Sòm nan rèy David la, dat yo pa sèten
Sòm David te ekri apre li te vin wa, men ni dat ni okazyon li te ekri yo pa sèten.
1015 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak fil yo sou yon gita uit kòd.
Yon sòm David.
1 O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou,
ni ban m chatiman nan fache Ou.
2 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen
chagren anpil.
Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,
3 epi nanm mwen fè gwo chagren.
Men Ou, O SENYÈ,—jiskilè?
4 Retounen, O SENYÈ, fè nanm mwen chape.
Sove mwen akoz lanmou dous Ou a.
5 Paske mò yo pa rele non Ou.
Nan andwa kote mò yo ye a,
se kilès k ap bay Ou remèsiman?
6 Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m.
Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo.
Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.
7 Zye m pouri nèt ak gwo doulè.
Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo.
8 Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo,
paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen.
9 SENYÈ a te tande demand priyè mwen.
SENYÈ a te resevwa lapriyè mwen.
10 Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt.
Yo va vire fè bak sibitman.
Yo va vin wont anpil.
Pou direktè koral la; jwe sou gitia la.
Yon sòm David.
1 O SENYÈ, Senyè nou an,
A la non Ou gran sou tout latè!
Ou te fè parèt klè mayifisans Ou
piwo pase syèl yo!
2 Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo,
Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo,
pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.
3 Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo,
lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,
4 Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?
Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?
5 Malgre, Ou te fè li yon ti kras pi ba pase Bondye,
e te kouwone li ak glwa avèk lonè!
6 Ou fè li regne sou zèv men Ou yo.
Ou te mete tout bagay anba pye li:
7 Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,
8 zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo,
ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo.
9 O SENYÈ, mèt nou an, a la non Ou gran sou tout latè a.
Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd
Yon sòm David.
1 Sekou, SENYÈ, paske moun ladwati yo sispann egziste,
Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.
2 Yo pale sa ki fo a youn lòt.
Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.
3 Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo,
ak lang ki pale gwo bagay yo;
4 ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi.
Lèv nou se pou nou.
Se kilès ki kab mèt sou nou?”
5 “Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,
koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a;
“Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
6 Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;
tankou ajan ki teste nan founo,
rafine nan tè sèt fwa.
7 Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo.
Ou va prezève yo soti nan
jenerasyon sila a jis pou tout tan.
8 Mechan yo pwomennen toupatou tout kote
lè bagay ki lèd vin leve wo
pami fis a lòm yo.
Pou direktè koral la; yon sòm David
1 Syèl yo ap pale glwa Bondye a.
Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.
2 Jou apre jou, l ap pale san rete;
Nwit apre nwit, li revele konesans.
3 Nanpwen langaj, ni pa gen pawòl
kote nou pa tande vwa yo.
4 Sepandan, eko yo retanti sou tout latè,
ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a.
Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,
5 ki tankou yon jennonm ki fenk marye
k ap sòti nan chanm li.
Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.
6 Li leve soti nan yon pwent syèl,
pou fè wonn li rive jis nan lòt pwent lan.
Anyen pa chape devan chalè li.
7 Lalwa SENYÈ a pafè
Li rekonfòte nanm.
Temwayaj SENYÈ a vrè,
k ap fè saj yo senp.
8 Prensip a SENYÈ yo dwat,
ki fè kè rejwi.
Kòmandman SENYÈ a san tach.
Li fè zye yo limen.
9 Lakrent SENYÈ a pi;
Li dire jis pou tout tan.
Jijman SENYÈ yo vrè;
Yo jis san manke.
10 Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen.
Yo pi dous pase myèl, pase siwo a
ki tonbe nan gato myèl la.
11 Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a
resevwa avètisman pou fè atansyon.
Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.
12 Se kilès ki kab rekonèt fot li?
Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.
13 Anplis, pwoteje sèvitè ou a kont peche ògèy yo.
Pa kite yo vin domine m.
Konsa, mwen kab rete san fot,
epi va inosan a gran peche.
14 Kite pawòl bouch mwen a avèk
refleksyon kè m
vin akseptab devan zye Ou,
O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.
Yon sòm David
1 Bondye se bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.
Li mennen m akote dlo pezib yo.
3 Li restore nanm mwen.
Li gide mwen nan chemen ladwati yo,
akoz non sen Li an.
4 Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
5 Ou ranje yon tab devan mwen
nan prezans lènmi mwen yo.
Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.
Tas mwen fin debòde nèt.
6 Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou
va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,
E mwen va viv lakay
SENYÈ a jis pou tout tan.