rebelyon, epi li refize obeyi papa li oswa manman li, epi lè l resevwa chatiman, li pa menm koute yo, 19 alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a. 20 Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’ 21 Alò, tout mesye lavil yo va lapide li ak kout wòch jiska lanmò. Konsa, nou va retire mal sa a nan mitan nou. Tout Israël va tande bagay sa a e yo va vin gen krentif.

  32. 1 Pwovèb a Salomon yo.

    Yon fis ki saj fè papa li kontan,

    men yon fis ki plen ak foli

    se yon gwo doulè pou manman l.

  33. 6 Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,

    e glwa a fis yo se papa yo.

  34. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  35. 22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  36. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.

    23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.

    24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.”

  37. 15 Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”

    16 A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”

  38. 20 Alò, lòm nan te rele fanm li an Eve, paske se li ki te manman a tout vivan yo.

  39. 16 Yon fanm ak gras twouve onè;

    e mesye san prensip yo twouve richès.

  40. 22 Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay,

    e twouve favè SENYÈ a.

  41. 20 Sila ki modi papa li oswa manman li an,

    lanp li va etenn nan tan fènwa.

  42. 1 Alò, apre Saba a, lè li te kòmanse fè jou nan premye jou semèn nan, Marie Magdala ak lòt Marie a te vini pou gade tonm nan.

  43. 29 Jésus te di: “Anverite Mwen di nou, ‘Nanpwen pèsòn ki kite kay li, oswa frè li, oswa sè li ak pitit li, ni manman ni papa, oswa jaden li pou koz Mwen ak pou koz levanjil la, 30 men ke l ap resevwa san fwa plis koulye a, nan tan sila a, kay, frè, sè ansanm avèk pèsekisyon yo; e nan laj k ap vini an, lavi etènèl.

  44. 34 Marie te di a zanj lan: “Kijan bagay sa a kapab ye, paske mwen menm se yon vyèj?”

    35 Zanj lan te reponn. Li te di li: “Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye. 36 Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li. 37 Paske anyen pa enposib avèk Bondye.”

    38 Marie te di li: “Men gade, sèvant-devwe a Senyè a; kite sa fèt sou mwen selon pawòl ou.” Konsa, zanj lan te kite li.

  45. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  46. 4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

    8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.

  47. 11 Tankou yon èg ki anvayi nich li,

    ki pann sou jenn pitit li yo,

    Li te ouvri zèl li yo pou te kenbe yo.

    Li te pote yo anwo plim li.

  48. Yon chan pou monte vè tanp lan.

    1 O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans.

    Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè,

    ni nan sa ki twò wo pou mwen.

    2 Anverite, mwen te fin ranje e kalme nanm mwen.

    Menm jan ke yon pitit poze sou manman l,

    anndan m, nanm mwen tankou yon pitit ki sevre.

  49. 14 Kay ak byen se eritaj ki sòti nan papa;

    men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.

  50. 20 Manman a fis Zébédée yo te vin kote L avèk fis li yo. Li te bese devan L pou mande L yon favè.

    21 Li te di L: “Kisa ou vle?”

    Li te di L: “Pase lòd pou nan Wayòm ou an, de fis mwen yo kapab chita youn sou bò dwat Ou ak youn sou bò goch Ou.”

    22 Men Jésus te reponn: “Nou pa konnen kisa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke Mwen prè pou M bwè a?”

    Yo te di Li: “Nou kapab”.

    23 Li te di yo: “Tas Mwen an nou ap bwè, men pou chita adwat Mwen, oubyen agoch Mwen, se pa Mwen ki pou bay li, men se pou sila papa M te prepare li yo.”

  51. 29 Depi lè yo kite sinagòg la, yo te antre lakay Simon avèk André ansanm avèk Jacques ak Jean.

    30 Bèlmè Simon an te kouche malad avèk yon lafyèv. Imedyatman yo te pale avèk Li konsènan li.

    31 Jésus te vin kote l. Li te leve li pa men li, epi lafyèv la te kite li. Konsa li te sèvi yo.

  52. 27 Pandan Jésus t ap di bagay sa yo, youn nan fanm yo nan foul la te leve vwa li. Li te di Li: “Beni se vant ki te pote Ou a, e tete kote Ou te souse a.”

    28 Men Li te di: “Okontrè, beni se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki swiv li.”

  53. 34 O Jérusalem, Jérusalem, vilki touye pwofèt yo, e lapide sila ki te voye kote li yo! Kijan souvan Mwen te vle rasanble pitit nou yo ansanm tankou yon poul ranmase pitit li yo anba zèl li, men nou pa t fè sa!

  54. 2 Konsa, yo te prepare yon manje pou li la.

    Marthe t ap sèvi, men Lazare te youn nan yo ki te sou tab avèk Li. 3 Nan lè sa a, Marie te pran yon liv pafen yo rele na ki te koute trè chè, e te vide sou pye a Jésus e te siye yo avèk cheve li. Kay la te ranpli avèk sant pafen sa a.