38 Bible Verses About Witchcraft
Bib Sen An (BSA)
-
9 “Lè nou antre nan tè ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an, nou p ap aprann imite bagay abominab a nasyon sa yo. 10 Pa kite yo jwenn okenn pami nou ki sakrifye fis yo oswa fi yo nan dife, youn pami nou ki pratike divinasyon ak maji, ki fè entèpretasyon sign, oswa youn pami nou ki fè wanga, 11 ni youn pami nou ki fè cham, k ap prale nan tab tounant, moun k ap rele lespri yo vin parèt, ni youn pami nou ki rele mò yo monte. 12 Paske nenpòt moun ki fè bagay sa yo abominab a SENYÈ a. Akoz bagay abominab sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, va chase yo sòti devan nou.
13 “Fòk nou san fot devan SENYÈ a, Bondye nou an.
14 “Paske nasyon sa yo ke nou va deplase yo, koute konsèy a sila ki pratike maji ak sila ki fè divinasyon yo; men pou nou, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t pèmèt ke nou fè sa.
-
16 Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17 Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. 18 Men si nou mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
-
18 Ou pa pou kite yon majisyen viv.
-
12 Mwen va koupe retire zafè tout wanga
soti nan men nou, e nou p ap gen divinò ankò.
-
22 Samuel te di: “Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo. 23 Paske rebelyon se tankou peche divinasyon e refize swiv lòd se tankou inikite avèk idolatri. Akoz ou te refize pawòl SENYÈ a, Li osi te gentan refize ou kòm wa.”
24 Alò, Saül te di a Samuel: “Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pè pèp la e mwen te koute vwa pa yo.
-
6 Anplis, li te fè fis li yo pase nan dife nan vale Ben-Hinnom, epi li te pratike vye maji, divinasyon, fè wanga e li te fè angajman avèk sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.
-
18 Gade byen, mwen menm ak pitit ke SENYÈ a te ban mwen yo se pou sign ak mèvèy an Israël ki sòti depi nan SENYÈ Dèzame yo, ki demere sou Mòn Sion.
19 Lè y ap di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen;” èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo? 20 Vire kote lalwa ak akò a! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini. 21 Yo va pase nan peyi a, plen gwo pwoblèm ak grangou nèt. Li va vin rive ke lè yo grangou, y ap vin anraje e modi wa yo ak Bondye pandan y ap gade anlè. 22 Epi konsa, y ap gade vè latè, gade byen, gwo twoub ak fènwa, dezolasyon ak gwo lapèn. Konsa, yo va chase ale nan tenèb.
-
10 Ou te santi ou te byen pwoteje nan mechanste ou
e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’.
Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou;
paske nan kè ou, ou te di:
‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’.
11 Men malè va vini sou ou ke ou p ap gen
maji pou detounen.
Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou.
Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk
va rive sou ou sibitman.
12 Kanpe fèm nan tout maji ak wanga
ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo.
Petèt ou va reyisi, petèt ou va fè moun tranble.
13 Ou vin fatige ak tout konseye yo.
Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo,
k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo,
vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.
14 Gade byen, yo tankou pay.
Dife ap brile yo.
Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo.
P ap gen chabon ki pou chofe kò yo,
ni flanm dife pou yo chita devan l!
15 Men kijan tout travay lavi w ap tèmine:
Tout sa yo ki fè komès ak ou depi nan jenès ou yo
va mache egare nan chemen pa yo;
nanpwen moun ki pou ta sove ou.
-
21 Konsa, Joram te di: “Fè cha a vin parèt.”
Epi yo te prepare cha li a. Joram, wa Israël la, avèk Achazia, wa Juda a te sòti yo chak nan cha pa yo, yo te ale rankontre Jéhu, e yo te twouve li sou tèren Naboth la, Jizreyelit la. 22 Lè Joram te wè Jéhu, li te di: “Èske sa an pè, Jéhu?”
Epi li te reponn: “Ki lapè sa a, kòmsi zak pwostitiye manman ou Jézabel avèk vye maji pa li yo tèlman anpil?”
-
9 Alò, te gen yon nonm yo te rele Simon, ki te konn pratike maji nan vil la. Li t ap fè pèp Samarie a sezi, konsi li t ap vante tèt li, ke li menm te yon moun pwisan.
10 Konsa, yo tout, soti nan pi piti jiska pi gran, te ba li anpil atansyon, e te di: “Mesye sila a se li ke yo rele Gran Pouvwa Bondye a.” 11 Yo te koute li, paske pandan anpil tan li te konn etone yo avèk metye maji sila a.
12 Men lè yo te kwè Philippe ki t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a nan non Jésus Kris la, yo t ap batize; fanm, kou gason menm jan an. 13 Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil sign ak mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.
-
31 “‘Pa vire bò kote moun ki fè kontak ak mò yo, ni ki chache move lespri yo. Pa chache yo pou nou pa vin degrade pa yo menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
-
26 Se konsa, nou va sen pou Mwen, paske Mwen, SENYÈ a, Mwen sen. Mwen te mete nou apa de lòt pèp yo pou nou kapab pa Mwen.
27 “‘Alò, yon nonm oswa yon fanm ki kontakte mò yo, oswa lespri yo, yo va anverite vin mete a lanmò. Yo va vin lapide avèk kout wòch. Koupabilite san rete sou yo.’”
-
9 “Men pou nou menm, pa koute pwofèt nou yo, divinò nou yo, moun ki fè rèv yo, moun k ap devine yo, ni sila ki fè wanga yo, k ap di: ‘Nou p ap sèvi wa Babylone nan’. 10 Paske pwofesi pa yo se manti y ap bannou pou yo deplase nou ale lwen peyi nou, pou fè M ta pouse bourade nou deyò e nou va peri.
-
4 Tout sa akoz anpil aktivite a pwostitiye yo, sila ki vrèman byen pòtan yo, mètrès a gwo maji yo, ki vann nasyon yo nan pwostitisyon li yo, ak fanmi yo nan gwo wanga li konn fè yo. 5 “Gade byen, Mwen vin kont ou”, deklare SENYÈ dèzame yo. Mwen va Leve jip ou jis rive nan figi ou pou montre a nasyon yo toutouni ou, pou wayòm yo wè wont ou.
-
17 Bagay sa te vin konnen pa tout moun, ni Jwif, ni Grèk ki te rete Éphèse. Lakrent te vin tonbe sou yo tout, e non Jésus Kri a t ap vin pi gran.
18 Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo. 19 Anpil nan sila ki te konn pratike maji yo te vin pote liv yo, e te kòmanse boule yo devan zye a tout moun. Yo te kontwole pri a yo e te twouve l kòm senkant mil pyès dajan. 20 Konsa pawòl Senyè a t ap grandi ak pwisans, e t ap renye.
-
6 Lè Saül te fè demann SENYÈ a, SENYÈ a pa t reponn li, ni nan rèv, ni avèk Orim, ni pa pwofèt yo. 7 Alò, Saül te pale sèvitè li yo: “Chache pou mwen yon fanm ki konn pale ak mò, pou m kab ale kote li pou mande li kèk bagay.”
Sèvitè li yo te di li: “Gade byen, gen yon fanm ki konn pale ak mò nan En-Dor.”
8 Alò, Saül te kache idantite li avèk lòt rad e te desann, li menm avèk de lòt mesye avèk li. Yo te vin kote fanm nan pandan nwit lan. Li te di: “Evoke fè monte pou mwen lespri la, souple, e mennen monte non moun sila ke m va nonmen pou ou a.”
9 Men fanm nan te di li: “Gade byen, ou konnen sa ke Saül te fè a, jan li te retire sila ki evoke mò avèk divinò nan peyi a. Alò poukisa w ap mete yon pèlen pou lavi mwen pou ou kab fè m mouri?”
10 Saul te fè ve a li ke: “Jan SENYÈ a viv la, p ap gen pinisyon k ap rive ou pou afè sila a.”
11 Alò, fanm nan te di: “Se kilès ke m ap fè monte pou ou a?”
Epi li te di: “Mennen monte Samuel pou mwen.”
12 Lè fanm nan te wè Samuel, li te kriye fò avèk yon gwo vwa; epi fanm nan te pale avèk Saül e te di: “Poukisa ou te twonpe mwen? Paske se Saül ke ou ye.”
13 Wa a te di li: “Pa pè; men se kisa ou wè?”
Epi fanm nan te di Saül: “Mwen wè yon èt diven k ap monte sòti sou latè.”
14 Li te di li: “Se ak kilès ke li sanble?”
Epi li te di: “Yon granmoun k ap monte e li vlope nan yon manto.” Epi Saül te konnen ke se te Samuel. Li te bese avèk figi li atè pou te rann omaj.
-
8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”
-
11 Farawon osi te rele nonm saj avèk sa ki fè maji yo. Konsa, yo menm te fè menm bagay la tou. Majisyen nan Égypte yo te fè menm bagay avèk metye sekrè ak wanga pa yo. 12 Paske yo chak te jete baton yo atè, e chak te vin fè yon sèpan. Men baton Aaron an te vale lòt baton yo nèt.
-
26 “‘Nou pa pou manje anyen avèk san ki rete nan li. Nou pa pou pratike maji ni divinasyon zetwal ni predi evenman k ap vin rive.
-
6 “‘Epi pou moun ki vire vè moun k ap fè kontak ak mò yo, ki swiv lespri dyab yo, pou yo jwe pwostitiye avèk yo, Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a e Mwen va koupe retire li de pèp li a.
-
9 Men de bagay sa yo va rive sou nou sibitman
nan yon jou:
pèt a pitit ak afè vin vèv la.
Yo va rive an mezi plen nèt;
malgre tout maji nou ak gwo pouvwa
wanga nou konn fè yo.
-
16 Li te vin rive ke pandan nou t ap ale nan plas lapriyè a, te gen yon sèten jenn fanm-esklav avèk yon Lespri divinasyon. Li te konn fè anpil kòb pou mèt li yo akoz ke li te konn pale moun davans sa ki t ap rive yo. 17 Li te swiv Paul avèk nou menm, e li t ap kriye fò san sès, e t ap di: “Mesye sa yo se sèvitè a Bondye Trè Wo a, k ap pwoklame a nou menm, chemen sali a.” 18 Li te kontinye ap fè sa pandan anpil jou.
Men Paul te vrèman enève. Li te vire e te di a Lespri a: “Mwen kòmande ou nan non Jésus Kri a pou sòti nan li!” E lespri a te sòti de li nan menm moman an.
19 Men lè mèt li yo te wè ke tout espwa yo pou fè kòb te disparèt, yo te sezi Paul ak Silas. Yo te trennen yo nan mache a devan otorite yo.
-
13 Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy, 14 epi pa t mande konsèy a SENYÈ a. Pou sa, Li te touye li, e te bay wayòm nan a David, fis a Jesse a.
-
2 Konsa, wa a te pase lòd pou rele fè antre tout majisyen yo, mèt zetwal yo, moun ki fè cham, mèt wanga ak Kaldeyen yo pou pale ak wa a, e fè l tande ki rèv li te fè yo. Konsa, yo te antre e te kanpe devan wa a.
-
14 Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.
15 Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.
-
20 Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo. 21 Ni yo pa t repanti nan asasine moun, ni nan fè wanga, ni imoralite, ni vòl yo te fè yo.
-
23 Menm limyè a yon lanp p ap briye nan ou, e vwa jennonm ak jenn fi k ap marye yo p ap tande nan ou ankò.
“Paske machann ou yo te gwo moun sou latè, epi tout nasyon yo te twonpe pa wanga ou a.
-
3 Nan lè sa a Samuel te fin mouri, tout Israël te deja kriye pou li e te antere l Ramah, pwòp vil pa li. Epi Saül te fin retire nan peyi a tout kalite moun sila ki te konn rele mò yo ak divinò yo.
-
17 Konsa, yo te fè fis avèk fi pa yo pase nan dife, yo te pratike divinasyon avèk Wanga e yo te vann pwòp tèt yo pou fè mal nan zye SENYÈ a e pwovoke Li.
-
1 Pwofesi konsènan Égypte la.
“Gade byen, SENYÈ a monte sou yon nwaj rapid pou L rive Égypte. Zidòl Égypte yo va tranble nan prezans Li; kè Ejipsyen yo va fann anndan yo. 2 Pou sa, Mwen va eksite Ejipsyen vin kont Ejipsyen. Yo chak va goumen kont frè pa yo, e yo chak kont vwazen yo; vil kont vil e wayòm kont wayòm. 3 Konsa, lespri a Ejipsyen yo va vin twouble anndan yo, e Mwen va boulvèse tout plan yo. Konsa, yo va vire kote zidòl, fantom a mò yo, sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. 4 Anplis, Mwen va livre Ejipsyen yo nan men a yon mèt mechan. Yon gran wa pwisan va gouvène sou yo,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.
-
20 Moïse avèk Aaron te fè sa ke SENYÈ a te kòmande yo a. Li te leve baton an wo e li te frape dlo ki te nan Nil lan, devan zye a Farawon, devan zye a sèvitè li yo, e tout dlo ki te nan Nil lan te vin tounen san. 21 Pwason ki te nan Nil yo te mouri, e Nil lan te vin pouri jiskaske Ejipsyen yo pa t kapab bwè dlo Nil lan. Konsa, san an te toupatou nan peyi Égypte la.
22 Men majisyen an Égypte yo te fè menm bagay la avèk metye maji pa yo. Pou sa a, kè a Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan Bondye te di a.
23 Alò, Farawon te vire antre lakay li. Li pa t pran sa akè. 24 Tout Ejipsyen yo te fouye akote larivyè Nil lan pou jwenn dlo pou yo bwè, akoz ke yo pa t kab bwè dlo larivyè Nil lan.
-
17 Alò, ou menm, fis a lòm, mete figi ou kont fi a pèp ou yo, k ap pwofetize apati pwòp enspirasyon yo. Se pou ou pwofetize kont yo, 18 pou di: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Malè a fanm ki koud braslè kon wanga sou tout ponyèt yo e fè vwal yo pou tèt moun tout wotè, pou fè lachas moun! Èske nou va chase nanm a pèp Mwen an, men konsève nanm a lòt yo pou nou menm? 19 Pou yon men ki plen ak lòj ak kèk grenn pen, nou te degrade Mwen a pèp Mwen an, pou fè lantre nan lanmò kèk nanm ki pa ta dwe mouri, e kenbe vivan lòt ki pa ta dwe viv, nan fè manti ou a pèp Mwen an ki koute manti.’”
20 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont braslè wanga nou yo, avèk sila nou chache lavi moun, tankou se zwazo yo. Mwen va rache yo nan bra nou. Epi Mwen va lage nanm sa yo lib, menm nanm de sila ke nou kapte, tankou se zwazo yo. 21 Anplis, Mwen va chire vwal nou yo, Mwen va delivre pèp Mwen an soti nan men nou, e yo p ap nan men nou ankò pou fè viktim lachas. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. 22 Akoz nou te dekouraje moun ladwati a lè Mwen pa t fè yo trist; epi nou te ankouraje mechan an pou l pa kite mechanste li, pou l sove, 23 pou sa, nou p ap fè fo vizyon ankò, ni pratike divinasyon. Mwen va delivre pèp Mwen an sòti nan men nou. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
-
6 Lè yo te fin travèse tout lil la, jis rive nan Paphos yo twouve yon sèten majisyen Jwif, yon fo pwofèt ke yo te rele Bar-Jésus 7 ki te avèk pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a.
8 Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont lafwa a. 9 Men Saul, ki te osi konnen kon Paul, ranpli avèk Lespri Sen an, te fikse zye li sou li. 10 Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a? 11 Koulye a, gade byen men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.”
Imedyatman, yon brouya avèk yon fènwa te tonbe sou li, e li te ale toupatou pou chache moun pou ta mennen l pa lamen.
12 Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de doktrin Senyè a.
-
5 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje men ou avèk baton ou an sou rivyè yo, sou dlo k ap koule yo, sou ti lak yo, e fè krapo yo vin parèt sou peyi Égypte la.’”
6 Konsa, Aaron te lonje men l sou dlo Égypte yo, e krapo te vin kouvri peyi Égypte la. 7 Majisyen yo te fè menm bagay la avèk metye sekrè pa yo, e te fè krapo yo monte sou peyi Égypte la.
-
6 Li te fè fis li yo pase nan dife, pratike maji e sèvi divinasyon. Li te sèvi moun ki pale ak mò ansanm ak lespri. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.
-
9 “Konsa, men Mwen va kont pwofèt yo ki fè fo vizyon yo; ki pale divinasyon ki manti yo. Yo p ap gen plas nan konsèy a pèp Mwen an ni yo p ap ekri nan rejis lakay Israël yo. Ni yo p ap antre nan peyi Israël la. Konsa, nou ka konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”
-
2 Paske zidòl lakay yo pale inikite;
divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè,
ke yo repete kon fo rèv.
Yo bay rekonfò an ven.
Konsa, pèp la mache egare tankou mouton;
yo aflije akoz yo pa gen bèje.
-
5 “Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.
Shows Read in context, Share and Copy.