25 Bible Verses About Grandmothers
Bib Sen An (BSA)
-
3 Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen 4 avèk lanvi pou m wè ou menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.
5 Paske mwen sonje lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou.
-
6 Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,
e glwa a fis yo se papa yo.
-
12 Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus va pèsekite.
13 Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal nan twonpe moun ak vin twonpe.
14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
-
13 Plante lakay SENYÈ a, yo va fleri tankou palmis.
Yo va fleri nan lakou kay Bondye nou an.
14 Yo va bay fwi toujou lè yo vin vye.
Yo va plen ak dlo bwa vèt.
Y ap rete vèt nèt.
15 Konsa, yo deklare ke SENYÈ a toujou dwat.
Li se wòch mwen,
e nanpwen anyen ki pa dwat nan Li.
-
1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.
2 Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.
3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
-
9 “Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo.
-
9 Konsa, nan ventyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Asa te kòmanse renye kòm wa nan Juda. 10 Li te renye pandan karanteyen ane Jérusalem. Non manman li se te Maaca, fi a Abisalom an. 11 Asa te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a tankou David, papa zansèt li a. 12 Anplis, li te retire mal pwostitiye nan peyi a e li te retire tout zidòl ke zansèt li yo te fè yo. 13 Anplis, li te fè retire Maaca, manman li nan pozisyon rèn nan, paske li te fè yon imaj abominab tankou yon Astarté. Asa te koupe imaj abominab li a e li te brile li nan flèv Cédron an. 14 Men wo plas yo pa t retire. Malgre sa, kè Asa te dedye nèt a SENYÈ a pandan tout jou li yo.
-
31 Yon tèt blanch se yon kouwòn laglwa;
li jwenn nan chemen ladwati a.
-
28 Èske nou pa konnen?
Èske nou pa tande?
Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,
Kreyatè a dènye pwent latè a,
pa konn fatige, ni bouke.
Konprann pa Li depase tout bon konprann.
29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,
e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,
e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;
31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.
-
22 Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li;
men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.
-
13 Konsa Boaz te pran Ruth. Li te devni madanm li, epi li te antre ladann. Konsa SENYÈ a te fè l kapab vin ansent e li te fè yon fis. 14 Alò fanm yo te di a Naomi: “Beni se SENYÈ a ki pa t kite ou san redanmtè jodi a. Ke non li kapab vin rekonèt toupatou an Israël! 15 Anplis ke li kapab devni pou ou yon redanmtè lavi ak yon soutyen pou vyeyès ou. Anplis, pou bèlfi ou, ki renmen ou e ki pran swen ou pi byen pase sèt fis ki te bay li nesans. 16 Alò, Naomi te pran pitit la, te fè l kouche sou janm li yo pou te pran swen li.” 17 Fanm vwazinaj la te bay li non an, epi te di: “Yon fis te ne pa Naomi!” Konsa, yo te rele li Obed. Li se papa a Jessé, papa a David.
-
17 Men lanmou dous a SENYÈ a,
soti pou tout tan jis rive pou tout tan
sou sila ki gen lakrent Li yo
e ladwati Li a pitit pitit li yo,
-
32 “‘Nou va leve devan moun cheve blanch yo. Nou va bay lonè a granmoun yo. Nou va gen lakrent pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
-
25 Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun,
men mwen poko wè moun dwat ki abandone,
ni desandan li yo k ap mande pen.
26 Tout lajounen, moun dwat la
plen ak gras pou prete moun.
Desandan li yo se yon benediksyon.
-
4 Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li,
e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou.
Mwen te fè, e Mwen va pote.
Mwen va pote, e Mwen va delivre.
5 A kilès nou ta fè Mwen sanble,
fè Mwen vin egal e konpare Mwen,
konsi nou te menm bagay?
-
4 Nou p ap kache yo a pitit nou yo,
men nou va pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a,
fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.
5 Paske Li te etabli yon temwayaj
nan Jacob e te chwazi yon lwa an Israël,
sou sila Li te kòmande papa zansèt nou yo
pou yo ta enstwi yo a pitit pa yo.
6 Ke jenerasyon k ap vini an ta kab konnen.
Menm pou sila ki poko fèt yo,
pou yo ta kab leve e pale yo a pitit yo,
7 pou yo kab mete konfyans yo
nan Bondye e pa bliye zèv Bondye yo,
men kenbe kòmandman Li yo.
8 Pou yo pa fè tankou papa zansèt yo,
yon jenerasyon tèt di e rebèl,
yon jenerasyon ki pa t gen kè fidèl,
ki pa t gen lespri fidèl a Bondye.
-
1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”
5 Thomas te di Li: “Senyè, nou pa konnen kote W ap prale a. Kijan nou kapab konnen chemen an?”
6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.
-
9 Joseph te di a papa li: “Sa yo se fis mwen yo, ke Bondye te ban mwen isit la.” Epi li te di: “Mennen yo isit souple, pou m kapab beni yo.”
-
4 Yon jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt.
Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.
-
12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
-
1 “Koulye a, sa se kòmandman an, lwa ak jijman ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande mwen pou enstwi nou, pou nou ta kapab fè nan peyi kote nou va travèse pou posede a, 2 pou nou menm avèk fis nou yo avèk pitit a fis nou yo kapab gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe tout règleman ak kòmandman Li yo, ke Mwen te kòmande nou, tout jou nan vi nou yo, e pou jou nou yo kapab pwolonje.
-
17 O Bondye, Ou te enstwi mwen depi jenès mwen.
Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.
18 Wi, menm lè m vye ak cheve blanch, O Bondye, pa abandone m,
jiskaske mwen fin deklare fòs Ou a jenerasyon sila a,
ak pwisans Ou a tout sila k ap vini yo.
-
1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
-
10 avèk repitasyon bon zèv, si li te elve timoun, si li te konn resevwa etranje byen, si li te lave pye a sen yo, si li te konn ede sila ki nan gwo pwoblèm yo, e si li te devwe tèt li a tout bon zèv.
-
5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.
Shows Read in context, Share and Copy.