71 Bible Verses About The Cross

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About The Cross
  1. 31 Lè yo te fin moke L, yo te retire vètman wouj la sou Li, e te remete rad Li sou Li pou mennen L al krisifye. 32 Pandan yo t ap sòti, yo te rankontre yon nonm peyi Siryen ke yo te rele Simon, e yo te fòse li pote Kwa Li a.

    33 Lè yo te rive nan yon plas yo rele Golgotha, ki vle di Plas Zo Bwa Tèt La, 34 yo te bay Li diven pou bwè mele avèk fyèl. Men lè L te goute l, Li pa t dakò bwè l. 35 Answit lè yo te fin krisifye L, yo te pataje vètman Li pami yo selon tiraj osò. 36 Epi konsa, yo te chita e te kòmanse veye L la. 37 Yo te plase anwo tèt Li akizasyon ki te kont Li an ki te di: “SA SE JÉSUS WA JWIF LA”.

    38 Nan menm lè sa a, de vòlè te krisifye avè L, youn pa adwat Li, e youn pa agoch Li. 39 Sila yo ki t ap pase la yo t ap voye kout lang sou Li, e t ap souke tèt yo. 40 Yo t ap di: “Ou menm k ap detwi tanp lan pou rebati li nan twa jou a, sove pwòp tèt ou! Si ou se Fis Bondye a, sòti sou kwa a.”

    41 Epi menm jan an, chèf prèt yo avèk skrib ak lansyen yo t ap moke L e t ap di: 42 “Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove pwòp tèt Li. Si Li se Wa Israël la, koulye a, kite L sòti sou kwa a, e n ap kwè nan Li. 43 Li mete konfyans nan Bondye. Kite Li sove Li koulye a, si Li vle L; paske Li te di: ‘Mwen se Fis Bondye a’”.

    44 Anplis, volè ki te krisifye avè L yo t ap voye menm ensilt yo sou Li.

    45 Alò, depi sizyèm lè (midi), fènwa te tonbe sou tout tè a jis rive nan nevyèm lè (twazè).

    46 Nan anviwon nevyèm lè, Jésus te kriye avèk yon vwa byen fò: “Eli, Eli, lima sabachthani?” Ki vle di: “Bondye m, Bondye m, Poukisa Ou abandone Mwen?”

    47 Epi kèk nan yo ki te kanpe la, lè yo te tande sa, yo te kòmanse di: “Nonm sa a ap rele Elie”. 48 E lapoula, youn nan yo te kouri pran yon eponj. Li te ranpli li avèk vinèg si, e plase li sou yon wozo pou te bay Li pou bwè. 49 Men lòt yo te di: “Annou wè si Elie ap vin sove L”.

    50 Konsa, Jésus te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti.

    51 Epi gade, vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann. 52 Konsa, tonm yo te louvri e kò anpil sen ki t ap dòmi te vin leve. 53 Yo te sòti nan tonm yo lè Li te fin resisite e te antre nan vil sen an kote yo te parèt a anpil moun.

    54 Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, lè yo te wè tranbleman de tè a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin fè pè anpil. Yo te di: “Anverite, sa se te Fis a Bondye a!”

    55 Anpil fanm te la. Yo t ap gade a yon distans. Se te sila ki te swiv Jésus yo soti Galilée pandan yo t ap sèvi L. 56 Pami yo, te gen Marie a Magdala, Marie, manman a Jacques ak Joseph, e manman a fis Zébédée yo.

  2. 18 Paske pawòl lakwa a se foli pou sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye.

  3. 21 Paske nou te rele pou koz sa a akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,

    22 Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a. 23 Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.

    24 Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.

    25 Paske nou te toujou egare tankou mouton, men koulye a nou gen tan retounen a Bèje e Gadyen nanm nou an.

  4. 14 Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e mwen menm pou mond lan. 15 Paske nan Kris Jésus, sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf.

  5. 21 Yo te pran yon mesye pa lafòs ki t ap sòti andeyò pou fè l fè kòve; Simon de Cyrène, (papa a Alexandre ak Rufus), pou pote kwa Li a.

    22 Konsa, yo te mennen Li nan plas Golgotha, ki tradwi kon Plas A Zo Bwatèt. 23 Yo te eseye bay Li diven mele avèk myrr; men Li pa t pran li. 24 Epi yo te krisifye Li e te divize vètman Li yo pami yo menm. Yo te fè tiraj osò pou yo detèmine sa ke yo chak ta pran.

    25 Se te nan twazyèm lè ke yo te krisifye Li a.

    26 Lenskripsyon avèk detay akizasyon kont Li an te di: “Wa a Jwif yo”.

    27 Konsa,yo te krisifye de vòlè avè L; youn sou men dwat Li, e youn sou men goch Li. 28 Epi konsa, Lekriti sen an te akonpli ki te di: “Epi Li te konte pami malfektè yo.”

    29 Sila ki t ap pase yo t ap voye ensilt; yo t ap souke tèt yo e t ap di: “Gade! Ou menm ki t ap detwi tanp lan, e rebati li nan twa jou. 30 Sove tèt Ou, e desann sou kwa a!”

    31 Menm jan an, chèf prèt yo ansanm avèk skrib yo, t ap moke Li pami yo menm e t ap di: “Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove tèt Li.” 32 “Kite Kris sa a, Wa Israël La, desann kwa a koulye a pou nou kapab wè e kwè!” Sila ki te krisifye avèk Li yo t ap ensilte L menm jan an.

    33 Lè sizyèm lè a te rive, tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè. 34 Nan nevyèm lè a, Jésus te kriye fò avèk yon gwo vwa: “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” ki tradwi “Bondye M, Bondye M, poukisa Ou abandone Mwen?”

    35 Lè kèk nan moun ki te la yo tande sa, yo te di: “Gade, L ap rele Élie.”

    36 Yon moun te kouri ale pran yon eponj e te ranpli li avèk vinèg si. Li te mete l sou yon wozo, e te bay Li bwè. Li te di: “ Kite l konsa! Annou wè koulye a si Élie ap vin fè L desann.”

    37 Konsa, Jésus te pouse yon gwo kri, e te rann dènye souf li.

    38 Vwal tanp lan te chire an de, soti anwo, jis rive anba.

    39 Lè santenye Women an, ki te kanpe tou dwat devan Li a, te wè jan Li te rann dènye souf Li a, li te di: “Anverite, nonm sila a se te Fis Bondye a.”

    40 Te gen osi, fanm ki t ap veye a yon distans. Pami yo se te Marie Magdalène, e Marie, manman a Jacques Le Mineur, Joses, ak Salomé. 41 Lè Li te Galilée, yo te konn swiv Li e sèvi Li, e anpil lòt fanm osi te vin monte avèk Li Jérusalem.

  6. 38 Epi sila ki pa pran kwa li pou swiv Mwen, li pa merite Mwen. 39 Sila k ap konsève lavi li, li va pèdi li; men sila ki pèdi vi li pou Mwen, l ap twouve li.

  7. 5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.

  8. 14 “Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo, 15 pou nenpòt moun ki kwè nan Li, kapab genyen lavi etènèl.

    16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  9. 10 Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou fè yo.” 11 Alò, li klè ke pèsòn pa jistifye pa Lalwa devan Bondye, paske “Moun jis la va viv pa lafwa”. 12 Sepandan, Lalwa a pa selon lafwa; okontrè: “Sila ki pratike yo a va viv pa yo menm.”

    13 Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.” 14 Pouke nan Kris Jésus, benediksyon Abraham yo ta kapab vini pou pèp etranje yo, pou nou ta kapab resevwa pwomès a Lespri Sen an pa lafwa.

  10. 13 Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo. 14 Konsa Li te anile sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a. 15 Lè Li te fin dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.

  11. 13 Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè pa san a Kris la. 14 Paske Li menm, Li se lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an, 15 lè L te aboli nan lachè Li, rayisman ki se lalwa kòmandman yo ki te nan tout règ yo, pou nan Li menm, Li ta kapab fè ak de pèp sa yo, yon sèl òm tounèf e konsa etabli lapè. 16 Konsa, Li ta kapab rekonsilye yo toulède nan yon sèl kò pou Bondye atravè lakwa a, ki te mete rayisman sa a lanmò.

  12. 19 Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitid Bondye a ta vin rete nan Li, 20 epi selon Li menm, pou rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa san lakwa Li a.

  13. 34 Li te rele foul la avèk disip Li yo. Li te di yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, fòk li renonse a pwòp tèt li, pran kwa li, e swiv Mwen.

  14. 16 Konsa, li te livre Li pou krisifye. Yo te pran Li, epi te mennen L ale.

    17  Li te soti e t ap pote pwòp kwa Li vè plas ke yo rele Plas a Zo Tèt Mò a, ke nan lang Ebre yo rele Golgotha. 18 La yo te krisifye Li, ansanm avèk de lòt mesye yo, youn nan chak kote avèk Jésus nan mitan.

    19 Pilate te ekri yon enskripsyon, e te mete li sou kwa a. Li te di “Jésus de Nazareth, Wa Jwif Yo.”

    20 Konsa, anpil nan Jwif yo te li enskripsyon sila a, paske plas kote Jésus te krisifye a te prè vil la, e li te ekri nan Ebre, Laten ak Grèk.

    21 Epi chèf prèt yo t ap di a Pilate: “Pa ekri ‘Wa Jwif yo’, men ke ‘Li te di: “Mwen se Wa Jwif yo.”’

    22 Pilate te reponn “Sa ke m ekri a, mwen ekri l nèt”.

    23 Sòlda yo, lè yo te fin krisifye Jésus te pran tout vètman li epi fè kat pati. Yon pati pou chak sòlda, anplis tinik la. Konsa, tinik la te yon sèl mòso twal san koud soti anwo, jis rive anba.

    24 Akoz sa yo te di youn ak lòt, annou pa chire li, men tire osò pou li, pou deside pou kilès li dwe ye. Konsa, yo te akonpli Lekriti a ki te di:

    “Yo te divize vètman Mwen yo pami yo,

    e pou rad Mwen yo tire osò.”

    Pou sa a, sòlda yo te fè bagay sa yo.

    25 Men manman Li, sè a manman Li, Marie, madanm a Cléopas, ak Marie Magdalène te kanpe prè kwa Jésus a.

    26 Konsa, lè Jésus te wè manman L ak disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman: “Fanm, men gade fis ou!”

    27 Epi Li te di a disip la: “Men gade manman ou!” Depi lè sa, disip la te pran li pou rete tankou manm lakay li.

    28 Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: “Mwen swaf.”

    29 Yon bokal ranpli avèk diven si te kanpe la. Epi yo te mete yon eponj ranpli avèk diven si a sou yon branch izòp pou te lonje l anwo vè bouch Li.

    30 Konsa, lè Jésus te resevwa diven si a, Li te di: “Sa fini!” Epi Li te bese tèt Li e te rann lespri Li.

  15. 20 Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli? 21 Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo. 22 Paske anverite Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès; 23 men nou preche Kris krisifye a, pou Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli. 24 Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye. 25 Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e feblès Bondye a pi fò ke lòm.

  16. 18 Paske si mwen rebati sa ke, yon fwa, mwen te detwi a, mwen pwouve a tèt mwen ke mwen se yon transgresè. 19 Paske selon Lalwa a mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye. 20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen. 21 Mwen pa anile lagras Bondye, paske si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon.”

  17. 1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.

  18. 24 Jésus te di a disip Li yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, li dwe nye tèt li, pran kwa li e swiv Mwen. 25 Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, ap pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li pou koz Mwen menm, ap twouve li. 26 Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?

  19. 23 Li t ap di a yo tout: “Si Nenpòt moun vle swiv Mwen, li dwe renonse a pwòp tèt li, pran kwa li e swiv Mwen. 24 Paske Nenpòt moun ki vle sove vi li va pèdi li, men sila a ki pèdi lavi li pou koz Mwen, se li ki va sove li.

  20. 6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

    9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm.

  21. 26 Lè yo te mennen L sòti, yo te mete men sou yon Simon de Cyrène ki t ap sòti andeyò, e te mete kwa a sou li pou l ta pote l dèyè Jésus. 27 Yon gran foul nan pèp la t ap swiv Li, avèk fanm yo ki t ap kriye e fè lamantasyon pou Li. 28 Men Jésus, te vin vire vè yo, e te di: “Fi Jérusalem yo, sispann kriye pou Mwen, men kriye pou nou menm, ak pou pitit nou yo. 29 Paske, veye byen, jou yo ap vini lè yo va di: ‘Beni se sila ki esteril yo, e vant ki pa t janm fè pitit yo, ak tete ki pa t janm bay timoun tete yo.’ 30 Alò, yo va kòmanse di a mòn yo: ‘Tonbe sou nou, e a ti kolin yo, kouvri nou.’ 31 Paske si yo fè bagay sa yo avèk bwa ki vèt, kisa k ap rive lè l sèch.”

    32 De lòt mesye ki te kriminèl yo t ap mennen sòti pou mete a lanmò avèk Li. 33 Lè yo te rive nan plas yo rele Plas Tèt Mò a, yo te krisifye Li avèk kriminèl yo, youn sou bò dwat, e youn sou bò goch.

    34 Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm. 35 Pèp la te kanpe akote, e t ap gade. Menm ofisye yo t ap moke L, e t ap di: “Li te sove lòt yo, kite Li sove pwòp tèt Li si se Kris a Bondye a, Sila Ke Li Chwazi a.”

    36 Sòlda yo osi ki t ap moke Li, te vin kote L, pou ofri Li diven si. 37 Yo t ap di: “Si Ou se Wa a Jwif yo, sove tèt Ou!”

    38 Alò te gen yon enskripsyon anwo Li: “Sa Se Wa a Jwif Yo”.

    39 Youn nan kriminèl ki te pann yo t ap voye pawòl abizif vè Li; li t ap di: “Èske se pa Kris la Ou ye? Sove tèt Ou, avèk nou!”

    40 Men lòt la te reponn ak repwòch e te di: “Èske ou pa menm pè Bondye, paske ou anba menm lòd kondanasyon an? 41 Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.” 42 Konsa li te di: “Jésus, sonje mwen lè Ou antre nan wayòm Ou an!”

    43 Li te reponn li: “Anverite Mwen di ou, jodi a, ou va avè M nan Paradi.”

    44 Alò se te anviwon sizyèm lè, e tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè. 45 Solèy la te kache nèt, e vwal tanp lan te chire an de bout. 46 Jésus te kriye avèk yon gwo vwa, e te di: “Papa, nan men Ou Mwen remèt lespri Mwen.” Lè L fin di sa, Li te respire dènye souf Li.

    47 Alò, lè santenye a te wè sa ki te rive a, li te kòmanse bay lwanj a Bondye, e te di: “Anverite, mesye sa a te inosan.” 48 Alò tout foul la ki te vini ansanm pou espektak sila a, lè yo te wè sa ki te rive a, yo te retounen e t ap bat lestomak yo. 49 Epi tout sila ki te rekonèt Li yo, ak fanm Galilée ki te akonpanye Li yo, te kanpe a yon distans e t ap gade tout bagay sa yo.

  22. 22 “Si yon nonm te fè yon peche ki merite lanmò, epi nou fè l pann sou yon bwa, 23 kò li pa pou pann tout nwit lan sou bwa a, men nou va, anverite, antere li nan menm jou a. (Paske sila ki pann nan, modi pou Bondye.) Se konsa pou nou pa degrade tè ke Bondye te bannou kòm eritaj la.

  23. 29 Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: “Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm. 30 Bondye a zansèt nou yo te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a. 31 Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo.

  24. 22 “Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an, 23 nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò. 24 Men Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.

  25. 1 Lè m te vin kote nou, frè m yo, mwen pa t vini avèk yon wotè langaj oubyen sajès pou pwokame a nou temwayaj Bondye a. 2 Paske mwen te detèmine pou m pa konnen anyen pami nou, sof Jésus Kri, e Sila krisifye a. 3 Mwen te avèk nou nan feblès, laperèz, ak anpil tranbleman. 4 Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a, 5 pou lafwa nou pa t repoze sou sajès a lòm, men sou pouvwa Bondye a.

  26. 11 Men mwen, frè m yo, si mwen toujou preche sikonsizyon, poukisa mwen toujou pèsekite? Alò, konsa blòk k ap fè moun bite a, ki se lakwa a, vin aboli.

  27. 1 Se kilès ki te kwè mesaj nou yo?

    Epi a kilès bra SENYÈ a te vin revele?

    2 Paske Li te grandi devan nou kon yon boujon vèt,

    e tankou yon rasin ki sòti nan tè sèk.

    Li pa gen okenn bèlte nan fòm Li,

    ni majeste pou nou ta gade sou Li,

    ni aparans pou nou ta atire a Li.

    3 Li te meprize e abandone pa lòm;

    yon nonm ak gwo tristès

    ki te konnen gwo soufrans,

    ak tout maladi.

    Tankou yon moun de sila moun kache figi yo,

    Li te vin meprize,

    e nou pa t bay Li okenn valè.

    4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote

    ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;

    men nou te rekonèt Li kon moun pini,

    frape pa Bondye e aflije.

    5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.

    Li te kraze pou inikite nou yo.

    Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,

    e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.

    6 Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo.

    Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou,

    men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.

  28. 27 Nenpòt moun kipa pote pwòp kwa li pou swiv Mwen, li pa kapab disip Mwen.

  29. 3 Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li? 4 Konsa, nou gen tan antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a.

    5 Paske si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou. 6 Byen rekonesan ke ansyen moun nou an te krisifye avèk Li, pouke kò peche nou an ta kapab vin disparèt pou nou kab pa esklav a peche ankò. 7 Paske sila ki gen tan mouri an, libere de peche.

  30. 12 Sila ki vle parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris.

  31. 3 Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo, 4 ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a selon Ekriti yo. 5 Epi ke Li te parèt a Céphas, e answit, a douz yo.

  32. 17 Frè m yo vin swiv egzanp mwen an, e swiv sila ki mache selon modèl ke nou gen nan nou an. 18 Paske anpil moun mache, de sila mwen te souvan di nou yo, e koulye a mwen di nou ankò menm avèk dlo nan zye m, ke yo se lènmi lakwa a Kris la,

  33. 21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.

    27 Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a. 28 Paske nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo. 29 Oubyen èske Bondye se sèlman pou Jwif yo? Èske Li pa Bondye pèp etranje yo tou? Wi pèp etranje yo ladann tou. 30 Anfèt akoz Bondye ki va jistifye sikonsi pa lafwa yo, ak ensikonsi selon lafwa yo, se yon sèl.

    31 Konsa, èske nou detwi Lalwa a ak lafwa? Ke sa pa janm fèt! Okontrè, se konsa nou etabli Lalwa a.

  34. 21 Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.

  35. 1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.

    5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri.

  36. 10 Epi Mwen va vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li.

  37. 32 E Mwen, si Mwen gen tan leve wo anwo tè a, Mwen va atire tout moun kote Mwen menm.” 33 Men Li te di sa pou montre ki kalite mò Li ta pral mouri an.

  38. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.

  39. 1 Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la. 2 Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.

  40. 17  Lè Jésus te apèn parèt pou monte a Jérusalem, Li te pran douz disip yo akote pou kont yo. Pandan yo nan wout la, Li te di yo: 18 “Gade, n ap monte Jérusalem, epi Fis a Lòm nan ap livre a chèf prèt yo ak Skrib yo, e y ap kondane Li a lanmò. 19 Konsa, y ap livre Li a payen yo pou yo ka moke L e bay Li kout fwèt, e y ap krisifye Li. Epi nan twazyèm jou a, L ap leve.”

  41. 31 Li te kòmanse enstwi yo ke Fis a Lòm nan t ap oblije soufri anpil bagay, vin rejte pa ansyen yo avèk chèf prèt ak skrib yo, e touye. E apre twa jou, Li ta resisite ankò.

  42. 21 Jésus te byen gade li. Li te gen yon lanmou pou li. Li te di l: “Yon bagay ou manke; ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e ou va gen richès nan syèl la. E konsa, vin swiv Mwen.”

  43. 45 Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt.”

  44. 41 Konsa, Li te kite yo pou rive vè distans ke yon moun kab voye yon wòch, e Li te mete L sou jenou pou priye. 42 Li t ap di: “Papa, si se volonte Ou, retire tas sa a sou Mwen; malgre pa selon volonte M, men ke pa W la kapab fèt.”

  45. 29 Epi lè yo te fin akonpli tout sa ki te ekri konsènan Li yo, yo te retire Li sou kwa a, e yo te mete l nan yon tonm.

  46. 4 Yo te sòti nan Mòn Hor pa wout Lamè Wouj la, pou travèse peyi Édom an. Epi pèp la te vin pèdi pasyans akoz vwayaj la. 5 Pèp la te pale kont Bondye ak Moïse: “Poukisa ou te mennen nou sòti an Égypte pou mouri nan dezè a? Paske nanpwen manje, ni dlo, e nou rayi move manje sila a.”

    6 SENYÈ a te voye sèpan dife pami pèp la. Yo te mòde pèp la, e anpil nan pèp Israël la te mouri. 7 Konsa, pèp la te vini a Moïse e te di: “Nou te peche, pwiske nou te pale kont SENYÈ a ak ou menm. Entèsede pou nou avèk SENYÈ a, pou Li kapab retire sèpan sa yo sou nou.” Epi Moïse te entèsede pou pèp la.

    8 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Fè yon sèpan dife e mete li sou yon poto. Konsa, li va vin rive ke tout moun ki mòde, lè li gade li, l ap viv.” 9 Moïse te fè yon sèpan an bwonz e li te mete li sou poto a. Epi li te vin rive ke si yon sèpan te mòde nenpòt moun, lè li te gade vè sèpan an bwonz lan, li te viv.

  47. Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an;

    Yon sòm David.

    1 Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou

    te abandone m?

    Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.

  48. 16 Konsa, chen yo vin antoure mwen.

    Yon bann malfektè vin ansèkle m.

    Yo te pèse dwat mwen avèk pye m.

    17 Mwen kab kontwole tout zo m yo.

    Yo gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen.

    18 Yo divize rad mwen pami yo.

    Pou vètman m, yo tire osò.

  49. 1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.

    2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”

    5 Thomas te di Li: “Senyè, nou pa konnen kote W ap prale a. Kijan nou kapab konnen chemen an?”

    6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.

  50. 14 Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.

  51. 23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.

  52. 1 O nou menm moun Galatie ensanse yo! Kilès ki gen tan mete wanga sou nou konsa, pou nou refize laverite a? Nou menm devan zye a kilès, Jésus Kri te piblikman prezante kòm krisifye a?

  53. 3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a. 7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, 8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans, 9 li te fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan, 10 avèk yon plan pou fè sa dewoule lè tan an fin akonpli, pou reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm

  54. 18 Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, 19 men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm. 20 Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.

  55. 15 Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”

  56. 21 Anplis, yo te ban mwen fyèl kon manje ak vinèg pou swaf mwen.

  57. 2 “Nou konnen ke apre de jou, Jou Pak Jwif la ap vini, e Fis a Lòm nan ap livre a yo menm pou yo kab krisifye L.”

  58. 26 Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”

    27 Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout; 28 paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo. 29 Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”

  59. 5 Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: “Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a. 6 Li pa la, paske Li leve, menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.”

  60. 32 Yo te sou wout la pou ale Jérusalem e Jésus t ap mache pi devan yo. Yo te etone, e sila ki te swiv yo te pè anpil.

    Ankò Li te rele douz yo akote e te kòmanse di yo kisa ki ta vin rive Li.

    33 “Byen gade, nou ap monte Jérusalem. Fis a Lòm nan va livre a chèf prèt yo avèk skrib yo. Yo va kondane Li a lanmò, e yo va livre li a payen yo. 34 Epi y ap moke L, krache sou Li, bay Li gwo kout fwèt, e touye L. Twa jou pita, L ap resisite.”

  61. 38 Men Jésus te di yo: “Nou pa konnen sa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke M ap bwè a, oubyen batize avèk batèm ke Mwen ap batize a?”

  62. 22 Pandan yo t ap manje, Li te pran pen an, e apre yon benediksyon, Li te kase li, te bay yo, e te di: “Pran sa; se kò Mwen.”

    23 Li te pran yon tas, te bay gras, e Li te bay yo li. Yo tout te bwè ladann. 24 Konsa Li te di yo: “Sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun. 25 Anverite Mwen di nou, Mwen p ap janm bwè fwi rezen ankò jouk jou ke M bwè l de nouvo nan wayòm Bondye a.”

  63. 17 “Pou rezon sa a, Papa a renmen M, paske Mwen bay lavi Mwen pou M kab reprann li ankò. 18 Okenn moun pa pran li nan men M, men Mwen bay li avèk pwòp volonte M. Mwen gen otorite pou bay li, e Mwen gen otorite pou reprann li ankò. Kòmandman sila a Mwen te resevwa l depi nan men Papa M.”

  64. 11 Konsa, Jésus te di Pierre: “Mete nepe a nan fouwo a. Tas ke Papa a ban Mwen an, èske M pa pou bwè l?”

  65. 31 Pou sa, Jwif yo, akoz ke se te Jou Preparasyon an, e ke kò yo pa ta dwe rete sou lakwa pandan Saba a, pwiske Saba a te yon gwo jou sen, te mande Pilate pou kase janm tout moun yo, pou yo ta kapab retire yo.

  66. 9 Si nou parèt devan tribinal jodi a pou benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri, 10 kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante. 11 ‘Se Li menm ki wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’

    12 “Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”

  67. 1 Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a.

  68. 13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv. 14 Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye.

  69. 14 Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.

  70. 14 Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kraze pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la; 15 e ki ta kapab delivre tout sila ki akozperèz lanmò yo, te sijè a esklavaj pou tout lavi yo.

  71. 16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo.