Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 16

Bib Sen An (BSA)

Prezans SENYÈ a

Yon Sòm David

1 Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou.

2 Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen.

Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.

3 Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye;

sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.

4 Doulè a sila ki te fè donn a yon lòt dye va vin ogmante;

Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo,

ni non yo p ap sòti sou lèv mwen.

5 SENYÈ a se pòsyon eritaj mwen ak tas mwen;

Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.

6 Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl pou mwen.

Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen.

7 Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la.

Anverite, panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.

8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.

Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.

9 Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.

Anplis, chè m va toujou pwoteje.

10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen

nan sejou mò yo;

ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.

11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.

Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.

Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.

Sòm Yo 16