Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 87

Bib Sen An (BSA)

SENYÈ a renmen pòtay Sion yo

Yon Sòm a fis a Koré yo; Yon Chan

1  Fondasyon Li nan mòn sen yo.

2 SENYÈ a renmen pòtay Sion yo

plis pase tout lòt abitasyon a Jacob yo.

3 Yo pale sou gran mèvèy ou,

O gran vil Bondye. Tan

4 Mwen va mete Rahab avèk Babylone

pami sila ki rekonèt Mwen yo.

Men vwala, Philistie, Tyr, avèk Éthiopie:

“Tèl moun te fèt la”.

5 Men selon Sion, li va pale,

“Sa a ak sila a fèt ladann.”

Pi Wo a, Li menm, va etabli Sion.

6 SENYÈ a va konte lè Li anrejistre

tout pèp yo: “Sa a te fèt la”. Tan

7 Epi sila ki chante ansanm avèk sila ki jwe flit yo va di:

“Tout sous bwote yo, se nan ou”.

Sòm Yo 87