Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 149

Bib Sen An (BSA)

Chante yon chan nouvo pou SENYÈ a

1 Louwe SENYÈ a!

Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,

avèk lwanj Li nan asanble fidèl Li yo.

2 Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a.

Kite fis a Sion yo rejwi nan Wa yo a.

3 Kite yo louwe non Li avèk dans!

Kite yo chante lwanj a Li

avèk tanbouren ak gita.

4 Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a.

Li va anbeli enb yo avèk sali Li.

5 Kite fidèl yo leve wo nan glwa.

Kite yo chante ak lajwa sou kabann yo.

6 Ke gwo lwanj a Bondye yo kapab nan bouch yo,

ak yon nepe file de bò nan men yo,

7 pou fè vanjans sou nasyon yo,

avèk pinisyon sou lòt pèp yo;

8 pou mare wa yo ak chenn,

ak moun pwisan yo nan gwo chenn an fè,

9 pou egzekite sou yo jijman ki te ekri a.

Sa se lonè de tout fidèl Li yo.

Louwe SENYÈ a!

Sòm Yo 149