Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 111

Bib Sen An (BSA)

Zèv li a gen majeste

1 Louwe SENYÈ a!

Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m,

Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.

2 Gran se zèv a SENYÈ yo!

Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo.

3 Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo.

Ladwati Li dire jis pou tout tan.

4 Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt.

SENYÈ a ranpli ak gras avèk mizerikòd.

5 Li te bay manje a sila ki gen lakrent Li yo.

Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.

6 Li te fè pèp Li wè pouvwa a zèv Li yo,

lè L te bay yo nasyon yo kon eritaj.

7 Zèv men Li yo se verite avèk jistis.

Tout prensip Li yo vrè.

8 Yo va andire jis pou tout tan.

Yo fèt nan verite avèk ladwati.

9 Li te voye delivrans a pèp Li a.

Li te òdone akò Li a jis pou tout tan.

Sen e mèvèye, se non Li.

10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès.

Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann.

Lwanj Li dire jis pou tout tan!

Sòm Yo 111