Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 3

Bib Sen An (BSA)

Delivre m, SENYÈ!

Yon Sòm a David lè l te sove ale devan Absalom, fis li a

1 O SENYÈ, gade kijan lènmi mwen

yo ap miltipliye;

Anpil moun leve kont mwen.

2 Anpil moun pale de nanm mwen,

“Nanpwen delivrans pou li nan Bondye.” Tan

3 Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen,

glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.

4 Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen;

Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan

5 Mwen te kouche e dòmi;

mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.

6 Mwen p ap pè menm dè milye de moun

ki ta pran pozisyon kont mwen de tout kote.

7 Leve, O SENYÈ!

Sove mwen, O Bondye mwen!

Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo.

Ou te kraze dan a mechan yo.

8 Delivrans se nan SENYÈ a.

Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.

Sòm Yo 3