Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 6

Bib Sen An (BSA)

Pa reprimande m nan kòlè ou

Pou direktè koral la; avèk enstriman ak fil yo sou yon gita uit kòd.

Yon sòm David.

1 O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou,

ni ban m chatiman nan fache Ou.

2 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen

chagren anpil.

Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,

3 epi nanm mwen fè gwo chagren.

Men Ou, O SENYÈ,—jiskilè?

4 Retounen, O SENYÈ, fè nanm mwen chape.

Sove mwen akoz lanmou dous Ou a.

5 Paske mò yo pa rele non Ou.

Nan andwa kote mò yo ye a,

se kilès k ap bay Ou remèsiman?

6 Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m.

Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo.

Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.

7 Zye m pouri nèt ak gwo doulè.

Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo.

8 Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo,

paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen.

9 SENYÈ a te tande demand priyè mwen.

SENYÈ a te resevwa lapriyè mwen.

10 Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt.

Yo va vire fè bak sibitman.

Yo va vin wont anpil.

Sòm Yo 6