Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 28

Bib Sen An (BSA)

SENYÈ a se fòs mwen

Yon sòm David

1 A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele!

Wòch mwen an, pa vin soud devan m,

paske si Ou rete silan devan mwen,

mwen va devni kon sila ki desann nan twou fòs la nèt.

2 Tande vwa a siplikasyon mwen yo

lè m kriye a Ou menm pou sekou,

lè m leve men m vè sanktyè sen Ou an.

3 Pa rale m sòti avèk mechan yo,

avèk sila ki fè inikite yo, ki pale lapè avèk vwazen yo,

pandan mechanste nan kè yo.

4 Rekonpanse yo selon zèv yo ak selon mechanste yo abitye fè yo.

Rekonpanse yo selon zèv men yo.

Remèt yo tout rekonpans pa yo.

5 Akoz yo pa okipe zèv a SENYÈ yo,

ni travay men Li yo.

Pou sa, Li va chire yo desann, e Li p ap fè yo remonte.

6 Beni se SENYÈ a,

akoz Li te tande vwa a siplikasyon mwen yo.

7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.

Kè m mete konfyans nan Li, e mwen

jwenn sekou.

Pou sa, kè m leve wo nèt.

Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.

8 SENYÈ a se fòs yo.

Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.

9  Sove pèp Ou a, e beni eritaj pa Ou a.

Devni bèje yo tou,

e bay yo soutyen jis pou tout tan.

Sòm Yo 28