Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 8

Bib Sen An (BSA)

Ala non ou gen grandè!

Pou direktè koral la; jwe sou gitia la.

Yon sòm David.

1 O SENYÈ, Senyè nou an,

A la non Ou gran sou tout latè!

Ou te fè parèt klè mayifisans Ou

piwo pase syèl yo!

2 Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo,

Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo,

pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.

3 Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo,

lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,

4 Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?

Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?

5 Malgre, Ou te fè li yon ti kras pi ba pase Bondye,

e te kouwone li ak glwa avèk lonè!

6 Ou fè li regne sou zèv men Ou yo.

Ou te mete tout bagay anba pye li:

7 Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,

8 zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo,

ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo.

9 O SENYÈ, mèt nou an, a la non Ou gran sou tout latè a.

Sòm Yo 8