54 Bible Verses About Stress
Bib Sen An (BSA)
-
4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
-
25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?
27 “Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras? 28 E poukisa nou enkyete pou zafè rad?
“Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal; 29 men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo. 30 “Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!
31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”
-
6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
-
28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
-
18 Si mwen ta di: “Pye m glise,”
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.
19 Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,
konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.
-
25 “Epi kilès nan nou ki kab fè kè twouble a ogmante menm yon èdtan nan longè lavi li? 26 Si pou sa nou pa kapab fè menm yon ti bagay, poukisa nou fè kè twouble pou lòt bagay?
27 “Konsidere flè lis yo, jan yo grandi; yo pa travay ni fè twal, men Mwen di nou ke menmSalomon nan tout glwa li pa t abiye li menm tankou youn nan sa yo. 28 Men si Bondye abiye zèb nan chan yo ki jodi a vivan, e demen ap jete nan founèz la, konbyen anplis li va abiye nou, o moun ti lafwa piti!
29 “Konsa, pa mande kisa nou va manje, ni kisa nou va bwè, e pakontinye enkyete nou. 30 Paske tout bagay sa yo, tout nasyon nan mond lan chache yo avèk lanvi pa yo; men Papa nou konnen ke nou bezwen bagay sa yo. 31 Men chache wayòm Li, e bagay sa yo va vini a nou tou.
32 “Pa krent, ti bann mouton an, paske Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.
33 “Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. 34 Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.
-
27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.
31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?
-
22 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.
Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.
-
38 Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil. Konsa, yon fanm yo rele Marthe te resevwa Li lakay li.
39 Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li. 40 Men Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”
41 Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay, 42 men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”
-
9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.
-
4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon
nan men Bondye a, ak moun.
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
-
25 Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann;
men yon bon pawòl fè l leve.
-
1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
-
33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”
-
7 Men nou gen trezò sa a nan po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm. 8 Nou aflije nan tout fason, men nou pa kraze; nou nan konfizyon, men nou pa nan dezespwa, 9 pèsekite, men nou pa abandone. Nou pran so, men nou pa detwi. 10 Nou toujou ap pote nan kò a, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou.
-
5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:
“Senyè a se soutyen mwen.
Mwen p ap pè.
Sa lòm ka fè m?”
-
143 Twoub ak doulè gen tan rive sou mwen.
Malgre kòmandman Ou yo se plezi mwen.
-
30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,
e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;
31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.
-
9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”
-
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
-
1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
-
11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,
Ou va kenbe nan lapè pafè,
akoz li gen konfyans nan Ou.
-
7 “Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a,
ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,
ki lonje rasin li akote yon sous dlo.
Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.
Li p ap twouble nan ane sechrès la,
ni sispann bay fwi.
-
14 “Semans ki te tonbe pami pikan yo se sila yo ki te tande, epi pandan yo ap fè wout yo, yo vin trangle avèk pwoblèm pa yo ak richès a vi sa a. Konsa yo pa pote fwi ki vin mi.
-
19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a. 20 Koulye a, a Bondye nou an ak Papa a, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
-
16 Koulye a, ke Senyè lapè a, Li menm, kontinye bannou lapè nan tout sikonstans. Ke Senyè a avèk nou tout!
-
8 Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”
-
7 Nan gran twoub mwen,
mwen te rele SENYÈ a.
Wi, mwen te rele a Bondye mwen an.
Soti nan tanp Li an, Li te tande vwa m.
Kri sekou mwen te anndan zòrèy Li.
-
9 SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo;
yon sitadèl nan tan twoub la.
10 Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou,
paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone
sila ki mete konfyans nan Ou yo.
-
4 Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
-
5 Depi nan gran pwoblèm mwen yo, mwen te rele SENYÈ a;
SENYÈ a te reponn mwen e te mete m yon kote byen laj.
6 SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè.
Kisa lòm kab fè m?
-
3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
-
12 Byeneme yo, pa vin etone de eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou. 13 Men nan menm degre ke nou pataje soufrans Kris la, kontinye rejwi nou, anfen ke nan revelasyon laglwa Li, nou kapab rejwi nou avèk gwo lajwa.
-
14 SENYÈ a va goumen pou nou pandan nou rete an silans.”
-
8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.
Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.
-
1 Plan kè a sòti nan lòm;
men repons a lang lan sòti nan SENYÈ a.
2 Tout chemen a yon nonm pwòp nan zye pa li;
men SENYÈ a peze sa k nan kè l.
3 Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a,
e plan ou yo va etabli.
-
22 Li te di sa a disip Li yo: “Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou kò nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou.
-
32 Men mwen vle nou libere de sousi sa a. Yon nonm ki pa marye sousye sèlman de zafè a Senyè a, de jan li kapab fè l kontan, 33 men yon nonm ki marye sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè madanm li plezi. 34 Konsa, enterè li divize. Fanm ki pa marye a ak vyèj la, sousye de zafè a Senyè a, pou li kapab sen ni nan kò, ni nan lespri; men sila ki marye a sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè mari li plezi. 35 Mwen di sa pou pwòp benefis pa nou; se pa pou jennen nou, men pou ankouraje sa ki bon, e pou vin gen yon angajman san distraksyon anvè Senyè a.
-
7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
-
6 Anplis ke sa David te nan gwo pwoblèm akoz moun yo t ap pale afè lapide li, paske tout moun yo te anmè, yo tout akoz fis yo ak fi yo. Men David te ranfòse li menm nan SENYÈ a, Bondye li a.
-
Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson
1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,
yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè
ta chanje e malgre mòn yo
ta chape antre nan fon lanmè.
3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,
malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan
-
2 Pa kache figi Ou sou mwen nan jou gwo twoub mwen an;
Panche zòrèy Ou bò kote m.
Nan jou ke m rele Ou a, reponn mwen vit.
-
22 Yon kè kontan se bon remèd;
men yon lespri brize seche tout zo.
-
23 Lè L fin antre nan kannòt la, disip Li yo te swiv Li. 24 Epi konsa, te vin leve yon gwo tanpèt sou lanmè a, ki te fè vag lanmè yo kouvri kannòt la; men Jésus, Li menm, t ap dòmi. 25 Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”
26 Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.
27 Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”
-
37 Li te pran avè L Pierre, avèk de fis Zébédée yo, epi Li te kòmanse ranpli avèk gwo doulè ak tristès. 38 Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”. 39 Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”
40 Li te vin vire vè disip Li yo e te twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Konsa, nou pa t kapab veye avè M pandan yon sèl èdtan? 41 Veye byen e priye pou nou pa antre nan tantasyon. Lespri a byen dispoze, men chè a fèb.”
42 Li te kite yo yon dezyèm fwa e te priye konsa: “Papa M, si tas sa a p ap kab retire anmwens ke M bwè l, ke volonte Ou fèt.”
43 Ankò Li te retounen e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou. 44 Konsa, Li te kite yo ankò pou te ale pou priye yon twazyèm fwa. Li te fè menm priyè a yon fwa ankò.
-
11 “Lè yo mennen nou devan sinagòg yo, ak gwo chèf avèk otorite yo, pa twouble nou de kisa nou va pale kòm defans nou, ni kisa nou gen pou di; 12 paske Lespri Sen an va montre nou nan menm lè sa a, kisa nou dwe di.”
-
21 Lè Jésus te fin di sa, Li te vin twouble nan lespri L, e te fè temwayaj e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou ke youn nan nou ap trayi M.”
-
35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:
“Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.
Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”
37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
-
13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
-
8 Paske nou pa vle nou inyoran, frè m yo, de afliksyon ki te vini sou nou an Asie yo, ke nou te peze anpil anpil, menm depase fòs nou, pou nou te kab menm vin dezespere de lavi nou. 9 Vrèman, nou te gen yon kondanasyon lanmò anndan nou, pou nou pa mete konfyans nan tèt nou, men nan Bondye ki fè mò yo leve a, 10 ki te delivre nou soti de yon si gran danje lanmò, e Li va delivre nou. Se sou Li menm nou te mete tout espwa nou an. Epi Li va toujou delivre nou; 11 nou osi ki jwenn avèk nou menm nan lapriyè, pou remèsiman kapab bay pa anpil moun pou nou, pou gras ke nou resevwa atravè priyè anpil moun.
-
1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.
3 Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.
-
12 Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.
Shows Read in context, Share and Copy.