42 Bible Verses About Nature
Bib Sen An (BSA)
-
26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; 30 Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl la, chak bagay k ap fè mouvman sou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.
31 Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.
-
18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.
22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo.
-
Pou direktè koral la; yon sòm David
1 Syèl yo ap pale glwa Bondye a.
Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.
2 Jou apre jou, l ap pale san rete;
Nwit apre nwit, li revele konesans.
-
Pou direktè koral la; jwe sou gitia la.
Yon sòm David.
1 O SENYÈ, Senyè nou an,
A la non Ou gran sou tout latè!
Ou te fè parèt klè mayifisans Ou
piwo pase syèl yo!
2 Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo,
Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo,
pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.
3 Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo,
lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,
4 Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?
Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?
5 Malgre, Ou te fè li yon ti kras pi ba pase Bondye,
e te kouwone li ak glwa avèk lonè!
6 Ou fè li regne sou zèv men Ou yo.
Ou te mete tout bagay anba pye li:
7 Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,
8 zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo,
ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo.
-
15 Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an. 16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. 17 Li avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm. 18 Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay. 19 Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitid Bondye a ta vin rete nan Li, 20 epi selon Li menm, pou rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa san lakwa Li a.
-
5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. 7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. 8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou. 9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.
-
19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit. 23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an.
-
10 Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.”
Anverite, mond lan etabli byen solid.
Li p ap ebranle menm.
SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis.
11 Kite syèl yo vin kontan e kite latè rejwi.
Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.
12 Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo.
Epi tout bwa nan forè yo va chante ak jwa
13 devan SENYÈ a, paske L ap vini.
Paske L ap vini pou jije latè. Li va jije mond lan
avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.
-
4 Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a te fè tè a avèk syèl la. 5 Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a. 6 Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li. 7 Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.
8 Senyè Bondye a te plante yon jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a. 9 Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
-
7 “Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou;
ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.
8 Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou.
Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou.
9 Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen
ke se men SENYÈ a ki fè sa?
10 Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la,
ansanm ak souf tout limanite a.
-
26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a.
-
1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a.
-
9 Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo.
Nanpwen lasante ladann.
Se kilès ki ka konprann li?
-
17 Men si kèk nan branch yo te kase retire, epi ou menm, kòm yon oliv sovaj, te vin grefe pami yo, e te devni yon pati vivan avèk yo nan gwo rasin pye oliv la, 18 pa vin awogan anvè branch yo. Men si ou ta vin awogan, sonje ke se pa ou menm ki bay soutyen a rasin lan, men li menm ki bay ou soutyen an. 19 Konsa ou va di: “Men branch yo te kase pou m te kab vin grefe ladan yo”. 20 Se sa li ye; yo te kase akoz de enkwayans yo, men ou kanpe pa lafwa ou. Pa vin fè pretansye, men gen lakrent. 21 Paske si Bondye pa t konsève branch orijinal yo, Li p ap konsève ou menm nonplis. 22 Konsa, byen gade bonte ak severite Bondye a. Anvè sila ki tonbe yo, severite, men pou ou menm, bonte Li, si ou kontinye nan bonte Li. Otreman, l ap retire ou tou. 23 Konsa, yo menm tou si yo pa kontinye nan enkwayans yo, y ap grefe ladann ankò. Paske Bondye toujou kapab grefe yo ladann. 24 Paske si ou te koupe soti nan yon bwa ki pa nati li, te yon bwa oliv sovaj, e ou te vin grefe kont nati, nan yon bwa oliv ki kiltive, konbyen anplis tout branch sila yo ki se branch natirèl va grefe nan bwa oliv orijinal la.
-
6 Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.
-
35 Men yon moun va di: “Kijan mò yo leve a?” Epi “avèk ki kalite kò yo ap vini?”
36 Moun sòt! Sa ke nou simen pa kapab vin gen lavi amwenske li mouri; 37 Epi sa ke nou simen an, nou pa simen kò a li menm, men yon senp ti grenn, petèt yon ble oubyen yon lòt bagay.
38 Men Bondye bay li yon kò jis jan ke Li te dezire a, e a chak grenn semans yo yon kò pou kont li. 39 Tout chè pa menm kalite chè. Gen yon chè pou lòm, e yon lòt chè pou bèt, yon lòt chè pou zwazo, e yon lòt pou pwason. 40 Gen osi kò selès ak kò tèrès, men laglwa selès la se youn, e laglwa tèrès la se yon lòt. 41 Gen yon glwa nan solèy la, yon lòt glwa nan lalin lan, e yon lòt nan zetwal yo; paske chak zetwal apa nan glwa li.
42 Menm jan an tou pou rezirèksyon a mò yo. Li simen kòm yon kò perisab, men li leve kòm yon kò enperisab.
43 Li simen nan dezonè, li leve nan laglwa. Li simen nan feblès, li leve nan pouvwa.
44 Li simen kòm yon kò natirèl; li leve kòm yon kò espirityèl. Si gen yon kò natirèl, anplis gen yon kò espirityèl.
45 Menm jan an osi sa ekri: “Premye lòm nan, Adam, te devni yon nanm vivan.” Dènye Adam an, Jésus Kris, yon lespri ki bay lavi. 46 Sepandan, sa ki gen lespri a pa vini avan, men sa ki natirèl la, answit sa ki gen lespri a. 47 Premye lòm nan sòti nan latè. Li se moun tèrès. Dezyèm lòm nan sòti nan syèl la. 48 Jan tè a ye a, se konsa sila ki tèrès yo ye tou; e menm jan selès la ye a, konsa selès yo ye tou. 49 Jis jan ke nou pote imaj a tèrès la, konsa osi nou va pote imaj a selès la. 50 Alò m ap di sa, frè m yo, ke chè ak san pa kapab eritye wayòm Bondye a; ni sa ki perisab la pa kapab eritye sa ki enperisab la.
-
29 Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen. 30 Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole. 31 Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
-
24 “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm. 25 Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.
26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; 27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.
28 “‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’
-
1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.
2 Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. 3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.
Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a. 4 Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.
-
15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
-
14 Li fè zèb grandi pou bèt yo e vèdi
pou zèv a lòm nan,
pou li kab fè manje sòti nan tè a,
15 e diven ki fè kè a lòm kontan an,
pou li kab fè figi li klere ak lwil,
ak manje ki bay soutyen a kè lòm nan.
16 Pyebwa a SENYÈ yo bwè dlo jiskaske yo plen,
pye sèd Liban ke Li te plante yo,
17 kote zwazo yo fè nich yo.
Sigòy ki fè kay li nan pye sipre yo.
18 Mòn wo yo se pou kabrit mawon yo.
Gwo falèz yo se yon kote pou daman yo kache.
-
26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?
27 “Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras? 28 E poukisa nou enkyete pou zafè rad?
“Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal; 29 men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo. 30 “Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!
-
10 Paske a nou menm Bondye te revele yo pa Lespri a. Paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan pwofondè Bondye a. 11 Paske kilès pami lòm ki konnen panse a lòm eksepte lespri a lòm ki anndan li menm nan? Menm jan an, panse a Bondye yo; pèsòn pa konnen yo eksepte Lespri Bondye a. 12 Alò, nou pa resevwa, lespri mond lan, men Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou kapab konnen bagay ke Bondye bannou gratis yo. 13 Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo. 14 Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye.
-
1 Epi mwen, frè m yo, mwen pa t kab pale avèk nou menm tankou moun ki plen lespri Bondye, men tankou moun lachè yo, tankou ti zanfan piti nan Kris yo. 2 Mwen te bannou lèt pou nou bwè olye gwo manje; paske nou potko kab resevwa l. Anverite, menm koulye a, nou poko kapab, 3 pwiske nou toujou nan lachè. Paske akoz gen jalouzi ak konfli pami nou, èske nou pa nan lachè, epi èske nou p ap mache tankou lòm natirèl? 4 Paske lè youn di: “Mwen se moun Paul”, epi yon lòt: “Mwen se moun Appollos”, èske nou p ap aji kòmsi se lòm natirèl ke nou ye?
-
6 Konsa, SENYÈ Bondye a te chwazi yon plant lyann. Lyann nan te monte grandi sou Jonas pou l ta sèvi kon abri sou tèt li, pou delivre l de mekontantman li an. Epi lyann nan te fè Jonas byen kontan. 7 Men Bondye te chwazi yon cheni nan granmmaten nan pwochen jou a. Li te atake lyann nan e li te vin fennen. 8 Lè solèy la te leve, Bondye te chwazi yon van lès byen cho, solèy la te bat tèt Jonas jiskaske li te vin fèb. Konsa, li t ap mande ak tout nanm li, e te di: “Lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”
9 Epi Bondye te di a Jonas: “Èske ou gen bon rezon pou fache akoz lyann nan?”
Jonas te reponn: “Mwen gen bon rezon pou m fache, menm jiska lanmò.”
10 Konsa, SENYÈ a te di: “Ou te gen konpasyon pou plant sila ke ou pa t fè okenn travay pou li a, ke ou menm pa t fè grandi, ki te vin parèt nan yon nwit e te vin peri nan yon nwit. 11 Èske Mwen pa ta dwe gen konpasyon pou Ninive, gwo vil la, nan sila ki genyen plis ke san-ven-mil moun ki pa konn diferans antre men dwat ak men goch yo ak yon gwo kantite bèt, tou?”
-
12 Paske tout moun ki fè peche san Lalwa a va peri osi san Lalwa a, e tout moun ki fè peche anba Lalwa a va jije pa Lalwa a. 13 Paske se pa sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye. 14 Paske lè pèp etranje yo ki pa gen Lalwa a, fè pa ensten sa ke Lalwa a mande, sila yo, san menm gen lalwa a, vini yon lwa pou kont yo. 15 Konsa yo demontre ke zèv Lalwa yo se byen ekri nan kè yo. Se pwòp konsyans yo ki bay temwayaj, epi panse yo, pafwa ap bay kondanasyon e pafwa ap defann yo. 16 Nan jou sa a selon levanjil mwen an, Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri.
-
14 Èske menm lanati li menm pa enstwi nou ke si yon nonm gen cheve long, se yon dezonè pou li,
-
16 Senyè Bondye a te kòmande lòm nan. Li te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje, 17 men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, ou va mouri.”
-
11 “Mwen etabli akò Mwen avèk nou: Tout chè p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi tè a.”
12 Bondye te di: “Sa se sign akò ke m ap fè antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo. 13 Mwen mete lakansyèl Mwen nan nwaj la, epi l ap sèvi kòm yon sign pou akò antre Mwen menm avèk latè a. 14 Li va rive ke lè m mennen yon nwaj sou latè, ke lakansyèl la ap vizib nan nwaj la, 15 epi Mwen va sonje akò ki antre Mwen menm avèk nou an, avèk chak kreyati vivan de tout chè. Epi janmen ankò dlo p ap vin yon delij pou detwi tout chè.
16 “Lè lakansyèl la nan nwaj la, Mwen va gade sou li, pou m sonje akò ki jis pou tout tan antre Bondye ak tout kreyati vivan pou tout chè ki sou latè yo.”
-
3 Louwe Li, solèy ak lalin nan.
Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!
4 Louwe Li, pi wo syèl yo,
ak dlo ki anwo syèl yo.
5 Kite yo louwe non SENYÈ a,
paske Li te pase lòd, e sa te fèt.
-
3 Latè va devaste nèt e vin depouye, paske SENYÈ a te pale pawòl sa a. 4 Latè kriye ak doulè e vin fennen nèt. Sila ki egzalte wo sou moun latè yo vin disparèt. 5 Anplis, latè vin plen ak pouriti a moun k ap viv ladann, paske yo te transgrese lalwa yo, vyole règleman yo, e te kraze akò letènèl la. 6 Akoz sa, yon malediksyon devore latè a, e sila ki rete ladann yo vin twouve koupab. Konsa, sila ki rete sou latè yo vin brile e se sèl kèk grenn moun ki rete.
-
8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w,
ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.
9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a,
konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,
e panse Mwen yo ke panse pa w yo.
10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,
e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,
pou fè l donnen e boujonnen,
pou fè l bay semans pou kiltivatè,
ak pen pou sila k ap manje a;
11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.
Li p ap retounen kote Mwen vid,
san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,
san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.
12 Paske ou va sòti ak kè kontan
e mennen sòti ak lapè.
Mòn yo ak kolin yo va eklate
nan gwo kri lajwa devan ou,
e tout bwa nan chan yo va bat men yo.
13 Olye de bwa pikan, bwa siprè va leve;
olye machacha, bwa jasmen va leve.
Sa va sèvi kon yon memoryal a SENYÈ a,
kon yon sign k ap dire nèt, ki p ap janm disparèt.
-
44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.
45 “Men akoz ke Mwen pale laverite, nou pa kwè M.
-
14 Paske nou konnen ke Lalwa a baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche. 15 Paske sa ke m ap fè yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike sa ke m ta renmen fè, men m ap fè bagay ke m rayi. 16 Men si m fè bagay m pito pa vle fè a, mwen vin dakò avèk Lalwa a, e admèt ke Lalwa a bon. 17 Donk Koulye a se pa mwen k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. 18 Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou fè sa ki bon an pa janm fèt. 19 Paske bon bagay ke mwen vle a, mwen pa janm fè li, men mwen pratike menm mal ke m pi pa vle a. 20 Men si mwen ap fè menm bagay ke m pi pa vle a, mwen pa moun k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. 21 Donk, mwen twouve kòmprensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an. 22 Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an, 23 men nan manm kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap fè m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo. 24 Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan kò lanmò sa a? 25 Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.
-
5 Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal. 6 Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a, e sa te blese Li nan kè L.
-
25 “Se kilès ki te kreve yon kanal pou gran inondasyon an,
oswa yon chemen pou eklè ak tonnè a,
26 Pou mennen lapli nan yon tèren kote nanpwen moun,
nan yon dezè san pèsòn ladann,
27 Pou satisfè yon peyi savann dezole
e fè grenn zèb yo vin jèmen.
28 Èske lapli gen papa?
Oswa se kilès ki te reyisi fè gout lawouze yo?
29 Nan ki vant manman a sila glas la te sòti?
Epi fredi syèl la, se kilès ki te fè nesans li?
30 Dlo vin di tankou wòch
e sifas pwofondè a vin prizonye ladann.
-
24 O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil!
Nan sajès, Ou te fè tout bagay.
Latè ranpli ak byen Ou yo.
25 Genyen lanmè, gran e vast.
Ladann, gen gwo ekip pwason ki pa kab menm konte
gwo bèt, kòn ti bèt.
-
5 Sou bèlte e glwa a majeste Ou
avèk zèv mèvèy Ou yo,
mwen va reflechi tout tan.
-
6 Yon vwa pale: “Rele fò.”
Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?”
“Tout chè se zèb,
e tout bèlte li se tankou flè nan chan.
7 Zèb la fennen,
flè a pèdi koulè l,
depi souf SENYÈ a soufle sou li.
Anverite, pèp la se zèb.
8 Zèb la fennen,
flè a pèdi koulè l,
men pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”
-
13 Lè Li fè vwa L sone,
dlo yo mele nan syèl yo.
Li fè nwaj yo monte soti nan dènye pwent tè a.
Li fè loray pou lapli,
e Li fè van sòti nan depo Li yo.
-
22 Nan youn nan jou sa yo, Li te monte avèk disip Li yo nan yon kannòt. Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò lak la.” Yo te pati.
23 Men pandan yo t ap ale sou vwal a, Li te tonbe nan dòmi. Epi yon gwo van te vin desann sou lak la, e yo te kòmanse inonde e te vin an danje.
24 Yo te vini a Jésus e yo te fè L leve. Yo te di: “Mèt, Mèt, n ap peri!”
Lè L vin leve, Li te reprimande van an avèk gwo lam lanmè yo, e yo te sispann. Konsa, tan an te vin kalm.
25 Li te di yo: “Kote lafwa nou ye?”
Yo te ranpli avèk lakrent. Yo te etone, e te di youn lòt: “Alò, kilès nonm sa ye ki kòmande menm van avèk dlo a, e yo obeyi a?”
-
6 Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri.
Shows Read in context, Share and Copy.